Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan w ka viv nan yon monn tounèf?

Ki jan w ka viv nan yon monn tounèf?

Nan atik anvan yo nou te aprann Bondye pral fini ak vye monn mechan sa a, ansanm ak tout pwoblèm li yo. Nou ka sèten sa ap fèt vre. Poukisa? Paske Pawòl Bondye a, Labib, fè pwomès sa a:

“Se pase monn nan ap pase. 1 JAN 2:17.

Nou ka gen asirans gen moun k ap chape lè sa a piske vèsè pi wo a fè pwomès sa a tou:

“Moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan.”

Se sa k fè, si nou vle sove, nou dwe fè volonte Bondye. Pou nou konnen sa ki volonte Bondye, toudabò nou dwe aprann konnen l.

“APRANN KONNEN BONDYE” POU NOU KA CHAPE LÈ LAFEN AN

Men sa Jezi te di: “Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a.” (Jan 17:3). Pou n chape lè lafen an, e pou n viv pou toutan nou bezwen ‘aprann konnen Bondye’. Sa vle di plis pase jis kwè Bondye egziste oswa konnen kèk enfòmasyon sou li. Nou bezwen vin zanmi l. Si nou vle yon amitye vin solid, nou bezwen pase tan ak zanmi nou yo. Se menm bagay la tou si nou vle vin zanmi Bondye. Ann egzamine kèk verite enpòtan nou aprann nan Bib la ki ka ede nou devlope epi kenbe amitye sa a ak Bondye.

LI LABIB, PAWÒL BONDYE A, CHAK JOU

Ou ka chape lè lafendimonn nan lè w priye Bondye pou l ede w epi fè volonte l

Pou nou rete anvi nou manje regilyèman. Men Jezi te di: “Se pa manje sèlman moun bezwen pou yo viv, men yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Jewova.” (Matye 4:4).

Jodi a, nou jwenn pawòl Bondye yo nan Bib la. Pandan w ap etidye liv sakre sa a, ou pral aprann sa Bondye te fè nan tan lontan, sa l ap fè kounye a ak sa li pral fè alavni.

PRIYE BONDYE POU L EDE W

Ki sa w ka fè si w vle obeyi Bondye, men li difisil pou w sispann fè kèk bagay Bondye di ki pa bon? Nan ka sa a, lè w byen konnen Bondye sa ka vrèman ede w.

Ann konsidere egzanp yon dam nou bay non Sakura, ki t ap mennen yon vi imoral. Lè l te kòmanse etidye Labib, li te aprann kòmandman Bondye bay pou nou “kouri pou imoralite seksyèl”. (1 Korentyen 6:18.) Sakura te priye pou Bondye ba l fòs e l te reyisi sispann move abitid sa a. Men li te dwe toujou goumen ak tantasyon l yo. Men sa l di: “Lè panse imoral vin nan lespri m, mwen vide kè m bay Jewova nan lapriyè, paske m konnen mwen pa ka mennen batay sa a poukont mwen. Pouvwa lapriyè te fè m vin pi pwòch Jewova.” Menm jan ak Sakura, plizyè milyon moun vin aprann konnen Bondye. Li ba yo fòs yo bezwen pou yo fè chanjman nan lavi yo e pou yo viv yon fason ki fè l plezi. — Filipyen 4:13.

Plis nou aprann konnen Bondye pi byen, se plis “Bondye [ap] vin konnen nou” kòm yon zanmi ki gen anpil valè pou li (Galat 4:9; Sòm 25:14). Konsa, w ap vin kalifye pou w antre nan monn nouvo Bondye a. Men, ak ki sa monn nouvo sa a pral sanble? Atik ki vin apre a pral pale sou sa.

a Jewova se non Bondye jan Bib la montre sa.