Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ou ka prepare w depi kounye a pou pi bon monn ki toupre rive a

Yon paradi nan yon monn tounèf toupre rive!

Yon paradi nan yon monn tounèf toupre rive!

Bondye te kreye tè a pou moun ki fidèl yo kapab viv sou li pou toutan (Sòm 37:29). Li te mete premye gason an ak premye fi a, Adan ak Èv, nan bèl jaden Edenn nan, e li te ba yo menm ansanm ak desandan yo responsablite pou yo kiltive tè a e pou yo pran swen l. — Jenèz 1:28; 2:15.

Jodi a, monn nan pa sanble ditou ak paradi Bondye te vle a. Sepandan, Bondye pa chanje lide. Ki jan li pral reyalize objektif li te gen okòmansman an? Jan nou te wè sa nan atik anvan yo, se pa tè a Bondye pral detwi. Olye de sa, li pral pèmèt moun ki fidèl yo viv sou li. Lè Bondye pral reyalize pwomès li yo, ki jan lavi a pral ye sou tè a?

Yon gouvènman pou tout tè a

Talè konsa, lè gouvènman Bondye a ki nan syèl la pral dirije tout limanite, tè a pral tounen yon kote tout moun ap ka viv ak kè kontan nan tèt ansanm e y ap ka fè travay k ap ba yo satisfaksyon. Bondye te chwazi Jezi pou l dirije tè a. Kontrèman ak dirijan yo jodi a, ki pa vrèman enterese nan moun, Jezi diferan paske li toujou fè sa ki pi bon pou moun yo. Se lanmou ki pral baz gouvènman l lan, e li pral yon wa ki gen bonte, ki gen mizèrikòd e ki pa nan patipri. — Ezayi 11:4.

Tout moun sou tè a pral fè yon sèl

Nouvo sosyete moun ki pral viv sou tè a pap divize akoz nasyonalite oswa ras. Lèzòm pral tounen yon sèl pèp ki ini (Revelasyon 7:9, 10). Tout moun ki pral viv sou tè a pral renmen Bondye e yo pral renmen pwochen yo, e yo pral travay ansanm nan lapè pou yo reyalize objektif Bondye te gen okòmansman an pou yo pran swen kay yo a, anpalan de tè a. — Sòm 115:16.

Pral gen amoni nan anviwònman an

Lè Wayòm Bondye a pral dirije tè a, Kreyatè a pral pran kontwòl tout aspè ki gen nan klima a, yon fason pou l rete byen ekilibre (Sòm 24:1, 2). Lè Jezi te sou tè a li te bay yon apèsi sou pouvwa Bondye ba li lè l te kalme yon gwo tanpèt san l pa t menm fè anpil efò (Mak 4:39, 41). Anba dominasyon Kris la, pèsonn pap gen okenn rezon pou yo pè katastwòf natirèl. Anplis de sa, Wayòm Bondye a pral retabli amoni ki te gen okòmansman an ant lèzòm ak lanati a. — Oze 2:18.

Nou pral gen yon sante pafè e n pral gen manje agogo

Tout moun pral gen yon sante ki pafè. Pa gen moun k ap ni malad, ni vyeyi, ni mouri (Ezayi 35:5, 6). Tout moun pral pwofite yon bèl anviwònman ki pwòp, menm jan ak sa premye gason an ak premye fi a te genyen nan jaden Edenn nan. Menm jan sa te ye nan jaden Edenn nan, nan monn nouvo a, tè a pral pwodui manje agogo e tout moun k ap viv sou tè a pral gen manje an kantite (Jenèz 2:9). Menm jan ak Izrayèl tan lontan an, nasyon Bondye te chwazi a, tout moun nan paradi a pral “manje vant plen.” — Levitik 26:4, 5.

Bonjan lapè ak sekirite

Anba dominasyon Wayòm Bondye a ki pral dirije tout tè a, tout moun pral viv anpè e y ap trete youn lòt avèk bonte e san patipri. Pap gen lagè, abi pouvwa, e moun pap nan debat ak lavi a pou yo jwenn sa yo bezwen. Men pwomès Bib la fè: “Chak moun ap chita anba pye rezen yo ak pye fig frans yo, e pa gen pèsonn k ap vin fè yo pè.” — Miche 4:3, 4.

Tout moun pral gen yon bèl ti kote pou yo viv ak travay ki ba yo kè kontan

Chak fanmi pral gen yon kay san yo pa pè moun k ap vin mete yo deyò, e tout travay yo fè pral bay kè kontan. Jan Bib la di sa, moun k ap viv nan monn nouvo Bondye a “pap kraze kò yo travay pou granmesi,” oswa anven. — Ezayi 65:21-23.

Pi bon edikasyon an

Men sa Bib la pwomèt: “Tè a pral plen konesans sou Jewova”. (Ezayi 11:9.) Moun ki pral viv anba dominasyon Wayòm Bondye a pral aprann nan sajès ki san limit Kreyatè yo a, Jewova, genyen ak nan bèl bagay li kreye yo. Yo pap itilize konesans yo a pou yo fè zam oswa pou fè lòt moun mal (Ezayi 2:4). Olye de sa, yo pral aprann fason pou yo viv anpè youn ak lòt ak fason pou yo pran swen tè a. — Sòm 37:11.

Lavi ki pap janm fini an

Bondye te byen pran san l pou l prepare tè a yon fason pou nou byen pwofite chak grenn jou nan lavi nou. Li vle pou lèzòm viv sou tè a pou toutan (Sòm 37:29; Ezayi 45:18). Pou l ka reyalize objektif li te gen okòmansman an, Bondye pral “anglouti lanmò pou toutan”. (Ezayi 25:8.) Men sa Bib la pwomèt: “Pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò”. (Revelasyon 21:4.) Bondye pral bay ni moun li sove lè destriksyon vye monn mechan sa a, ni pakèt moun li pral resisite nan monn nouvo a opòtinite pou yo viv pou toutan. — Jan 5:28, 29; Travay 24:15.

Depi jodi a, plizyè milyon moun deja prepare yo pou yo viv anba dominasyon Wayòm Bondye a ki toupre rive. Byenke yo enpafè, yo deja ap fè efò pou yo vin kalite moun Bondye vle nan monn nouvo li a. Ki jan yo fè sa? Lè yo aprann konnen Jewova Dye ak sila a li te voye a Jezi Kris. — Jan 17:3.

Nou ankouraje w chèche jwenn plis enfòmasyon sou fason w ka chape lè lafendimonn nan e pou w viv nan pi bon monn ki toupre rive a. Ou ka aksepte yon etid Labib gratis avèk youn nan Temwen Jewova yo nan liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an.