Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 39

Ann ankouraje sè nou yo

Ann ankouraje sè nou yo

“Medam k ap fè konnen bon nouvèl la se yon gwo lame.” — SÒM 68:11.

KANTIK 137 Bèl egzanp medam tan lontan yo ak sè n yo bay

SA NOU PRAL WÈ *

Sè nou yo ki gen anpil aktivite pou yo fè nan sèvis Bondye a patisipe nan reyinyon yo ak nan travay fè disip la, yo ede nan antretyen Sal Wayòm nan e yo montre yo gen sousi pou kwayan parèy yo. (Gade paragraf 1.)

1. Ki jan sè yo soutni òganizasyon an, men, ki pwoblèm anpil nan yo jwenn? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

SE PA ti kontan nou kontan gen tout sè sa yo k ap travay di nan kongregasyon an! Pa egzanp, yo patisipe nan reyinyon yo, yo preche e yo anseye bon nouvèl la. Gen kèk ladan yo ki patisipe nan pran swen Sal Wayòm nan e yo montre yo gen sousi pou frè ak sè yo. Se vre, yo gen pwoblèm pa yo. Gen nan yo k ap pran swen paran yo ki granmoun. Gen lòt ki jwenn opozisyon nan fanmi yo. E gen lòt ankò k ap leve pitit yo poukont yo k ap travay di pou pran swen yo.

2. Poukisa nou dwe fè efò pou n ankouraje sè nou yo?

2 Poukisa nou dwe ankouraje sè nou yo? Paske, nan monn nan, yo pa toujou bay fi yo respè yo merite. Anplis de sa, Labib mande n pou n ankouraje sè n yo. Pa egzanp, apot Pòl te ankouraje kongregasyon ki nan vil Wòm nan pou l akeyi Febe epi “ba l kèlkeswa èd li ta bezwen”. (Wom. 16:1, 2.) Lè Pòl te yon Farizyen, li te fè pati yon gwoup moun ki te kwè fi pa gen valè e yo te konn rabese yo. Men, lè l te vin kretyen li te imite Jezi, li te respekte medam yo e li te janti ak yo. — 1 Kor. 11:1.

3. Ki jan Jezi te trete tout fi, e ki jan li te wè medam ki t ap fè volonte Bondye yo?

3 Jezi te respekte tout fi (Jan 4:27). Li pa t aji ak medam yo menm jan chèf relijye juif nan epòk li a te konn aji ak yo. Anfèt, gen yon ansiklopedi biblik ki fè konnen: “Jezi pa t janm di anyen ki te montre li te rabese medam yo oswa manke yo respè.” Okontrè, li te gen anpil konsiderasyon pou medam ki t ap fè volonte Papa l yo. N ap remake, Jezi te konsidere medam yo kòm sè l lè l t ap pale de moun ki t ap fè volonte Jewova menm jan avè l. — Mat. 12:50.

4. Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

4 Jezi te toujou dispoze ede medam ki t ap fè volonte Bondye yo. Li te montre li apresye yo e li te konn defann yo. Ann wè kòman nou kapab imite Jezi nan fason n ap montre konsiderasyon pou sè nou yo.

MONTRE NOU APRESYE SÈ NOU YO KI GEN ANPIL VALÈ

5. Sa k fè kèk sè ka twouve l difisil pou yo jwenn zanmi k ap ankouraje yo?

5 Antanke frè ak sè, nou tout ta renmen gen bon zanmi. Men, pafwa sè yo konn twouve l difisil pou yo jwenn zanmi sa yo. Sa k fè sa? Ann wè sa kèk sè di. Gen yon sè ki rele Josianne * ki di: “Piske m selibatè, souvan m santi l difisil pou m jwenn plas mwen nan kongregasyon an e m santi m pa vrèman fè pati kongregasyon an.” Gen yon pyonye ki rele Christine ki t al viv nan yon lòt zòn pou l te ka fè plis nan travay predikasyon an ki di: “Lè w fèk vin nan yon kongregasyon, ou ka santi w poukont ou.” Gen kèk frè ki ka santi yo menm jan an. Moun k ap viv nan yon fanmi kote moun nan kay la pa nan menm relijyon ak yo ka santi l difisil pou yo pwòch ak moun nan fanmi an, e anmenmtan yo ka santi yo pa pwòch frè ak sè yo nan kongregasyon an. Gen kèk sè ki ka santi yo poukont yo paske yo oblije ret lakay yo, oubyen paske yo oblije pran swen moun nan fanmi yo ki malad. Men sa Annette di: “Mwen pa t ka pase tan ansanm ak frè ak sè yo paske se mwen ki te plis ap pran swen manman m.”

Menm jan ak Jezi, nou ka montre sè ki fidèl yo jan nou renmen yo. (Gade paragraf 6-9.) *

6. Jan sa parèt nan Lik 10:38-42, ki jan Jezi te ede Mat ak Mari?

6 Jezi te konn pase tan ak medam ki t ap fè volonte Bondye menm jan avè l yo, e li te yon vrè zanmi pou yo. Ann pran egzanp Mari ak Mat, de medam ki te zanmi l e sanble ki te selibatè. (Li Lik 10:38-42.) Li klè, Jezi te mete yo alèz nan fason l te pale avèk yo ak fason l te aji avèk yo. Pa egzanp, Mari ki te yon disip Jezi te santi l alèz pou l chita nan pye l *. E lè Mat te kontrarye lefètke Mari pa t ede l fè manje, Mat te santi l alèz pou l di Jezi sa l panse. Nan ti moman sa a yo t ap pase ansanm nan, Jezi te aprann medam yo yon seri leson enpòtan. Epitou, li te montre li gen sousi pou de sè sa yo ak Laza, frè yo a, lefètke l te vizite yo nan lòt okazyon (Jan 12:1-3). Nou konprann rezon ki fè lè Laza te malad grav, Mari ak Mat te konnen yo te kapab mande Jezi ede yo. — Jan 11:3, 5.

7. Bay youn nan fason nou ka ankouraje sè nou yo.

7 Pou kèk sè, reyinyon yo se pi gwo okazyon yo genyen pou yo ansanm ak kwayan parèy yo. Se sa k fè nou dwe pwofite okazyon sa yo pou n montre nou kontan wè yo, pou n pale ak yo e pou n montre nou apresye yo. Men sa Josianne nou te pale de li pi wo a di: “Sa touche m anpil lè lòt moun felisite m pou kòmantè m fè, lè yo mande m pou yo preche avè m oswa lè yo montre yo gen sousi pou mwen.” Nou dwe montre sè nou yo yo gen anpil valè pou nou. Men sa Kiara di: “Si m ta rate yon reyinyon, m konnen gen kèk frè ak sè k ap chèche konnen si m anfòm. Sa fè m wè frè ak sè yo gen sousi pou mwen.”

8. Ki lòt fason nou ka imite Jezi?

8 Menm jan ak Jezi, nou ka fè efò pou n pase tan ak sè nou yo. Petèt nou ka envite yo manje yon ti manje avèk nou oswa pran yon ti detant ak nou. Lè n ap fè sa, n ap veye pou pawòl n ap di ankouraje yo (Wom. 1:11, 12). Ansyen yo dwe chèche gen menm atitid ak Jezi. Li te konnen jan sa ka difisil lè yon moun selibatè, men li te fè konnen nou pa oblije ni marye ni gen pitit pou n toujou gen kè kontan (Lik 11:27, 28). Okontrè, n ap toujou gen kè kontan si sèvi Jewova se bagay ki pi enpòtan nan lavi nou. — Mat. 19:12.

9. Ki sa ansyen yo ka fè pou yo ede sè yo?

9 Se sitou ansyen yo ki bezwen konsidere kretyèn yo tankou se te sè yo ak manman yo (1 Tim. 5:1, 2). Li ta bon pou ansyen yo pran yon ti tan anvan oswa apre reyinyon yo pou yo fè yon ti pale ak sè yo. Men sa Christine di: “Gen yon ansyen ki te remake mwen okipe anpil e l te vle konnen ki jan m jere tan m. Mwen te vrèman kontan lefètke li te montre l gen sousi pou mwen.” Lè ansyen yo pran tan regilyèman pou yo pale ak sè yo, yo montre yo gen sousi pou yo *. Annette, nou te pale de li pi wo a, bay youn nan rezon ki fè sa bon pou n toujou pale ak ansyen yo. Men sa l di: “Mwen vin konnen yo pi byen e yo vin konnen m. Lè m gen yon gwo pwoblèm, mwen santi m pi alèz pou m mande yo ede m.”

MONTRE NOU GEN REKONESANS POU TRAVAY SÈ NOU YO AP FÈ

10. Ki sa k ka fè sè nou yo santi yo kontan?

10 Nou tout gason kou fi, kontan anpil lè lòt moun rekonèt kapasite nou genyen e lè yo fè nou konnen yo apresye travay nou fè. Yon lòt bò, si pèsonn pa montre yo apresye talan nou ak travay nou fè, sa ka fè n dekouraje. Abigaïl, yon sè selibatè ki pyonye, konn santi moun pa ba l okenn enpòtans. Men sa l di: “Pafwa, m konn santi yo bliye m. Yo jis wè m kòm sè entèl la oswa pitit fi entèl la. M konn santi pèsonn pa wè m.” Yon lòt sè ki rele Paméla e ki selibatè fè konnen li te pase plizyè ane ap sèvi kòm misyonè. Finalman, li te retounen nan peyi l pou l pran swen paran l. Jodi a Paméla nan 70 yo konsa e li toujou pyonye. Men sa l di: “Sa k plis ankouraje m se lè lòt moun di m yo apresye m.”

11. Ki jan Jezi te montre li gen anpil rekonesans pou medam ki te konn ansanm avè l nan travay predikasyon an?

11 Jezi te gen anpil rekonesans pou yon seri medam ki te fidèl “ki te itilize sa yo te genyen” pou yo te rann li sèvis (Lik 8:1-3). Nonsèlman li te pèmèt yo fè sa, men tou, li te anseye yo yon seri verite enpòtan konsènan volonte Bondye. Pa egzanp, li te di yo li gen pou l mouri e l ap resisite (Lik 24:5-8). Li te prepare yo pou eprèv yo t ap gen pou yo jwenn, menm jan li te fè sa pou apot yo (Mak 9:30-32; 10:32-34). Li bon pou n note, menm lè apot yo te abandone Jezi lè yo te arete l la, kèk nan medam yo te bò kote l lè l t ap mouri sou poto soufrans lan. — Mat. 26:56; Mak 15:40, 41.

12. Ki travay Jezi te bay medam yo fè?

12 Jezi te bay medam yo fè kèk travay enpòtan. Pa egzanp, kèk nan medam fidèl yo te premye moun ki te wè Jezi apre l fin resisite. Li te voye yo al di apot yo li leve sot nan lanmò (Mat. 28:5, 9, 10). Nan jou Pannkòt ane 33 epòk nou an, sanble te gen fi ki te la lè disip yo te ranpli ak lespri sen. Si se sa, li posib pou sè sa yo Bondye te fèk chwazi pa mwayen lespri sen te vin gen kapasite pou yo pale lòt lang e pou yo pale sou “bagay estrawòdinè Bondye fè”. — Tra. 1:14; 2:2-4, 11.

13. Ki aktivite sè nou yo ap fè jodi a, e ki jan nou ka montre nou gen rekonesans pou travay y ap fè?

13 Sè nou yo merite felisitasyon pou tout sa yo fè nan sèvis Jewova a. Sèvis sa a gen ladan l konstriksyon ak antretyen yon seri lokal, al ede nan gwoup ki pale lòt lang ak travay kòm volontè nan Betèl yo. Yo ede nan operasyon sekou lè gen katastwòf, yo ede nan tradiksyon piblikasyon nou yo e yo sèvi antanke pyonye ak misyonè. Menm jan ak frè yo, sè yo asiste lekòl pyonye, y al Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan ak Lekòl Galaad. Mete sou sa, sè ki marye yo ede mari yo pou yo ka fè tout travay yo gen pou yo fè nan kongregasyon an ak nan òganizasyon an. Frè responsab sa yo pa t ap kapab byen fè travay yo antanke “gason kòm kado” san sipò madanm yo (Efe. 4:8). Èske w ka fè tèt ou travay pou w wè ki jan w ka ankouraje sè sa yo nan travay y ap fè a?

14. Sou baz sa nou li nan Sòm 68:11, ki sa ansyen yo ki gen sajès konn fè?

14 Ansyen yo ki gen sajès rann yo kont sè yo se “yon gwo lame” ki dispoze travay e byen souvan yo fè pati moun ki pi maton nan preche bon nouvèl la. (Li Sòm 68:11.) Se sa k fè ansyen yo chèche pwofite eksperyans sè sa yo genyen. Abigaïl nou te pale de li pi wo a kontan lè frè yo mande l ki fason li wè ki pi bon pou kòmanse konvèsasyon ak moun yo nan tèritwa a. Men sa l di: “Sa ede m wè Jewova ban m valè nan òganizasyon l lan.” Ansyen yo rann yo kont tou sè ki gen matirite e ki fidèl yo konn kòman pou yo ede jèn sè yo lè yo gen pwoblèm (Tit 2:3-5). Vrèmanvre, sè nou yo merite pou nou montre lanmou ak rekonesans pou yo!

PALE POU SÈ NOU YO LÈ YO BEZWEN ÈD NOU

15. Ki lè sè yo ka bezwen yon moun pale pou yo?

15 Pafwa, sè yo ka bezwen yon moun pale pou yo lè y ap fè fas ak yon pwoblèm an patikilye (Eza. 1:17). Pa egzanp, yon sè ki vèv oswa ki divòse kapab bezwen yon moun pale pou li epi ede l fè yon seri travay mari l te konn fè. Yon sè ki granmoun kapab bezwen yon moun pale ak doktè pou li. Oubyen yon sè ki pyonye k ap patisipe nan yon pwojè nan òganizasyon an kapab bezwen yon moun pale pou li si y ap kritike l poutèt li pa preche souvan menm jan ak lòt pyonye yo. Ki lòt fason nou ka ede sè nou yo? Yon lòt fwa ankò, ann egzamine egzanp Jezi.

16. Ki jan Jezi te defann Mari, jan sa parèt nan Mak 14:3-9?

16 Jezi te toujou pare pou l pale pou medam ki t ap fè volonte Bondye yo lè moun pa t konprann yo. Pa egzanp, lè Mat t ap kritike Mari, Jezi te defann li (Lik 10:38-42). E li te defann Mari yon dezyèm fwa, lè lòt moun te kritike l paske yo te panse Mari te pran yon move desizyon. (Li Mak 14:3-9.) Jezi te konprann rezon ki fè Mari te aji konsa e li te felisite l. Men sa l te di: “Se yon bon aksyon li fè pou mwen. [...] Li fè sa l kapab.” Li te menm fè konnen y ap gen pou yo rakonte bèl aksyon Mari te fè a “tout kote y ap preche bon nouvèl la sou tè a”, e se sa atik sa a ap fè la a. Sa vrèman enteresan lefètke Jezi te fè konnen travay predikasyon an t ap gen pou l fèt sou tout tè a nan moman l te felisite Mari pou bèl aksyon l te fè a! Se pa ti ankouraje pawòl sa yo dwe te ankouraje Mari apre moun yo te fin kritike l!

17. Bay yon egzanp ki montre ki lè nou ka bezwen pale pou yon sè.

17 Èske w pale pou sè w yo lè yo bezwen èd ou? Ann reflechi sou egzanp ki vin annapre a. Kèk pwoklamatè wè yon sè mari l pap sèvi Jewova ki vin nan reyinyon anreta souvan e ki ale tousuit apre reyinyon an. Yo remake se yon lè konsa li vin nan reyinyon ak timoun yo. Donk, yo kritike sè a paske yo panse li ta dwe di mari l pou l kite l mennen timoun yo nan reyinyon pi souvan. Men, sa yo pa konnen, sèke sè a fè tout sa l kapab. Li gen yon orè ki pa fasil e se pa li menm ki gen dwa pran dènye desizyon anrapò ak timoun yo. Ki sa w ka fè si w tande lòt moun ap kritike yon sè fason sa a? Si w felisite sè a e w fè lòt moun konnen bon travay l ap fè, sa ka fè yo sispann kritike l.

18. Ki lòt fason ankò nou kapab ede sè nou yo?

18 Nou kapab montre sè nou yo jan nou gen sousi pou yo lè nou ofri yo pou nou fè yon seri bagay k ap itil yo (1 Jan 3:18). Men sa Annette, sè ki t ap pran swen manman l ki te malad la, di: “Kèk frè ak sè te konn vin lakay la pou yo ede m pran swen manman m pandan yon ti tan pou m te ka fè lòt bagay, oswa yo te konn pot manje pou mwen. Sa te fè m santi moun nan kongregasyon an renmen m e yo ban m valè.” Josianne te jwenn èd tou. Gen yon frè ki te montre l fason pou l fè antretyen nan machin li. Men sa l di: “Sa fè m plezi lefètke frè m ak sè m yo panse ak sekirite m.”

19. Bay lòt fason ansyen yo ka ede sè yo.

19 Ansyen yo fè efò tou pou yo ede sè yo. Yo konnen Jewova bay fason yo aji ak sè sa yo anpil valè (Jak 1:27). Kidonk, yo imite Jezi ki te rezonab. Yo fè sa lè yo pa bay règ kote li t ap pi bon pou yo montre bonte e pou yo montre yo konprann sitiyasyon sè nou yo (Mat. 15:22-28). Lè ansyen yo fè efò pou yo ede sè yo, sa fè sè yo santi Jewova ak òganizasyon l lan ba yo valè. Lè frè ki responsab gwoup predikasyon Kiara ladan l lan te aprann li pral abite nan yon lòt kay, menm kote a, li te pran dispozisyon pou l ede l. Men sa Kiara fè konnen: “Sa te fè m gen mwens strès. Piske ansyen yo te ankouraje m e yo te ban m èd mwen te bezwen an, yo montre aklè yo apresye m nan kongregasyon an e m pa poukont mwen lè m nan pwoblèm.”

TOUT SÈ NOU YO BEZWEN ÈD NOU

20-21. Ki jan nou ka montre nou bay tout sè nou yo anpil valè?

20 Lè n ap gade nan kongregasyon nou yo jodi a, nou pa ka konte kantite sè k ap travay di ki merite pou nou ede yo. Jan nou aprann sa nan egzanp Jezi, nou ka ede yo lè nou pase tan ak yo e lè nou chèche konnen yo. Nou ka montre nou gen rekonesans pou sa y ap fè nan sèvis Bondye a. Epitou, nou ka pale pou yo lè yo bezwen èd nou.

21 Nan fen lèt apot Pòl te ekri kretyen nan vil Wòm yo li te site non nèf kretyèn (Wom. 16:1, 3, 6, 12, 13, 15). Pa gen dout medam sa yo te kontan anpil lè yo resevwa salitasyon Pòl te voye pou yo ak felisitasyon li te fè yo. Nou menm tou nou dwe ede tout sè nan kongregasyon an. Konsa, n ap montre nou ba yo anpil valè antanke moun ki fè pati fanmi nou fòme antanke kretyen an.

KANTIK 136 Jewova ap byen rekonpanse w

^ § 5 Sè nou yo jwenn anpil pwoblèm. Atik sa a pral montre nou fason nou ka ankouraje yo lè n imite Jezi. Jezi te konn pase tan ak medam yo, li te montre li apresye yo e li te konn defann yo. Nou kapab fè menm jan an.

^ § 5 Gen non moun yo chanje.

^ § 6 Men sa yon ansiklopedi biblik di: “Yon disip te konn chita nan pye pwofesè l. Li te konn fè sa lè l t ap pran fòmasyon pou l vin pwofesè. Men, yo pa t pèmèt medam yo vin pwofesè [...]. Donk, pifò gason juif t ap vekse [...] pou yo wè Mari ki kontan chita nan pye Jezi pou l aprann.”

^ § 9 Ansyen yo pran prekosyon lè y ap ede sè yo. Pa egzanp, yon ansyen pa dwe al vizite yon sè poukont li.

^ § 65 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè k ap ede de sè chanje yon kawotchou nan machin yo, konsa l imite Jezi ki te konn pran ka medam ki fidèl yo. Gen yon lòt frè k ap vizite yon sè ki enfim, e gen yon twazyèm frè ak madanm li k al fè adorasyon an fanmi ak yon sè ansanm ak pitit fi sè a.