Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 28

Se pou w gen konviksyon ou nan laverite

Se pou w gen konviksyon ou nan laverite

“Rete nan sa w te aprann yo, nan sa yo te konvenk ou pou w kwè yo.” — 2 TIM. 3:14.

KANTIK 56 Viv ak verite

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa nou vle di lè nou sèvi ak mo “laverite” a?

“KI JAN W te aprann laverite?” “Èske w te leve nan laverite?” “Depi konbyen tan w nan laverite?” Petèt yo te deja poze w kesyon sa yo oubyen petèt ou menm ou te poze lòt moun yo. Ki sa nou vle di lè nou itilize mo “laverite” a? An jeneral, nou sèvi avè l pou nou pale de kwayans nou, fason nou adore Bondye ak fason nou viv. Moun ki “nan laverite” yo konnen sa Labib anseye e yo viv ann amoni ak prensip ki ladan l yo. Konsa, yo libere anba manti ki gen nan relijyon yo e yo viv pi bon fason yon moun enpafè ta kapab viv. — Jan 8:32.

2. Selon Jan 13:34, 35, ki premye bagay ki ka atire yon moun vin nan laverite?

2 Okòmansman ki sa k te atire w vin nan laverite? Petèt se bon konduit ou te wè moun k ap sèvi Jewova yo genyen (1 Pyè 2:12). Oswa petèt se lanmou yo te demontre. Anpil moun remake lanmou sa a depi nan premye reyinyon yo te asiste, e sa te gen plis efè sou yo pase kèlkeswa sa yo te tande y ap di sou estrad la. Sa pa fè nou sezi paske Jezi te di se lanmou disip li yo gen youn pou lòt k ap fè yo rekonèt yo. (Li Jan 13:34, 35.) Men, nou bezwen plis pase sa si nou vle gen yon lafwa ki solid.

3. Ki sa k ka rive si lafwa nou gen nan Bondye a baze sèlman sou lanmou frè n ak sè n yo demontre a ki tankou lanmou Kris la?

3 Lafwa nou pa dwe baze sèlman sou lanmou sèvitè Bondye yo genyen ki tankou lanmou Kris la. Poukisa? Ann sipoze yon kwayan parèy nou, menm yon ansyen oswa yon pyonye, ta fè yon peche grav. Oubyen ki sa w ap fè si yon frè oswa yon sè ta aji yon fason ki fè w mal? Oubyen petèt yon moun vin aposta e l ap fè konnen nou pa gen laverite. Si yon bagay konsa rive, èske sa ap fè w bite epi w sispann sèvi Jewova? Men leson nou aprann: Si lafwa ou gen nan Bondye a baze sèlman sou sa lòt moun ap fè olye l baze sou pwòp relasyon pa w ak Jewova, li pap solid. Se vre, santiman w gen pou Jewova e pou moun k ap sèvi l yo ka ede w vin gen lafwa nan yon sèten degre. Men, li enpòtan anpil pou w etidye Bib la seryezman pou w konprann sa w ap etidye yo, pou w fè rechèch pou w ka vin gen konviksyon sa w ap aprann sou Jewova yo se laverite. Ou bezwen sèten sa Bib la anseye sou Jewova yo se laverite. — Wom. 12:2.

4. Selon Matye 13:3-6, 20, 21, ki jan kèk moun reyaji lè lafwa yo jwenn eprèv?

4 Jezi te di gen kèk moun ki t ap aksepte laverite “ak kè kontan”, men lafwa yo t ap febli lè yo jwenn eprèv. (Li Matye 13:3-6, 20, 21.) Petèt yo pa t imajine yon moun k ap suiv Jezi te ka jwenn pwoblèm (Mat. 16:24). Oubyen, petèt yo te panse yon kretyen pap jwenn pwoblèm ditou nan lavi l, se benediksyon sèlman l ap jwenn, li pap jwenn eprèv. Men, nan monn enpafè sa a, ap gen pwoblèm. Sitiyasyon nou ka chanje e sa ka fè kè nou pa vrèman kontan pandan yon ti tan. — Sòm 6:6; Ekl. 9:11.

5. Ki jan pifò frè n ak sè n yo montre yo gen konviksyon yo nan laverite?

5 Pifò frè n ak sè n yo montre yo gen konviksyon yo nan laverite. Sa k fè nou ka di sa? Konviksyon yo genyen an pa febli menm lè yon kwayan parèy yo ta aji yon fason ki fè yo mal oubyen li ta gen yon konduit ki depaman ak prensip kretyen yo (Sòm 119:165). Chak fwa yo jwenn yon eprèv, lafwa yo vin pi djanm, li pa febli (Jak 1:2-4). Ki jan w ka chèche gen yon lafwa ki solid konsa?

CHÈCHE GEN “KONESANS EGZAK SOU BONDYE”

6. Sou ki sa disip ki t ap viv nan premye syèk yo te baze lafwa yo?

6 Disip ki t ap viv nan premye syèk yo te baze lafwa yo sou konesans yo te gen sou Ekriti yo ak ansèyman Jezi Kris yo, sètadi “verite ki nan bon nouvèl la”. (Gal. 2:5.) Verite sa a se tout kwayans nou genyen antanke kretyen, sa gen ladan l sakrifis ranson Jezi a ak rezirèksyon l. Apot Pòl te gen konviksyon ansèyman sa yo se laverite. Sa k fè Pòl te gen konviksyon sa a? Paske li te sèvi ak Ekriti yo pou l pwouve “li te nesesè pou Kris la soufri e pou l leve sot nan lanmò”. (Tra. 17:2, 3.) Disip ki t ap viv nan premye syèk la te aksepte ansèyman sa yo e yo te konte sou lespri sen pou ede yo konprann Pawòl Bondye a. Yo te fè rechèch pou yo ka gen konviksyon ansèyman sa yo te baze sou Ekriti yo (Tra. 17:11, 12; Ebre 5:14). Yo pa t annik baze lafwa yo sou santiman ak emosyon, e yo pa t sèvi Jewova senpleman paske yo te santi yo byen lè yo bò kot kwayan parèy yo. Okontrè, lafwa yo te baze sou “konesans egzak sou Bondye”. — Kol. 1:9, 10.

7. Ki sa lafwa nou gen nan verite ki nan Bib la ap fè pou nou?

7 Verite ki nan Pawòl Bondye a pa chanje (Sòm 119:160). Pa egzanp, verite sa yo pa chanje si yon kwayan parèy nou ta aji yon fason ki fè nou mal oswa li ta fè yon peche ki grav. E verite sa yo pa chanje menm lè nou jwenn pwoblèm. Donk, nou bezwen byen konnen ansèyman ki nan Pawòl Bondye a epi konvenk tèt nou yo se laverite. Lafwa solid nou genyen ki baze sou verite ki nan Bib la ap fè nou rete fèm nan moman eprèv, menm jan yon lank batiman fè batiman an ret anplas pandan yon gwo tanpèt. Ki jan w ka rive ranfòse konviksyon w genyen ou nan laverite?

‘KONVENK TÈT OU POU W KWÈ’

8. Jan nou wè sa nan 2 Timote 3:14, 15, ki jan Timote te vin gen konviksyon li nan laverite?

8 Timote te gen konviksyon li te nan laverite. Ki jan l te rive gen konviksyon sa a? (Li 2 Timote 3:14, 15.) Manman l ak granmè l te aprann li sa ki nan “liv sakre yo”. Men, se sèten, li menm tou li te pase tan ap etidye liv sakre sa yo e l te fè efò pou sa. Se sa k fè li te vin gen konviksyon yo se laverite. Annapre, Timote ansanm ak manman l ak granmè l te tande pale de ansèyman kretyen yo. Sandout, Timote te wè lanmou disip Jezi yo te genyen youn pou lòt e sa te gen gwo efè sou li. Li te vrèman anvi pase tan ak frè ak sè nan kongregasyon an e l te vle ede yo (Flp. 2:19, 20). Men, lafwa l pa t baze sou santiman li te gen pou moun parèy li, okontrè, lafwa l te baze sou ansèyman ki soti nan Bib la ki te fè l anvi vin zanmi Jewova. Ou menm tou, ou dwe reflechi sou sa w aprann sou Jewova lè w li Bib la.

9. Bay twa verite fondamantal ou bezwen aksepte.

9 Pou kòmanse, ou bezwen aksepte omwen twa verite fondamantal. Premyèman, ou bezwen gen konviksyon se Jewova Dye ki kreye tout bagay (Egz. 3:14, 15; Ebre 3:4; Rev. 4:11). Dezyèmman, ou bezwen konnen rezon ki fè w sèten Bib la se mesaj Bondye fè ekri pou lèzòm (2 Tim. 3:16, 17). E twazyèmman, ou bezwen gen konviksyon Jewova gen yon gwoup moun ki òganize e k ap adore l anba direksyon Kris. Gwoup moun sa a se Temwen Jewova yo (Eza. 43:10-12; Jan 14:6; Tra. 15:14). Ou pa oblije konn tout sa k nan Bib la pou w vin gen konviksyon sou verite fondamantal sa yo. Sa ki enpòtan se sèvi ak ‘kapasite w genyen pou w rezone’ a pou w ka ranfòse konviksyon w genyen ou nan laverite. — Wom. 12:1.

PREPARE W POU W KONVENK LÒT MOUN

10. Lè nou fin konnen laverite, ki sa nou dwe kapab fè?

10 Yonfwa w fin aksepte twa verite fondamantal sa yo ki gen rapò ak Bondye ak Bib la e ak pèp Bondye a, ou dwe kapab sèvi ak Pawòl Bondye a pou w ede lòt moun aksepte verite sa yo. Poukisa? Antanke kretyen, nou gen responsablite pou nou anseye moun k ap koute nou yo verite nou aprann yo * (1 Tim. 4:16). Lè n ap eseye ede lòt moun gen konviksyon sou verite ki nan Bib la, nou ranfòse pwòp konviksyon pa nou sou verite sa yo.

11. Ki egzanp apot Pòl kite pou nou antanke anseyan?

11 Lè apot Pòl t ap anseye moun yo, li te konn “sèvi ak Lwa Moyiz la ak sa pwofèt yo te ekri yo pou l konvenk yo pou yo kwè nan Jezi”. (Tra. 28:23.) Ki jan nou ka imite Pòl lè n ap anseye lòt moun laverite? Nou dwe fè plis pase annik fè moun yo konnen sa Bib la anseye. Nou dwe ede etidyan Labib nou yo rezone sou sa yo aprann nan Bib la tank y ap vin pi pwòch ak Jewova. Nou pa ta renmen yo aksepte laverite paske yo gen respè pou nou, men paske yo chèche gen konviksyon sa y ap aprann sou Bondye nou an ki gen lanmou se laverite.

Paran, ede pitit ou vin gen lafwa lè w anseye yo “bagay pwofon Bondye yo”. (Gade paragraf 12-13.) *

12-13. Ki jan paran yo kapab ede pitit yo rete nan laverite?

12 Ou menm paran, se sèten ou vle pitit ou rete nan laverite. Petèt ou santi si yo gen bon zanmi nan kongregasyon an, y ap vin gen yon lafwa ki solid. Men, pou pitit ou gen bonjan konviksyon yo nan laverite, yo bezwen plis pase bon zanmi. Yo bezwen gen yon relasyon pèsonèl ak Bondye e yo dwe kwè toutbonvre sa Bib la anseye yo se laverite.

13 Pou paran yo anseye pitit yo laverite sou Bondye, yo menm yo dwe bay egzanp, yo dwe renmen etidye Labib. Yo dwe pran tan pou yo medite sou sa yo aprann. Se lè sa a y ap kapab anseye pitit yo pou yo suiv egzanp yo. Yo dwe aprann pitit yo sèvi ak divès zouti ki ka ede yo fè rechèch nan Bib la menm jan yo t ap fè sa pou lòt etidyan Labib yo genyen. Lè yo fè sa, y ap ede pitit yo renmen Jewova e y ap ede yo gen konfyans se “esklav fidèl ki prevwayan an” Jewova itilize pou ede n konprann Bib la (Mat. 24:45-47). Paran, ou dwe fè plis pase annik anseye pitit ou verite fondamantal ki nan Bib la. Ede yo vin gen yon lafwa solid lè w anseye yo “bagay pwofon Bondye yo”, selon laj yo ak kapasite yo. — 1 Kor. 2:10.

ETIDYE PWOFESI KI NAN BIB LA

14. Poukisa nou dwe etidye pwofesi ki nan Bib la? (Gade kare ki gen tit “ Èske w ka esplike pwofesi sa yo?”)

14 Pwofesi nou jwenn nan Bib la enpòtan pou ede nou gen yon lafwa solid nan Jewova. Ki pwofesi ki te ranfòse lafwa pa w? Petèt ou ka panse ak pwofesi sou “dènye jou yo”. (2 Tim. 3:1-5; Mat. 24:3, 7.) Men, ki lòt pwofesi ki deja reyalize ki kapab ranfòse konviksyon w? Pa egzanp, èske w ka esplike ki jan pwofesi ki nan chapit 2 oubyen nan chapit 11 liv Dànyèl la deja reyalize e yo kontinye ap reyalize jodi a *? Lè w gen yon lafwa ki byen chita sou Bib la, lafwa sa a ap vin djanm. Ann pran egzanp frè n ak sè n yo ki te anba gwo pèsekisyon ann Almay pandan Dezyèm Gè mondyal la. Aktout yo pa t fin konprann pwofesi nan Bib la konsènan dènye jou yo, yo te gen yon gwo lafwa nan Pawòl Bondye a.

Lè nou etidye Bib la, san wete pwofesi yo, sa ka ban nou asirans nan moman eprèv. (Gade paragraf 15-17.) *

15-17. Ki jan frè nou yo ki te jwenn pèsekisyon anba rejim Nazi a te jwenn fòs lefètke yo te konn etidye Labib?

15 Lè gouvènman Nazi a t ap dirije peyi Almay, yo te voye plizyè milye frè n ak sè n nan kan konsantrasyon. Hitler ansanm ak Heinrich Himmler, ki te yon ofisye ki te gen anpil pouvwa, te rayi Temwen Jewova yo. Selon sa yon sè fè konnen, men sa Himmler te di yon gwoup sè ki te nan yon kan konsantrasyon: “Petèt Jewova nou an ap dirije nan syèl la, men isit la, sou tè a, se nou menm k ap dirije! Nou pral montre nou kiyès k ap la pi lontan, nou menm Etidyan Labib oswa nou menm Nazi!” Ki sa k te ede sèvitè Jewova yo ret fidèl?

16 Etidyan Labib sa yo te konnen Wayòm Bondye a te kòmanse dirije an 1914. Yo pa t sezi lè yo te jwenn gwo opozisyon sa a. Men, sèvitè Jewova yo te gen konviksyon pa gen okenn gouvènman lèzòm k ap kapab anpeche Bondye reyalize objektif li. Hitler pa t ap kapab elimine vrè adorasyon an oswa met yon gouvènman sou pye ki t ap gen plis pisans pase Wayòm Bondye a. Frè nou yo te gen konviksyon gouvènman Hitler la t ap gen pou l disparèt kanmenm.

17 Sa frè ak sè sa yo te kwè a se te laverite. Sa pa t pran tan pou rejim Nazi a te kraze e Heinrich Himmler, mesye ki te di “isit la, sou tè a, se nou menm k ap dirije” a, te oblije al nan mawon pou l te ka sove lavi l. Pandan l t ap fè sa, li te rankontre ak frè Lübke, yon ansyen prizonye li te rekonèt. Piske Himmler te santi l dekouraje nèt, li te di frè Lübke: “Ebyen, Etidyan Labib, ki sa k pral pase kounye a?” Frè Lübke te fè Himmler konprann Temwen Jewova yo te deja konnen rejim Nazi a t ap kraze e yo menm yo t ap jwenn delivrans. Himmler, mesye ki te konn gen anpil bagay pou l di sou Temwen Jewova yo, te vin pa gen anyen pou l di ankò. Yon ti tan annapre, li touye tèt li. Ki leson nou aprann? Lè nou etidye Bib la, san wete pwofesi yo, sa ka fè nou vin gen yon lafwa solid nan Bondye e sa ka fè nou gen asirans nan moman eprèv. — 2 Pyè 1:19-21.

18. Jan sa parèt nan Jan 6:67, 68, poukisa nou bezwen gen “konesans egzak [...] avèk [...] konpreyansyon total” Pòl te di a?

18 Nou chak dwe demontre lanmou, ki se siy ki fè yo rekonèt vrè kretyen yo. Men, nou bezwen gen “konesans egzak [...] avèk yon konpreyansyon total” tou (Flp. 1:9). Si nou pa fè sa, “tout van ansèyman [ka] pote nou ale adwat agoch poutèt n al koute moun ki sèvi ak trik ak riz pou twonpe nou”, san wete aposta yo (Efe. 4:14). Nan premye syèk la, lè anpil disip te sispann suiv Jezi, apot Pyè te di ak anpil konviksyon Jezi gen “pawòl k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an”. (Li Jan 6:67, 68.) Menm lè Pyè pa t konprann tout sa pawòl sa yo te vle di nan moman sa a, li te ret fidèl paske li te konprann laverite sou Kris. Ou menm tou, ou ka chèche vin gen plis konviksyon nan sa Bib la anseye. Si w fè sa, lafwa w ap rete byen djanm kèlkeswa sa k rive, e w ap ede lòt moun vin gen yon lafwa ki solid. — 2 Jan 1, 2.

KANTIK 72 Ann fè konnen verite Wayòm nan

^ § 5 Atik sa a ap ede nou apresye ansèyman ki nan Pawòl Bondye a ki se laverite. Li pral pale tou sou fason nou ka vin gen plis konviksyon sa nou kwè yo se laverite.

^ § 10 Pou ede w rezone ak lòt moun sou ansèyman fondamantal ki nan Bib la, gade ribrik ki gen tit “Konvèsasyon ak yon moun nan vwazinaj la” ki te parèt nan Toudegad, soti ane 2010 rive ane 2015. N ap jwenn sijè tankou “Èske Jezi se Bondye?”, “Ki lè Wayòm Bondye a te kòmanse dirije?” ak “Èske Bondye pini moun nan yon dife lanfè?” ​(fransè).

^ § 14 Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou pwofesi sa yo, gade Toudegad 15 jen 2012 ak Toudegad me 2020.

^ § 60 ESPLIKASYON SOU FOTO: Paran k ap etidye pwofesi nan Bib la ki gen rapò ak gwo tribilasyon an ak pitit yo pandan yon adorasyon an fanmi.

^ § 62 ESPLIKASYON SOU FOTO: Nan moman gwo tribilasyon an, menm fanmi sa a pap sezi wè sa k ap pase.