Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 36

Èske w pare pou w vin yon pechè moun?

Èske w pare pou w vin yon pechè moun?

“Ou pa bezwen pè ankò. Apati kounye a, se moun ou pral pran tou vivan.” — LIK 5:10.

KANTIK 73 Fè nou gen kran

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki envitasyon Jezi te fè kat pechè pwason, e ki jan yo te reyaji?

DISIP Pyè, Andre, Jak ak Jan te gen yon biznis lapèch. Imajine jan yo te sezi lè yo te tande Jezi di yo: “Vin suiv mwen, e m ap fè nou vin pechè moun *.” Ki jan yo te reyaji? Men sa Bib la di: “Lamenm, yo abandone filè yo e yo suiv li.” ​(Mat. 4:18-22). Desizyon sa a yo te pran an t apral chanje lavi yo pou toutan. Olye yo te kontinye peche pwason, “se moun [yo t apral] pran tou vivan”. (Lik 5:10.) Jodi a, Jezi fè moun ki gen kè sensè ki renmen laverite yo menm envitasyon an (Mat. 28:19, 20). Èske w aksepte envitasyon Jezi fè w pou w vin pechè moun nan?

2. Poukisa nou dwe pran desizyon pou n vin pechè moun nan oserye, e ki sa k ap ede n pran desizyon sa a?

2 Petèt ou gen yon bon ti tan depi w ap etidye Labib e w deja fè anpil chanjman nan lavi w. Kounye a, ou bezwen deside si wi ou non w ap vin yon pwoklamatè bon nouvèl la. Si w pa fin sèten ou vle aksepte envitasyon Jezi a, pa kite sa dekouraje w. Petèt, ezite w ap ezite a montre ou konnen jis nan ki pwen desizyon sa a enpòtan. Se vre, Labib di Pyè ak zanmi l yo te abandone filè yo “lamenm”. Men, Pyè ak frè l la pa t aji san reflechi. Yo te gentan gen plis pase sis mwa depi yo te konnen Jezi se Mesi a e yo te aksepte l (Jan 1:35-42). Menm jan an tou, petèt ou deja aprann anpil bagay sou Jewova ak Jezi, e w ta renmen kontinye fè pwogrè. Sepandan, anvan w deside vin yon pwoklamatè, ou dwe byen reflechi sou sa sa mande. Ki sa k te ede Pyè ak Andre ak lòt moun ankò pran desizyon yo te pran an?

3. Ki kalite k ap fè w vin pi anvi aksepte envitasyon Jezi a?

3 Premye disip Jezi yo te konn travay ak tout kè yo, yo te konn byen fè travay yo, yo te gen anpil kouraj e yo te gen disiplin. Se sèten, kalite sa yo te ede yo byen fè travay pechè moun nan. Nan atik sa a, nou pral wè ki jan n ka chèche gen kalite sa yo pou n ka vin maton nan travay fè disip la.

PRAN DETÈMINASYON POU W PRECHE

Pyè ak kèk mesye te vin pechè moun. Travay enpòtan sa a ap kontinye fèt jis jodi a. (Gade paragraf 4-5.)

4. Poukisa Pyè te konn peche pwason?

4 Pyè te konn peche pwason pou l pran swen fanmi l. Nonsèlman se te travay li, men sanble li te renmen fè lapèch (Jan 21:3, 9-15). Li te vin aprann renmen peche moun tou. Grasa èd Jewova, li te vin maton nan travay sa a. — Tra. 2:14, 41.

5. Selon Lik 5:8-11, poukisa Pyè te pè, e ki sa k kapab ede n pou n pa santi n menm jan an?

5 Nou preche paske nou renmen Jewova. Se pi gwo rezon ki fè n ap fè travay sa a. Lanmou nou gen pou Jewova ka ede nou preche lòt moun, menmsi nou ta santi nou pa kalifye pou n fè sa. Lè Jezi te envite Pyè pou l vin yon pechè moun, li te di Pyè: “Ou pa bezwen pè ankò.” ​(Li Lik 5:8-11.) Pyè pa t kite laperèz anpeche l vin yon disip. Okontrè, se pa ti sezi l te sezi lè Jezi te fè mirak pou l te fè yo pran yon pakèt pwason, e Pyè te panse li pa merite pou Jezi mande l travay avè l. Epitou, ou gendwa santi w pè lè w wè tout efò sa mande pou w vin yon disip Kris. Si w santi w konsa, fè efò pou w renmen Jewova ak Jezi ansanm ak pwochen w pi plis, e sa ap fè w pi anvi aksepte envitasyon Jezi fè w pou w vin yon pechè moun. — Mat. 22:37, 39; Jan 14:15.

6. Ki lòt rezon ki fè n vle preche?

6 Ann egzamine kèk lòt rezon ki fè n vle preche. Nou vle obeyi lòd Jezi ban nou an ki di: “Ale, epi fè disip.” ​(Mat. 28:19, 20). Nou preche tou paske moun yo ‘depafini, yo lage’ e yo swaf pou yo aprann laverite sou Wayòm nan (Mat. 9:36). Jewova vle tout kalite moun gen yon konesans egzak sou laverite e li vle yo sove. — 1 Tim. 2:4.

7. Ki jan Women 10:13-15 montre travay predikasyon an enpòtan?

7 Lè n panse ak jan travay predikasyon n ap fè a kapab sove lavi moun, sa ankouraje n pou n preche pi plis. Kontrèman ak yon pechè pwason ki konn vann pwason l peche yo oswa ki konn manje yo, nou “peche” moun pou n sove lavi yo. — Li Women 10:13-15; 1 Tim. 4:16.

APRANN FASON POU W FÈ TRAVAY LA PI BYEN

8-9. Ki sa yon pechè pwason dwe konnen, e poukisa?

8 Nan epòk Jezi a, yon Izrayelit ki te pechè pwason te dwe konnen ki kalite bèt lanmè li kapab pran (Lev. 11:9-12). Li te dwe konnen tou ki kote li kapab jwenn pwason. An jeneral, pwason renmen rete nan zòn yo santi yo pi alèz ak nan zòn ki gen anpil manje. Èske gen yon lè ki pi bon pou pechè pwason yo peche? Ann wè ki sa yon Temwen ki fèt nan yon zile ki nan Oseyan Pasifik te di yon misyonè li te envite al lapèch avè l. Misyonè a te di l: “N ap wè demen maten a nevè.” Frè a te reponn li: “Ou genlè pa konprann! Nou prale nan lè ki pi bon pou n jwenn pwason, men, se pa nan lè ki pi bon pou nou.”

9 Menm jan an tou, nan premye syèk la, pechè moun yo te konn al nan zòn kote yo te konnen y ap jwenn moun pou yo preche. Pa egzanp, disip Jezi yo te konn preche nan tanp lan, nan sinagòg yo, kay an kay ak sou plas piblik (Tra. 5:42; 17:17; 18:4). Nou menm tou, nou bezwen konn ki lè n ap jwenn moun yo lakay yo oswa lòt kote nan tèritwa nou. Nou bezwen fè efò pou n preche kote l ap pi fasil pou n jwenn moun yo ak nan lè k ap pi bon pou yo. — 1 Kor. 9:19-23.

PECHÈ PWASON KI GEN EKSPERYANS YO... 1. travay nan lè ak kote li pi fasil pou yo jwenn pwason. (Gade paragraf 8-9.)

10. Ki zouti òganizasyon Jewova a ban nou?

10 Yon pechè pwason bezwen gen bonjan ekipman e li dwe konn ki jan pou l sèvi avè l. Nou menm tou, nou bezwen byen ekipe pou travay predikasyon an. E nou bezwen konnen ki jan pou n sèvi ak ekipman nou genyen pou n fè travay sa a. Jezi te bay disip li yo enstriksyon byen klè sou fason pou yo preche bon nouvèl la. Li te di yo sa pou yo pote, ki kote pou yo preche ak ki sa pou yo di (Mat. 10:5-7; Lik 10:1-11). Nan epòk pa nou an, òganizasyon Jewova a ban nou bonjan zouti pou nou anseye *. E nou jwenn fòmasyon pou n byen sèvi avèk yo. Fòmasyon sa a ede n preche san n pa pè e li aprann nou fason pou n fè travay la pi byen. — 2 Tim. 2:15.

PECHÈ PWASON KI GEN EKSPERYANS YO... 2. aprann fason pou yo sèvi ak bonjan ekipman yo genyen. (Gade paragraf 10.)

MET KOURAJ SOU NOU

11. Poukisa pechè moun yo dwe gen kouraj?

11 Pechè pwason ki nan biznis lapèch yo bezwen gen kouraj. Pafwa yo pa konnen ki jan tan an ap ye, e sanzatann lanmè a konn vin move. Byen souvan, yo konn travay nan nuit e konn gen gwo tanpèt bridsoukou. Pechè moun yo bezwen gen kouraj tou. Lè nou kòmanse preche lòt moun e nou fè konnen nou se Temwen Jewova, fanmi nou gendwa opoze ak nou, zanmi nou gendwa pase nou nan rizib e gen moun ki gendwa pa vle koute nou. Men, sa pa dwe fè nou sezi. Jezi te fè disip li yo konnen li t ap voye yo preche nan mitan moun ki t ap opoze ak yo. — Mat. 10:16.

12. Selon Jozye 1:7-9, ki sa k ka ede n vin gen kouraj?

12 Ki jan w ka met kouraj sou ou? Toudabò, ou bezwen gen konviksyon Jezi kontinye ap dirije travay predikasyon an detan l nan syèl la (Jan 16:33; Rev. 14:14-16). Apre sa, ou bezwen gen plis lafwa nan pwomès Jewova fè pou l pran swen w (Mat. 6:32-34). Plis lafwa w solid, se plis w ap gen kouraj. Pyè ak konpayon l yo te montre yo gen anpil lafwa lè yo te abandone biznis lapèch yo te genyen an pou yo suiv Jezi. Menm jan an tou, ou te montre w gen anpil lafwa lè w te fè zanmi w ak moun nan fanmi w konnen ou kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova e w kòmanse asiste reyinyon yo fè. Se sèten, ou te fè anpil chanjman nan konduit ou ak nan fason w t ap viv pou w ka suiv prensip Jewova yo ki jis. Sa te mande tou pou w gen lafwa ak kouraj. Toutpandan w ap travay pou w vin gen kouraj, ou mèt kwè “Jewova, Bondye w la, [ap] avè w kèlkeswa kote w ale”. — Li Jozye 1:7-9.

PECHÈ PWASON KI GEN EKSPERYANS YO... 3. met kouraj sou yo pou yo travay menm lè sitiyasyon yo pa fasil. (Gade paragraf 11-12.)

13. Ki jan lapriyè ak meditasyon kapab fè w vin gen kouraj?

13 Ki lòt bagay ankò ki ka fè w gen kouraj? Priye Jewova pou l ede w gen kouraj ak kran (Tra. 4:29, 31). Jewova ap reponn priyè w e l pap janm abandone w. L ap toujou soutni w. Anplis de sa, ou kapab medite sou jan Jewova te sove lòt moun nan tan lontan. Reflechi tou, sou jan l te ede w venk yon seri pwoblèm ak jan l te ba w fòs pou w rive fè chanjman nan fason w ap viv. Pa gen dout nan sa, Sila a ki te ede pèp li a travèse Lanmè Wouj ka ede w vin yon disip Kris (Egz. 14:13). Se pou w gen menm konviksyon ak youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo ki te di: “Jewova avè m, mwen pap pè. Ki sa lòm ka fè m?” — Sòm 118:6.

14. Ki sa w aprann nan eksperyans Masae ak Tomoyo te fè?

14 Yon lòt fason ankò nou ka vin gen kouraj, sè lè nou wè fason Jewova ede moun ki timid yo vin gen kran. Ann pran egzanp yon sè ki rele Masae. Li te timid e li te santi li pa t ap janm ka preche. Li te santi l difisil anpil pou l abòde moun li pa konnen. Pou li menm, se kòmsi l t ap eseye grenpe yon miray ki byen wo, e li te panse li pa t ap janm ka fè sa. Donk, li te fè gwo efò pou l vin gen plis lanmou pou Bondye ak pwochen l. Li te medite sou ijans ki genyen pou n preche kounye a, e li te priye Jewova pou l ba l fòs pou l pi anvi preche. Li te vin pa pè ankò e li te menm pran sèvis pyonye pèmanan. Jewova kapab ede nouvo pwoklamatè yo tou pou yo “mete kouraj” sou yo. Men eksperyans yon sè ki rele Tomoyo te fè. Lè l te fèk kòmanse preche kay an kay, premye moun li te rankontre a te di l byen fò: “M pa annafè ak Temwen Jewova!” epi l fèmen pòt la nan figi l. Tomoyo pa t kite sa dekouraje l. Men sa l te di sè ki t ap preche ansanm avè l la: “Ou wè sa! Mwen potko menm pale, li te gentan konnen m se Temwen Jewova. M kontan anpil!” Tomoyo pyonye pèmanan kounye a.

CHÈCHE GEN DISIPLIN

15. Ki sa disiplin ye, e poukisa li enpòtan pou kretyen yo gen kalite sa a?

15 Pechè pwason ki jwenn bon rezilta yo gen disiplin. Men ki jan yo esplike sa disiplin ye, se “kapasite yon moun genyen pou l fòse tèt li fè yon seri bagay ki dwe fèt”. Moun ki nan biznis lapèch yo dwe bay tèt yo disiplin pou yo leve bonè, pou yo rete jiskaske travay la fini, epi pou yo kontinye travay menm lè gen move tan. Menm jan an tou, nou bezwen gen disiplin si nou vle gen andirans e si nou vle fin fè travay nou gen pou n fè a. — Mat. 10:22.

16. Ki jan nou ka vin gen disiplin?

16 Nou pa tou fèt ak disiplin. Okontrè, byen souvan, tandans nou se fè sa k pi fasil la. Yon moun bezwen gen metriz pou l vin gen disiplin. Se sa k fè nou bezwen èd pou n fòme tèt nou pou n fè sa ki ka parèt difisil pou n fè yo. Jewova ban nou èd sa a pa mwayen lespri sen. — Gal. 5:22, 23.

17. Jan sa parèt nan 1 Korentyen 9:25-27, ki sa apot Pòl di li te oblije fè pou l vin gen disiplin?

17 Apot Pòl te gen disiplin. Men, li te rekonèt li te oblije “benyen” kò l ak kou pou l te ka fè sa ki dwat. (Li 1 Korentyen 9:25-27.) Li te ankouraje lòt moun pou yo bay tèt yo disiplin e pou yo fè tout bagay “yon fason ki konvnab e nan lòd”. (1 Kor. 14:40.) Nou dwe fè anpil efò pou n vin gen disiplin pou n ka kenbe bon abitid nou genyen nan sèvis Bondye a, sa ki gen ladan l patisipe regilyèman nan travay preche ak anseye a. — Tra. 2:46.

PA DI W A GEN TAN

18. Ki sa k ap fè Jewova wè nou reyisi nan travay li ban nou fè a?

18 Se kantite pwason yon pechè pran ki fè l konnen li jwenn bon rezilta. Sepandan, se pa kantite moun nou ede vin nan òganizasyon Bondye a ki fè n konnen nou jwenn bon rezilta (Lik 8:11-15). Depi nou kontinye patisipe nan preche bon nouvèl la e nou kontinye anseye lòt moun, Jewova ap wè nou reyisi nan travay li ban nou fè a. Sa k fè sa? Paske nou obeyi l e nou obeyi Pitit Gason l lan. — Mak 13:10; Tra. 5:28, 29.

19-20. Bay bonjan rezon nou genyen pou n preche kounye a.

19 Nan kèk peyi, gen mwa kote yo bay pechè pwason yo pèmisyon pou yo fè lapèch. Nan peyi sa yo, yon pechè pwason ka santi se moman pou l fè vit pou l pran valè pwason l kapab anvan lè a fini. Antanke pechè moun, kounye a se moman pou n fè pi vit toujou pou n preche: Sistèm sa a prèske rive nan bout li! Se yon tikras tan ki rete pou n patisipe nan travay sa a ki kapab sove lavi moun. Pa di w a gen tan oswa pa ret ap tann pou sitiyasyon w vin pi bon anvan w patisipe nan travay enpòtan sa a. — Ekl. 11:4.

20 Kounye a se moman pou w pran detèminasyon pou w preche, pou w aprann plis bagay sou Bib la, pou w met kouraj sou ou e pou w chèche gen disiplin. Gen plis pase uit milyon moun k ap preche bon nouvèl la toupatou sou tè a. Vin travay ansanm ak yo, konsa w ap jwenn lajwa Jewova bay la (Ney. 8:10). Se pou w pran detèminasyon pou w fè tout sa w kapab nan travay sa a jiskaske Jewova di travay la fini. Nan atik ki vin apre a, nou pral wè twa fason nou ka vin gen plis detèminasyon pou n kontinye preche bon nouvèl Wayòm nan.

KANTIK 66 Annou preche bon nouvèl la

^ § 5 Jezi te envite yon seri pechè pwason ki te gen imilite e ki te konn travay di pou yo vin disip li. Jodi a, Jezi kontinye envite moun ki gen kalite sa yo pou yo vin pechè moun. Nan atik sa a, nou pral wè ki sa moun k ap etidye Labib ki renka pou yo aksepte envitasyon Jezi a bezwen fè.

^ § 1 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Ekspresyon “pechè moun” nan gen rapò ak tout moun k ap preche bon nouvèl la e k ap anseye lòt moun pou yo vin disip Kris.

^ § 10 Gade atik ki gen tit “Ann kontinye anseye laverite” ki parèt nan Toudegad oktòb 2018, paj 11-16.