Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan lapriyè ka ede w?

Ki jan lapriyè ka ede w?

Pamela te gen kansè, li te chèche èd nan men pwofesyonèl lasante yo. Men tou, li te priye Bondye pou l te ka jwenn fòs pou l andire sitiyasyon difisil sa a. Èske lapriyè te ede l?

Men sa Pamela di: “Pandan m t ap suiv tretman pou kansè a, souvan m te konn pè anpil. Men, lè m te priye Jewova, m te vin santi m kalm e m te ka kontinye andire sitiyasyon m nan, san m pa t pè. M kontinye soufri akoz m gen doulè toutan, men lapriyè ede m rete pozitif. Lè moun mande m ki jan m santi m, mwen di: ‘M pa santi m byen, men m kontan!’”

Natirèlman, nou pa bezwen ret tann se lè nou gen gwo tètchaje nan lavi a pou nou priye. Nou tout ap fè fas ak pwoblèm, kit yo gwo, kit yo piti, e souvan nou bezwen èd pou nou ka jere yo. Èske lapriyè ka ede n?

Men sa Bib la di: “Lage chay ou sou Jewova, l ap soutni w. Li pap janm kite moun ki jis la tonbe.” ​(Sòm 55:22). Panse sa yo vrèman ankourajan! Donk, ki jan lapriyè ka ede w? Lè w priye Bondye fason ki kòrèk la, l ap ba w sa w bezwen pou w fè fas ak pwoblèm ou yo. — Gade kare ki gen tit “ Sa lapriyè ka fè pou ou.”