Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

“Jewova pa t bliye m”

“Jewova pa t bliye m”

MWEN abite Oreyala, yon bouk amerendyen nan Giyàn ann Amerik disid ki gen anviwon 2 000 moun. Se yon bouk ki izole, se nan ti avyon oswa nan bato sèlman w ka vin ladan l.

Mwen fèt an 1983. Mwen te yon timoun ki te an sante. Men, lè m te gen dizan, m te kòmanse santi gwo doulè nan tout kò m. Anviwon dezan apre, yon jou maten, m te reveye e m pa t ka deplase. Tout efò m te fè pou m eseye fè mouvman ak pye m, m pa t kapab. Depi jou sa a, m pa ka mache ankò. Maladi a fè m sispann grandi tou. Jodi a, mwen toujou gen kò yon timoun piti.

Kèk mwa apre m te vin malad e m pa t ka soti kite kay mwen, gen de Temwen Jewova ki te vin vizite m. An jeneral, lè moun vin lakay la, m eseye kache, men jou sa a mwen te kite medam yo pale avè m. Pandan yo t ap pale de Paradi a, m te sonje sa m te tande lè m te gen anviwon senkan. Nan epòk sa a, te gen yon misyonè ki rele Jethro ki t ap viv Sirinam ki te konn vin nan bouk nou an chak mwa, e l te konn etidye Labib ak papa m. Jethro te vrèman janti avè m. Mwen te renmen l anpil. Epitou, granparan m yo te konn al nan kèk reyinyon Temwen Jewova ki te konn fèt nan bouk nou an e yo te konn mennen m avè yo. Donk, lè Florence, youn nan medam ki te vizite m jou sa a, te mande m si m ta renmen aprann plis, m te di wi.

Florence te retounen ansanm ak mari l, Justus, e yo te kòmanse etidye Labib avè m. Lè yo te wè mwen pa konn li, yo te montre m li. Apre yon ti tan, m te ka li poukont mwen. Yon jou, mesyedam yo te fè m konnen yo voye yo al sèvi nan peyi Sirinam. Malerezman pa t gen pèsonn nan Oreyala pou kontinye etid la avè m. Men, erezman, Jewova pa t bliye m.

Yon ti tan apre sa, gen yon pyonye ki rele Floyd ki te vin Oreyala, e li te rankontre m pandan l t ap preche nan joupa yo. Lè l te mande m si m ta renmen etidye Labib, m te souri. Li te mande m: “Poukisa w souri?” Mwen te di l m te deja etidye bwochi Ki sa Bondye vle nou fè? a e m te kòmanse etidye liv Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la *. M te esplike l rezon ki fè etid la te kanpe. Floyd te fin etidye liv Konesans lan avè m, men annapre, yo te voye l al sèvi nan yon lòt zòn tou. Yon lòt fwa ankò, m pa t gen moun pou fè etid avè m.

Men, nan ane 2004, yo te voye de pyonye espesyal ki rele Granville ak Joshua vin sèvi nan Oreyala. Pandan yo t ap preche nan joupa yo, yo te jwenn mwen. Lè yo te mande m si m vle fè etid, m te souri. Mwen te mande yo pou yo etidye liv Konesans lan avè m depi nan kòmansman. Mwen te bezwen wè si y ap anseye m menm bagay ak moun ki te konn anseye m anvan yo. Granville te di m yo fè reyinyon nan bouk la. Menm lè m pa t janm kite kay mwen depi prèske dizan, m te vle al asiste. Donk, Granville te vin chèche m lakay mwen e l te mete m sou yon chèz woulant epi li te pouse m rive nan Sal Wayòm nan.

Rive yon lè, Granville te ankouraje m enskri nan Lekòl ministè teyokratik. Li te di: “Se vre ou andikape, men ou ka pale. Yon jou, ou gen pou w bay yon diskou piblik. Sa ap fèt.” Ankourajman l te ban m yo te ban m asirans.

Mwen te kòmanse al preche ansanm ak Granville. Men, wout nan bouk la se wout tè e anpil nan yo te gen twòp douk pou yon chèz woulant. Se sa k fè mwen te mande Granville mete m nan yon bourèt epi pouse m. Sa te mache trè byen. Nan mwa avril 2005, mwen te batize. Yon ti tan annapre, frè yo te ban m fòmasyon pou m travay nan piblikasyon ak nan sonorizasyon Sal Wayòm nan.

Malerezman, nan ane 2007, papa m mouri nan yon aksidan, li te nan yon bato. Sa te boulvèse fanmi nou anpil. Granville te priye avèk nou e l te li kèk vèsè nan Bib la ki te ankouraje nou. Dezan apre, te vin gen yon lòt eprèv ki te frape nou: bato te koule ak Granville epi li mouri.

Kongregasyon nou an ki te toupiti te nan gwo lapenn, te vin pa gen ansyen e te gen yon sèl sèvitè ministeryèl. Lanmò Granville se te yon kou di. Se te yon zanmi nou renmen anpil. Li te toujou ede m pou m vin pwòch ak Jewova e l te ede m jwenn anpil lòt bagay mwen te bezwen. Nan reyinyon ki te fèt tousuit apre lanmò Granville la, yo te ban m fè lekti nan etid Toudegad la. Mwen te rive li de premye paragraf yo, apre sa, m te tonbe kriye e dlo pa t ka sispann koule nan je m. M te oblije kite estrad la.

Mwen te kòmanse santi m pi byen lè frè nan yon lòt kongregasyon te vin ede nou nan Oreyala. Epitou, biwo filyal la te voye yon pyonye espesyal ki rele Kojo. Se pa ti kontan m te kontan lè manman m ak ti frè m nan te kòmanse etidye epi yo te batize. Annapre, nan mwa mas 2015, yo te nome m sèvitè ministeryèl. Kèk tan apre, mwen te bay premye diskou piblik mwen. Jou sa a, mwen te souri e m te gen dlo nan je lè m te sonje pawòl Granville te di m sa gen plizyè ane: “Yon jou, ou gen pou w bay yon diskou piblik. Sa ap fèt.”

Nan Tele JW, mwen te aprann gen lòt Temwen ki nan sitiyasyon ki sanble ak sitiyasyon pa m. Malgre yo andikape, yo rive fè anpil aktivite e yo gen kè kontan. Mwen menm tou gen kèk bagay mwen ka fè. Mwen vle bay Jewova tout sa m kapab, se sa k fè m vin pyonye pèmanan. Nan mwa septanm 2019, yo te ban m yon nouvèl mwen pa t atann! Yo te nome m ansyen nan kongregasyon nou an ki gen anviwon 40 pwoklamatè.

Mwen gen anpil rekonesans pou frè ak sè sa yo mwen renmen ki te etidye avè m e ki te ede m sèvi Jewova. Sa k pi enpòtan an, mwen gen anpil rekonesans dèske Jewova pa t bliye m.

^ § 8 Se Temwen Jewova ki pibliye bwochi sa a ak liv sa a, men yo pa enprime yo ankò.