Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 11

Fason pou n jwenn fòs nan Pawòl Bondye a

Fason pou n jwenn fòs nan Pawòl Bondye a

“Bondye [...] bay andirans.” — WOM. 15:5.

KANTIK 94 Nou gen rekonesans pou Pawòl Bondye a

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki eprèv konsa sèvitè Jewova yo ka jwenn?

ÈSKE w ap andire yon gwo eprèv? Petèt gen yon moun nan kongregasyon an ki fè w yon bagay ki fè w mal anpil (Jak 3:2). Petèt moun nan travay ou oswa elèv nan lekòl ou ap pase w nan rizib paske w ap sèvi Jewova (1 Pyè 4:3, 4). Oswa moun nan fanmi w gendwa pa vle w al nan reyinyon oubyen pale de Jewova ak lòt moun (Mat. 10:35, 36). Si w ap fè fas ak yon eprèv ki rèd anpil, ou gendwa santi l ap pi bon si w sispann sèvi Jewova. Men, ou mèt gen asirans kèlkeswa pwoblèm ou jwenn, Jewova ap ba w sajès ak fòs pou w andire l.

2. Selon Women 15:4, lè nou li Pawòl Bondye a, ki efè sa kapab gen sou nou?

2 Jewova te fè ekri yon seri egzanp nan Pawòl li a ki montre fason moun enpafè te rive andire gwo eprèv. Poukisa l te fè sa? Se pou nou kapab aprann nan egzanp moun sa yo. Se sa Jewova te pouse apot Pòl ekri. (Li Women 15:4.) Lè nou li istwa sa yo, n ap ka jwenn konsolasyon e n ap vin gen esperans. Sepandan, pou nou byen pwofite yo nou bezwen fè plis pase annik li Labib, nou dwe kite Pawòl Bondye a chanje fason nou panse e nou dwe kite l touche kè nou. Ki sa n ka fè si n bezwen konsèy sou fason pou n fè fas ak yon pwoblèm? Nou kapab sèvi ak metòd ki annapre a ki gen kat etap: 1Priye, 2imajine sitiyasyon an, 3medite, 4aplike. Nou pral wè ki sa chak etap sa yo gen ladan yo *. Epi n ap sèvi ak metòd sa a pou nou aprann nan sa k te pase nan lavi wa David ak apot Pòl.

1. PRIYE

Anvan w kòmanse li Bib la mande Jewova pou l ede w wè fason sa w pral li yo ka itil ou. (Gade paragraf 3.)

3. Anvan w kòmanse li Bib la, ki sa w ta dwe fè, e poukisa?

3 1Priye. Anvan w kòmanse li Bib la mande Jewova pou l ede w wè ki jan sa w pral li yo kapab itil ou. Pa egzanp, si w gen yon pwoblèm e w bezwen konn ki sa pou w fè, mande Jewova pou l ede w jwenn prensip nan Pawòl li a ki kapab gide w. — Flp. 4:6, 7; Jak 1:5.

2. IMAJINE SITIYASYON AN

Eseye mete w nan plas moun y ap pale de li nan istwa a. (Gade paragraf 4.)

4. Ki sa k ka ede w viv yon istwa w ap li nan Bib la?

4 2Imajine sitiyasyon an. Jewova ban nou yon bèl kapasite, se kapasite pou nou imajine. Lè w ap li yon istwa nan Bib la, pou w ka viv li, eseye imajine sitiyasyon an epi mete w nan plas moun y ap pale de li nan istwa a. Eseye wè sa moun nan wè yo epi viv sa l santi yo. 

3. MEDITE

Byen reflechi sou sa w li a epi chèche wè ki rapò sa w li a gen avè w. (Gade paragraf 5.)

5. Ki sa medite vle di, e ki jan w ka medite?

5 3Medite. Medite vle di byen reflechi sou sa w li a epi chèche wè ki rapò sa w li a gen avè w. Li ede w wè ki rapò yon ide gen avèk yon lòt ide pou w pi byen konprann yon sijè. Lè yon moun li Bib la san l pa medite, li sanble ak yon moun k ap gade pakèt pyès yon jwèt pasyans ki sou yon tab epi l pa kole yo ansanm. Lè yon moun ap medite, se kòmsi l ap kole tout pyès yo ansanm jiskaske l rive wè tout imaj la. Lè w ap medite, ou ka poze tèt ou kesyon ki vin annapre yo epi chèche jwenn repons yo: ‘Ki sa moun y ap pale de li nan istwa a te fè pou l rezoud pwoblèm li te genyen yo? Ki jan Jewova te ede l? Ki jan m ka sèvi ak leson mwen aprann yo pou m ka andire eprèv mwen jwenn?’

4. APLIKE

Sèvi ak sa w aprann yo pou w ka pran pi bon desizyon, pou w vin pi anpè e pou lafwa w vin pi solid. (Gade paragraf 6.)

6. Poukisa nou dwe aplike sa nou aprann?

6 4Aplike. Jezi te di, si nou pa aplike sa nou aprann, nou sanble ak yon moun ki bati kay li sou sab. Se vre moun nan travay di, men se pou granmesi. Sa k fè sa? Paske lè gwo van k ap soufle ak gwo dlo k ap desann frape kay li a ak anpil fòs, l ap kraze (Mat. 7:24-27). Menm jan an tou, si nou priye, nou imajine sitiyasyon an epi nou medite, men nou pa aplike sa nou aprann, sa pap itil nou anyen. Lè nou jwenn eprèv oswa pèsekisyon, lafwa nou ap febli. Yon lòt bò, lè nou etidye e nou aplike sa nou aprann yo, n ap ka pran pi bon desizyon, n ap santi n pi anpè e lafwa nou ap vin pi solid (Eza. 48:17, 18). Ann sèvi ak kat etap nou sot egzamine yo pou n wè sa nou ka aprann nan yon pwoblèm ki te rive nan lavi wa David.

KI SA NOU KA APRANN NAN EGZANP WA DAVID?

7. Sou ki istwa nan Bib la nou pral pale kounye a?

7 Èske yon zanmi w oswa yon moun nan fanmi w te trayi konfyans ou? Si sa te rive w, ou kapab aprann nan sa k te rive wa David lè Absalon, pitit gason l, te trayi l e l te eseye pran pouvwa a nan men l. — 2 Sam. 15:5-14, 31; 18:6-14.

8. Ki sa w ka fè pou Jewova ede w?

8 1Priye. Pandan w ap panse ak istwa a, fè Jewova konnen ki jan w santi w lefètke yo te mal aji avè w (Sòm 6:6-9). Fè Jewova konn egzakteman sa w santi. Apre sa, mande l ede w wè prensip ki kapab gide w pandan w ap fè fas ak sitiyasyon difisil sa a.

9. Ki sa k te pase ant David ak Absalon?

9 2Imajine sitiyasyon an. Reflechi sou sa k te rive nan istwa sa a, epi imajine jan sa te fè wa David mal. Absalon, pwòp pitit gason David, te pase plizyè ane ap chèche fè pèp la renmen l (2 Sam. 15:7). Lè Absalon te santi lè a rive, li te voye plizyè espyon toupatou nan peyi Izrayèl pou prepare pèp la pou yo aksepte l kòm wa. Li te menm rive konvenk Ayitofèl, yon bon zanmi wa David ki te konn ba l konsèy, pou l met ansanm avè l nan rebelyon li t ap fè a. Absalon te pwoklame tèt li wa e li t ap chèche met men sou David pou l touye l, alòske sanble David te malad anpil nan moman sa a (Sòm 41:1-9). David te vin aprann konplo yo te fè a e li te kouri kite Jerizalèm. Annapre, lame Absalon an te batay ak lame David la. Lame Absalon an te pèdi batay la e Absalon, pitit gason David la, te mouri.

10. Ki jan wa David te ka reyaji?

10 Imajine jan David dwe te santi l apre tout bagay sa yo te fin rive l. Li te renmen Absalon e li te fè Ayitofèl konfyans. Epoutan, toule de moun sa yo ki te pwòch li te trayi l. David te soufri anpil e yo te menm eseye touye l. David te ka sispann fè lòt zanmi l yo konfyans e li te ka sispèk yo te nan konplo ak Absalon tou. Li te ka panse ak tèt li sèlman e li te ka vle kouri kite peyi a poukont li. Oubyen tou, li te ka annik kite dekourajman pote l ale. Men, David pa t fè okenn nan bagay sa yo. Okontrè, li te rive fè fas ak sitiyasyon difisil sa a. Sa k fè l te kapab fè sa?

11. Ki jan David te reyaji nan sitiyasyon difisil li te ye a?

11 3Medite. Ki prensip ou kapab aprann nan istwa sa a? Reponn kesyon ki vin annapre a: “Ki sa David te fè ki te ede l?” David pa t panike ni li pa t kouri pran yon move desizyon. Epitou, sanble li pa t kite laperèz anpeche l aji tousuit. Okontrè, li te priye Jewova pou l mande l èd, e li te mande zanmi l yo pou yo ede l tou. Anplis de sa, li te aji byen vit pou l fè sa l te deside a. Byenke, sa k te rive David la te fè l mal anpil, li pa t sispèk zanmi l yo e l pa t kite lahèn anvayi kè l. Li te kontinye met konfyans li nan Jewova e li te kontinye fè zanmi l yo konfyans.

12. Ki sa Jewova te fè pou l ede David?

12 Ki jan Jewova te ede David? Lè w fè kèk rechèch, w ap wè Jewova te bay David fòs li te bezwen pou l andire eprèv sa a (Sòm 3:1-8; pawòl ki anlè tèt chapit la). Jewova te beni desizyon David te pran yo e li te ede zanmi David yo ki te fidèl lè yo t ap goumen pou pwoteje wa yo a.

13. Ki jan w ka imite David si yon moun ta fè w yon bagay ki fè w mal anpil? (Matye 18:15-17.)

13 4Aplike. Mande tèt ou: ‘Ki jan m ka imite David?’ Ou ka bezwen aji san pèdi tan pou w rezoud pwoblèm nan. Selon sitiyasyon an, ou ka aplike konsèy Jezi te bay nou jwenn nan Matye chapit 18 la dirèkteman oswa suiv prensip ki ladan l lan. (Li Matye 18:15-17.) Men, ou pa ta dwe kouri pran desizyon pandan w tou fache. Ou dwe priye Jewova pou l ede w rete kalm e pou w konn ki sa pou w fè nan sitiyasyon an. Pa sispann fè zanmi w yo konfyans. Okontrè, se pou w aksepte yo ede w (Pwo. 17:17). Sa k pi enpòtan an, suiv konsèy Jewova ba w nan Pawòl li a. — Pwo. 3:5, 6.

KI SA NOU KA APRANN NAN EGZANP PÒL?

14. Ki sitiyasyon ki ka mande pou w reflechi sou pawòl ki nan 2 Timote 1:12-16 ak 4:6-11, 17-22?

14 Èske gen moun nan fanmi w k ap ba w pwoblèm paske w ap sèvi Jewova? Oswa, èske w ap viv nan yon peyi kote yo met gwo restriksyon sou travay pèp Jewova a oswa yo menm entèdi l? Si se ka pa w, ou kapab li 2 Timote 1:12-16 ak 4:6-11, 17-22, e sa ap ankouraje w *. Lè Pòl te ekri pawòl sa yo li te nan prizon.

15. Ki sa w ka mande Jewova?

15 1Priye. Anvan w li vèsè sa yo, di Jewova ki pwoblèm ou genyen epi di l ki jan sa fè w santi w. Fè l konnen egzakteman sa w santi. Apre sa, mande l pou l ede w wè ki prensip nan istwa Pòl la k ap ede w konnen ki jan pou w reyaji devan difikilte ou genyen an.

16. Nan ki sitiyasyon Pòl te ye?

16 2Imajine sitiyasyon an. Eseye mete w nan plas Pòl. Li nan chèn nan yon prizon nan vil Wòm. Li te deja pran prizon anvan sa, men, fwa sa a li konnen y ap touye l kanmenm. Kèk nan zanmi l yo abandone l e li santi l about. — 2 Tim. 1:15.

17. Ki jan Pòl te ka reyaji?

17 Pòl te ka ret ap panse ak jan lavi l te ye anvan sa. Li te gendwa ap di tèt li si l te pran lòt desizyon li te gendwa pa nan prizon kounye a. Li te ka fache kont mesye ki te nan distri Azi yo ki te abandone l. E li te ka sispann fè lòt zanmi l yo konfyans. Men, Pòl pa t aji konsa. Ki sa k te bay Pòl asirans zanmi l yo t ap toujou fidèl avè l e Jewova t ap rekonpanse l?

18. Ki jan Pòl te reyaji devan eprèv li te jwenn nan?

18 3Medite. Reponn kesyon ki vin annapre a: “Ki sa Pòl te fè ki te ede l?” Menm lè Pòl te konnen li pa t lwen mouri, li pa t bliye sa k te pi enpòtan se fè Jewova jwenn glwa. Li te toujou chèche wè ki jan l kapab ankouraje lòt moun. Li te konte sou Jewova e li te konn priye l souvan (2 Tim. 1:3). Pòl pa t ret ap panse ak frè ki te abandone l yo. Okontrè, li te fè konnen li gen anpil rekonesans pou fason zanmi l yo ki te renmen l te kontinye ede l ak fason yo te kontinye soutni l. Anplis de sa, Pòl te kontinye etidye Pawòl Bondye a (2 Tim. 3:16, 17; 4:13). Sa k pi enpòtan an, Pòl pa t gen okenn dout Jewova ak Jezi renmen l. Yo pa t abandone l, e y ap rekonpanse l dèske l fidèl.

19. Ki jan Jewova te ede Pòl?

19 Jewova te gentan fè Pòl konnen li t ap jwenn pèsekisyon poutèt li se kretyen (Tra. 21:11-13). Ki jan Jewova te ede Pòl. Li te reponn priyè Pòl te fè yo, e annapre li te ba l pisans (2 Tim. 4:17). Jewova te bay Pòl asirans l ap resevwa rekonpans li te travay di anpil pou li a. Jewova te itilize zanmi fidèl Pòl te genyen yo pou ba l èd li te bezwen.

20. Toutpandan n ap panse ak Women 8:38, 39, ki jan nou kapab imite Pòl?

20 4Aplike. Mande tèt ou: ‘Ki jan m ka imite Pòl?’ Menm jan ak Pòl, nou dwe atann n ap jwenn pèsekisyon poutèt n ap sèvi Jewova (Mak 10:29, 30). Pou nou rete fidèl ak Jewova lè n ap andire eprèv, nou bezwen kontinye priye Jewova e nou bezwen etidye Pawòl li a regilyèman. E nou dwe toujou sonje youn nan bagay ki pi enpòtan nou kapab fè se fè Jewova jwenn glwa. Nou kapab gen asirans Jewova pap janm abandone nou e pa gen anyen yon moun kapab fè k ap fè Jewova sispann renmen nou. — Li Women 8:38, 39; Ebre 13:5, 6.

APRANN NAN EGZANP LÒT MOUN BIB LA PALE DE YO

21. Ki sa k te ede Aya ak Hector fè fas ak difikilte yo te genyen?

21 Egzanp nou jwenn nan Bib la kapab ban nou fòs nan kèlkeswa sitiyasyon nou ta ye. Pa egzanp, Aya, yon sè k ap viv nan peyi Japon e ki pyonye, di istwa Jonas la te ede l venk laperèz li te genyen pou l preche an piblik. Hector, yon jèn frè k ap viv nan peyi Endonezi e ki gen paran l ki pap sèvi Jewova, te di egzanp Rit te ankouraje l aprann konnen Jewova epi sèvi l.

22. Ki sa k ka ede w pi byen pwofite dram biblik yo ak ribrik ki gen tit “Annou imite lafwa yo”?

22 Ki kote nou ka jwenn egzanp k ap ankouraje nou? Videyo nou yo, dram odyo yo ak seri “Annou imite lafwa yo” kapab fè nou viv yon seri istwa ki nan Bib la *. Anvan w gade videyo yo, anvan w koute dram odyo yo oswa li bèl istwa sa yo, mande Jewova pou l ede w jwenn bonjan pwen k ap itil ou. Mete w nan plas moun y ap pale de li nan istwa a. Medite sou sa sèvitè fidèl Jewova sa yo te fè ak jan Jewova te ede yo fè fas ak pwoblèm yo te jwenn. Aplike sa w aprann yo nan ka pa w. Di Jewova mèsi pou èd li deja ba ou. Epi montre l ou gen rekonesans pou èd li ba ou a lè w chèche okazyon pou w ankouraje lòt moun e pou w ede yo.

23. Selon Ezayi 41:10, 13, ki sa Jewova pwomèt l ap fè pou nou?

23 Lavi nan monn sa a Satan ap dirije a difisil pou moun sipòte, e pafwa nou ka menm santi nou about (2 Tim. 3:1). Men, nou pa bezwen ap bay tèt nou pwoblèm e nou pa bezwen pè. Jewova konnen sa n ap andire. Lè nou nan sitiyasyon difisil, li pwomèt nou l ap kenbe nou byen di ak men dwat li. (Li Ezayi 41:10, 13.) Nou pa gen okenn dout Jewova ap ede n, e Pawòl nou jwenn nan Bib la ban nou fòs pou nou andire kèlkeswa pwoblèm nan.

KANTIK 96 Liv Bondye a se yon trezò

^ § 5 Gen anpil istwa nan Bib la ki montre Jewova renmen sèvitè l yo e l ap ede yo andire kèlkeswa eprèv yo jwenn. Nan atik sa a, nou pral wè ki jan nou kapab fè etid pèsonèl nou yon fason k ap ede n pi byen pwofite istwa nou li nan Bib la.

^ § 2 Metòd nou bay la a se jis youn nan metòd nou kapab itilize. N ap jwenn lòt metòd pou n etidye Labib nan Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch la, nan sijè “Labib”, anba soutit “Lekti ak konpreyansyon Labib”.

^ § 14 Nou pa bezwen li vèsè sa yo pandan etid Toudegad la.

^ § 22 Gade ribrik ki gen tit “Annou imite lafwa yo: Kèk gason ak fi yo pale de yo nan Bib la” sou jw.org. (Ale nan SA BIB LA ANSEYE > LAFWA NAN BONDYE.)