Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske monn sa a rive nan bout li?

Èske monn sa a rive nan bout li?

Petèt ou konn tande Bib la pale de lafendimonn (1 Jan 2:17). Èske sa vle di tout moun sou tè a pral disparèt? Èske planèt tè a pral tounen yon kote ki pa gen okenn vi oswa l ap detwi nèt?

REPONS BIB LA BAY POU TOUDE KESYON SA YO SE NON!

Ki sa ki pap disparèt?

LÈZÒM

Men sa Bib la di: Bondye “pa t annik kreye [tè a] pou granmesi, men [li] te fè l pou moun rete sou li.” — EZAYI 45:18.

PLANÈT TÈ A

Men sa Bib la di: “Yon jenerasyon ale, yon jenerasyon vini, Men, tè a ret la pou toutan.” — EKLEZYAS 1:4.

SA SA VLE DI: Dapre Bib la, tè a pap janm detwi e l ap toujou gen moun sou li. Kidonk, ki sa lafendimonn vle di?

FÈ YON TI REFLECHI: Bib la konpare lafendimonn k ap vini an ak sa k te pase nan epòk Noye a. Nan epòk sa a, tè a te “chaje ak vyolans.” (Jenèz 6:13). Sepandan, Noye te yon moun ki jis. Se sa k fè Bondye te sove Noye ansanm avèk fanmi l, men li te detwi moun ki mechan yo pa mwayen yon delij. Anpalan de sa k te pase lè sa a, men sa Bib la di: “Monn nan epòk sa a te detwi lè l te kouvri anba dlo.” (2 Pyè 3:6). Se te lafen monn ki te egziste nan epòk sa a. Lè sa a, ki sa ki te detwi? Se pa t tè a, men se te moun mechan ki t ap viv sou tè a. Donk, lè Bib la ap pale de lafendimonn li pap pale de destriksyon planèt tè a. Men pito, l ap pale de moun mechan k ap viv sou tè a ak sistèm yo mete anplas la.

Ki sa k ap disparèt?

PWOBLÈM AK MECHANSTE

Men sa Bib la di: “Talè konsa, mechan yo pap la ankò, w ap gade kote yo te ye yo, ou pap jwenn yo. Men, moun ki gen imilite yo ap posede tè a, e y ap kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total.” — SÒM 37:10, 11.

SA SA VLE DI: Delij nan epòk Noye a pa t retire mechanste yon fwa pou tout. Apre delij la, mechan yo te fè lavi a difisil ankò pou tout moun. Talè konsa, Bondye pral fini ak mechanste nèt. Jan youn nan moun ki te ekri sòm yo te di sa: “Mechan yo pap la ankò”. Bondye pral fini ak mechanste pa mwayen Wayòm li an, yon gouvènman ki nan syèl la ki pral dirije tout tè a k ap ranpli ak moun ki obeyi Bondye.

FÈ YON TI REFLECHI: Èske dirijan yo ki sou tè a jodi a pral aksepte dominasyon Wayòm Bondye a? Labib montre yo pap aksepte l. Yo pral aji yon fason ki sòt, yo pral opoze ak Wayòm Bondye a (Sòm 2:2). Ki kote sa pral mennen? Wayòm Bondye a pral ranplase tout gouvènman lèzòm yo, e “se li menm sèl k ap rete pou toutan.” — (Dànyèl 2:44). Men, poukisa dominasyon gouvènman lèzòm yo dwe fini?

SA NOU BEZWEN: Lafen dominasyon lèzòm

Men sa Bib la di: “Se pa lòm ki pou deside ki kote l ap met pye l.” — JEREMI 10:23.

SA SA VLE DI: Lèzòm pa t fèt pou dirije pwòp tèt yo. Yo echwe nan efò y ap fè ni pou gouvène lòt moun ni pou rezoud pwoblèm yo.

FÈ YON TI REFLECHI: Gen yon liv referans ki fè konnen sanble chak gouvènman pa ka “fè fas ak yon seri ènmi yo tout nèt genyen tankou lamizè, grangou, maladi, katastwòf natirèl ak lagè oswa lòt kalite vyolans”. Li kontinye pou l di: “Kèk moun kwè [...] se sèlman yon fòm gouvènman mondyal k ap ka pran yon seri gwo desizyon k ap pote chanjman pou kalamite sa yo” ​(Britannica Academic). Sepandan, menmsi tout gouvènman lèzòm yo ta met tèt yo ansanm, monn nan ap toujou anba dominasyon moun ki enpafè ki pa ka rezoud pwoblèm nou te site pi wo yo. Wayòm Bondye a se sèl gouvènman ki gen pouvwa pou rezoud pwoblèm mondyal sa yo pou toutan.

Donk dapre Bib la, lafendimonn, monn mechan ki la jodi a, se pa yon bagay ki dwe fè bon moun yo pè. Okontrè, se yon bagay nou ta dwe ap tann ki pou rive, paske Bondye pral ranplase vye monn sa a ak monn nouvo ki estrawòdinè li pral bay la!

Ki lè tout bagay sa yo pral fèt? Atik ki vin apre a pral ede n jwenn repons Bib la bay sou sa.