Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 7

Ann chèche konprann otorite ansyen yo gen nan kongregasyon an

Ann chèche konprann otorite ansyen yo gen nan kongregasyon an

“Kris se chèf kongregasyon an, ki se kò li, e li se yon sovè pou li.” — EFE. 5:23.

KANTIK 137 Bèl egzanp medam tan lontan yo ak sè n yo bay

SA NOU PRAL WÈ *

1. Bay youn nan rezon ki fè fanmi Jewova a gen tèt ansanm.

NOU kontan fè pati fanmi Jewova a. Sa k fè fanmi nou ladan l lan gen lapè ak tèt ansanm konsa? Youn nan rezon yo se paske nou tout fè tout sa nou kapab pou nou respekte moun Jewova bay otorite. Anfèt, plis nou konprann dispozisyon Jewova pran pou gen otorite a se plis nou gen tèt ansanm.

2. Ki kesyon nou pral reponn nan atik sa a?

2 Nan atik sa a, nou pral pale sou otorite nan kongregasyon an. Epitou, nou pral reponn kesyon ki vin annapre yo: Ki travay Jewova bay sè yo? Èske se vre tout frè yo se chèf tout sè yo? Èske otorite ansyen yo genyen sou frè ak sè yo se menm ak otorite chèf fanmi yo genyen sou madanm yo ak pitit yo? Toudabò, ann wè ki jan nou dwe wè sè yo.

KI JAN NOU DWE WÈ SÈ YO?

3. Ki jan nou ka vin gen plis apresyasyon pou travay sè nou yo ap fè?

3 Nou apresye sè nou yo k ap travay di pou pran swen fanmi yo, pou preche bon nouvèl la e pou soutni kongregasyon an. Nou ka vin gen plis apresyasyon pou yo lè nou reflechi sou fason Jewova ak Jezi wè yo. Yon lòt bagay k ap ede nou tou, se lè nou reflechi sou fason apot Pòl te konn aji ak fi.

4. Ki jan Labib montre Jewova bay ni fi ni gason anpil valè?

4 Labib montre Jewova bay ni fi ni gason anpil valè. Pa egzanp, Labib montre, nan premye syèk la, Jewova te bay ni fi ni gason lespri sen e li te ba yo pouvwa pou yo fè mirak, pa egzanp yo te pale divès lang (Tra. 2:1-4, 15-18). Bondye te chwazi ni fi ni gason pa mwayen lespri sen pou y al dirije ak Kris (Gal. 3:26-29). Ni fi ni gason pral jwenn lavi ki pap janm fini sou tè a kòm rekonpans (Rev. 7:9, 10, 13-15). E ni fi ni gason gen responsablite pou yo preche e pou yo anseye bon nouvèl la (Mat. 28:19, 20). Pa egzanp, liv Travay la pale de yon sè ki te rele Prisil. Li menm ak Akila, mari l, te esplike Apolòs, yon mesye ki te gen gwo fòmasyon, laverite yon fason ki pi egzak toujou. — Tra. 18:24-26.

5. Ki jan pawòl nou jwenn nan Lik 10:38, 39, 42 yo montre Jezi te respekte fi?

5 Jezi te onore fi e li te respekte yo. Li pa t suiv koutim Farizyen yo. Mesye sa yo te konn meprize medam yo e yo pa t menm konn pale avè yo devan lòt moun, alewè pou yo ta pale avèk yo sou Ekriti yo. Okontrè, Jezi te konn pale sou yon seri verite ki enpòtan ni ak fi ni ak gason *. (Li Lik 10:38, 39, 42.) Epitou, li te konn kite fi yo al ansanm avè l lè l pral preche (Lik 8:1-3). E Jezi te onore fi yo lè l te mande yo pou y al fè apot yo konnen li resisite. — Jan 20:16-18.

6. Ki jan apot Pòl te montre li respekte fi?

6 Apot Pòl te fè Timote sonje jan sa enpòtan pou l onore medam yo. Li te mande Timote pou l aji ak “granmoun fi yo tankou se te manman [l]” e pou l wè “jèn medam yo tankou se te sè [l]”. (1 Tim. 5:1, 2.) Pòl te ede Timote anpil pou l vin yon kretyen ki gen matirite. Sepandan, Pòl te rekonèt se manman Timote ak grann li ki te kòmanse ede Timote konnen “sa ki ekri nan liv sakre yo”. (2 Tim. 1:5; 3:14, 15.) Nan lèt Pòl te voye bay kretyen nan vil Wòm yo, li te voye salye plizyè sè nan non yo. Nonsèlman Pòl te remake travay sè sa yo te fè, men tou, li te di yo mèsi pou sa. — Wom. 16:1-4, 6, 12; Flp. 4:3.

7. Ki kesyon nou pral egzamine kounye a?

7 Jan nou te wè sa nan paragraf anvan yo, pa gen okenn kote nan Bib la ki montre sè yo gen mwens enpòtans pase frè yo. Sè nou yo ki gen lanmou e ki renmen bay ede kongregasyon an anpil, e ansyen yo konte sou èd yo pou kontinye gen lapè ak tèt ansanm nan kongregasyon an. Men, gen kèk kesyon ki merite repons. Pa egzanp: Poukisa Jewova mande yon sè pou l kouvri tèt li nan kèk sitiyasyon? Piske se sèlman frè ki kapab ansyen ak sèvitè ministeryèl, èske sa vle di tout frè yo se chèf tout sè yo nan kongregasyon an?

ÈSKE TOUT FRÈ YO SE CHÈF TOUT SÈ YO?

8. Selon Efezyen 5:23, èske tout frè yo se chèf tout sè yo? Esplike.

8 Repons lan se non! Se pa yon frè ki chèf tout sè yo nan kongregasyon an, se Kris ki chèf yo. (Li Efezyen 5:23.) Nan yon fanmi, se mari a ki gen otorite sou madanm nan. Yon pitit gason ki batize pa chèf manman l (Efe. 6:1, 2). Nan kongregasyon an, se kèk otorite sèlman ansyen yo genyen sou frè ak sè yo (1 Tes. 5:12; Ebre 13:17). Sè ki selibatè ki pap viv lakay papa yo ak manman yo ankò kontinye gen respè pou paran yo ak ansyen yo. Sepandan, menm jan ak frè yo nan kongregasyon an, yo gen yon sèl chèf: Jezi.

Selibatè ki pap viv lakay paran yo ankò anba otorite Jezi. (Gade paragraf 8.)

9. Poukisa pafwa sè yo dwe kouvri tèt yo?

9 Se vre, se gason Jewova mete pou pran latèt nan ansèyman k ap bay nan kongregasyon an ak nan adorasyon n ap ba li a, e li pa bay fi menm otorite sa a (1 Tim. 2:12). Pou ki rezon? Pou menm rezon li mete Jezi chèf gason yo: pou kapab gen lòd nan kongregasyon an. Si gen sitiyasyon ki mande pou yon sè fè yon travay nòmalman se yon frè ki ta dwe fè l, nan ka sa a, Jewova mande pou sè a kouvri tèt li * (1 Kor. 11:4-7). Se pa paske Jewova vle rabese sè yo ki fè l mande yo sa, men se paske li vle yo respekte dispozisyon li pran pou l bay moun kèk otorite. Kounye a, ann reponn kesyon ki vin annapre a: Ki otorite chèf fanmi yo ak ansyen yo genyen?

OTORITE CHÈF FANMI YO AK ANSYEN YO GENYEN

10. Ki sa k ka fè yon ansyen gen tandans met yon seri règ li panse k ap bon pou kongregasyon an?

10 Ansyen yo renmen Kris, e yo renmen “ti mouton” Jewova ak Jezi mande pou yo pran swen yo (Jan 21:15-17). Yon ansyen gendwa tèlman gen sousi pou kongregasyon an, sa ka fè l panse li tankou yon papa pou frè ak sè yo. Li ka panse si yon chèf fanmi gen dwa pou l met yon seri règ pou pwoteje fanmi l, antanke ansyen, li kapab met yon seri règ li panse k ap pwoteje ti mouton Bondye yo. E gen kèk frè ak sè ki ka ankouraje ansyen yo nan sans sa a lè yo mande ansyen yo pran desizyon pou yo. Men, èske ansyen nan kongregasyon an ak chèf fanmi yo gen menm otorite?

Ansyen yo ede frè ak sè yo nan kongregasyon an rete pwòch ak Jewova e yo fè yo santi yo renmen yo. Jewova ba yo responsablite pou yo retire moun ki fè peche e ki pa repanti nan kongregasyon an. (Gade paragraf 11-12.)

11. Nan ki sans wòl chèf fanmi yo sanble ak wòl ansyen yo?

11 Apot Pòl te fè konprann nan yon sans wòl yon chèf fanmi sanble ak wòl yon ansyen (1 Tim. 3:4, 5). Pa egzanp, Jewova vle pou moun nan yon fanmi obeyi chèf fanmi an (Kol. 3:20). E li vle pou moun nan kongregasyon an obeyi ansyen yo. Jewova atann pou chèf fanmi yo ak ansyen yo asire yo moun ki sou responsablite yo gen bon relasyon avè l. Anplis de sa, ansyen yo ak chèf fanmi yo asire yo moun ki anba otorite yo santi yo renmen yo. E menm jan ak tout bon chèf fanmi, ansyen yo asire yo moun yo nan kongregasyon an jwenn èd nan moman difisil (Jak 2:15-17). Mete sou sa, Jewova atann pou ansyen yo ak chèf fanmi yo ede moun ki anba otorite yo respekte prensip li yo epi pou yo “pa ale pi lwen pase sa ki ekri” nan Bib la. — 1 Kor. 4:6.

Chèf fanmi yo jwenn otorite nan men Jewova pou yo pran latèt nan fanmi yo. Anvan yon bon chèf fanmi pran desizyon, l ap pale sou sa ak madanm li. (Gade paragraf 13.)

12-13. Jan sa parèt nan Women 7:2, ki diferans ki genyen ant wòl chèf fanmi yo ak wòl ansyen yo?

12 Sepandan, gen gwo diferans ant wòl yon ansyen ak wòl yon chèf fanmi. Pa egzanp, Jewova mande ansyen yo pou yo aji kòm jij e li ba yo responsablite pou yo retire moun ki fè peche e ki pa repanti nan kongregasyon an. — 1 Kor. 5:11-13.

13 Yon lòt bò, Jewova bay chèf fanmi yo kèk otorite li pa bay ansyen yo. Pa egzanp, li bay yon chèf fanmi otorite pou l met yon seri règ pou fanmi l epi pou l veye pou yo respekte règ sa yo. (Li Women 7:2.) Pa egzanp, yon chèf fanmi gen dwa deside akilè pou pitit li antre lakay li aswè. Li gen otorite tou pou l disipline pitit li si yo pa obeyi règ sa a (Efe. 6:1). Nòmalman, yon chèf fanmi ki gen lanmou ap pale ak madanm li anvan l bay règ sa yo nan kay la. Dayè, yo de a se “yon sèl chè” *. — Mat. 19:6.

RESPEKTE KRIS ANTANKE CHÈF KONGREGASYON AN

Jezi ap dirije kongregasyon an anba otorite Jewova. (Gade paragraf 14.)

14. a) Selon sa nou wè nan Mak 10:45, poukisa li nòmal pou Jewova mete Jezi chèf kongregasyon an? b) Ki responsablite Kolèj santral la genyen? (Gade kare ki gen tit “ Responsablite Kolèj santral la”.)

14 Pa mwayen ranson an, Jewova achte lavi chak moun nan kongregasyon an ak lavi tout lòt moun k ap gen pou met lafwa nan Jezi. (Li Mak 10:45; Tra. 20:28; 1 Kor. 15:21, 22.) Donk, piske Jezi bay lavi l kòm ranson, se nòmal pou Jewova mete l chèf kongregasyon an. Antanke chèf nou, Jezi gen otorite pou l met yon seri règ sou fason pou chak moun, pou fanmi yo e pou tout kongregasyon an konpòte yo, e li gen dwa veye pou yo respekte règ sa yo (Gal. 6:2). Sepandan, Jezi pa annik kontante l mete yon seri règ, men tou, li pran swen nou chak e li montre li renmen nou. — Efe. 5:29.

15-16. Ki sa nou aprann nan sa yon sè ki rele Marley ak yon frè ki rele Benjamin di?

15 Sè yo montre yo respekte Kris lè yo suiv direksyon ansyen yo bay, paske se Kris ki bay ansyen yo responsablite pou pran swen yo. Anpil sè ap dakò ak Marley, yon sè k ap viv Ozetazini, ki di: “Mwen bay plas mwen antanke madanm e antanke sè nan kongregasyon an anpil enpòtans. Mwen bezwen fè anpil efò pou m respekte otorite Jewova bay mari m ak ansyen yo. Men, mari m ak frè nan kongregasyon an ede m anpil nan sans sa a paske yo respekte m e yo montre yo apresye sa m fè.”

16 Frè yo montre yo konprann dispozisyon Jewova pran pou gen otorite a lefètke yo respekte sè yo e yo onore yo. Men sa yon frè ki rele Benjamin k ap viv ann Angletè di: “Mwen aprann anpil bagay nan kòmantè sè yo fè nan reyinyon yo ak lè y ap pale sou metòd yo itilize pou yo etidye e pou yo pi efikas nan travay preche ak fè disip la. Mwen kwè travay y ap fè a gen anpil valè.”

17. Poukisa nou dwe respekte dispozisyon Jewova pran pou l bay moun kèk otorite?

17 Lè tout moun nan kongregasyon an, gason yo, fi yo, chèf fanmi yo ak ansyen yo, konprann dispozisyon Jewova pran pou l bay moun kèk otorite e yo respekte sa, gen lapè nan kongregasyon an. E sa k pi enpòtan an, nou bay Jewova, Papa nou an ki nan syèl la ki renmen nou, anpil louwanj. — Sòm 150:6.

KANTIK 123 Annou soumèt anba direksyon Bondye

^ § 5 Ki travay Jewova bay sè yo nan kongregasyon an? Èske tout frè yo se chèf tout sè yo? Èske otorite ansyen yo genyen an se menm ak otorite chèf fanmi yo genyen? Nan atik sa a, nou pral wè ki jan kèk egzanp ki nan Pawòl Bondye a ap ede nou reponn kesyon sa yo.

^ § 5 Gade paragraf 6 nan atik ki gen tit “Ann ankouraje sè nou yo”, ki parèt nan Toudegad septanm 2020.

^ § 9 Gade kare ki gen tit “ Ki lè yon sè dwe kouvri tèt li?

^ § 13 Pou n ka konnen kiyès ki dwe deside nan ki kongregasyon yon fanmi ap asiste reyinyon, gade paragraf 17-19 nan atik ki gen tit “Respekte plas chak moun nan kongregasyon Jewova a”, ki parèt nan Toudegad out 2020.

^ § 59 Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou kesyon kouvri tèt la, gade liv Rete nan lanmou Bondye”, paj 209-212.

^ § 64 Pou nou pi byen konprann responsablite Kolèj santral la, gade Toudegad 15 jiyè 2013, paj 20-25.