Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 45

Fason pou n ede lòt moun pou yo obeyi lòd Kris te bay yo

Fason pou n ede lòt moun pou yo obeyi lòd Kris te bay yo

“Kidonk, ale, epi fè disip [...]. Anseye yo pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo.” — MAT. 28:19, 20.

KANTIK 89 Koute, obeyi, w ap jwenn benediksyon

SA NOU PRAL WÈ *

1. Selon Matye 28:18-20, ki lòd Jezi te bay?

APRE Jezi fin leve sot nan lanmò, li te parèt devan disip li yo ki te rasanble nan Galile. Li te gen yon bagay enpòtan pou l di yo. Ki sa l te ye? Nou jwenn pawòl li te di yo nan Matye 28:18-20. — Li vèsè yo.

2. Ki kesyon nou pral egzamine?

2 Lòd Jezi te bay pou fè disip la konsène chak sèvitè Bondye jodi a tou. Donk, ann egzamine twa kesyon ki gen rapò ak travay Jezi ban nou fè a. Premyèman, anplis anseye nouvo disip yo sa Bondye mande, ki sa nou dwe fè? Dezyèmman, ki jan tout pwoklamatè nan kongregasyon an ka kontribye pou ede etidyan Labib yo fè pwogrè? Twazyèmman ki jan nou ka ede kwayan parèy nou ki inaktif yo pou yo rekòmanse patisipe nan travay fè disip la?

ANSEYE YO POU YO OBEYI

3. Ki enstriksyon byen klè ki nan lòd Jezi te bay la?

3 Enstriksyon Jezi bay yo klè. Nou dwe anseye moun yo bagay li te bay lòd pou nou fè yo. Men, gen yon detay enpòtan nou pa dwe bliye. Jezi pa t di: ‘Anseye yo tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo.’ Okontrè, li te di: Anseye yo “pou yo obeyi tout bagay mwen te ban nou lòd pou nou fè yo”. Pou nou rive suiv enstriksyon klè sa a lè n ap anseye yon etidyan Labib, nonsèlman nou bezwen anseye yo sa pou yo fè, men tou, nou bezwen montre yo ki jan pou yo fè l (Tra. 8:31). Poukisa nou bezwen fè sa?

4. Ki sa obeyi yon lòd vle di? Bay yon egzanp.

4 Yon moun “obeyi” yon lòd lè l fè sa yo mande l fè a. Ann pran yon egzanp pou n esplike fason nou ka anseye yon moun pou l obeyi oswa pou l fè sa Kris te bay lòd pou nou fè yo. Ki jan yon monitè nan yon oto-ekòl montre moun l ap aprann kondui yo fason pou yo obeyi regleman sikilasyon yo? Toudabò, monitè a ap fè teyori ak elèv yo nan klas pou l montre yo regleman sikilasyon yo. Men, pou l aprann elèv li yo fason pou yo respekte regleman sa yo, li bezwen fè yon lòt bagay. Li dwe akonpaye elèv yo pou l ede yo pandan y ap kondui nan lari e pandan y ap eseye aplike sa yo te aprann yo. Ki sa nou ka aprann nan egzanp sa a?

5. a) Selon Jan 14:15 ak 1 Jan 2:3, ki sa nou bezwen anseye etidyan nou yo pou yo fè? b) Bay kèk egzanp sou fason nou ka ede etidyan nou yo.

5 Lè n ap etidye Labib ak lòt moun, nou anseye yo sa Bondye vle nou fè. Men, nou bezwen fè plis pase sa. Nou dwe anseye etidyan nou yo pou yo aplike sa y ap aprann nan chak jou nan lavi yo. (Li Jan 14:15; 1 Jan 2:3.) Nou ka sèvi ak egzanp nou pou n montre etidyan nou yo fason pou yo aplike prensip ki nan Bib la swa nan lekòl yo, nan travay yo oswa pandan y ap pran detant. Nou ka rakonte yo yon bagay ki te pase nan lavi nou pou montre yo lè nou aplike sa Bib la di sa pwoteje nou kont sa ki mal oswa sa ede nou pran bon desizyon. Pandan n avèk etidyan nou yo, nou ka priye Jewova pou n mande l pou lespri sen gide yo. — Jan 16:13.

6. Ki sa sa mande pou nou anseye lòt moun pou yo obeyi lòd Jezi te bay yo?

6 Ki sa sa mande pou nou anseye lòt moun pou yo obeyi lòd Jezi te bay yo? Nou bezwen ede moun n ap etidye Labib ak yo pou yo anvi fè disip. Gen kèk etidyan ki gendwa pè preche. Se sa k fè nou bezwen pran pasyans ak yo pandan n ap ba yo fòmasyon. Konsa, fòmasyon sa a ap pèmèt yo vin gen plis konesans tikras pa tikras, l ap touche kè yo e l ap pouse yo aji. Ki sa nou ka fè pou nou ede etidyan yo pou yo anvi preche bon nouvèl la?

7. Ki sa nou ka fè pou nou ede yon etidyan pou l anvi preche bon nouvèl la?

7 Men kèk kesyon nou kapab poze moun n ap etidye Labib ak yo: “Lefètke w aksepte mesaj Wayòm nan, ki jan sa ede w viv pi byen? Èske w panse lòt moun bezwen tande mesaj sa a? Ki sa w ka fè pou w ede yo?” ​(Pwo. 3:27; Mat. 9:37, 38). Montre etidyan an feyè ki pami zouti nou genyen pou n anseye yo epi kite l chwazi kiyès ladan yo li panse k ap enterese fanmi l, zanmi l oswa kòlèg travay li. Bay etidyan an kèk nan feyè sa yo. Fè repetisyon avè l pou w montre l fason li ka ofri yon feyè avèk jantiyès. Nòmalman, apre yo fin fè etidyan an konnen li kalifye pou l vin yon pwoklamatè ki poko batize, n ap preche avè l pou n ede l. — Ekl. 4:9, 10; Lik 6:40.

FASON KONGREGASYON AN EDE ETIDYAN LABIB YO POU YO FÈ PWOGRÈ

8. Poukisa li enpòtan pou etidyan nou yo vin renmen Bondye ak pwochen yo anpil? (Gade kare ki gen tit “ Fason pou n ede etidyan nou yo vin gen plis lanmou pou Bondye”.)

8 Sonje Jezi te mande nou pou nou anseye lòt moun pou yo “obeyi tout bagay” li te ban nou lòd pou nou fè yo. Se sèten sa gen ladan l de pi gwo kòmandman yo: renmen Bondye epi renmen pwochen nou, de kòmandman ki gen rapò dirèk ak travay preche epi fè disip la (Mat. 22:37-39). Ki rapò kòmandman sa yo gen ak travay sa a? Prensipal rezon ki fè nou patisipe nan travay predikasyon an se lanmou: lanmou pou Bondye ak lanmou pou pwochen nou. Nou konprann gen kèk etidyan Labib ki gendwa pè patisipe nan travay predikasyon an. Men, nou ka bay etidyan sa yo asirans y ap rive venk lakrentif yo gen pou moun nan tikras pa tikras grasa èd Jewova (Sòm 18:1-3; Pwo. 29:25). Kare ki mache ak atik sa a montre sa nou ka fè pou nou ede etidyan nou yo pou yo renmen Bondye plis toujou. Anplis de sa, ki sa kongregasyon an ka fè pou ede etidyan Labib yo demontre plis lanmou?

9. Nan egzanp elèv k ap aprann kondui a, ki jan elèv la ka aprann fason pou l aji lè l ap kondui?

9 Ann retounen sou egzanp moun k ap aprann kondui a. Pandan l ap kondui ak monitè a chita bò kote l, ki fason l ap aprann? Se lè li koute sa monitè a ap di ak lè li gade fason lòt chofè ki pridan yo ap kondui. Pa egzanp, monitè a ka montre l yon chofè ki gen koutwazi ki bay yon lòt chofè pase devan l. Oswa li ka atire atansyon l sou yon chofè ki bay ti limyè yon fason pou l pa vegle lòt chofè. Egzanp konsa ap montre moun k ap aprann kondui a fason pou l aji lè l ap kondui.

10. Ki sa k ap ede yon etidyan Labib fè pwogrè?

10 Menm jan an tou, yon moun k ap etidye Labib ki kòmanse sèvi Jewova ap aprann nonsèlman nan men moun k ap anseye l la, men tou, nan bèl egzanp lòt sèvitè Jewova yo bay. Donk, sa k ap plis ede etidyan yo fè pwogrè, se lè yo asiste reyinyon yo. Sa k fè sa? Enstriksyon ki baze sou Bib la yo bay nan reyinyon yo ap ede yo vin gen plis konesans, sa ap fòtifye lafwa yo e sa ap ede yo vin pi renmen Bondye (Tra. 15:30-32). Mete sou sa, lè yo vin nan reyinyon, moun k ap etidye Labib avèk yo ka fè yo fè konesans ak frè ak sè petèt ki te nan menm sitiyasyon ak yo. Ki bèl egzanp sou fason frè ak sè yo demontre lanmou etidyan an ka wè nan kongregasyon an? Ann egzamine egzanp ki vin annapre yo.

11. Ki egzanp yon etidyan ka wè nan kongregasyon an, e ki efè sa ka gen sou li?

11 Yon etidyan Labib k ap leve pitit li poukont li wè yon sè ki nan menm sitiyasyon avè l. Sa touche kè etidyan an lè l wè tout efò sè a ap fè pou l vin nan Sal Wayòm ak timoun piti li genyen yo. Yon etidyan k ap goumen pou l kite fimen vin zanmi yon pwoklamatè ki te gen menm pwoblèm avè l, men ki te reyisi kite fimen. Pwoklamatè a fè etidyan an konnen plis li te vin renmen Jewova, se plis sa te pouse l obeyi kòmandman l yo (2 Kor. 7:1; Flp. 4:13). Apre etidyan an fin tande pwoklamatè a k ap rakonte istwa l, li te vin wè li ka kite fimen lè frè a te di l: “Ou ka kite fimen tou.” Yon jèn dam k ap etidye Labib remake yon jèn sè tout moun ka wè ki kontan lefètke l li se Temwen Jewova. Lè etidyan an wè jan jèn sè a kontan, sa ba l plis anvi pou l chèche konnen rezon ki fè sè a sanble yon moun ki toujou kontan.

12. Poukisa nou ka di chak moun nan kongregasyon an kapab fè yon bagay pou ede etidyan yo?

12 Lè etidyan yo vin konnen plizyè pwoklamatè ki fidèl, etidyan yo ka aprann nan egzanp yo sa sa vle di pou yo obeyi lòd Kris te bay pou nou renmen Bondye e pou nou renmen pwochen nou (Jan 13:35; 1 Tim. 4:12). Mete sou sa, jan nou te wè sa, yon etidyan Labib kapab aprann nan egzanp pwoklamatè ki te gen menm pwoblèm avè l. Egzanp sa yo ede etidyan an konprann li kapab fè chanjman ki nesesè k ap ede l vin yon disip Kris (Det. 30:11). Chak moun nan kongregasyon an kapab fè yon bagay pou ede etidyan yo fè pwogrè (Mat. 5:16). Ki sa w fè pou w ankouraje etidyan ki vin asiste reyinyon yo?

EDE MOUN KI INAKTIF YO POU YO REKÒMANSE PRECHE

13-14. Ki jan Jezi te aji avèk apot li yo nan moman yo te dekouraje?

13 Nou vle ede frè n ak sè n ki inaktif yo pou yo rekòmanse patisipe nan travay fè disip Kris te bay lòd pou nou fè a. Fason Jezi te aji ak apot li yo ki te dekouraje montre sa nou ka fè jodi a.

14 Lè Jezi te fini travay li te vin fè sou tè a yon ti tan anvan yo te touye l, “tout disip yo [te] abandone l, yo [te] kouri y ale”. (Mak 14:50; Jan 16:32.) Ki sa Jezi te fè nan moman sa a kote apot li yo te dekouraje? Yon ti tan apre l fin resisite, li te di disip li yo: “Nou pa bezwen pè. Al pot nouvèl [...] bay frè m yo [pou fè yo konnen mwen leve sot nan lanmò].” ​(Mat. 28:10a). Jezi pa t pèdi konfyans nan apot li yo. Menm lè yo te abandone l, li te toujou rele yo “frè m”. Jezi te gen mizèrikòd e li te renmen padone menm jan ak Jewova. — 2 Wa 13:23.

15. Ki jan nou santi n lè nou sonje moun ki sispann patisipe nan travay predikasyon an?

15 Menm jan ak Jezi, nou gen anpil sousi pou moun ki sispann patisipe nan travay preche epi anseye a. Yo se frè n ak sè n, e nou renmen yo! Nou toujou sonje jan frè n ak sè n sa yo te travay di pou Jewova. Gen nan yo petèt ki te fè plizyè dizèn ane ap fè sa (Ebre 6:10). Nou sonje yo anpil (Lik 15:4-7)! Ki jan nou ka imite Jezi nan fason n ap montre nou gen sousi pou yo?

16. Ki jan nou ka montre nou gen sousi pou frè n ak sè n ki inaktif yo?

16 Envite yo ak tout kè nou. Youn nan fason Jezi te ankouraje apot li yo ki te dekouraje se lè l te envite yo nan yon reyinyon (Mat. 28:10b; 1 Kor. 15:6). Menm jan an tou jodi a, nou ka ankouraje moun ki inaktif yo pou yo asiste reyinyon yo si yo pa deja ap fè sa. Anfèt, nou ka bezwen envite yo plizyè fwa anvan yo reyaji. Pa gen dout, Jezi te kontan anpil lè disip li yo te aksepte envitasyon l lan. — Konpare ak Matye 28:16 ak Lik 15:6.

17. Ki jan nou ta dwe reyaji lè yon moun ki inaktif vin nan reyinyon?

17 Byen akeyi yo. Jezi te met disip li yo alèz lè l te rankontre ak yo. Li pa t tann yo vin jwenn li, men se li ki t al pale avè yo (Mat. 28:18). Ki jan n ap reyaji lè yon moun ki inaktif vin nan Sal Wayòm nan? Se nou ki pou al akeyi l, e nou dwe fè sa ak kè kontan. Okòmansman, nou ka ap mande tèt nou sa nou pral di. Men, san nou pa fè l santi l jennen, nou ka annik di l jan nou kontan wè l.

18. Ki jan nou ka ankouraje pwoklamatè ki inaktif yo?

18 Ankouraje yo. Petèt disip Jezi yo te santi yo pa t ap ka preche toupatou sou tè a. Jezi te ankouraje yo lè l te di yo: “Mwen avèk nou toule jou.” ​(Mat. 28:20). Èske pawòl li te di a te ede disip li yo? Wi. Yon ti tan annapre, yo te ret okipe nan “anseye [ak nan] anonse bon nouvèl” la (Tra. 5:42). Pwoklamatè ki inaktif yo bezwen ankourajman tou. Yo ka pè rekòmanse preche. Nou ka fè yo konnen yo pap gen pou yo preche poukont yo. Lè yo pare pou yo fè sa, nou kapab preche ansanm avèk yo. Se sèten y ap apresye èd nou ba yo lè yo rekòmanse preche bon nouvèl la. Lè n montre moun ki inaktif yo nou konsidere yo kòm frè n ak sè n, nou ka wè bon rezilta sa bay nan kongregasyon nou.

NOU VLE FINI TRAVAY JEZI TE BAN NOU FÈ A

19. Ki sa nou vle ak tout kè nou, e poukisa?

19 Pandan konbyen tan n ap gen pou n kontinye preche epi fè disip? Jiskaske sistèm sa a fini. (Mat. 28:20; gade “Fen sistèm nan” nan Lis mo yo esplike yo.) Èske n ap kapab kontinye preche epi fè disip jis nan moman sa a? Nou detèmine pou n fè sa! Nou kontan sèvi ak tan nou, fòs nou ak sa nou posede pou n chèche moun ki “nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an”. (Tra. 13:48.) Lè nou fè sa, nou suiv egzanp Jezi. Men sa l te di: “Manje pa m se fè volonte Sila a ki voye m nan e se fin fè travay li ban m fè a.” ​(Jan 4:34; 17:4). E se sa nou vle tou ak tout kè nou. Nou vle fin fè travay Jezi te ban nou fè a (Jan 20:21). E nou vle lòt moun kontinye fè travay sa a ansanm ak nou, san wete moun ki inaktif yo. — Mat. 24:13.

20. Selon Filipyen 4:13, poukisa nou ka rive fè travay Jezi te ban nou lòd pou nou fè a?

20 Se vre, li pa fasil pou nou fè gwo travay Jezi te ban nou lòd pou nou fè a. Men, nou pa poukont nou nan travay sa a. Jezi te pwomèt l ap avèk nou. Lè nou patisipe nan travay fè disip la, nou se “konpayon travay Bondye” e nou travay “antanke disip Kris”. (1 Kor. 3:9; 2 Kor. 2:17.) Se sa k fè nou kapab fin fè travay sa a. Se yon gwo onè nou genyen pou nou fè travay sa a e se yon plezi pou nou fè l e pou n ede lòt moun fè menm jan an! — Li Filipyen 4:13.

KANTIK 79 Anseye yo pou yo kenbe fèm

^ § 5 Jezi te bay disip li yo lòd pou yo fè disip e pou yo anseye yo pou yo obeyi tout bagay li te ba yo lòd pou yo fè yo. Nan atik sa a, n ap wè fason nou ka suiv enstriksyon Jezi te bay yo. Gen kèk enfòmasyon nan atik sa a ki baze sou yon atik ki te parèt nan Toudegad 1ye jiyè 2004, paj 25-29.

^ § 66 ESPLIKASYON SOU FOTO: Sè k ap fè etid la ap esplike etidyan an sa l bezwen fè pou l vin gen plis lanmou pou Bondye. Annapre, etidyan an suiv twa konsèy anseyan an te ba li yo.