Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 31

Èske w ap tann “vil ki gen vrè fondasyon an”?

Èske w ap tann “vil ki gen vrè fondasyon an”?

“Li t ap tann vil ki gen vrè fondasyon an, yon vil se Bondye ki fè plan l e se li ki bati l.” — EBRE 11:10.

KANTIK 22 Wayòm nan deja tabli — Fò l vini!

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sakrifis anpil moun fè, e poukisa yo fè sakrifis sa yo?

PLIZYÈ milyon moun k ap sèvi Bondye jodi a fè sakrifis. Anpil frè ak sè chwazi ret selibatè. Gen moun ki marye ki deside pa fè pitit pou kounye a. Gen fanmi ki chwazi mennen yon vi senp. Yo tout pran desizyon sa yo pou yon rezon ki enpòtan: yo vle fè tout sa yo kapab nan sèvis Jewova. Yo gen kè kontan e yo gen konfyans Jewova ap ba yo tout sa yo vrèman bezwen. Èske Jewova ap desevwa yo? Non! Ki jan nou fè konnen? Youn nan rezon ki fè nou sèten se paske Jewova te beni Abraram, “papa tout moun ki gen lafwa”. — Wom. 4:11.

2. a) Selon Ebre 11:8-10, 16, poukisa Abraram te dispoze kite vil Ou? b) Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

2 Abraram te dispoze kite vi konfòtab li t ap mennen nan vil Ou. Poukisa? Paske li t ap tann “vil ki gen vrè fondasyon an”. (Li Ebre 11:8-10, 16.) Ki “vil” sa a? Ki difikilte Abraram te jwenn pandan l t ap tann konstriksyon vil sa a? E ki jan nou ka fè menm jan ak Abraram ak moun nan epòk nou an ki te suiv egzanp li?

KI SA “VIL KI GEN VRÈ FONDASYON AN” YE?

3. Ki sa vil Abraram t ap tann nan ye?

3 Vil Abraram t ap tann nan se Wayòm Bondye a. Wayòm sa a gen ladan l Jezi Kris ak 144 000 kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl. Pòl pale de Wayòm nan kòm “yon vil ki pou Bondye vivan an, Jerizalèm ki nan syèl la”. (Ebre 12:22; Rev. 5:8-10; 14:1.) Jezi te anseye disip li yo pou yo priye pou menm Wayòm sa a, li te mande pou Wayòm nan vini yon fason pou volonte Bondye fèt sou tè a menm jan l fèt nan syèl la. — Mat. 6:10.

4. Selon Jenèz 17:1, 2, 6, ki sa Abraram te konnen sou vil oswa Wayòm Bondye te pwomèt la?

4 Èske Abraram te gen detay sou fason Wayòm Bondye a t ap ye? Non. Pandan plizyè syèk, detay sa yo te yon “sekrè sakre”. (Efe. 1:8-10; Kol. 1:26, 27.) Men, Abraram te konnen gen kèk nan desandan l yo ki t ap vin wa, paske Jewova te pwomèt li sa. (Li Jenèz 17:1, 2, 6.) Abraram te tèlman gen yon lafwa solid nan pwomès Bondye yo, se kòmsi li te ka wè Sila a Jewova chwazi a, oswa Mesi a, li menm ki t ap gen pou l vin Wa nan Wayòm Bondye a. Se pou rezon sa a, Jezi te kapab di Juif nan epòk li a: “Abraram, papa nou, te rejwi anpil poutèt li te gen espwa l ap wè jou m nan, e li te wè l e li te rejwi.” ​(Jan 8:56). Li klè, Abraram te konnen desandan l yo t ap fè pati yon Wayòm Jewova t ap tabli e li te dispoze tann Jewova reyalize pwomès sa a.

Ki jan Abraram te montre li gen lafwa nan pwomès Jewova yo? (Gade paragraf 5.)

5. Ki jan nou fè konnen Abraram t ap tann vil se Bondye ki fè plan l lan?

5 Ki jan Abraram te montre li t ap tann vil oswa Wayòm se Bondye ki fè plan l lan? Toudabò, Abraram pa t vin sitwayen okenn wayòm sou tè a. Li te konn deplase sot nan yon zòn al nan yon lòt, li pa t ret yon kote fiks e li pa t janm soutni okenn gouvènman lèzòm. Mete sou sa, Abraram pa t eseye tabli pwòp wayòm pa l. Okontrè, li te kontinye obeyi Jewova, e li t ap tann pou Jewova reyalize pwomès Li fè a. Konsa, Abraram te montre li gen yon lafwa estrawòdinè nan Jewova. Annou egzamine kèk nan difikilte li te jwenn e annou wè ki sa nou ka aprann nan egzanp li.

KI DIFIKILTE ABRARAM TE JWENN?

6. Esplike ki jan vil Ou te ye.

6 Vil Abraram te kite a te byen pwoteje, li te konfòtab e moun ki t ap viv ladan l yo se moun ki te fòme e ki te rich. Te gen yon gwo miray ak yon dlo byen fon ki te antoure vil la sou twa fasad pou pwoteje l. Moun nan vil Ou yo te fò ni nan ekri ni nan fè kalkil. E sanble anpil moun te konn vin nan vil sa a pou yo fè biznis. Moun k ap fè rechèch yo jwenn anpil dokiman sou zafè biznis nan zòn kote vil la te ye a. Kay prive yo te fèt ak brik e yo te randui mi yo, apre sa yo te blanchi yo ak lacho. Kèk nan kay sa yo te gen 13 oswa 14 pyès toutotou yon lakou ki te pave ak wòch.

7. Poukisa Abraram te bezwen gen konfyans Jewova t ap pwoteje li menm ak fanmi l?

7 Abraram te bezwen gen konfyans Jewova t ap pwoteje li menm ak fanmi l. Poukisa? Sonje Abraram ak Sara te kite yon kay nan vil Ou, kote yo te an sekirite e yo te alèz, pou y al abite anba tant nan savann Kanaran. Abraram ak fanmi l pa t gen gwo miray ak gwo dlo byen fon ankò pou pwoteje yo. Okontrè, li te vin fasil pou ènmi atake yo.

8. Ki pwoblèm Abraram te vin genyen?

8 Abraram te fè volonte Bondye. Men, yon lè, li pa t gen ase manje pou l bay moun lakay li. Li te oblije fè fas ak yon gwo grangou ki te frape peyi kote Jewova te voye l la. Grangou sa a te tèlman rèd, Abraram te deside mennen fanmi l ann Ejip pou yon ti tan. Men, pandan Abraram nan peyi Ejip, Farawon, chèf peyi a te pran madanm li nan men l. Imajine tout tètchaje Abraram dwe te genyen jiskaske Jewova te fè Farawon remèt li Sara. — Jen. 12:10-19.

9. Ki pwoblèm ki te gen nan fanmi Abraram?

9 Bagay yo pa t fasil pou fanmi Abraram. Sara, madanm li, li te renmen anpil, pa t ka fè pitit. Pandan plizyè dizèn ane, yo te oblije fè fas ak sitiyasyon difisil sa a. Finalman, Sara te bay Abraram Aga, sèvant li an, pou l ka fè pitit pou Abraram ak Sara. Men, lè Aga te vin ansent Izmayèl, li te kòmanse meprize Sara. Sitiyasyon an te vin tèlman rèd, Sara te met Aga deyò. — Jen. 16:1-6.

10. Ki sa k te pase ant Izmayèl ak Izarak ki te ka fè l difisil pou Abraram fè Jewova konfyans?

10 Finalman Sara te vin ansent e li te fè yon pitit gason pou Abraram. Abraram te rele pitit la Izarak. Li te renmen toule de pitit gason l yo, ni Izmayèl ni Izarak. Men, piske Izmayèl te mal aji ak Izarak, Abraram te oblije voye Izmayèl ak Aga ale (Jen. 21:9-14). Annapre, Jewova te mande Abraram pou l ofri Izarak kòm sakrifis (Jen. 22:1, 2; Ebre 11:17-19). Nan toule de sitiyasyon sa yo, Abraram te bezwen gen konfyans Jewova t ap fè bagay yo byen pase pou pitit gason l yo.

11. Sa k fè Abraram te bezwen tann Jewova avèk pasyans?

11 Pandan tan sa a, Abraram te bezwen aprann tann Jewova avèk pasyans. Sanble li te gen plis pase 70 an lè li menm ak fanmi l te kite vil Ou (Jen. 11:31–12:4). E pandan anviwon 100 an, li te viv anba tant, li t ap monte desann nan tèritwa Kanaran. Abraram te gen 175 an lè l mouri (Jen. 25:7). Men, li pa t gentan wè Jewova reyalize pwomès Li te fè pou l bay desandan l yo peyi l t ap viv ladan l lan. E l te mouri anvan l te wè vil la, sètadi Wayòm Bondye a, tabli. Aktout sa, Bib la fè konnen lè Abraram te mouri li “te gen yon bon ti laj, li te viv kont li”. (Jen. 25:8.) Malgre tout difikilte Abraram te oblije andire, li te kontinye gen yon lafwa solid e l te dispoze tann Jewova. Sa k fè l te kapab andire? Se paske pandan tout vi Abraram, Jewova te pwoteje l e l te aji avè l tankou yon zanmi. — Jen. 15:1; Eza. 41:8; Jak 2:22, 23.

Menm jan ak Abraram ak Sara, ki jan sèvitè Bondye yo montre yo gen lafwa ak pasyans? (Gade paragraf 12.) *

12. Ki sa n ap tann, e ki sa nou pral egzamine?

12 Menm jan ak Abraram, n ap tann vil ki gen vrè fondasyon an. Men, se pa tann n ap tann pou yo konstwi l. Wayòm Bondye a tabli an 1914 e l deja pran kontwòl syèl la nèt (Rev. 12:7-10). Men, n ap tann li pran kontwòl tè a nèt. Pandan n ap tann sa fèt, nou oblije fè fas ak yon pakèt sitiyasyon ki sanble ak sitiyasyon Abraram ak Sara te viv yo. Èske sèvitè Jewova nan epòk nou an rive suiv egzanp Abraram? Istwa lavi moun nou jwenn nan Toudegad yo montre gen anpil moun jodi a ki gen lafwa ak pasyans menm jan ak Abraram ak Sara. Ann egzamine kèk nan istwa sa yo e ann wè ki sa nou ka aprann nan yo.

ANN IMITE EGZANP ABRARAM

Bill Walden te dispoze fè sakrifis e Jewova te beni l.

13. Ki sa w aprann nan eksperyans frè Walden?

13 Se pou nou dispoze fè sakrifis. Si nou vle met vil Bondye a, sètadi Wayòm nan, an premye nan lavi nou, nou dwe fè menm jan ak Abraram ki te dispoze fè sakrifis pou l fè Bondye plezi (Mat. 6:33; Mak 10:28-30). Ann pran egzanp yon frè ki te rele Bill Walden *. Lè Bill te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo an 1942, li t apral diplome nan yon inivèsite Ozetazini kòm enjenyè achitèk. Youn nan pwofesè Bill te genyen yo te fè demach pou Bill jwenn yon travay apre l fin diplome, men Bill pa t dakò. Li te esplike pwofesè a li deside pa pran travay la pou l ka fè plis nan sèvis Bondye. Yon ti tan annapre, gouvènman peyi a te rele Bill pou l fè sèvis militè. Avèk respè li te refize, yo te mande l peye yon amann 10 000 dola e yo te kondane l pou l pase senkan nan prizon. Yo te lage l apre twazan. Annapre, li te resevwa envitasyon pou l al Lekòl Galaad e l t al sèvi kòm misyonè ann Afrik. Bill te vin marye ak Eva, e yo te sèvi ansanm ann Afrik, sa ki te mande pou yo fè sakrifis. Finalman, yo te retounen Ozetazini pou yo pran swen manman Bill. Men sa Bill di konsènan lavi l: “Mwen gen dlo nan je lè m ap reflechi ak privilèj estrawòdinè m te genyen pou Jewova itilize m pandan plis pase 70 an nan sèvis li. Mwen toujou di l mèsi dèske l te ede m itilize lavi m nan sèvis li.” Èske w ka chwazi sèvis aplentan kòm karyè?

Eleni ak Aristotelis Apostolidis te santi Jewova ba yo fòs.

14-15. Ki sa w aprann nan egzanp frè ak sè Apostolidis?

14 Pa atann nou pap jwenn pwoblèm nan lavi n. Egzanp Abraram aprann nou menm moun ki fè tout vi yo nan sèvis Jewova konn gen pwoblèm (Jak 1:2; 1 Pyè 5:9). Ann wè ki jan egzanp frè Aristotelis Apostolidis montre sa *. Li te batize nan peyi Lagrès an 1946, nan ane 1952, li te fiyanse ak yon sè ki te rele Eleni ki te gen menm objektif avè l. Men, Eleni te vin malad e doktè te dekouvri li gen yon timè nan sèvo. Yo te retire timè a, men, kèk ane apre maryaj yo, timè a te retounen. Doktè yo te opere Eleni ankò, men yon pati nan kò Eleni te vin paralize e li pa t ka pale byen. Eleni te kontinye chofe nan sèvis li malgre li te malad e malgre gouvènman an te konn pèsekite Temwen Jewova yo nan epòk sa a.

15 Aristotelis te pase 30 an ap pran swen madanm li. Pandan tan sa a, li te sèvi kòm ansyen, li te travay nan komite pou asanble e li te patisipe nan konstriksyon yon Sal asanble. Apre sa, an 1987, pandan Eleni t ap preche, gen yon malè ki te rive l e l te blese grav. Li te fè twazan nan koma, apre sa l mouri. Men sa Aristotelis di lè l t ap esplike istwa lavi l: “Tank ane yo t ap pase, sitiyasyon difisil, gwo pwoblèm ak bagay nou pa t prevwa yo te mande pou nou gen andirans ak pèseverans. Men, Jewova te toujou ban m fòs mwen bezwen pou m fè fas ak pwoblèm sa yo.” ​(Sòm 94:18, 19). Se pa ti renmen Jewova renmen moun ki fè tout sa yo kapab pou li malgre eprèv yo jwenn!

Audrey Hyde te kontinye ret pozitif paske l te ret konsantre sou lavni.

16. Ki bon konsèy frè Knorr te bay madanm li?

16 Konsantre n sou sa k pral rive alavni. Abraram te ret konsantre sou rekonpans Jewova t apral ba l alavni yo e sa te ede l pou l fè fas ak pwoblèm li te gen nan moman an. Sè Audrey Hyde te bat pou l kontinye gen yon etadespri pozitif konsa, menm lè kansè te touye premye mari l, Nathan Knorr, e dezyèm mari l, Glenn Hyde, te soufri Alzaymè *. Audrey di se yon bagay frè Knorr te di l kèk semèn anvan l mouri ki te ede l. Li di: “Men sa Nathan te fè m sonje: ‘Lè nou mouri, esperans nou asire, e nou pap janm soufri ankò.’ Apre sa li te di m: ‘Gade devan, paske se la rekonpans ou ye.’ [...] Epi li te di m: ‘Toujou ret okipe, eseye sèvi ak lavi w pou w ede lòt moun. Sa ap ede w gen kè kontan.’” Se yon bon konsèy pou nou ret okipe nan fè bon bagay pou lòt moun e pou nou “rejwi nan esperans lan”! — Wom. 12:12.

17. a) Sa k fè nou gen bonjan rezon pou n ret konsantre sou lavni? b) Ki jan lè nou suiv pawòl ki nan Miche 7:7 la sa ap ede nou jwenn benediksyon k ap vini yo?

17 Jodi a, nou gen plis rezon pou nou ret konsantre sou lavni. Evènman k ap pase nan monn nan montre aklè n ap viv nan dènye pati dènye jou sistèm sa a. Talè konsa, nou pap bezwen tann vil ki gen vrè fondasyon an pran kontwòl tout tè a ankò. Pami tout benediksyon nou pral jwenn yo n ap kontan wè moun nou renmen yo retounen viv ankò. Lè sa a, Jewova ap rekonpanse Abraram pou lafwa l ak pasyans li lè l fè li menm ak fanmi l retounen viv sou tè a ankò. Èske w ap la pou w akeyi yo? Ou kapab la si menm jan ak Abraram ou dispoze fè sakrifis pou Wayòm Bondye a, si w kenbe lafwa w djanm malgre pwoblèm, e si w aprann tann Jewova avèk pasyans. — Li Miche 7:7.

KANTIK 74 Vin chante chan Wayòm nan!

^ § 5 Pandan n ap tann pwomès Bondye yo reyalize, nou ka pèdi pasyans oswa nou ka menm pèdi lafwa. Ki jan egzanp Abraram ap ede nou gen plis detèminasyon pou nou tann avèk pasyans pou pwomès Jewova yo reyalize? Ki bèl egzanp kèk sèvitè Jewova nan epòk nou an bay?

^ § 13 N ap jwenn byografi frè Walden nan Toudegad 1ye desanm 2013, paj 8-10.

^ § 14 N ap jwenn byografi frè Apostolidis nan Toudegad 1ye fevriye 2002, paj 24-28 (fransè).

^ § 16 N ap jwenn byografi sè Hyde nan Toudegad 1ye jiyè 2004, paj 23-29 (fransè).

^ § 56 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon mari ak madanm ki granmoun ki kontinye sèvi Jewova fidèlman malgre difikilte. Yo kenbe lafwa yo byen djanm lè yo ret konsantre sou pwomès Jewova fè pou lavni yo.