Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 47

Èske n ap kontinye kite yo korije nou?

Èske n ap kontinye kite yo korije nou?

“Anfen, frè m yo, kontinye rejwi, kontinye kite yo redrese nou.” — 2 KOR. 13:11.

KANTIK 54 “Men chemen an”

SA NOU PRAL WÈ *

1. Selon Matye 7:13, 14, nan ki sans nou nan yon vwayaj?

NOU tout nan yon vwayaj. Objektif nou se viv nan monn nouvo a anba otorite Jewova, Bondye lanmou an. Chak jou, nou eseye mache nan wout ki mennen nan lavi a. Men, jan Jezi te di sa, wout sa a jennen e pafwa li difisil pou nou mache ladan l. (Li Matye 7:13, 14.) Piske nou enpafè, li fasil pou nou kite wout la. — Gal. 6:1.

2. Ki sa nou pral wè nan atik sa a? (Gade kare ki gen tit “ Imilite ede n fè chanjman ki nesesè yo”.)

2 Si nou vle kontinye mache nan wout jennen ki mennen nan lavi a, nou dwe dispoze fè chanjman nan fason nou panse, nan konpòtman nou ak nan fason nou aji. Apot Pòl te ankouraje kretyen ki t ap viv Korent yo pou yo kontinye “kite yo redrese” yo (2 Kor. 13:11). Konsèy sa a valab pou nou tou. Nan atik sa a, nou pral wè fason Bib la ka ede nou fè chanjman ki nesesè yo ak fason zanmi nou ki gen matirite ka ede n kontinye mache nan wout lavi a. Nou pral wè tou ki lè l ka difisil pou nou suiv direksyon òganizasyon Jewova a bay. Nou pral wè ki jan imilite ka ede nou fè chanjman nan lavi nou, toutpandan n ap kontinye sèvi Jewova ak kè kontan.

KITE PAWÒL BONDYE A KORIJE NOU

3. Ki jan Pawòl Bondye a ka ede w?

3 Lè n ap eseye egzamine panse nou ak santiman nou, se pa yon bagay ki fasil. Paske kè nou trèt, e sa ka fè l difisil pou n konnen kote l ka mennen nou (Jer. 17:9). Li fasil pou n twonpe tèt nou ak “fo rezònman”. (Jak 1:22.) Se sa k fè nou dwe sèvi ak Pawòl Bondye a pou n egzamine tèt nou. Pawòl Bondye a ede nou wè ki moun nou ye toutbon, e li ede nou byen konn “panse ak entansyon” ki nan fon kè nou (Ebre 4:12, 13). Nan yon sans, Pawòl Bondye a tankou yon aparèy pou fè radyografi, li ede nou wè ki moun nou ye toutbon. Men, nou dwe gen imilite si nou vle jwenn byenfè nan konsèy nou jwenn nan Bib la oswa nan men moun ki reprezante Bondye yo.

4. Ki sa k montre wa Sayil te vin gen ògèy?

4 Egzanp wa Sayil montre sa k ka rive lè nou pa gen imilite. Sayil te tèlman vin gen ògèy li te refize admèt li te bezwen chanje fason l panse ak fason l aji (Sòm 36:1, 2; Aba. 2:4). Sa te parèt klè lè Jewova te di Sayil egzakteman sa l dwe fè apre l fin pot laviktwa sou moun Amalèk yo. Sepandan, Sayil pa t obeyi Jewova, e lè pwofèt Samyèl te vin pale avè l sou sa, li te refize rekonèt tò l. Okontrè, li te eseye jistifye sa l te fè yo, li te fè konprann sa l te fè a pa t grav e li te lage chay la sou do lòt moun (1 Sam. 15:13-24). Se pa t premye fwa Sayil te gen konpòtman sa a (1 Sam. 13:10-14). Malerezman li te vin gen ògèy nan kè l. Li pa t chanje fason l panse, se sa k fè Jewova te blame l e li te retire l kòm wa.

5. Ki leson nou ka aprann nan egzanp Sayil?

5 Pou n pran leson nan egzanp Sayil la, li ta bon pou n poze tèt nou kesyon ki vin annapre yo: ‘Lè m li yon konsèy nan Pawòl Bondye a, èske m gen tandans defann fason m panse? Èske m konn panse sa m fè a pa vrèman grav? Èske m konn lage chay la sou do lòt moun?’ Si repons nou bay pou nenpòt nan kesyon sa yo se wi, nou dwe chanje fason nou panse ak konpòtman nou. Si nou pa fè sa, nou ka tèlman vin gen ògèy nan kè nou, sa fè Jewova pa vle nou kòm zanmi l. — Jak 4:6.

6. Esplike gwo diferans ki te genyen ant wa Sayil ak wa David.

6 Remake gwo diferans ki te genyen ant wa Sayil ak wa ki te ranplase l la, anpalan de wa David, yon moun ki te renmen “lwa Jewova a”. (Sòm 1:1-3.) David te konnen Jewova sove moun ki gen imilite, men li kont moun ki gen ògèy (2 Sam. 22:28). Se sa k fè David te kite lwa Bondye a korije fason l panse. Men sa l te ekri: “M ap fè louwanj pou Jewova, paske li ban m konsèy. Menm nan nuit, panse m yo korije m.” — Sòm 16:7.

PAWÒL BONDYE A

Pawòl Bondye a avèti nou lè nou kòmanse kite wout la. Si nou gen imilite, n ap kite Pawòl Bondye a korije move panse nou genyen. (Gade paragraf 7.)

 

7. Ki sa n ap fè si nou gen imilite?

7 Si nou gen imilite, n ap kite Pawòl Bondye a korije move panse nou genyen anvan panse sa yo pouse nou fè sa ki mal. Pawòl Bondye a ap tankou yon vwa k ap di nou: “Men chemen an. Mache ladan l.” L ap avèti nou lè nou kòmanse kite wout la pou n fè agoch oswa adwat (Eza. 30:21). Lè nou koute Jewova, n ap jwenn anpil byenfè (Eza. 48:17). Pa egzanp, moun pap oblije korije nou, sa ki ta kapab fè nou wont. E n ap vin pi pwòch Jewova paske nou konnen l ap aji ak nou tankou yon pitit li renmen anpil. — Ebre 12:7.

8. Jan sa parèt nan Jak 1:22-25, ki jan nou ka sèvi ak Pawòl Bondye a tankou yon glas?

8 Pawòl Bondye a ka tankou yon glas pou nou gade tèt nou. (Li Jak 1:22-25.) Pifò nan nou gad nan glas chak maten anvan nou soti. Konsa, nou ka wè si nou bezwen ranje yon bagay anvan lòt moun wè nou. Menm jan an tou, lè nou li Bib la chak jou, n ap wè fason nou ka korije panse nou ak konpòtman nou. Gen anpil moun ki twouve lè yo li tèks pou jounen an chak maten anvan yo soti sa ede yo. Yo kite sa yo li a aji sou panse yo. Epi, pandan jounen an, yo chèche wè fason yo ka aplike konsèy yo jwenn nan Pawòl Bondye a. Anplis de sa, nou dwe pran abitid li epi medite sou Pawòl Bondye a chak jou. Sa ka parèt senp, men, se youn nan bagay ki pi enpòtan nou ka fè pou n kontinye mache nan wout jennen ki mennen nan lavi a.

KOUTE ZANMI KI GEN MATIRITE

ZANMI KI GEN MATIRITE

Yon kretyen ki gen matirite gendwa avèti nou avèk jantiyès. Èske nou gen rekonesans dèske zanmi nou an te met kouraj sou li pou l pale avè n? (Gade paragraf 9.)

9. Ki lè yon zanmi ta dwe korije w?

9 Èske sa te janm rive w ou te kòmanse mache nan yon wout ki t ap fè w kite Jewova (Sòm 73:2, 3)? Si sa te rive w epi yon zanmi w ki gen matirite te met kouraj sou li pou l korije w, èske w te koute l e èske w te suiv konsèy li te ba w la? Si w te fè sa, ou te pran yon bon desizyon, e se sèten ou gen zanmi w lan rekonesans dèske l te ede w. — Pwo. 1:5.

10. Ki jan w ta dwe reyaji si yon zanmi w korije w?

10 Pawòl Bondye a fè nou sonje: “Yon zanmi ki fidèl ap korije w menm lè sa pa fè w plezi.” ​(Pwo. 27:6). Ki sa sa vle di? Ann pran yon egzanp: Imajine w ap tann pou w travèse yon lari ki gen machin k ap monte desann e w kite telefòn ou fè w distrè. Ou kòmanse travèse san w pa gade. Menm kote a, yon zanmi w pran bra w li rale w sot nan lari a. Li tèlman rale w fò, ponyèt ou foule. Men, lefètke l te aji vit sa te anpeche yon machin frape w. Menmsi bra ki foule a fè plizyè jou ap fè w mal, èske w t ap fache poutèt zanmi w lan te rale w? Non! Ou t ap genyen l rekonesans dèske li te ede w. Menm jan an tou, si yon zanmi fè w konnen pawòl ou oswa fason w aji pa ann amoni ak prensip Bondye yo ki jis, petèt okòmansman sa ka fè w mal. Men, pa fache oswa vekse poutèt li ba w konsèy. Sa t ap montre ou se yon moun sòt (Ekl. 7:9). Okontrè, se pou w montre w gen rekonesans dèske zanmi w lan te met kouraj sou li pou l pale avè w.

11. Ki sa k ta ka fè yon moun pa koute bon konsèy yon zanmi l ba li?

11 Ki sa k ta ka fè yon moun pa koute bon konsèy yon zanmi l ki renmen l ba li? Ògèy. Moun ki gen ògèy renmen koute moun k ap “fè zòrèy yo dous”. Yo “vire do yo pou yo pa koute laverite”. (2 Tim. 4:3, 4.) Yo panse yo pa bezwen konsèy, paske yo met nan tèt yo yo gen plis sajès oswa yo pi enpòtan pase lòt moun. Sepandan, men sa apot Pòl te ekri: “Si yon moun panse li se yon bagay alòske li pa anyen, se pwòp tèt li l ap twonpe.” ​(Gal. 6:3). Wa Salomon te esplike sa byen. Men sa l te ekri: “Yon jèn gason ki malere, men ki gen sajès, pi bon pase yon wa ki granmoun, men ki sòt e ki pa koute konsèy menm.” — Ekl. 4:13.

12. Ki sa nou aprann nan egzanp apot Pyè bay, jan sa parèt nan Galat 2:11-14?

12 Remake sa apot Pyè te fè lè apot Pòl te reprann li devan tout moun. (Li Galat 2:11-14.) Pyè te ka fache pou sa Pòl te di a, pou fason l te pale avè l la ak kote li te chwazi di l sa a. Men, Pyè te gen sajès. Li te aksepte konsèy la e li pa t kenbe Pòl sou kè. Okontrè, annapre li te pale de Pòl kòm yon “frè byenneme”. — 2 Pyè 3:15.

13. Ki sa nou dwe sonje lè n ap bay yon moun konsèy?

13 Si w ta oblije bay yon zanmi konsèy, ki sa w dwe sonje? Anvan w al pale ak zanmi w lan, mande tèt ou: ‘Èske m se yon moun ki “jis twòp”?’ ​(Ekl. 7:16). Yon moun ki jis twòp pa jije lòt moun sou baz prensip Jewova yo, men li fè sa sou baz prensip pa l, e petèt li se yon moun ki manke konpasyon. Si apre w fin reflechi ou toujou wè w bezwen pale ak zanmi w lan, chèche byen konn pwoblèm nan epi poze l kesyon k ap fè l reflechi pou ede l rekonèt tò l. Veye pou sa w ap di yo baze sou Bib la, pandan w ap sonje se pa ou menm zanmi w lan gen pou rann kont, men se Jewova (Wom. 14:10). Konte sou sajès ki gen nan pawòl Bondye a, e lè w ap bay yon moun konsèy, imite Jezi ki gen konpasyon (Pwo. 3:5; Mat. 12:20). Poukisa? Paske Jewova ap aji avè n menm jan nou aji ak lòt moun. — Jak 2:13.

SUIV DIREKSYON ÒGANIZASYON BONDYE A BAY

ÒGANIZASYON BONDYE A

Òganizasyon Bondye a fè nou jwenn videyo, piblikasyon ak reyinyon ki ede nou suiv konsèy nou jwenn nan Pawòl Bondye a. Pafwa, Kolèj santral la konn fè chanjman nan fason travay la fèt. (Gade paragraf 14.)

14. Ki sa òganizasyon Bondye a ban nou?

14 Jewova sèvi ak pati nan òganizasyon l lan ki sou tè a pou l gide nou sou wout lavi a. Òganizasyon sa a fè nou jwenn videyo, piblikasyon ak reyinyon ki ede nou suiv konsèy nou jwenn nan Pawòl Bondye a. Nou ka fè enfòmasyon sa yo konfyans paske yo baze sou Ekriti yo. Kolèj santral la konte sou lespri sen lè l ap deside ki pi bon fason pou travay predikasyon an fèt. Sepandan, Kolèj santral la egzamine desizyon sa yo regilyèman pou l wè si gen chanjman ki bezwen fèt. Sa k fè sa? Paske “monn sa a se chanje l ap chanje tankou sèn nan pyès teyat”, e òganizasyon Bondye a dwe adapte l ak sitiyasyon ki vin genyen yo. — 1 Kor. 7:31.

15. Ki difikilte kèk pwoklamatè te jwenn?

15 Lè òganizasyon Bondye a ban nou yon nouvo esplikasyon sou yon ansèyman ki soti nan Bib la oswa lè l ban nou direksyon sou prensip moral yo, nou aksepte yo e nou aplike yo. Men, ki jan nou reyaji lè òganizasyon an fè yon chanjman ki konsène lòt aspè nan lavi nou? Pa egzanp, pandan ane ki sot pase yo, kantite kòb sa koute pou konstwi lokal kote nou adore Bondye yo e pou fè antretyen ladan yo te vin ogmante anpil. Se sa k fè Kolèj santral la te mande pou plizyè kongregasyon reyini nan menm Sal Wayòm. Kòm rezilta, yo te melanje plizyè kongregasyon, e yo te vann kèk Sal Wayòm. Yo te sèvi ak kòb sa a pou yo konstwi Sal Wayòm kote ki te gen plis bezwen. Si w ap viv nan yon zòn kote y ap vann Sal Wayòm e yo melanje plizyè kongregasyon, ou ka twouve sa difisil pou w adapte w ak chanjman sa yo. Kounye a, gen kèk pwoklamatè ki oblije ale pi lwen pou yo asiste reyinyon. Gen lòt ki te travay di nan konstriksyon yon Sal Wayòm oubyen pou pran swen l, petèt k ap mande tèt yo poukisa yo oblije vann li. Yo ka santi se pou granmesi yo te bay tan yo e yo te fè tout efò sa a. Malgre sa, yo soutni nouvo dispozisyon sa a e yo merite felisitasyon.

16. Lè nou aplike konsèy nou jwenn nan Kolosyen 3:23, 24 la, ki jan sa ap ede n kontinye gen kè kontan?

16 N ap kontinye gen kè kontan si nou sonje se pou Jewova n ap travay e se li k ap dirije òganizasyon l lan. (Li Kolosyen 3:23, 24.) Wa David te bay yon bèl egzanp lè l te bay kòb pou konstwi tanp lan. Men sa l te di: “Kiyès mwen ye e kiyès pèp mwen an ye ki fè nou kapab fè ofrann pou ou ak tout kè nou jan nou fè l la? Tout bagay soti nan ou. Sa nou ba ou yo se nan ou yo soti.” ​(1 Kwo. 29:14). Lè nou bay lajan nou kòm ofrann, nou menm tou, nou bay Jewova sa li te deja ban nou. Aktout sa, Jewova kontan anpil lè nou bay tan nou, fòs nou ak sa nou posede pou soutni travay li vle ki pou fèt la. — 2 Kor. 9:7.

RETE NAN WOUT KI JENNEN AN

17. Poukisa w pa dwe dekouraje si w rann ou kont gen kèk bagay ou bezwen korije?

17 Pou nou tout rete nan wout ki jennen ki mennen nan lavi a, nou dwe suiv egzanp Jezi pye pou pye (1 Pyè 2:21). Si w rann ou kont gen kèk bagay ou bezwen korije, pa dekouraje. Petèt se yon bon siy, sa montre ou vle suiv direksyon Jewova ap bay la. Sonje Jewova konnen nou enpafè, donk li pa atann pou nou imite Jezi yon fason ki san fay.

18. Ki sa nou dwe fè pou nou atenn objektif nou?

18 Annou konsantre nou sou lavni, e annou dispoze fè chanjman nan fason nou panse, nan konpòtman nou ak nan fason nou aji (Pwo. 4:25; Lik 9:62). Ann kontinye montre nou gen imilite, ann “kontinye rejwi, [e ann] kontinye kite yo redrese nou”. (2 Kor. 13:11.) Si nou fè sa, “Bondye lanmou an, Bondye lapè a, ap avèk nou”. E nonsèlman n ap atenn objektif nou pou n viv nan monn nouvo a, men tou, n ap byen pwofite vwayaj la.

KANTIK 34 Mache avèk fidelite

^ § 5 Kèk nan nou ka twouve l difisil pou n fè chanjman nan fason nou panse, nan konpòtman nou ak nan fason nou aji. Atik sa a pral ede nou konprann poukisa nou tout bezwen fè chanjman e kòman nou ka kontinye gen kè kontan toutpandan n ap fè sa.

^ § 77 ESPLIKASYON SOU FOTO: Pandan jèn frè a ap fè lòt frè ki pi gran pase l la (adwat) konnen sa k te rive l poutèt li te pran yon move desizyon, frè ki pi gran an pran san l pou l koute l pou l ka konnen si l bezwen ba l konsèy.