Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 52

Fason nou ka konbat dekourajman

Fason nou ka konbat dekourajman

“Lage chay ou sou Jewova, l ap soutni w.” — SÒM 55:22.

KANTIK 33 Lage chay ou sou Jewova

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa k ka rive nou si nou dekouraje?

SE CHAK jou nou jwenn pwoblèm, e nou fè tout sa n kapab pou nou andire yo. Men, èske w pa dakò li pi fasil pou nou jere pwoblèm nou yo lè nou pa dekouraje? Se sa k fè nou bezwen sonje dekourajman ka fè nou santi nou pa vo anyen, li ka fè nou san fòs, e li ka fè nou pèdi jwa nou. Pwovèb 24:10 ak nòt la di: “Si w dekouraje nan moman pwoblèm, w ap prèske san fòs.” Wi, dekourajman ka fè nou pa gen fòs nou bezwen pou nou rive fè fas ak pwoblèm ki gen nan lavi a.

2. Ki sa k ka fè nou santi nou dekouraje, e ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

2 Gen anpil bagay ki ka fè nou vin dekouraje, genyen se nan nou yo ye e gen lòt nou pa gen kontwòl yo. Pami bagay sa yo nou jwenn enpèfeksyon nou, feblès nou gen lakay nou ak pwoblèm sante. Se gendwa tou lefètke nou pa jwenn yon privilèj nou ta renmen genyen nan sèvis Jewova a oswa n ap preche nan yon tèritwa ki sanble pa bay rezilta. Nan atik sa a, nou pral wè kèk bagay nou kapab fè pou nou lite ak dekourajman.

LÈ N AP LITE AK ENPÈFEKSYON AK FEBLÈS NOU GEN LAKAY NOU

3. Ki sa k ka ede nou pou n pa egzajere enpèfeksyon nou gen lakay nou?

3 Li fasil pou nou egzajere enpèfeksyon ak feblès nou gen lakay nou. Se sa k fè, akoz mankman nou genyen yo, nou gendwa kwè Jewova pap janm kite nou antre nan monn nouvo a. Atitid konsa se yon danje. Ki jan nou ta dwe konsidere enpèfeksyon nou gen lakay nou? Labib fè konnen tout moun “peche”, sof Jezi Kris (Wom. 3:23). Men, Sila a ki te fè ekri Bib la se pa yon moun k ap chèche fot lakay moun oswa ki atann pou nou pafè. Okontrè, li se yon Papa ki renmen nou e ki vle ede nou. Li gen pasyans tou. Li wè jan n ap lite pou nou venk feblès nou yo e pou nou rive wè tèt nou yon fason ki rezonab, e li dispoze ede nou. — Wom. 7:18, 19.

Jewova konnen bèl aksyon nou te konn fè ak bèl aksyon n ap fè kounye a. (Gade paragraf 5.) *

4-5. Ann amoni ak 1 Jan 3:19, 20, ki sa k te ede de sè pou yo pa t kite dekourajman pote yo ale?

4 Ann pran egzanp Deborah ak Maria *. Lè Deborah te timoun, souvan, fason yo te konn aji avè l te fè l santi li pa vo anyen. Se yon lè konsa yo te konn felisite l. Donk, lè l te vin gran, li pa t gen konfyans nan tèt li. Lè l te fè yon ti erè toupiti, li te santi li pap janm ka fè anyen ki bon. Maria te gen menm pwoblèm nan. Fanmi l te konn rabese l. Se sa k fè li t ap lite ak santiman kòmkwa li pa vo anyen. Menm apre l fin batize, li te toujou santi l pa diy pou l pote non Bondye!

5 Aktout sa, de sè sa yo pa t sispann sèvi Jewova. Poukisa? Youn nan rezon yo se paske yo te lage chay yo sou Jewova nan priyè yo te fè ak tout kè yo (Sòm 55:22). Yo te vin konprann Papa nou ki nan syèl la, ki renmen nou, konnen ki jan eksperyans nou te fè ak panse negatif nou genyen gen efè sou nou. Men, li wè bon bagay ki nan kè nou tou, pa egzanp, bèl kalite nou genyen nou ka pa menm panse si nou genyen yo. — Li 1 Jan 3:19, 20.

6. Ki jan yon moun ka reyaji si l ap lite ak yon move abitid e li tonbe ladan l ankò?

6 Yon moun k ap lite pou l kite yon move abitid ki anrasinen byen fon lakay li ka tonbe ladan l ankò, e sa ka fè l dekouraje. Se vre, li nòmal pou nou santi nou koupab lè nou peche (2 Kor. 7:10). Men, nou pa dwe egzajere pou n ap kondane tèt nou, epi pou n ap di: ‘Mwen se yon ka pèdi. Jewova pap janm padone m!’ Panse negatif konsa pa ann amoni ak laverite e yo ka menm fè nou sispann sèvi Jewova. Sonje Pwovèb 24:10 fè konnen n ap prèske san fòs lè nou dekouraje. Okontrè, nou bezwen “ranje bagay yo” avèk Jewova lè nou priye l e lè nou mande l pou l fè n mizèrikòd (Eza. 1:18). Si Jewova wè w repanti toutbon, l ap padone w. Epi, chèche èd ansyen yo. Y ap ede w avèk pasyans pou w vin gen bon relasyon ak Bondye ankò. — Jak 5:14, 15.

7. Poukisa nou pa dwe santi n dekouraje si n ap lite pou n fè sa ki dwat?

7 Men sa yon ansyen nan peyi Lafrans ki rele Jean-Luc di moun k ap lite ak yon feblès: “Yon moun ki dwat nan je Jewova, se pa yon moun ki pa janm fè erè, men se yon moun ki regrèt erè l fè e ki toujou repanti.” ​(Wom. 7:21-25). Donk, pa kondane tèt ou si w ap lite ak yon feblès. Sonje pa gen okenn nan nou ki ka kanpe devan Bondye pou n di nou pa janm fè peche. Nou tout bezwen favè san parèy Bondye a pa mwayen ranson an. — Efe. 1:7; 1 Jan 4:10.

8. Lè nou santi nou dekouraje, kiyès nou ka mande ede nou?

8 Nou ka chèche jwenn ankourajman nan men frè n ak sè n yo nan kongregasyon an! Yo ka koute nou lè nou bezwen pale e yo ka di nou pawòl ki ankouraje nou (Pwo. 12:25; 1 Tes. 5:14). Gen yon sè nan peyi Nijerya ki rele Joy ki t ap lite ak dekourajman. Men sa l di: “Ki sa m t ap fè san frè m ak sè m yo? Yo se prèv ki montre Jewova reponn priyè m. Yo menm aprann mwen fason pou m ankouraje lòt moun ki dekouraje.” Sepandan, nou bezwen sonje frè n ak sè n yo pa toujou konnen lè nou bezwen ankourajman. Donk, nou ka bezwen pran inisyativ pou n al kot yon kwayan parèy nou ki gen matirite pou n fè l konnen nou bezwen l ede nou.

LÈ NOU GEN PWOBLÈM SANTE

9. Ki jan pawòl nou jwenn nan Sòm 41:3 ak 94:19 ankouraje nou?

9 Konte sou Jewova pou n jwenn èd. Lè n pa santi n byen, sitou si nou gen yon maladi ki pa gen tretman, li ka vrèman difisil pou n panse yon fason ki pozitif. Menmsi jodi a Jewova pa fè mirak pou l geri nou, li konsole nou e li kapab ban nou fòs nou bezwen pou n andire. (Li Sòm 41:3; 94:19.) Pa egzanp, li ka touche kè kretyen parèy nou pou yo ede nou lè nou bezwen fè yon seri travay nan kay oswa lè nou bezwen achte kèk bagay. Li ka pouse frè nou yo pou yo priye avè n. Oubyen tou li ka fè nou sonje kèk pawòl ankourajan nou te jwenn nan Bib la, tankou bèl esperans nou genyen pou n vin pafè nan monn nouvo a san n pa janm ni malad ni soufri. — Wom. 15:4.

10. Ki sa k fè Isang pa t ret dekouraje apre aksidan l te fè a?

10 Isang, yon frè k ap viv nan peyi Nijerya, te fè yon aksidan ki te fè l paralize. Doktè l te di l li pap janm ka mache ankò. Men sa Isang te di: “Kè m te fann e lespri m te kraze.” Men, èske Isang te ret dekouraje? Non! Ki sa k te ede l? Men sa l esplike: “Mwen menm ak madanm mwen pa t janm sispann priye Jewova e nou pa t janm sispann etidye Pawòl li a. Mete sou sa, nou te detèmine pou nou montre nou gen rekonesans pou bon bagay nou genyen yo, san wete esperans nou genyen pou nou viv nan monn nouvo Bondye pwomèt la.”

Menm moun ki gen limit akoz yo gen yon pwoblèm fizik kapab jwenn bon rezilta ak kè kontan nan travay predikasyon an. (Gade paragraf 11-13.)

11. Ki jan Cindy te rive gen kè kontan pandan l te malad grav?

11 Doktè te fè Cindy k ap viv nan peyi Meksik konnen li fè yon maladi ki ka touye l. Ki sa Cindy te fè pou l andire? Pandan l t ap suiv tretman, li te pwofite okazyon pou l bay temwayaj chak jou. Men sa l ekri: “Lè m te fè sa, sa te ede m konsantre sou lòt moun olye m ret ap panse ak operasyon an, doulè yo oswa jan m malad grav. Men sa m te konn fè: Lè m t ap pale ak doktè yo oswa enfimyè yo, mwen te konn mande yo pou fanmi yo. Apre sa, mwen te konn mande yo poukisa yo chwazi yon metye ki difisil konsa. Donk, li te fasil pou m wè ki sijè ki ka touche kè yo. Plizyè ladan yo te konn di se pa fasil pou yon malad mande yo: ‘Ki jan w ye?’ E anpil nan yo te konn di m mèsi poutèt mwen enterese nan yo. Gen kèk ki te menm ban m adrès yo oswa nimewo telefòn yo. Donk, nan moman difisil sa a nan lavi m, mwen te sezi wè jan Jewova te fè m gen kè kontan.” — Pwo. 15:15.

12-13. Ki jan kèk moun ki malad oswa ki enfim patisipe nan travay predikasyon an, e ki rezilta yo jwenn?

12 Moun ki malad oswa ki enfim ka santi yo dekouraje paske yo pa ka preche jan yo ta vle. Malgre sa, anpil nan yo rive bay yon bon temwayaj. Ozetazini, gen yon sè ki te rele Laurel ki te fè 37 an nan yon aparèy an metal pou ede l respire. Li te gen kansè, li te fè plizyè gwo operasyon e li te gen yon seri maladi po ki pa t gen tretman. Men, malgre l te gen gwo pwoblèm sa yo, sa pa t anpeche l preche. Li te konn preche enfimyè yo ak lòt moun ki te konn vin pran swen l lakay li. Ki rezilta sa te bay? Li te ede pou pi piti 17 moun vin gen yon konesans egzak sou Bib la *!

13 Richard, yon ansyen nan peyi Lafrans, gen yon bon ide pou moun ki oblije ret lakay yo oswa k ap viv nan yon mezon retrèt. Men sa l di: “Mwen ankouraje yo pou yo met kèk piblikasyon yon kote tout moun ka wè. Konsa, lè moun ap pase, sa ap atire atansyon yo e sa ka mennen nan yon konvèsasyon. Sa ka ankouraje frè n ak sè n nou renmen anpil ki pa ka preche kay an kay ankò.” Moun ki oblije ret lakay yo kapab patisipe nan travay predikasyon an tou lè yo ekri lèt ak lè yo rele moun nan telefòn.

LÈ NOU PA JWENN YON PRIVILÈJ NOU TE VLE GENYEN

14. Ki bèl egzanp wa David te bay?

14 Gen anpil rezon ki ka fè n pa resevwa yon privilèj nou ta renmen genyen nan sèvis Jewova a. Se gendwa akoz laj, oswa akoz nou gen pwoblèm sante oubyen lòt sitiyasyon. Si se ka pa w, egzanp wa David kapab ede w. Lè David te aprann Jewova pa t chwazi l pou l konstwi yon tanp pou Li, alòske David te vrèman anvi fè sa, li te soutni moun Bondye te chwazi bay responsablite sa a ak tout kè l. David te menm bay anpil lò ak ajan pou pwojè a. Ala yon bèl egzanp pou nou imite! — 2 Sam. 7:12, 13; 1 Kwo. 29:1, 3-5.

15. Ki jan Hugues te fè fas ak dekourajman?

15 Hugues, yon frè nan peyi Lafrans, te gen pwoblèm sante e sa te fè l sispann sèvi kòm ansyen. Li pa t menm ka fè travay ki pi senp yo lakay li. Men sa l ekri: “Okòmansman, mwen te santi m pa t vo anyen e m te santi m dekouraje nèt. Men annapre, mwen te wè jan sa enpòtan pou m aksepte gen bagay m pa ka fè, e sa te ede m gen kè kontan nan sèvis m ap bay Jewova a malgre m gen limit. Mwen detèmine pou m kontinye avanse. Menm jan ak Jedeyon ak 300 gason ki te avèk li yo ki te fatige, m ap kontinye nan batay la!” — Jij 8:4.

16. Ki sa n ka aprann nan egzanp zanj yo?

16 Zanj ki fidèl yo ban nou bèl egzanp. Nan epòk wa Ahab t ap dirije, Jewova te mande zanj yo pou yo di ki jan yo t ap twonpe wa mechan sa a. Gen plizyè zanj ki te bay ide pa yo. Men, Bondye te chwazi ide youn nan zanj yo e li te fè l konnen l ap reyisi (1 Wa 22:19-22). Èske lòt zanj fidèl yo te dekouraje pou sa? Èske petèt yo te di tèt yo: ‘Poukisa m te pèdi tan m di sa m panse?’ Nou pa gen okenn rezon pou n kwè yo te aji konsa. Zanj yo gen anpil imilite e yo vle se Jewova sèlman ki jwenn onè. — Jij 13:16-18; Rev. 19:10.

17. Ki sa n dwe fè si n santi nou dekouraje poutèt nou pa jwenn yon seri privilèj nan sèvis Jewova a?

17 Sonje pi gwo privilèj nou genyen se lefètke n pote non Bondye e n ap anonse Wayòm li an. Nou ka jwenn yon asiyasyon e konsa tou nou ka pèdi l, men se pa sa ki fè nou gen valè pou Bondye. Se lè nou rekonèt limit nou ak lè nou gen imilite nou vin gen valè toutbon ni pou Jewova ni pou frè n ak sè n yo. Se poutèt sa, sipliye Jewova pou l ede w kontinye rekonèt limit ou e pou w gen imilite. Reflechi sou plizyè bèl egzanp moun ki te rekonèt limit yo e ki te gen imilite yo pale de yo nan Pawòl Bondye a. Se pou w dispoze sèvi frè w ak sè w yo tout jan w kapab. — Sòm 138:6; 1 Pyè 5:5.

LÈ NOU NAN YON TÈRITWA KI SANBLE PA BAY REZILTA

18-19. Ki jan nou ka gen kè kontan nan travay predikasyon an, menm lè n ap preche nan yon tèritwa ki sanble pa bay rezilta?

18 Èske pafwa ou konn santi w dekouraje paske tèritwa kote w ap preche a sanble pa bay rezilta? Si se ka pa w, ki sa w ka fè pou w kontinye gen kè kontan oswa pou w gen plis kè kontan? W ap jwenn kèk bagay ou ka fè nan kare ki gen tit “ Fason pou w gen plis kè kontan nan travay predikasyon an”. Li enpòtan tou pou w wè travay predikasyon an yon fason ki pozitif. Ki sa sa vle di?

19 Kontinye pwoklame non Bondye ak Wayòm li an. Jezi te di byen klè se yon tikras moun k ap jwenn wout lavi a (Mat. 7:13, 14). Lè nou nan travay predikasyon an, se yon onè pou nou travay ak Jewova ak Jezi ansanm ak zanj yo (Mat. 28:19, 20; 1 Kor. 3:9; Rev. 14:6, 7). Jewova rale moun ki vle sèvi l yo vini (Jan 6:44). Donk, si yon moun pa byen resevwa mesaj n ap preche a kounye a, li ka dispoze tande l yon lòt lè.

20. Ki sa nou ka aprann nan Jeremi 20:8, 9 sou fason pou n konbat dekourajman?

20 Nou ka aprann anpil leson nan egzanp pwofèt Jeremi. Li t ap preche nan yon tèritwa ki te difisil anpil. “Tout lajounen” moun yo te konn joure l e yo te konn pase l nan rizib. (Li Jeremi 20:8, 9.) Jeremi te vin tèlman dekouraje, li te anvi sispann preche. Men, li pa t fè sa. Poukisa? Se paske “pawòl Jewova a” te tankou yon dife anndan Jeremi e li pa t ka kenbe l anndan l! Se sa k rive nou tou lè nou ranpli lespri nou ak kè nou ak Pawòl Bondye a. Se pou rezon sa a nou bezwen etidye Bib la chak jou epi medite sou li. Konsa, n ap ka kontinye gen plis kè kontan, e n ap ka jwenn pi bon rezilta nan travay predikasyon an. — Jer. 15:16.

21. Kèlkeswa rezon ki ta ka fè nou dekouraje, ki jan nou ka pot laviktwa sou dekourajman?

21 Men sa Deborah, sè nou te pale de li pi wo a, di: “Dekourajman se yon gwo zam Satan itilize kont nou.” Men, zam Satan yo pa gen okenn fòs devan Jewova Dye. Donk, lè w santi w dekouraje pou kèlkeswa rezon an, sipliye Jewova pou l ede w. L ap ede w pou w lite ak enpèfeksyon ak feblès ou gen lakay ou. L ap ba w fòs lè w malad. L ap ede w wè responsablite nan sèvis li a yon fason ki pozitif. E l ap ede w wè travay predikasyon an yon fason ki pozitif tou. Kidonk, vide kè w bay Papa w ki nan syèl la pou w di l jan w santi w toutbon. Grasa èd li, w ap ka pot laviktwa sou dekourajman.

KANTIK 41 Tanpri, koute priyè m nan

^ § 5 Nou tout konn dekouraje pafwa. Nan atik sa a, nou pral wè kèk bagay nou ka fè lè nou santi nou dekouraje. E jan nou pral wè sa tou, nou ka pot laviktwa sou dekourajman grasa èd Jewova.

^ § 4 Gen non moun yo chanje.

^ § 12 N ap jwenn byografi Laurel Nisbet nan Reveye n! 22 janvye 1993 (fransè).

^ § 69 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon sè ki te dekouraje yon lè, men li reflechi sou sa l te konn fè nan sèvis Jewova a e li priye Jewova. Li gen asirans Jewova sonje sa l te fè nan sèvis li ak sa l kontinye fè.