Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Pwovèb 24:16 di: “Moun ki jis la ka tonbe sèt fwa, men l ap leve ankò.” Èske vèsè sa a ap pale de yon moun ki tonbe nan peche plizyè fwa, men apre sa Bondye padone l?

An reyalite, se pa sa vèsè sa a vle di. Okontrè, li gen rapò ak yon moun ki tonbe, nan sans li pa sispann jwenn pwoblèm oswa difikilte, men, li leve ankò, nan sans li pa kite sa pote l ale.

Ann pran vèsè a nan kontèks li: “Pinga w kite mechanste fè w maske kò w bò kay moun ki dwat la. Pinga w kraze kote l rete a. Paske, moun ki jis la ka tonbe sèt fwa, men l ap leve ankò. Men, malè ap fè mechan yo kilbite. Lè ènmi w tonbe, pinga w kontan pou sa. Lè l kilbite, ou pa dwe kontan nan kè w.” — Pwo. 24:15-17.

Gen moun ki fè konnen vèsè 16 la gen rapò ak yon moun petèt ki tonbe nan peche, men ki repanti e ki vin gen bon relasyon ak Bondye ankò. Men sa de chèf relijye britanik te ekri: “Gen predikatè nan tan lontan ak nan epòk nou an ki te konn abitye sèvi ak vèsè sa a” nan sans sa a. Chèf relijye sa yo te di tou fason moun sa yo te wè vèsè a vle di “yon bon moun ka tonbe nan [...] peche grav, men li pa janm sispann renmen Bondye, e li leve ankò lè l repanti chak fwa”. Yon ide konsa kapab parèt bèl pou yon moun ki pa vle fè okenn efò pou l pa tonbe nan peche. Li gendwa met nan tèt li, menmsi li peche plizyè fwa, Bondye ap toujou padone l.

Men, se pa sa vèsè 16 la vle di.

Mo ebre lè yo tradui l yo mete “tonbe” pou li nan vèsè 16 ak vèsè 17 la kapab gen plizyè sans. Li kapab gen yon sans literal: pa egzanp yon towo bèf ki tonbe sou yon wout, yon moun ki sot sou yon do kay li tonbe anba, oswa yon ti wòch ki tonbe atè (Det. 22:4, 8; Amòs 9:9). Mo sa a kapab gen yon sans senbolik tou, jan sa parèt nan deklarasyon ki vin annapre a ki di: “Lè Jewova pran plezi nan fason yon moun ye, li montre moun sa a kote pou l met pye l. Moun sa a kapab bite, men li pap tonbe plat atè paske Jewova kenbe men l.” — Sòm 37:23, 24; Pwo. 11:5; 13:17; 17:20.

Sepandan, men sa pwofesè Edward H. Plumptre te di: “Mo ebre lè yo tradui l yo mete [“tonbe”] pou li a, yo pa janm sèvi avè l pou l bay sans tonbe nan peche.” Gen yon lòt biblis ki te esplike vèsè 16 la konsa: “Sa pap itil anyen pou yo maltrete pèp Bondye a paske y ap toujou reyisi, men, mechan yo pap reyisi!”

An reyalite, nan Pwovèb 24:16, mo “tonbe” a pa gen yon sans moral, pa egzanp lè yon moun tonbe nan peche. Okontrè, li gen rapò ak lè yon moun pa sispann jwenn pwoblèm oswa difikilte youn dèyè lòt. Nan monn mechan sa a n ap viv jodi a, yon moun ki jis gendwa gen pwoblèm sante oswa lòt pwoblèm. Li ka menm sibi gwo pèsekisyon anba men otorite yo. Sepandan, li kapab gen asirans Bondye ap soutni l, l ap ede l fè fas ak pwoblèm yo e l ap ede l reyisi. Mande tèt ou: ‘Èske m pa konn wè souvan sa fini byen pou sèvitè Bondye yo?’ Poukisa? Se paske nou gen konfyans “Jewova ede tout moun ki prèt pou tonbe e li leve tout moun ki koube byen ba”. — Sòm 41:1-3; 145:14-19.

“Moun ki jis la” pa kontan lè lòt moun gen pwoblèm. Okontrè, li kontan lefètke li konnen “sa ap mache byen pou moun ki gen lakrentif pou vrè Dye a, paske yo gen lakrentif pou li”. — Ekl. 8:11-13; Jòb 31:3-6; Sòm 27:5, 6.