Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 2

Leson nou aprann nan men “disip Jezi te renmen an”

Leson nou aprann nan men “disip Jezi te renmen an”

“Annou kontinye gen lanmou youn pou lòt, paske se nan Bondye lanmou soti.” — 1 JAN 4:7.

KANTIK 105 “Bondye se lanmou”

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki jan lanmou Bondye fè w santi w?

APOT Jan te ekri: “Bondye se lanmou.” ​(1 Jan 4:8). Pawòl senp sa yo fè nou sonje yon verite fondamantal: Bondye, li menm ki Sous lavi a, se li menm tou ki Sous lanmou. Jewova renmen nou! Lanmou l fè n santi nou an sekirite, nou kontan e nou santi nou byen.

2. Selon Matye 22:37-40, ki de pi gwo kòmandman ki genyen, e poukisa li ka difisil pou nou obeyi dezyèm nan?

2 Yon kretyen pa ka chwazi si l ap demontre lanmou oswa si l pap fè sa. Se yon lòd li resevwa. (Li Matye 22:37-40.) Lè nou vin konn Jewova byen, nou ka wè l fasil pou nou obeyi premye kòmandman an. Dayè, Jewova pa gen okenn enpèfeksyon nan li. Li gen sousi pou nou e li aji byen ak nou. Men, li ka pa fasil pou nou obeyi dezyèm kòmandman an. Sa k fè sa? Paske frè n ak sè n yo ki pami moun ki pi pwòch nou se moun ki enpafè. Pafwa yo ka di epi fè yon seri bagay ki ka fè nou santi yo pa enterese nan nou e yo pa aji byen ak nou. Jewova te konnen nou ka jwenn pwoblèm sa a, se sa k fè li te fè kèk moun ekri yon seri konsèy byen presi nan Bib la sou rezon ki fè nou dwe demontre lanmou youn pou lòt ak fason nou dwe fè sa. Youn nan moun sa yo se te Jan. — 1 Jan 3:11, 12.

3. Ki sa Jan te fè konnen?

3 Nan pawòl Jan ekri yo, plizyè fwa li fè konnen kretyen yo dwe gen lanmou. Anfèt, nan istwa Jan rakonte sou lavi Jezi, li sèvi ak mo “lanmou” ak “renmen” pi souvan pase twa lòt moun ki te ekri Evanjil yo met ansanm. Jan te gen anviwon santan lè l te ekri Evanjil ki pote non l lan ak twa lòt lèt yo. Istwa sa yo Bondye te enspire l pou l ekri yo montre lanmou dwe gide yon kretyen nan tout sa l ap fè (1 Jan 4:10, 11). Men, sa te pran anpil tan pou Jan te aprann leson sa a.

4. Èske Jan te toujou demontre lanmou pou lòt moun?

4 Lè Jan te jèn gason li pa t toujou demontre lanmou. Pa egzanp, yon lè, Jezi ak disip li yo te pase Samari pou y al Jerizalèm. Gen yon seri moun nan yon bouk nan Samari ki te refize akeyi yo. Ki fason Jan te reyaji? Li te mande si l mèt fè dife sot nan syèl la pou detwi tout moun ki te abite nan bouk la (Lik 9:52-56)! Nan yon lòt okazyon, Jan pa t demontre lanmou pou apot parèy li yo. Sanble li menm ak Jak, frè l la, te eseye konvenk manman yo pou l mande Jezi pou ba yo gwo pozisyon bò kote l nan Wayòm nan. Lè lòt apot yo vin konn sa Jak ak Jan te fè a, yo te fache anpil (Mat. 20:20, 21, 24)! Men, malgre tout erè Jan te fè yo, Jezi te renmen l. — Jan 21:7.

5. Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

5 Nan atik sa a, nou pral egzamine egzanp Jan ak kèk bagay li te ekri sou lanmou. Pandan n ap fè sa, n ap aprann fason nou ka montre lanmou pou frè n ak sè n yo. Nou pral aprann tou jan l enpòtan pou yon chèf fanmi montre li renmen fanmi l.

FASON POU NOU MONTRE NOU GEN LANMOU

Jewova te bay prèv li renmen nou lè l te voye Pitit Gason l lan sou tè a vin mouri pou nou. (Gade paragraf 6-7.)

6. Ki fason Jewova montre li renmen nou?

6 Souvan nou konn panse lanmou se yon santiman moun demontre nan bèl pawòl yo di. Men, lanmou toutbon an dwe mache ak yon seri bèl aksyon. (Konpare ak Jak 2:17, 26.) Pa egzanp, Jewova renmen nou (1 Jan 4:19). Li sèvi ak bèl pawòl ki nan Bib la pou l fè n konn sa (Sòm 25:10; Women 8:38, 39). Sepandan, nou gen konviksyon Bondye renmen nou, nonsèlman paske l di sa, men tou, paske li montre nou sa. Men sa Jan te ekri: “Lanmou Bondye te parèt aklè nan ka pa nou, paske Bondye te voye sèl Pitit li fè a nan monn nan, pou nou ka jwenn lavi grasa li.” ​(1 Jan 4:9). Jewova te pèmèt Pitit li a li renmen anpil soufri epi mouri pou nou (Jan 3:16). Èske sa se pa yon prèv ki montre Jewova renmen nou toutbon?

7. Ki sa Jezi te fè pou l montre li renmen nou?

7 Jezi te fè disip li yo konnen li gen afeksyon pou yo (Jan 13:1; 15:15). Li te montre jan l renmen yo e jan l renmen nou tou, nonsèlman nan sa l te di, men tou, nan sa l te fè. Men sa Jezi te di: “Pèsonn pa gen yon pi gwo lanmou pase yon moun ki bay lavi l pou zanmi l.” ​(Jan 15:13). Lè nou reflechi ak sa Jewova ak Jezi fè pou nou, ki sa sa ta dwe pouse nou fè?

8. Ki sa 1 Jan 3:18 di nou dwe fè?

8 Nou montre nou renmen Jewova ak Jezi lè nou obeyi yo (Jan 14:15; 1 Jan 5:3). Jezi te ban nou lòd byen klè pou nou renmen youn lòt (Jan 13:34, 35). Nou dwe montre nou renmen frè n ak sè n yo, nonsèlman nan pawòl n ap di, men tou, nan fason nou aji. (Li 1 Jan 3:18.) Ki bagay konsa nou ka fè pou nou montre nou renmen yo?

RENMEN FRÈ N AK SÈ N YO

9. Ki sa lanmou te pouse Jan fè?

9 Jan te kapab ret travay ansanm ak papa l epi fè lajan nan biznis lapèch fanmi an te genyen an. Men, li te pito konsakre tout rès vi l nan ede lòt moun aprann laverite sou Jewova ak Jezi. Lavi Jan te chwazi a pa t fasil. Yo te pèsekite l, e prèske nan fen premye syèk la , lè l te vin granmoun anpil, yo te egzile l (Tra. 3:1; 4:1-3; 5:18; Rev. 1:9). Menm lè Jan te nan prizon poutèt li t ap preche konsènan Jezi, li te montre nan aksyon l li te renmen moun. Pa egzanp, lè l te sou zile Patmòs, li te ekri revelasyon li te resevwa a e li te voye l bay kongregasyon yo pou yo te ka konnen sa ki “gen pou rive talè konsa”. (Rev. 1:1.) Annapre, petèt se lè Jan te sot nan prizon sou zile Patmòs li te ekri Evanjil ki te pale de lavi Jezi ak travay predikasyon li te fè a. Li te ekri twa lòt lèt pou l te ka ankouraje frè ak sè yo. Ki jan nou ka imite Jan ki te mennen yon vi sakrifis?

10. Ki jan w ka montre w renmen moun?

10 Ou ka montre ou se yon moun ki renmen moun, nan sa w chwazi fè ak lavi w. Sistèm Satan an ankouraje w panse ak tèt ou sèlman, pou w chèche fè anpil lajan oswa pou w chèche gen gwo renome. Yon lòt bò, pwoklamatè Wayòm nan sou tout tè a pa wè tèt yo sèlman. Okontrè, yo pase kantite tan yo kapab nan preche bon nouvèl la ak nan ede lòt moun pwoche bò kot Jewova. Gen nan yo ki menm rive antre nan sèvis aplentan pou yo preche e pou yo anseye plis.

Sa nou fè pou frè n ak sè n yo e pou fanmi nou montre nou renmen yo. (Gade paragraf 11, 17.) *

11. Ki jan anpil pwoklamatè fidèl montre yo renmen Jewova e yo renmen frè ak sè yo?

11 Gen anpil kretyen fidèl ki oblije travay aplentan pou yo ka pran swen tèt yo ak fanmi yo. Menm lè sa a, pwoklamatè fidèl sa yo soutni òganizasyon Bondye a tout jan yo kapab. Pa egzanp, gen kèk ladan yo ki bay èd lè gen katastwòf. Gen lòt ki travay nan pwojè konstriksyon, e tout moun kapab bay kòb pou travay mondyal la. Yo fè tout sa, paske yo renmen Bondye e yo renmen pwochen yo. Chak semèn, nou montre nou renmen frè n ak sè n yo lè nou asiste reyinyon nan kongregasyon an e lè nou patisipe ladan yo. Menm lè nou fatige, nou la nan reyinyon yo. Menm lè nou ka pè pale, nou fè kòmantè. Menm lè nou chak gen pwoblèm pa nou, nou ankouraje youn lòt anvan oswa apre reyinyon yo (Ebre 10:24, 25). Se pa ti rekonesans nou genyen pou travay pwoklamatè parèy nou yo fè!

12. Bay yon lòt fason Jan te montre li renmen frè l ak sè l yo.

12 Jan te montre li renmen frè l ak sè l yo, nonsèlman lè l te felisite yo, men tou, lè l te ba yo konsèy. Pa egzanp, nan lèt Jan te ekri yo, li te felisite frè l ak sè l yo pou lafwa yo e pou bèl aksyon yo te fè. Men tou, li te ba yo kèk konsèy klè anrapò ak peche (1 Jan 1:8–2:1, 13, 14). Menm jan an tou, nou bezwen felisite frè n ak sè n yo pou bon bagay yo fè. Men, si yon moun kòmanse gen yon move konpòtman oswa yon move abitid, n ap montre nou renmen l lè nou pale avè l sou sa, san nou pa blese santiman l. Sa mande kouraj pou n bay yon zanmi konsèy, men, Bib la di bon zanmi yo ede oswa korije youn lòt. — Pwo. 27:17.

13. Ki sa nou dwe evite fè?

13 Pafwa, gen bagay nou pa fè ki montre nou renmen frè n ak sè n yo. Pa egzanp, nou pa kouri fache pou sa yo di. Ann wè yon bagay ki te rive nan fen lavi Jezi sou tè a. Li te di disip li yo yo dwe manje chè l e yo dwe bwè san l pou yo gen lavi (Jan 6:53-57). Pawòl sa yo te tèlman chokan, anpil nan disip yo te abandone l. Men, sa ki te zanmi l toutbon yo pa t fè sa, e Jan se te youn ladan yo. Yo te ret fidèl avè l. Yo pa t konprann sa Jezi te di a, e petèt sa te fè yo sezi. Men, zanmi fidèl Jezi yo pa t kouri panse sa l te di a pa t bon, e yo pa t fache pou sa. Okontrè, yo te fè l konfyans paske yo te konnen li te toujou di laverite (Jan 6:60, 66-69). Li enpòtan anpil pou nou pa kouri fache pou sa zanmi nou di! Okontrè, n ap ba yo okazyon pou yo esplike sa yo te vle di. — Pwo. 18:13; Ekl. 7:9.

14. Poukisa nou pa dwe janm rayi frè n ak sè n yo?

14 Jan te fè konnen tou pou nou pa rayi frè n ak sè n yo. Si nou pa koute konsèy sa a, n ap bay Satan okazyon pou l fè sa l vle avè n (1 Jan 2:11; 3:15). Sa te rive kèk moun ki t ap viv nan fen premye syèk epòk nou an. Nan epòk sa a, Satan te fè tout sa l kapab pou l simen divizyon nan mitan pèp Bondye a. Anvan Jan te fin ekri lèt li yo, gen yon seri mesye ki te eseye aji menm jan ak Satan ki te fofile kò yo nan kongregasyon an. Pa egzanp, Dyotrèf te met gwo divizyon nan kongregasyon an (3 Jan 9, 10). Li pa t gen respè pou reprezantan kolèj santral la ki te vin vizite yo. Li te menm eseye met moun ki t ap akeyi moun li pa renmen yo deyò nan kongregasyon an. Ala derespektan! Satan toujou ap eseye fè tout sa l kapab pou l simen divizyon nan mitan pèp Bondye a jodi a yon fason pou l fè yo fè sa l vle. Nou pa dwe janm rayi frè n ak sè n yo, e nou pa dwe janm sispann ankouraje yo.

RENMEN FANMI W

Jezi te di Jan pou l pran swen manman l e pou l ede l kontinye gen bon relasyon ak Jewova. Jodi a tou, chèf fanmi yo dwe pran swen fanmi yo. (Gade paragraf 15-16.)

15. Ki sa yon chèf fanmi dwe sonje?

15 Youn nan fason enpòtan yon chèf fanmi montre li renmen fanmi l se lè l ba yo sa yo bezwen pou yo viv (1 Tim. 5:8). Sepandan, li dwe sonje li pi enpòtan lontan pou l ede fanmi l gen bon relasyon ak Jewova (Mat. 5:3). Ann wè bèl egzanp Jezi te bay chèf fanmi yo. Selon Evanjil Jan an, pandan Jezi t ap mouri sou poto soufrans lan, li te kontinye panse ak fanmi l. Jan te kanpe bò kot Mari, manman Jezi, nan zòn yo te touye Jezi a. Malgre Jezi t ap soufri anpil, li te di Jan pou l pran swen Mari (Jan 19:26, 27). Jezi te gen frè ak sè petèt ki te kapab bay Mari sa l bezwen pou l viv, men, sanble okenn nan yo potko vin disip li. Se sa k fè Jezi te vle gen asirans gen yon moun k ap pran swen Mari e k ap ankouraje l kontinye sèvi Jewova.

16. Ki gwo responsablite Jan te gen sou do l?

16 Jan te gen yon gwo responsablite sou do l. Antanke yon apot, li te gen anpil responsablite nan travay predikasyon an. Petèt Jan te marye. Si se sa, li t ap bezwen pran swen fanmi l toutpandan l t ap ede yo gen bon relasyon ak Bondye (1 Kor. 9:5). Jodi a, ki sa chèf fanmi yo ka aprann nan egzanp sa a?

17. Poukisa li enpòtan pou yon chèf fanmi ede fanmi l kontinye sèvi Jewova?

17 Yon frè ki yon chèf fanmi ka gen anpil gwo responsablite sou do l. Pa egzanp, lè l nan travay li, li dwe travay di. Konsa, bon konduit li genyen ap fè Jewova jwenn glwa (Efe. 6:5, 6; Tit 2:9, 10). Epitou, li ka gen anpil responsablite nan kongregasyon an. Pa egzanp, li ka gen vizit pastoral pou l fè epi pou l pran latèt nan travay predikasyon an. Anmenmtan tou, li enpòtan pou l etidye Labib ak madanm li ak pitit li regilyèman. Y ap vrèman apresye efò l fè pou l bay fanmi an sa yo bezwen pou yo viv, pou l ba yo afeksyon e pou l ankouraje yo kontinye sèvi Jewova. — Efe. 5:28, 29; 6:4.

“RETE NAN LANMOU MWEN”

18. Ki asirans Jan te genyen?

18 Jan te viv lontan e l te fè anpil eksperyans. Li te jwenn tout kalite difikilte ki te ka fè lafwa l febli. Men, li te toujou fè tout sa l kapab pou l obeyi lòd Jezi yo, san wete lòd li te bay pou l renmen frè l ak sè l yo. Piske Jan te fè sa, li te gen asirans Jewova ak Jezi renmen l e yo t ap ba l fòs li te bezwen pou l andire nenpòt eprèv (Jan 14:15-17; 15:10; 1 Jan 4:16). Satan ak monn li an pa t ka fè anyen pou anpeche Jan renmen frè l ak sè l yo, nitou, yo pa t ka anpeche l montre lanmou sa a nan pawòl li ak nan aksyon l.

19. Ki sa 1 Jan 4:7 ankouraje nou fè, e poukisa?

19 Menm jan ak apot Jan, n ap viv nan yon monn ki anba pouvwa Satan, dye sistèm sa a ki rayi moun (1 Jan 3:1, 10). Byenke li vle pou n sispann renmen frè n ak sè n yo, li pa ka fòse nou fè sa, se nou menm sèlman ki ka pèmèt sa. Nou dwe pran detèminasyon pou nou renmen frè n ak sè n yo, pou n montre yo sa nan sa n ap di, e pou sa parèt aklè nan sa n ap fè. Lè nou fè sa, n ap kontan fè pati fanmi Jewova a, e n ap gen anpil kè kontan nan lavi n. — Li 1 Jan 4:7.

KANTIK 88 Ede m konn chemen w yo

^ § 5 Sandout se apot Jan Bib la rele “disip Jezi te renmen an”. (Jan 21:7.) Menm lè Jan te yon jèn gason, li dwe te gen anpil bèl kalite. Plizyè ane annapre, Jewova te itilize l pou l ekri anpil bagay sou lanmou. Nan atik sa a, nou pral pale sou kèk nan bagay Jan te ekri yo e nou pral egzamine sa nou ka aprann nan egzanp li.

^ § 59 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon chèf fanmi ki gen anpil responsablite k ap patisipe nan travay pote sekou apre yon katastwòf, l ap bay ofrann pou l soutni travay mondyal la, e li envite lòt moun nan adorasyon l ap fè ak fanmi l.