Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 50

“Ki jan moun ki mouri yo gen pou yo leve?”

“Ki jan moun ki mouri yo gen pou yo leve?”

“Lanmò, kote viktwa w la? Lanmò, kote pikan w lan?” — 1 KOR. 15:55.

KANTIK 141 Lavi se yon mirak

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Poukisa tout kretyen dwe enterese nan rezirèksyon pou lavi nan syèl la?

PIFÒ moun k ap sèvi Jewova jodi a gen esperans pou yo viv sou tè a pou toutan. Men, rès kretyen Bondye chwazi pa mwayen lespri sen yo gen esperans pou yo resisite pou yo viv nan syèl. Kretyen sa yo vrèman enterese pou yo konnen ki jan lavi yo pral genyen an ap ye. Men, ki sa nou ka di konsènan moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a? Jan nou pral wè sa, rezirèksyon pou lavi nan syèl la ap pote benediksyon tou pou moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a pou toutan. Se sa k fè, kit nou gen esperans pou nou viv nan syèl la oswa sou tè a, rezirèksyon pou lavi nan syèl la dwe enterese nou.

2 Bondye te fè kèk nan disip Jezi nan premye syèk la ekri konsènan esperans pou moun al viv nan syèl la. Men sa apot Jan te esplike: “Kounye a nou se pitit Bondye, men sa n ap ye a poko parèt aklè. Men nou konnen lè sila a ap parèt aklè, n ap vin tankou l.” ​(1 Jan 3:2). Donk, kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl la pa konnen ki jan sa ap ye lè yo resisite nan syèl la antanke espri. Sepandan, lè yo resevwa rekonpans yo a y ap wè Jewova toutbon. Labib pa bay tout ti detay sou rezirèksyon pou lavi nan syèl la, men, apot Pòl te bay kèk enfòmasyon sou sa. Moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo ap ansanm ak Kris lè l pral “elimine tout gouvènman ak tout otorite ansanm ak tout pisans”, sa gen ladan l “dènye ènmi [an,] lanmò”. Finalman, Jezi ansanm ak moun ki pral dirije ak li yo pral soumèt anba Jewova e yo pral fè tout bagay soumèt anba l (1 Kor. 15:24-28). Se pa ti bèl epòk sa a pral bèl *!

3. Jan sa parèt nan 1 Korentyen 15:30-32, lefètke Pòl te kwè nan rezirèksyon, ki sa sa te ede l fè?

3 Lefètke Pòl te kwè nan rezirèksyon, sa te ede l andire divès kalite eprèv. (Li 1 Korentyen 15:30-32.) Men sa l te di kretyen nan vil Korent yo: “Chak jou m ap fè fas ak lanmò.” Li te di tou: “Mwen batay ak bèt sovaj nan Efèz.” Petèt li t ap pale de batay li te fè ak bèt toutbon nan yon estad nan vil Efèz (2 Kor. 1:8; 4:10; 11:23). Oubyen tou, li te gendwa ap pale de Juif ki pa t vle wè l yo oswa lòt moun ki te tankou “bèt sovaj”. (Tra. 19:26-34; 1 Kor. 16:9.) Kèlkeswa sa l te ye a, Pòl te fè fas ak gwo danje. Men, li te ret konsantre sou bèl avni ki te rezève pou li a. — 2 Kor. 4:16-18.

Yon fanmi k ap viv nan yon peyi kote yo met restriksyon sou travay n ap fè antanke kretyen an. Yo pèsevere nan adorasyon y ap bay Bondye a e yo gen asirans li rezève bon bagay pou yo. (Gade paragraf 4.)

4. Ki jan esperans rezirèksyon an bay kretyen yo fòs jodi a? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

4 N ap viv nan yon epòk ki gen anpil danje. Gen kèk nan frè nou yo ki viktim zak kriminèl. Gen lòt k ap viv nan zòn ki gen lagè, e yo pa an sekirite menm. Gen lòt menm ki riske lavi yo ak libète yo pou yo ka sèvi Jewova nan peyi kote yo mete restriksyon sou travay predikasyon an oswa yo entèdi l. Aktout sa, frè ak sè sa yo kontinye adore Jewova, e yo se bèl egzanp pou nou. Yo gen konviksyon, menmsi yo ta pèdi lavi yo, Jewova rezève yon avni pou yo ki pi bon lontan.

5. Ki rezònman ki se yon danje ki ka fè lafwa nou genyen nan rezirèksyon an vin febli?

5 Pòl te avèti frè l yo konsènan rezònman kèk moun konn fè ki se yon danje. Men sa moun sa yo konn di: “Si moun mouri pa gen pou yo leve, ‘ann manje, ann bwè, paske demen n ap mouri’.” Menm anvan epòk Pòl la, moun yo te deja konn fè rezònman sa a. Petèt Pòl te site Ezayi 22:13 ki pale konsènan atitid Izrayelit yo. Olye yo te chèche gen bon relasyon ak Bondye, yo te plis ap chèche pran plezi yo. Anfèt, fason Izrayelit sa yo t ap viv se tankou yo t ap di: “Se de jou w ap viv, apre sa w mouri.” Se yon atitid anpil moun gen jodi a. Sepandan, jan Bib la fè konn sa, nasyon Izrayèl la te sibi konsekans move atitid yo te genyen an. — 2 Kwo. 36:15-20.

6. Lefètke nou kwè nan rezirèksyon, ki jan sa ta dwe ede n lè n ap chwazi moun pou n fè zanmi?

6 Piske n konnen Jewova kapab resisite moun ki mouri, sa ta dwe fè nou veye ki moun n ap chwazi kòm zanmi. Frè nan vil Korent yo te bezwen veye pou yo pa fè zanmi ak moun ki pa kwè nan rezirèksyon. Men yon leson nou ka aprann jodi a: Si nou toujou ansanm ak moun sèl sa k enterese yo se pran plezi yo, y ap gen move enfliyans sou nou. Si yon vrè kretyen pase anpil tan ak moun konsa, sa ka fè l pèdi bon abitid li genyen. Sa ka menm fè l fè yon seri bagay Bondye rayi. Se sa k fè Pòl te bay yon konsèy ki fèm, li te di: “Retounen nan bonsans nou ann amoni ak sa ki jis, epi pa pratike peche.” — 1 Kor. 15:33, 34.

KI KALITE KÒ?

7. Jan sa parèt nan 1 Korentyen 15:35-38, ki kesyon kèk moun ta ka poze konsènan rezirèksyon an?

7 Li 1 Korentyen 15:35-38. Yon moun ki vle fè moun gen dout sou rezirèksyon an ta ka mande: “Ki jan moun ki mouri yo gen pou yo leve?” L ap bon pou n reflechi sou repons Pòl te bay la, etandone gen anpil moun jodi a ki gen pwòp kwayans pa yo sou sa k rive yon moun apre l fin mouri. Men, ki sa Bib la anseye?

Pòl te pran egzanp yon semans ak yon plant pou l montre Bondye kapab bay moun ki resisite yo kò y ap bezwen genyen an. (Gade paragraf 8.)

8. Ki egzanp ki ka ede n konprann rezirèksyon pou lavi nan syèl la?

8 Lè yon moun mouri, kò l dekonpoze. Men, Sila a ki te kreye linivè san pa t gen anyen ki te egziste anvan an kapab resisite moun sa a e li kapab ba li kò l ap bezwen genyen an (Jen. 1:1; 2:7). Pòl te sèvi ak yon egzanp pou l montre Bondye pap bezwen sèvi ak menm kò moun nan te gen anvan an pou l reba l lavi. Panse ak “yon senp grenn” oswa “semans” yon plant. Lè yo met yon semans nan tè, li jèmen epi li bay yon lòt plant. Plant ki vin fèt la pa sanble ditou ak ti grenn semans lan. Pòl te sèvi ak konparezon sa a pou l montre Kreyatè nou an ka ban nou “yon kò jan sa fè l plezi”.

9. Ki sa 1 Korentyen 15:39-41 di konsènan divès kalite kò ki genyen yo?

9 Li 1 Korentyen 15:39-41. Pòl te fè konnen Bondye te kreye divès kalite kò. Pa egzanp, gen divès kalite chè, tankou betay yo, zwazo yo ak pwason yo. Li te fè konnen tou nan syèl la nou wè diferans ant solèy la ak lalin nan. E l te di “yon zetwal pa gen menm glwa ak yon lòt zetwal”. Vrèmanvre, menmsi nou pa ka wè diferans ki genyen yo ak je nou, syantifik yo fè konnen gen divès kalite zetwal: genyen ki gwo anpil, genyen ki pi piti, genyen ki wouj, genyen ki blan e genyen ki jòn menm jan ak solèy nou an. Pòl te di tou “gen kò nan syèl la, gen kò sou tè a”. Ki sa l te vle di? Ebyen, sou tè a, nou gen kò ki fèt ak chè, men, kò ki nan syèl la se espri, menm jan ak kò zanj yo genyen an.

10. Ki kalite kò moun k ap resisite pou yo viv nan syèl la ap genyen?

10 Remake sa Pòl te di apre sa: “Se konsa rezirèksyon moun ki mouri yo ye tou. Sa ki mouri a ka dekonpoze, sa ki leve a pa ka dekonpoze.” Nòmalman, lè yon moun mouri, kò l dekonpoze e li retounen nan pousyè (Jen. 3:19). Ki jan fè yon kò “ki leve [...] pa ka dekonpoze”? Pòl pa t ap pale de yon moun ki resisite pou l viv sou tè a, tankou moun Eli, Elize ak Jezi te leve yo. Li t ap pale de yon moun ki resisite ak yon kò ki ka viv nan syèl, sètadi “yon kò espirityèl”. — 1 Kor. 15:42-44.

11-12. Lè Jezi te resisite, ki chanjman ki te fèt nan li, e ki jan moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo chanje menm jan an lè yo resisite?

11 Lè Jezi te sou tè a, li te gen yon kò moun. Men, lè li te resisite, li te “vin tounen yon espri ki bay lavi” e li te retounen nan syèl la. Menm jan an tou, kretyen Bondye chwazi pou y al nan syèl la ap gen pou yo resisite pou yo viv antanke espri. Men sa Pòl te esplike: “Menm jan nou pòtre sila a ki te fèt ak pousyè a, se konsa tou n ap pòtre sila a ki al nan syèl la.” — 1 Kor. 15:45-49.

12 Pòl te rive nan pati ki pi enpòtan nan esplikasyon l t ap bay sou rezirèksyon an. Li enpòtan pou n sonje Jezi pa t resisite ak yon kò ki fèt ak chè. Men ki sa Pòl te di nan fen esplikasyon l t ap bay la: “Kò ki fèt ak chè ak san pa ka fè pati Wayòm Bondye a” ki nan syèl la (1 Kor. 15:50). Apot yo ansanm ak lòt moun Bondye chwazi pou al nan syèl pap resisite ak kò ki fèt ak chè ak san e ki ka dekonpoze. Ki lè yo t ap resisite? Pòl te fè konnen rezirèksyon sa a t ap gen pou fèt annapre, li pa t ap fèt tousuit apre yo fin mouri. Nan moman Pòl t ap ekri liv 1 Korentyen an te gen kèk disip ki te deja “ap dòmi nan lanmò”, pa egzanp apot Jak (Tra. 12:1, 2). Gen lòt apot ak lòt moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki t ap gen pou yo “dòmi nan lanmò” annapre. — 1 Kor. 15:6.

LAVIKTWA SOU LANMÒ

13. Ki sa k t ap rive pandan “prezans” Jezi?

13 Menm jan ak Jezi, Pòl te anonse yon epòk enpòtan ki t ap gen pou rive, anpalan de prezans Kris la. Pandan prezans Kris la t ap gen lagè, tranblemanntè, epidemi ak lòt evènman toupatou sou tè a. Nou wè pwofesi sa a ap reyalize depi ane 1914. Gen yon lòt pati enpòtan nan siy sa a ki t ap gen pou reyalize tou. Jezi te di yo t ap gen pou yo preche bon nouvèl ki fè konnen Wayòm Bondye a ap dirije a “sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini”. (Mat. 24:3, 7-14.) Pòl te anonse tou, pandan “prezans Seyè a”, se t ap moman pou kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl “k ap dòmi nan lanmò yo” resisite. — 1 Tes. 4:14-16; 1 Kor. 15:23.

14. Ki sa k rive moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki mouri pandan prezans Kris la?

14 Moun Bondye chwazi pou al nan syèl ki fin viv sou tè a jodi a resisite nan syèl la menm kote a. Pawòl Pòl te di nou jwenn nan 1 Korentyen 15:51, 52 montre sa. Men sa l di: “Se pa nou tout ki pral dòmi nan lanmò, men nou tout ap chanje, nan yon moman, nan yon batje, pandan dènye kout twonpèt la.” Pawòl sa yo Pòl te di a ap reyalize kounye a! Lè moun sa yo ki frè Kris resisite, y ap kontan anpil. Y ap “toujou ak Seyè a”. — 1 Tes. 4:17.

Moun ki pral chanje “nan yon batje” yo pral met ansanm ak Jezi pou elimine tout mechan yo sou tè a. (Gade paragraf 15.)

15. Ki travay k ap tann moun ki pral chanje “nan yon batje” yo?

15 Labib fè nou konnen ki travay moun ki chanje “nan yon batje” yo pral fè nan syèl la. Men sa Jezi di yo: “Moun ki pote laviktwa a e ki fè sa m te konn fè yo jiska lafen, m ap ba li pouvwa sou nasyon yo, menm jan mwen resevwa pouvwa nan men Papa m. L ap dirije pèp yo ak yon baton fè, jis yo kraze tankou veso ki fèt ann ajil ki kraze fè miyèt moso.” ​(Rev. 2:26, 27). Yo pral suiv Kòmandan yo a, e yo pral dirije nasyon yo ak yon baton fè. — Rev. 19:11-15.

16. Ki jan anpil moun pral pot laviktwa sou lanmò?

16 Pa gen dout nan sa, moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo pral pot laviktwa sou lanmò (1 Kor. 15:54-57). Rezirèksyon yo a pral ba yo posiblite pou yo elimine mechanste sou tout tè a pandan lagè Amagedon. Plizyè milyon lòt kretyen, gason kou fi, pral “soti anba gwo tribilasyon an” pou yo viv nan monn nouvo a (Rev. 7:14). Moun sa yo k ap rete vivan sou tè a pral temwen yon lòt viktwa ki pral fèt sou lanmò lè plizyè milya moun ki te mouri resisite. Imajine kè kontan ki pral genyen lè moman estrawòdinè sa a rive (Tra. 24:15)! E tout moun ki ret fidèl ak Jewova jiska lafen pral pot laviktwa tou sou lanmò yo eritye nan Adan an. Yo pral kapab viv pou toutan.

17. Selon 1 Korentyen 15:58, ki sa nou dwe fè kounye a?

17 Chak kretyen k ap viv jodi a ta dwe gen rekonesans pou pawòl ki bay konsolasyon Pòl te ekri kretyen nan vil Korent yo konsènan rezirèksyon an. Nou gen bonjan rezon pou nou suiv konsèy Pòl te bay pou nou fè tout sa n kapab kounye a “nan travay Seyè a”. (Li 1 Korentyen 15:58.) Si nou fidèl nan travay sa a e nou kontinye patisipe ladan l ak tout kè nou, nou ka espere gen yon avni kote n ap gen anpil kè kontan. Kèlkeswa jan w imajine avni sa a, l ap pi bèl lontan. Vrèmanvre, sa ap montre, anrapò ak Seyè a, nou pa t travay pou granmesi.

KANTIK 140 Lavi pou toutan!

^ § 5 Dezyèm pati 1 Korentyen chapit 15 lan bay yon seri enfòmasyon sou rezirèksyon, sitou rezirèksyon kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo. Sepandan, sa Pòl te ekri yo enterese moun ki fè pati lòt mouton yo tou. Atik sa a pral montre fason esperans rezirèksyon an ta dwe gen efè sou lavi nou depi kounye a e l ap fè nou wè pou ki rezon nou ka espere gen yon bèl avni.

^ § 2 Nan “Kesyon lektè yo poze” ki nan Toudegad sa a, yo pale konsènan kòmantè Pòl fè nou jwenn nan 1 Korentyen 15:29.