Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 10

Tout kongregasyon an ka ede etidyan yo fè pwogrè pou yo batize

Tout kongregasyon an ka ede etidyan yo fè pwogrè pou yo batize

“Chak manm [...] pèmèt kò a devlope.” — EFE. 4:16.

KANTIK 85 Ann akeyi youn lòt

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Kiyès ki ka ede yon etidyan Labib fè pwogrè pou l batize?

MEN sa yon sè ki rele Amy k ap viv nan zile Fiji di: “Mwen te renmen sa m t ap aprann nan etid mwen t ap fè nan Bib la. Mwen te konnen se laverite. Men, se lè m te vin kòmanse frekante frè ak sè yo mwen te fè chanjman ki nesesè yo e m te rive fè pwogrè pou m batize.” Eksperyans Amy te fè a fè nou wè yon verite enpòtan: Li pi fasil pou yon etidyan Labib kontinye fè pwogrè pou l batize lè moun nan kongregasyon an ede l.

2 Chak pwoklamatè ka jwe wòl pa l nan ede lòt moun vin fè pati kongregasyon an (Efe. 4:16). Men sa yon pyonye ki rele Leilani k ap viv nan zile Vanouwatou di: “Se tout yon katye ki leve yon timoun. Mwen panse se menm bagay la tou pou travay fè disip la. An jeneral, se tout yon kongregasyon ki ede yon moun vin nan laverite.” Fanmi yon timoun, zanmi l ak pwofesè l jwe yon wòl enpòtan nan ede l fè pwogrè pou l vin yon moun ki responsab. Yo fè sa lè yo ankouraje timoun nan e lè yo aprann li yon seri bagay ki enpòtan. Menm jan an tou, pwoklamatè yo ka bay etidyan Labib yo konsèy, yo ka ankouraje yo e yo ka ba yo bon egzanp, sa k ap ede yo fè pwogrè pou yo batize. — Pwo. 15:22.

3. Ki sa w aprann nan sa Ana, Donald ak Leilani di yo?

3 Poukisa yon pwoklamatè k ap fè etid ak yon moun ta dwe kontan lè lòt pwoklamatè ap ede etidyan an? Men sa Ana, yon pyonye espesyal nan peyi Mòldavi, di: “Yon etidyan Labib bezwen yo ede l anpil. Li vrèman difisil pou moun k ap etidye Labib avè l la ba l tout èd li bezwen an poukont li.” Donald, yon lòt pyonye espesyal ki nan menm peyi sa a, fè konnen: “Souvan, gen lòt pwoklamatè ki konn di yon bagay ki touche kè etidyan an, alòske sa pa t ap janm vin nan lespri m.” Leilani li menm bay yon lòt rezon. Li di: “Lanmou ak afeksyon nou montre nou gen pou etidyan an ka ede l rekonèt pèp Jewova a.” — Jan 13:35.

4. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

4 Sepandan ou ka mande tèt ou: ‘Ki sa m ka fè pèsonèlman pou m ede yon etidyan Labib fè pwogrè lè se pa mwen k ap fè etid li?’ Ann wè ki sa nou kapab fè lè yon moun mande nou pou n al fè yon etid avè l ak lè etidyan an kòmanse asiste reyinyon. Nou pral wè tou ki jan ansyen yo ka ede etidyan yo fè pwogrè pou yo batize.

LÈ YON MOUN MANDE W AL FÈ YON ETID AVÈ L

Lè yon pwoklamatè mande w al fè yon etid avè l, prepare pati li pral fè ak moun nan. (Gade paragraf 5-7.)

5. Ki sa w gen pou w fè lè yon moun mande w al fè yon etid avè l?

5 Lè yon etid Labib ap fèt, se sitou anseyan an ki gen responsablite pou ede etidyan an konprann Pawòl Bondye a. Si moun ki gen etid la mande w al fè etid la avè l, ou dwe sonje wòl ou se ede l (Ekl. 4:9, 10). Ki sa w ka fè pou w kapab bay bonjan èd pandan etid la?

6. Lè w al fè etid ak yon moun, ki jan w ka aplike prensip nou jwenn nan Pwovèb 20:18 la?

6 Prepare pou etid la. Toudabò, mande moun k ap fè etid la kèk enfòmasyon sou etidyan an. (Li Pwovèb 20:18.) Ou ka di l: “Pale m de etidyan an. Ki sa nou pral wè nan etid la? Ki pwen w ta renmen l sonje nan etid sa a? Èske gen yon bagay mwen dwe di oswa mwen pa dwe di nan etid la? Ki sa k ka ankouraje etidyan an fè pwogrè?” Nòmalman, anseyan an pa ta dwe bay okenn enfòmasyon lòt moun pa bezwen konnen sou etidyan an, men, li kapab bay enfòmasyon ki ka itil. Gen yon misyonè ki rele Joy ki konn gen konvèsasyon sa a ak moun ki pral fè etid avè l. Men sa l di: “Konvèsasyon konsa konn ede moun ki pral fè etid avè m nan pou l montre l enterese nan etidyan an e pou l konnen ki sa pou l di nan etid la.”

7. Lè w ap akonpaye yon moun nan yon etid, poukisa w bezwen prepare etid la?

7 Si yon moun mande w al fè yon etid avè l, li t ap bon pou w prepare sijè yo pral wè a (Esd. 7:10). Men sa Donald, frè nou te pale de li pi wo a, di: “Mwen kontan lè moun ki pral fè etid avè m nan prepare. Konsa, li kapab pi byen patisipe.” Mete sou sa, etidyan an ap wè nou toule de te byen prepare e sa ap yon bon egzanp pou li. Menmsi w pa t gen posiblite pou w byen prepare etid la, omwen pran yon ti tan pou w reflechi sou pwen enpòtan nou pral egzamine yo.

8. Ki jan w ka konnen ki sa pou w di egzakteman nan priyè w ap fè nan yon etid?

8 Lapriyè jwe yon wòl enpòtan lè yon moun ap fè yon etid. Se sa k fè nou dwe reflechi alavans sou sa n pral di si yo ta mande nou priye. Konsa n ap konn egzakteman sa pou n di nan priyè a (Sòm 141:2). Hanae, yon sè k ap viv nan peyi Japon, toujou sonje priyè yon sè ki te konn akonpaye moun ki t ap fè etid avè l la te konn fè. Men sa l di: “Mwen te santi jan l te gen bon relasyon ak Jewova e m te vle vin menm jan avè l. Epitou, mwen te santi l renmen m lefètke l te konn site non m nan priyè l t ap fè yo.”

9. Selon Jak 1:19, ki sa w ka fè pou w ede yon moun ou akonpaye nan yon etid?

9 Ede anseyan an pandan etid la. Men sa Omamuyovbi, yon pyonye espesyal nan peyi Nijerya, di: “Lè yon moun al fè etid ansanm ak yon lòt moun, l ap kapab ede moun nan si l byen suiv pandan etid la. Moun ki akonpaye moun nan kapab fè kòmantè, men, li pa dwe pale twòp piske se anseyan an ki gen responsablite pou fè etid la.” Ki jan w ka konnen ki lè pou w fè yon kòmantè nan etid la e ki jan w ka fè sa (Pwo. 25:11)? Ou bezwen byen koute lè anseyan an ak etidyan an ap pale. (Li Jak 1:19.) Se lè sa a w ap konnen ki lè pou w pale. Nòmalman, ou dwe byen reflechi anvan w pale. Pa egzanp, ou pa ta dwe pale twòp, ou pa ta dwe entèwonp anseyan an pandan l ap bay yon esplikasyon, e w pa ta dwe pale sou lòt bagay ki pa gen rapò ak etid la. Men, ou ka fè yon ti kòmantè tou kout, ou ka bay yon egzanp oswa w ka poze yon kesyon ki ta kapab ede etidyan an pi byen konprann sijè y ap pale a. Pafwa, ou ka santi ou pa gen anyen pou w ajoute. Men, si w felisite etidyan an e w montre w enterese nan li, w ap ede l fè pwogrè.

10. Ki jan eksperyans ou fè ka ede yon etidyan?

10 Rakonte etidyan an eksperyans ou fè. Si sa apwopriye, ou ka fè yon ti pale tou kout ak etidyan an sou fason w te aprann laverite, fason w te fè fas ak yon pwoblèm oswa fason w te wè Jewova ede w (Sòm 78:4, 7). Se kapab egzakteman sa etidyan an te bezwen tande. Sa ka fè lafwa l vin solid e sa kapab ankouraje l pou l fè pwogrè pou l batize. Epitou, sa ka montre l fason pou l fè fas ak yon eprèv li jwenn (1 Pyè 5:9). Gabriel, yon frè k ap viv nan peyi Brezil e ki pyonye kounye a, sonje jan sa te ede l lè l t ap etidye Labib. Men sa l di: “Lè m te tande eksperyans frè yo, mwen te rann mwen kont Jewova wè pwoblèm nou genyen. E si yo te rive fè fas ak pwoblèm sa yo, mwen menm tou m kapab.”

LÈ ETIDYAN AN ASISTE REYINYON

Nou tout ka ankouraje etidyan an pou l kontinye asiste reyinyon? (Gade paragraf 11.)

11-12. Poukisa nou dwe byen akeyi yon etidyan ki vin nan reyinyon?

11 Pou yon etidyan Labib fè pwogrè pou l batize, li dwe asiste reyinyon yo regilyèman, e sa ap ede l (Ebre 10:24, 25). Nòmalman, anseyan an ap envite l nan reyinyon. Lè li vin nan reyinyon, nou tout ka ankouraje l pou l kontinye vin nan Sal Wayòm nan. Ki pi bon fason nou ka fè sa?

12 Bay etidyan an bèl akèy (Wom. 15:7). Si nou montre yon etidyan nou kontan wè l lè l vin nan reyinyon, l ap pi anvi kontinye vin nan Sal Wayòm nan. San nou pa met etidyan an malalèz, fè l konnen nou kontan wè l e fè l fè konesans ak lòt moun. Pa di tèt ou lòt moun ap akeyi etidyan an. Moun k ap fè etid avè l la gendwa poko rive oswa li ka ap fè yon lòt aktivite. Byen koute etidyan an lè l ap pale epi montre l ou enterese nan li. Ki efè bèl akèy ou ba l la ka gen sou li? Ann wè ki eksperyans Dmitrii ki batize sa gen kèk ane e ki sèvitè ministeryèl kounye a te fè. Men sa l di lè l sonje premye reyinyon l te asiste: “Gen yon frè ki te wè m kanpe deyò Sal Wayòm nan yon ti jan jennen e li te antre avè m. Anpil moun te vin salye m, mwen te sezi anpil! Mwen te tèlman renmen sa, m te swete pou gen reyinyon chak jou. M pa t janm viv yon bagay konsa okenn lòt kote.”

13. Ki jan fason w aji ka ede yon etidyan?

13 Bay bon egzanp. Fason w aji ka fè etidyan an gen konviksyon li jwenn laverite (Mat. 5:16). Men sa Vitalii ki pyonye kounye a nan peyi Mòldavi di: “Mwen te wè jan moun nan kongregasyon an viv, jan yo panse ak jan yo konpòte yo. Sa te fè m gen konviksyon Temwen Jewova yo ap mache avèk Bondye toutbonvre.”

14. Ki jan egzanp ou bay ka ede yon moun kontinye fè pwogrè?

14 Pou etidyan an kalifye pou l batize, li bezwen aplike sa l ap aprann yo. Sa pa toujou fasil. Men, lè l wè byenfè w jwenn lè w aplike prensip ki nan Bib la, li ka vle imite w (1 Kor. 11:1). Ann pran egzanp Hanae nou te pale de li pi wo a. Men sa l di: “Frè ak sè yo te deja ap aplike sa m ap aprann yo. Mwen te wè fason m ka ankouraje lòt moun, fason m ka padone yo ak fason m ka montre lanmou pou yo. Yo toujou di bon bagay sou lòt moun, mwen te vle imite yo.”

15. Ki jan Pwovèb 27:17 ede nou wè rezon ki fè nou dwe chèche vin zanmi yon etidyan ki kontinye vin nan reyinyon?

15 Chèche vin zanmi etidyan an. Pandan etidyan an kontinye ap asiste reyinyon, toujou montre l ou enterese nan li (Flp. 2:4). Ou ka chèche konnen l pi byen. San w pa mete l malalèz, ou ka felisite l pou bon chanjman w wè l fè, ou ka mande l kòman etid la ye, kòman fanmi l ye e ki jan sa ye nan travay li. Konvèsasyon konsa ka fè w vin pi pwòch ak etidyan an. Lè w vin zanmi etidyan an, w ap ede l fè pwogrè pou l batize. (Li Pwovèb 27:17.) Kounye a, Hanae pyonye pèmanan. Men sa l di konsènan lè l te kòmanse vin nan reyinyon: “Lefètke m te vin gen zanmi nan kongregasyon an, m te vin anvi asiste reyinyon yo. Mwen te konn vin nan reyinyon menm lè m te santi m fatige. Mwen te kontan lè m ansanm ak zanmi m te vin genyen yo e sa te ede m pou m sispann fè zanmi ak moun ki pa gen menm kwayans avè m. Mwen te vle vin pi pwòch ak Jewova ak frè ak sè yo. Se sa k fè mwen te deside batize.”

16. Ki bagay ankò ou ka fè pou w ede yon etidyan santi l alèz nan kongregasyon an?

16 Tank etidyan an ap kontinye fè pwogrè e l ap fè chanjman nan lavi l, ou bezwen ede l pou l santi li fè pati kongregasyon an. Ou ka fè sa, lè w montre w akeyan (Ebre 13:2). Men sa Denis k ap sèvi nan peyi Mòldavi di lè l sonje epòk li t ap etidye Labib: “Plizyè fwa, frè yo te konn envite mwen menm ak madanm mwen nan detant y ap pran. Yo te konn di nou ki jan Jewova te ede yo. Sa te ankouraje nou. Moman sa yo te ede nou wè nou bezwen sèvi Jewova, e lavi nou t ap bèl si nou fè sa.” Lè etidyan an vin yon pwoklamatè, ou ka envite l preche avè w. Men sa yon frè nan peyi Brezil ki rele Diego di: “Anpil frè te konn envite m al preche avèk yo. Se te pi bon fason pou m aprann konnen yo byen. Tank mwen t ap fè sa, mwen te vin aprann anpil bagay e m te santi m pi pwòch ak Jewova ak Jezi.”

KI JAN ANSYEN YO KA BAY ÈD PA YO?

Ansyen, lè nou pran ka etidyan yo, sa ka ede yo fè pwogrè. (Gade paragraf 17.)

17. Ki jan ansyen yo ka ede etidyan yo?

17 Kreye tan pou etidyan yo. Ansyen, lè nou pran ka etidyan yo, sa ka ede yo fè pwogrè pou yo batize. Èske w ka pale ak etidyan yo lè yo vin nan reyinyon? Y ap santi w enterese nan yo si w sonje non yo, sitou lè yo kòmanse fè kòmantè. Èske w kreye tan pou w akonpaye yon pwoklamatè lè l pral fè etid ak yon moun? Sa ka gen gwo efè sou etidyan an, plis pase sa w panse. Men sa yon pyonye ki rele Jackie k ap viv nan peyi Nijerya di: “Anpil etidyan sezi lè yo aprann frè ki vin fè etid yo avè m nan se yon ansyen. Gen yon etidyan Labib ki te di: ‘Pastè m nan pa t ap janm fè yon bagay konsa. Se moun ki rich li vizite sèlman e se sèlman si yo peye l li fè sa!’” Kounye a, etidyan sa a vin nan reyinyon.

18. Ki jan ansyen yo ka aplike pawòl ki nan Travay 20:28 la?

18 Bay moun k ap anseye Labib yo fòmasyon epi ankouraje yo. Antanke ansyen, ou gen gwo responsablite pou w ede pwoklamatè yo pou yo preche pi byen e pou yo efikas lè y ap fè etid ak moun. (Li Travay 20:28.) Si yon moun ta santi l jennen pou l fè yon etid ak yon moun pandan w la, ofri l pou w fè etid la pou li. Men sa Jackie nou te pale de li pi wo a fè konnen: “Ansyen yo toujou mande m pou etidyan m yo. Lè m jwenn difikilte nan yon etid, yo ban m konsèy ki ede m.” Gen anpil bagay ansyen yo kapab fè pou yo ankouraje pwoklamatè k ap fè etid ak lòt moun pou yo kontinye nan travay y ap fè a (1 Tes. 5:11). Men sa Jackie ajoute: “Mwen renmen lè ansyen yo ankouraje m e lè yo di m yo apresye travay m ap fè a. Pawòl sa yo tankou yon bon vè dlo fre lè l fè cho. Lè yo felisite m sa ban m plis asirans e sa fè m pi kontan lè m ap fè etid ak moun.” — Pwo. 25:25.

19. Ki sa k ka bay nou tout kè kontan?

19 Menmsi n pa gen etid kounye a, nou ka toujou ede yon lòt moun fè pwogrè pou l vin sèvi Jewova. San nou pa pale twòp, nou ka ede anseyan an pandan etid la lè nou byen prepare. Nou ka fè zanmi ak etidyan yo lè yo vin nan Sal Wayòm nan, e nou ka ba yo bon egzanp. Ansyen yo ka ankouraje etidyan yo lè yo pran tan pou yo pale avèk yo, e yo ka ankouraje pwoklamatè ki gen etid yo lè yo ba yo fòmasyon ak lè yo felisite yo. Vrèmanvre, sa bay anpil kè kontan lè n konnen nou te fè anpil efò pou nou ede yon moun vin renmen Jewova, Papa nou ki nan syèl la, epi sèvi l!

KANTIK 79 Anseye yo pou yo kenbe fèm

^ § 5 Petèt se pa nou tout ki gen etid kounye a. Men, nou tout ka ede yon moun fè pwogrè pou l batize. Nan atik sa a, nou pral wè ki jan nou chak ka ede yon etidyan fè pwogrè pou l batize.