Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 13

Ki fason Jewova ap pwoteje nou?

Ki fason Jewova ap pwoteje nou?

“Seyè a fidèl, l ap fòtifye nou e l ap pwoteje nou anba Mechan an.” — 2 TES. 3:3.

KANTIK 124 Nou vle toujou ret fidèl

SA NOU PRAL WÈ *

1. Poukisa Jezi te mande Jewova pou l voye je sou disip li yo?

NAN dènye nuit Jezi te pase sou tè a anvan l mouri, li t ap panse ak difikilte disip li yo t apral jwenn. Etandone Jezi te renmen zanmi l yo, li te mande Papa l pou l “voye je sou yo akoz Mechan an”. (Jan 17:14, 15.) Jezi te konnen, apre l fin retounen nan syèl la, Satan Ledyab t ap kontinye fè lagè ak nenpòt moun ki vle sèvi Jewova. Li klè, pèp Jewova a t ap bezwen pwoteksyon.

2. Ki sa k ban nou asirans Jewova ap reponn priyè nou?

2 Jewova te reponn priyè Jezi te fè a paske li renmen Pitit Gason l lan. Si nou fè tout sa nou kapab pou nou fè Jewova plezi, l ap renmen nou tou e l ap koute priyè nou fè pou nou mande l èd ak pwoteksyon. Piske Jewova se yon Chèf fanmi ki gen sousi pou fanmi l, l ap kontinye pran swen pitit li yo paske l renmen yo. Si l pa ta fè sa, sa t ap gen move efè sou non l oswa repitasyon l.

3. Poukisa nou bezwen pwoteksyon Jewova jodi a?

3 Se kounye a nou plis bezwen pwoteksyon Jewova. Yo met Satan deyò nan syèl la, “li an kòlè anpil”. (Rev. 12:12.) Satan rive fè kèk nan moun k ap pèsekite nou yo kwè “se yon sèvis sakre yo fè pou Bondye” lè yo fè sa (Jan 16:2). Gen lòt moun ki pa kwè nan Bondye k ap pèsekite nou paske nou pa aji menm jan ak moun nan monn nan. Kèlkeswa rezon ki fè y ap pèsekite nou an, nou pa pè. Poukisa? Paske Pawòl Bondye a di: “Seyè a fidèl, l ap fòtifye nou e l ap pwoteje nou anba Mechan an.” ​(2 Tes. 3:3). Ki fason Jewova pwoteje nou? Ann wè de fason l fè sa.

JEWOVA BAN NOU YON EKIPMAN KONBA

4. Selon Efezyen 6:13-17, ki sa Jewova ban nou pou pwoteje nou?

4 Jewova ban nou yon ekipman konba ki kapab pwoteje nou kont atak Satan yo. (Li Efezyen 6:13-17.) Ekipman konba sa a Bondye bay la solid e li efikas. Men, se sèlman si nou mete chak pati nan ekipman an sou nou e nou kite yo sou nou n ap ka jwenn pwoteksyon. Ki sa chak pati yo reprezante? Ann gade pou n wè?

5. Ki sa laverite ki tankou yon sentiwon reprezante, e poukisa nou dwe mare l nan ren nou?

5 Laverite tankou yon sentiwon, li reprezante verite ki nan Labib, Pawòl Bondye a. Poukisa nou dwe mare sentiwon sa a nan ren nou? Paske Satan se “papa manti”. (Jan 8:44.) Li gen plizyè milye ane depi l ap bay manti e l ap twonpe “lemonnantye”. (Rev. 12:9.) Men, verite ki nan Bib la pwoteje nou pou l pa twonpe nou. Ki fason nou mare laverite nan ren nou tankou yon sentiwon? Nou fè sa lè nou aprann laverite sou Jewova, lè nou adore l “avèk lespri ak laverite”, e lè nou konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay. — Jan 4:24; Efe. 4:25; Ebre 13:18.

Sentiwon: Verite ki nan Pawòl Bondye a.

6. Ki sa pwotèj pwatrin jistis la ye, e poukisa nou dwe mete l sou nou?

6 Pwotèj pwatrin jistis la reprezante prensip Jewova yo ki jis. Poukisa nou dwe mete pwotèj pwatrin nan sou nou? Menm jan yon pwotèj pwatrin pwoteje kè yon sòlda pou anyen pa pèse l, se konsa tou, pwotèj pwatrin jistis la pwoteje kè nou, oswa moun nou ye pa anndan an, pou monn sa a pa kòwonp nou (Pwo. 4:23). Jewova atann pou nou renmen l e pou nou sèvi l ak tout kè n (Mat. 22:36, 37). Se sa k fè Satan ap chèche fè nou renmen bagay monn sa a ap ofri, yon seri bagay Jewova rayi, pou l ka eseye fè nou sispann sèvi Jewova ak tout kè nou (Jak 4:4; 1 Jan 2:15, 16). E si taktik sa a pa mache, l ap chèche ban nou pwoblèm pou n ka fè yon bagay ki pa fè Jewova plezi.

Pwotèj pwatrin: Prensip Jewova yo ki jis.

7. Ki jan nou mete pwotèj pwatrin jistis la sou nou?

7 Nou mete pwotèj pwatrin jistis la sou nou lè nou aksepte prensip Jewova bay sou sa ki byen ak sa ki mal e lè nou aplike prensip sa yo nan lavi nou (Sòm 97:10). Gen kèk moun ki ka panse prensip Jewova yo retire nan libète nou. Men, si nou ta sispann aplike prensip ki nan Bib la nan lavi nou, nou t ap sanble ak yon sòlda ki retire pwotèj pwatrin li sou li pandan l nan mitan yon konba paske l twouve l twò lou. Si yon sòlda ta fè sa, li t ap montre l sòt anpil! Kòmandman Jewova yo “pa lou” pou moun ki renmen l yo, okontrè, y ap sove lavi yo. — 1 Jan 5:3.

8. Ki sa sa vle di pou nou mete bagay nan pye nou pou nou pare pou n anonse bon nouvèl la?

8 Pòl ankouraje nou tou pou nou mete bagay nan pye nou pou nou pare pou nou anonse bon nouvèl lapè a. Sa vle di, nou dwe toujou pare pou nou preche bon nouvèl Wayòm nan. Lè nou pataje mesaj ki nan Bib la ak lòt moun, lafwa nou vin pi solid. Sa vrèman ankouraje nou lè nou wè ki jan pèp Jewova a sou tout tè a ap chèche okazyon pou yo preche bon nouvèl la: kit se nan travay yo, nan lekòl yo, nan tèritwa ki gen biznis yo ak lè y ap preche kay an kay, lè y al achte nan magazen, lè y al vizite moun nan fanmi yo ki pap sèvi Jewova, lè y ap pale ak moun yo konnen, e menm lè yo oblije ret lakay pandan yon tan. Si nou ta kite laperèz fè nou sispann preche, nou t ap sanble ak yon sòlda ki retire sandal nan pye l pandan l nan lagè. Li t ap blese nan pye byen fasil. Sa t ap fè l pi difisil pou l defann tèt li lè yo atake l, e li pa t ap kapab suiv lòd kòmandan l lan bay.

Bagay pou met nan pye: Lè n toujou pare pou nou preche bon nouvèl la.

9. Poukisa nou bezwen kenbe gwo boukliye lafwa a?

9 Gwo boukliye lafwa a reprezante lafwa nou gen nan Jewova. Nou gen konfyans l ap reyalize tout pwomès li fè. Lafwa sa a ap ede n “etenn tout flèch Mechan an ap voye tou limen sou nou”. Poukisa nou bezwen kenbe gwo boukliye a? Paske li pwoteje nou pou n pa kite ansèyman aposta yo twonpe nou e pou nou pa dekouraje lè moun ap pase nou nan rizib akoz kwayans nou. Si nou pa gen lafwa, nou pap gen fòs pou nou reziste lè lòt moun ap eseye fè presyon sou nou pou nou dezobeyi prensip Jewova yo. Yon lòt bò, lè nou nan travay oswa lè n lekòl, chak fwa nou refize fè yon bagay ki pa fè Jewova plezi, nou itilize boukliye nou an pou pwoteje nou (1 Pyè 3:15). Chak fwa nou pa aksepte yon travay ki byen peye paske l ap anpeche nou fè tout sa nou kapab nan sèvis Jewova a, nou itilize boukliye nou an pou pwoteje nou (Ebre 13:5, 6). Chak fwa nou kontinye sèvi Jewova malgre nou jwenn opozisyon, boukliye nou an pwoteje nou. — 1 Tes. 2:2.

Boukliye: Lafwa nou gen nan Jewova ak nan pwomès li yo.

10. Ki sa kas delivrans lan ye, e poukisa nou dwe mete l?

10 Kas delivrans lan se esperans Jewova ban nou an. Esperans sa a fè nou konnen l ap rekonpanse tout moun ki fè volonte l, e si nou ta mouri l ap resisite n (1 Tes. 5:8; 1 Tim. 4:10; Tit 1:1, 2). Menm jan yon kas pwoteje tèt yon sòlda, esperans delivrans lan pwoteje kapasite nou genyen pou nou reflechi a. Nan ki sans? Esperans sa a fè nou ret konsantre sou pwomès Bondye yo e li ede nou pou nou pa kite pwoblèm yo pote nou ale. Ki jan nou montre nou mete kas sa a? Se lè nou fè efò pou panse nou toujou ann amoni ak panse Bondye. Pa egzanp, nou pa met espwa nou nan richès ki pa sèten, men nou mete l nan Bondye. — Sòm 26:2; 104:34; 1 Tim. 6:17.

Kas: Esperans lavi ki pap janm fini an.

11. Ki sa epe lespri a ye, e poukisa nou bezwen sèvi avè l?

11 Epe lespri a se Labib, Pawòl Bondye a. Epe sa a gen pouvwa pou l fè tout manti parèt aklè e pou l libere moun anba esklavaj fo ansèyman ak move abitid (2 Kor. 10:4, 5; 2 Tim. 3:16, 17; Ebre 4:12). Nou aprann byen sèvi ak epe sa a, lè nou fè etid pèsonèl e lè nou kite òganizasyon Bondye a fòme nou (2 Tim. 2:15). Anplis de ekipman konba a, Jewova ban nou yon lòt gwo pwoteksyon. Ki sa l ye?

Epe: Labib, Pawòl Bondye a.

NOU PA POUKONT NOU NAN BATAY LA

12. Ki bagay ankò nou bezwen, e poukisa?

12 Yon sòlda ki gen eksperyans konnen li pap ka pot laviktwa si l al fè lagè ak yon gwo lame poukont li. Li bezwen èd sòlda parèy li. Menm jan an tou, nou pa ka pot laviktwa sou Satan ak patizan l yo poukont nou. Nou bezwen èd frè n ak sè n yo. Jewova ban nou “tout frè nou yo” ki toupatou sou tè a pou ede nou. — 1 Pyè 2:17.

13. Selon Ebre 10:24, 25, ki jan reyinyon yo ede nou?

13 Youn nan fason nou jwenn èd, se lè nou asiste reyinyon yo. (Li Ebre 10:24, 25.) Lè nou santi nou dekouraje, jan sa konn rive nou tout pafwa, reyinyon yo ka ankouraje nou. Kòmantè frè n ak sè n yo fè ak tout kè yo ankouraje nou. Diskou yo fè ki baze sou Bib la ak demonstrasyon yo fè ban nou fòs pou nou kontinye sèvi Jewova. Ti pale nou fè ak frè n ak sè n yo anvan e apre reyinyon yo ankouraje nou (1 Tes. 5:14). Mete sou sa, reyinyon yo ban nou okazyon pou youn ede lòt, e sa fè nou kontan (Tra. 20:35; Wom. 1:11, 12). Gen lòt fason ankò reyinyon yo ede nou. Yo ede nou pou nou preche pi byen e pou nou anseye pi byen. Pa egzanp, nou aprann byen sèvi ak zouti nou genyen pou nou anseye yo. Se sa k fè nou bezwen byen prepare reyinyon yo. Nou bezwen byen koute pandan reyinyon yo, apre sa, nou bezwen aplike sa n aprann yo. Lè nou fè sa, n ap vin yon “bon sòlda Kris Jezi”. — 2 Tim. 2:3.

14. Ki èd ankò nou kapab jwenn?

14 Nou gen plizyè milyon zanj ki pisan k ap ede nou. Reflechi ak sa yon sèl zanj kapab fè (Eza. 37:36)! Kounye a, reflechi ak sa yon lame zanj pisan kapab reyalize. Pa gen okenn moun oswa okenn demon ki kapab kenbe tèt ak lame Jewova a ki gen anpil pisans. Jewova toupisan. Donk, lè l ansanm avèk nou, n ap toujou gen plis fòs pase opozan nou yo kèlkeswa kantite yo ye a (Jij 6:16). Sa a se yon gwo verite! Panse ak tout èd ou kapab jwenn lè yon moun nan travay ou, yon elèv nan lekòl ou oswa yon moun nan fanmi w ki pap sèvi Jewova di oswa fè yon bagay ki te ka dekouraje w. Sonje sa, ou pa poukont ou nan batay sa a. Se Jewova k ap gide w.

JEWOVA AP KONTINYE PWOTEJE NOU

15. Selon Ezayi 54:15, 17, poukisa yo pap janm ka fè pèp Bondye a fèmen bouch li?

15 Monn nan ki anba kontwòl Satan gen anpil rezon pou l rayi nou. Nou pa mele nan politik ditou e nou pa patisipe nan lagè. Nou fè konn non Bondye, nou fè konnen se sèl Wayòm li an k ap pot lapè e nou suiv prensip li yo ki jis. Nou fè konnen tou, chèf monn nan se yon gwo mantè e l se yon asasen (Jan 8:44). Anplis de sa, n ap fè konnen, monn Satan an pral detwi talè konsa. Satan ak patizan l yo pap janm ka fè nou fèmen bouch nou. Okontrè, n ap kontinye bay Jewova louwanj, n ap itilize tout mwayen nou genyen pou n fè sa! Aktout Satan gen anpil pisans, li pa rive anpeche moun sou tout tè a jwenn mesaj Wayòm nan. Se paske nou gen pwoteksyon Jewova ki fè sa rive fèt. — Li Ezayi 54:15, 17.

16. Ki jan Jewova pral sove pèp li a pandan gwo tribilasyon an?

16 Ki sa k ap tann nou? Gen de fason estrawòdinè Jewova pral sove nou pandan gwo tribilasyon an. Toudabò, li pral sove sèvitè fidèl li yo nan moman li pral fè wa latè yo detwi Gran Babilòn nan ki reprezante tout fo relijyon (Rev. 17:16-18; 18:2, 4). Apre sa, li pral sove pèp li a lè l detwi rès monn Satan an nan Amagedon. — Rev. 7:9, 10; 16:14, 16.

17. Lè nou rete pwòch ak Jewova, ki jan sa ede nou?

17 Lè nou rete pwòch ak Jewova, pa gen anyen Satan ka fè nou k ap fè nou soufri nètale. Anfèt, se li menm yo pral detwi pou toutan (Wom. 16:20). Kidonk, met tout ekipman konba a sou ou, epi kite l sou ou! Pa eseye goumen poukont ou. Ede frè w ak sè w yo, epi kite Jewova gide w. Si w fè sa, ou mèt gen asirans Papa w ki nan syèl la ki renmen w ap ba w fòs e l ap pwoteje w. — Eza. 41:10.

KANTIK 149 Yon chan viktwa

^ § 5 Labib fè nou konnen Jewova ap ban nou fòs e l ap pwoteje nou kont nenpòt bagay ki kapab gen efè sou relasyon nou avè l. Nan atik sa a nou pral reponn kesyon ki vin annapre yo: Poukisa nou bezwen pwoteksyon? Ki fason Jewova pwoteje nou? E ki sa nou dwe fè pou nou jwenn èd Jewova?