Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Met tout kè w nan travay yo ba w fè a!

Met tout kè w nan travay yo ba w fè a!

KI JAN W santi w lè w resevwa yon lèt yon bon zanmi w ekri w pou ankouraje w? Timote, yon kretyen, te resevwa yon lèt konsa apot Pòl te ekri l. Lèt sa a se liv 2 Timote a ki nan Bib la jodi a. Sandout, Timote te kouri chèche yon ti kote byen trankil pou l te ka li sa bon zanmi l lan te voye di l. Petèt Timote t ap mande tèt li: ‘Ki jan Pòl ye? Èske se yon konsèy li voye pou mwen k ap ede m nan travay mwen? Èske lèt sa a ap ede m reyisi nan sèvis mwen antanke kretyen e pou m ede lòt moun?’ Jan nou pral wè sa, Timote te jwenn repons kesyon sa yo e li te jwenn plis konsèy toujou nan lèt sa a ki gen anpil valè. Kounye a, annou wè kèk konsèy enpòtan nou ka jwenn nan lèt sa a ki ka ede nou.

“MWEN KONTINYE ANDIRE TOUT BAGAY”

Lè Timote te kòmanse li lèt la, tousuit li te ka konprann Pòl te vrèman gen sousi pou li. Avèk anpil afeksyon, Pòl te rele l “yon pitit mwen renmen anpil”. (2 Tim. 1:2.) Byenke sanble Timote te nan trantèn li lè l te resevwa lèt sa a ozanviwon ane 65 epòk nou an, li te deja yon ansyen ki gen eksperyans. Li te gentan gen plis pase dizan depi l te konpayon travay Pòl e li te aprann anpil bagay nan men l.

Sa dwe te ankouraje Timote anpil lè l te aprann Pòl te ret fidèl pandan l t ap andire yon seri tribilasyon. Yo te met Pòl nan chenn lè l te nan prizon nan vil Wòm, e pa t ret anpil tan pou yo touye l (2 Tim. 1:15, 16; 4:6-8). Timote te kapab wè jan apot la gen kouraj lè l te di: “Mwen kontinye andire tout bagay.” ​(2 Tim. 2:8-13). Menm jan ak Timote, nou ka jwenn fòs nan bèl egzanp Pòl te bay nan fason l te montre l gen andirans.

“PA NEGLIJE DON” AN

Pòl te ankouraje Timote pou l konsidere travay l ap fè nan sèvis Bondye a kòm yon bagay ki gen anpil valè. Pòl te vle pou Timote “pa neglije don Bondye” te ba l la (2 Tim. 1:6). Lè Pòl t ap pale de “don” an, li te sèvi ak mo kharisma a. An jeneral, mo grèk sa a fè referans ak yon kado yon moun jwenn san l pa t fè anyen pou sa e san l pa t merite l. Timote te resevwa don sa a lè yo te chwazi l pou l fè yon sèvis espesyal nan kongregasyon an. — 1 Tim. 4:14.

Ki sa Timote te gen pou l fè ak don sa a? Nan lang orijinal la, “pa neglije don Bondye te ba w” la vle di “fè don Bondye te ba w la vin cho tankou dife”. Donk, lè Timote te li pawòl Pòl yo, li dwe te reflechi ak dife yo te konn limen anndan kay epi chabon dife a kòmanse etenn. Lè sa a, yo te dwe soufle chabon sa yo pou yo bay flanm ak plis chalè. Gen yon diksyonè ki fè konnen vèb grèk anazopireyo Pòl te itilize a vle di “relimen, reviv, vante pou fè flanm”. Nan yon sans senbolik, li vle di “vin chofe pou fè yon travay”. Anfèt, Pòl t ap bay Timote konsèy pou l ‘met tout kè l nan travay yo ba l fè a’! Jodi a nou bezwen fè menm bagay la tou, sa vle di nou bezwen chofe nan sèvis nou.

“KONSÈVE TREZÒ YO KONFYE W LA”

Pandan Timote te kontinye ap li lèt bon zanmi l lan te ekri l la, li te jwenn yon lòt pawòl ki t ap ede l reyisi nan sèvis li. Men sa Pòl te ekri: “Konsève trezò yo konfye w la, grasa lespri sen ki abite nan nou.” ​(2 Tim. 1:14). Ki sa trezò yo te konfye Timote a te ye? Nan vèsè anvan an, Pòl te pale de “pawòl ki pwofitab”, anpalan de laverite ki nan Pawòl Bondye a (2 Tim. 1:13). Antanke kretyen, Timote te dwe anseye laverite, li te dwe fè sa ni nan kongregasyon an ni nan tèritwa a (2 Tim. 4:1-5). Epitou, yo te nome Timote ansyen pou l pran swen twoupo Bondye a (1 Pyè 5:2). Konsa, Timote te ka konsève trezò yo te konfye l la, anpalan de laverite li te dwe anseye a. Li t ap ka fè sa lè l konte sou lespri sen Jewova ak Pawòl Li a. — 2 Tim. 3:14-17.

Jodi a, nou menm tou yo konfye nou laverite n ap anseye nan travay predikasyon an (Mat. 28:19, 20). N ap kontinye montre nou apresye bèl trezò sa a yo konfye nou an lè nou pèsevere nan lapriyè e lè nou chèche vin gen bon abitid pou nou etidye Pawòl Bondye a (Wom. 12:11, 12; 1 Tim. 4:13, 15, 16). Nou ka vin gen yon travay anplis, lè nou sèvi kòm ansyen oswa lè nou antre nan sèvis aplentan. Yon responsablite konsa ta dwe fè nou gen imilite e sa ta dwe fè nou konte sou Bondye pou l ede nou. Donk, nou ka pwoteje responsablite yo konfye nou an lè nou ba l anpil valè e lè nou konte sou Jewova pou l ede nou reyisi ladan l.

“KONFYE YO BAY GASON KI FIDÈL”

Responsablite Timote te genyen yo pa t konsène li menm sèlman. Timote te gen pou l bay lòt moun fòmasyon. Se sa k fè, men ankourajman Pòl te bay Timote: “Bagay ou te tande m di w yo [...], konfye yo bay gason ki fidèl. Yo menm, bò kote pa yo, y ap vin kalifye kòmsadwa pou yo anseye lòt moun.” ​(2 Tim. 2:2). Vrèmanvre, Timote te gen pou l aprann nan men frè yo e pou l pataje sa l aprann yo ak lòt moun. Jodi a, li enpòtan pou chak siveyan nan kongregasyon an fè efò pou yo fè menm bagay la. Yon bon siveyan pa fè egoyis ak konesans li genyen sou yon travay yo ba l fè. Okontrè, li fòme lòt moun pou yo kapab fè travay la tou. Li pa pè pou yo pa vin pi konnen pase l oswa fè travay la pi byen pase l. Donk, siveyan an pa annik bay moun yo kèk ide sou travay la. Li vle pou moun l ap bay fòmasyon yo vin gen bon jijman ak bon konprann, sa vle di pou yo vin gen matirite nan sèvis Bondye a. Nan sans sa a, “gason ki fidèl” li anseye yo ap itil kongregasyon an anpil.

Pa gen dout, Timote te bay lèt Pòl te ekri l pou ankouraje l la anpil valè. Nou ka imajine Timote k ap panse plizyè fwa ak bon konsèy sa yo e k ap chèche wè ki jan li ka pi byen aplike yo nan travay li te gen pou l fè yo.

Nou menm tou nou vle suiv konsèy sa a. Ki jan n ap fè sa? Nou ka fè anpil efò pou nou pa neglije don Bondye ban nou an, lè nou konsève trezò yo konfye nou an ak lè nou pataje eksperyans ak konesans nou genyen ak lòt moun. Konsa, tankou Pòl te di Timote, n ap “akonpli sèvis [nou] nèt”. — 2 Tim. 4:5.