Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 14

“Suiv tras li pye pou pye”

“Suiv tras li pye pou pye”

“Kris li menm te soufri pou nou, li kite yon modèl pou nou, pou nou suiv tras li pye pou pye.” — 1 PYÈ 2:21.

KANTIK 13 Kris se Modèl nou

SA NOU PRAL WÈ *

Jezi kite tras li pou n ka suiv li pye pou pye. (Gade paragraf 1-2.)

1-2. Ki jan n ap ka rive suiv tras Jezi? Bay yon egzanp.

IMAJINE w ap mache ansanm ak yon gwoup moun nan yon gwo savann ki gen danje e gen yon moun k ap gide nou. Pandan l ap mache, mak pye l ret atè a. Rive yon kote ou pa wè gid la. Men, ou pa panike. Olye de sa, ou menm ak lòt moun ki nan gwoup la kontinye fè tout sa n kapab pou nou suiv mak pye gid la.

2 Antanke vrè kretyen, n ap mache nan monn mechan sa a ki tankou yon gwo savann ki chaje ak danje. Men erezman, Jewova ban nou pi bon Gid la, anpalan de Jezi Kris, Pitit Gason l lan, pou n ka suiv tras li pye pou pye (1 Pyè 2:21). Selon yon ouvraj referans, nan vèsè sa a, Pyè konpare Jezi ak yon gid. Menm jan yon gid konn kite mak pye l, Jezi kite tras li pou n ka suiv li. Ann chèche repons twa kesyon ki vin annapre yo: Ki sa suiv tras Jezi vle di? Poukisa nou dwe fè sa? E ki jan nou ka fè sa?

KI SA SUIV TRAS JEZI VLE DI?

3. Ki sa suiv tras yon moun vle di?

3 Ki sa suiv tras yon moun vle di? Nan Bib la, pafwa mo “mache” a ak mo “pye” a fè referans ak fason yon moun mennen lavi l (Jen. 6:9; Pwo. 4:26). Fason yon moun mennen lavi l tankou tras li kite lè l ap mache. Donk, suiv tras yon moun vle di, suiv egzanp li, imite l.

4. Ki sa suiv tras Jezi vle di?

4 Bon, ki sa suiv tras Jezi vle di? Sa vle di tou senpleman suiv egzanp li. Nan vèsè atik sa a baze sou li a, apot Pyè ap pale sitou sou bèl egzanp Jezi bay kòm moun ki te andire soufrans. Sepandan, gen anpil lòt fason nou ka imite Jezi (1 Pyè 2:18-25). An reyalite, tout lavi Jezi, sa vle di tout sa l te di ak tout sa l te fè, se yon egzanp pou nou suiv.

5. Èske moun ki enpafè ka rive suiv egzanp Jezi bay antanke moun pafè? Esplike.

5 Etandone nou enpafè, èske nou ka suiv egzanp Jezi toutbonvre? Wi, nou kapab. Sonje Pyè ankouraje nou pou nou “suiv tras [Jezi] pye pou pye”, li pa di pou nou suiv tras Jezi yon fason ki pafè. Si nou byen suiv tras Jezi, sa vle di si nou fè tout sa n kapab antanke moun ki enpafè, n ap obeyi pawòl apot Jan te di a. Men sa l te di: “Kontinye mache jan Jezi te mache a.” — 1 Jan 2:6.

POUKISA NOU BEZWEN SUIV TRAS JEZI?

6-7. Poukisa nou kapab di lè nou suiv tras Jezi n ap vin pi pwòch ak Jewova?

6 Lè nou suiv tras Jezi, n ap vin pi pwòch ak Jewova. Sa k fè nou ka di sa? Premyèman, Jezi bay yon bèl egzanp sou fason nou ka viv pou n fè Bondye plezi (Jan 8:29). Donk, lè nou suiv tras Jezi, n ap fè Jewova plezi, e nou ka gen asirans Papa nou ki nan syèl la ap vin pwòch ak moun k ap fè anpil efò pou yo vin zanmi l. — Jak 4:8.

7 Dezyèmman, Jezi te imite Papa l yon fason ki san fay. Se sa k fè Jezi te ka di: “Moun ki wè m wè Papa a tou.” ​(Jan 14:9). Lè nou imite kalite Jezi te genyen yo ak fason li te aji ak lòt moun, pa egzanp, fason l te montre l gen pitye pou yon moun ki te gen lèp, fason l te montre l konprann soufrans yon dam ki te gen yon maladi grav, fason l te montre l gen konpasyon pou moun ki te gen moun pa yo ki mouri, se Jewova nou imite tou (Mak 1:40, 41; 5:25-34; Jan 11:33-35). Plis nou imite Jewova, se plis n ap vin pwòch avè l.

8. Esplike poukisa lè nou suiv tras Jezi sa ap ede nou “pot laviktwa” sou monn nan.

8 Lè nou suiv tras Jezi, sa ap ede n pou n pa kite monn mechan sa a fè nou pa konsantre sou sèvis Bondye a. Nan dènye nuit Jezi te pase sou tè a, li te kapab di: “Mwen pot laviktwa sou monn nan.” ​(Jan 16:33). Li te vle di, li pa t kite fason moun nan monn nan panse, objektif yo genyen ak fason yo aji enfliyanse l. Jezi pa t janm bliye rezon ki fè l te vin sou tè a se te pou l defann Jewova. E nou menm? Nan monn sa a, gen anpil bagay ki ka anpeche nou ret konsantre sou sèvis Bondye a. Men, si menm jan ak Jezi nou kontinye fè volonte Jewova san n pa kite anyen fè nou distrè, n ap “pot laviktwa” sou monn nan tou. — 1 Jan 5:5.

9. Ki sa nou dwe fè pou n kontinye mache sou wout lavi ki pap janm fini an?

9 Lè nou suiv tras Jezi, n ap gen lavi ki pap janm fini an. Lè yon jèn gason ki te rich te mande Jezi ki sa l bezwen fè pou l gen lavi ki pap janm fini an, Jezi te di l: “Vin suiv mwen.” ​(Mat. 19:16-21). Men sa Jezi te di kèk Juif ki pa t kwè li se Kris la: “Mouton m yo [...] suiv mwen. E mwen ba yo lavi ki pap janm fini an.” ​(Jan 10:24-29). Jezi te di Nikodèm, youn nan moun ki te fè pati Sanedren an, ki te vle konn plis sou sa Jezi t ap anseye yo, “moun ki demontre l gen lafwa nan li” ap “gen lavi ki pap janm fini an”. (Jan 3:16.) Nou demontre nou gen lafwa nan Jezi lè nou suiv sa l te di ak sa l te fè. Si nou fè sa, n ap kontinye mache sou wout lavi ki pap janm fini an. — Mat. 7:14.

KI JAN NOU KA SUIV TRAS JEZI PYE POU PYE?

10. Ki sa “aprann konnen” Jezi pi byen vle di? (Jan 17:3)

10 Nou dwe aprann konnen Jezi pou n ka suiv tras li pye pou pye. (Li Jan 17:3.) “Aprann konnen” Jezi se yon bagay nou dwe kontinye fè. Nou dwe kontinye aprann konnen l chak jou, sa vle di aprann konn kalite l yo, fason l panse ak prensip li yo. Kèlkeswa kantite tan nou gen nan laverite, nou dwe kontinye fè efò pou n aprann konnen Jewova ak Pitit Gason l lan.

11. Ki sa nou jwenn nan kat Evanjil yo?

11 Piske Jewova renmen nou, li fè met kat Evanjil yo nan Pawòl li a pou ede nou aprann konnen Pitit Gason l lan. Evanjil yo rakonte istwa lavi Jezi ak travay li te fè. Nan istwa sa yo, nou aprann konnen sa Jezi te di ak sa l te fè, e yo fè nou konnen fason l te konn santi l. Kat liv sa yo ede nou “reflechi seryezman” sou egzanp Jezi te bay (Ebre 12:3). Anfèt, nan Evanjil yo, n ap jwenn tras Jezi kite pou nou suiv. Se sa k fè, lè nou egzamine Evanjil yo, n ap vin konn Jezi pi byen toujou. Konsa, n ap ka suiv tras li pye pou pye.

12. Ki sa n ka fè pou n ka aprann plis nan Evanjil yo?

12 Pou n ka aprann plis nan Evanjil yo, nou pa dwe annik li yo. Nou bezwen pran tan pou nou byen etidye yo e pou n byen medite sou yo. (Konpare ak Jozye 1:8, nòt.) Ann wè de bagay ki ka ede nou pou n medite sou Evanjil yo e pou n aplike sa nou li ladan yo.

13. Ki jan w ka viv istwa ki nan Evanjil yo?

13 Premyèman, eseye viv istwa ki nan Evanjil yo. Sèvi ak imajinasyon w pou w wè, pou w tande e pou w santi sa k ap pase a. Yon bagay k ap ede w, se lè w fè kèk rechèch nan piblikasyon òganizasyon Jewova a ban nou yo. Egzamine kontèks la, sa vle di evènman ki te pase anvan oswa apre istwa w ap etidye a. Chèche jwenn enfòmasyon sou moun yo ak kote evènman yo te pase. Gade ki sa yon lòt Evanjil di sou istwa w ap etidye a. Pafwa, yon Evanjil konn bay enfòmasyon yon lòt pa bay.

14-15. Ki sa nou dwe fè pou n aplike sa n aprann nan Evanjil yo nan lavi n?

14 Dezyèmman, aplike sa w aprann nan Evanjil yo nan lavi w (Jan 13:17). Apre w fin byen egzamine yon istwa nan yon Evanjil, mande tèt ou: ‘Èske gen yon leson nan istwa sa a mwen ka aplike nan lavi m? Ki jan m ka sèvi ak istwa sa a pou m ede yon lòt moun?’ Eseye panse ak yon moun ou konnen, epi pataje sa w aprann nan avè l lè sa apwopriye. Fè sa avèk lanmou e avèk jantiyès.

15 Ann wè yon egzanp k ap montre fason nou ka aplike de konsèy sa yo. Nou pral egzamine istwa vèv malerèz Jezi te wè nan tanp lan.

VÈV MALERÈZ KI TE VIN NAN TANP LAN

16. Rakonte sa k te pase nan istwa nou jwenn nan Mak 12:41 an.

16 Eseye viv istwa a. (Li Mak 12:41.) Imajine sa k te pase a. Nou nan jounen 11 Nizan ane 33 epòk nou an, kèk jou anvan Jezi mouri. Jou sa a, Jezi te pase pifò tan l ap anseye nan tanp lan. Chèf relijye ki te kont li yo te ba l anpil pwoblèm. Anvan sa, gen kèk nan yo ki te mande l ki kote l jwenn otorite pou l fè travay l ap fè a. Gen lòt ki te poze l yon seri kesyon difisil pou yo eseye kole l (Mak 11:27-33; 12:13-34). Kounye a, Jezi deplase al yon lòt kote nan tanp lan. Pandan l la, petèt nan zòn yo rele Lakou medam yo, li ka wè kès yo konn met ofrann yo nan lakou a. Li chita ap gade moun k ap depoze ofrann nan kès yo. Li wè anpil moun rich k ap mete anpil pyès monnen. Petèt li nan yon distans ki pèmèt li tande bri pyès monnen y ap lage nan kès yo.

17. Ki sa vèv malerèz yo pale de li nan Mak 12:42 a te fè?

17 Li Mak 12:42. Apre yon tan, Jezi wè yon dam. Dam nan pòv, li se “yon vèv, yon malerèz”. (Lik 21:2.) Lavi a pa fasil pou li ditou. Petèt l ap lite pou l jwenn sa l bezwen pou l viv. Epoutan, l al bò kot youn nan kès yo e li annik lage de ti pyès monnen, petèt ki pa fè gwo bri pandan l lage yo nan kès la. Jezi konnen sa dam nan met nan kès la: de ti pyès monnen, monnen ki te pi piti yo te konn itilize nan epòk la. Sa dam nan mete a pa t menm ka achte yon tikit, youn nan zwazo moun te konn manje ki te pi bon mache a.

18. Selon Mak 12:43, 44, ki sa Jezi te di konsènan ofrann vèv la te bay la?

18 Li Mak 12:43, 44. Sa vèv la fè a touche Jezi anpil. Se sa k fè li rele disip li yo pou l montre yo vèv la, e li di yo: “Byenke vèv sa a pòv, li mete plis pase tout moun.” Apre sa li di: “Yo menm [sitou moun ki rich yo], sa yo mete a pa deranje yo, men dam sa a ki nan nesesite a mete tout sa l te posede, tout sa l te gen pou l viv.” Lè vèv sa a ki te fidèl te bay tout ti kòb li te genyen jou sa a, li te met konfyans li nan Jewova pou pran swen l. — Sòm 26:3.

Menm jan ak Jezi, felisite moun k ap bay Jewova sa yo genyen ki pi bon an. (Gade paragraf 19-20.) *

19. Ki leson enpòtan nou kapab aprann nan pawòl Jezi te di konsènan vèv ki malerèz la?

19 Aplike sa w aprann nan istwa a nan lavi w. Mande tèt ou: ‘Ki leson m ka aprann nan pawòl Jezi te di konsènan vèv ki malerèz la?’ Panse ak vèv la. Se sèten li ta renmen bay Jewova plis. Men, li te fè sa l kapab, li te bay Jewova sa l te genyen ki pi bon an. E Jezi te konnen Papa l te bay ofrann vèv la anpil valè. Men yon leson enpòtan nou kapab aprann: Jewova kontan lè nou ba l sa nou genyen ki pi bon an, sa vle di lè nou sèvi l ak tout kè n e ak tout nanm nou (Mat. 22:37; Kol. 3:23). Jewova kontan lè l wè nou fè tout sa n kapab! Prensip sa a valab pou kantite tan ak fòs nou depanse nan adorasyon n ap ba li a, sa gen ladan l travay preche ak anseye a ak reyinyon yo.

20. Ki jan w ka aplike leson w aprann nan istwa vèv la? Bay yon egzanp.

20 Ki jan w ka aplike leson w aprann nan istwa vèv la? Eseye panse ak kèk moun ki t ap santi yo rejwenn fòs si w ta fè yo sonje jan Jewova kontan lè yo fè tout sa yo kapab nan sèvis li. Pa egzanp, èske w konn yon sè ki aje ki pa kapab fè tout sa l te konn fè nan travay predikasyon an akoz pwoblèm sante oswa akoz fòs li bese, e sa fè konsyans li ap repwoche l e li santi li pa itil? Oubyen, èske w konn yon frè k ap soufri ak yon maladi ki pa gen gerizon ki santi l dekouraje poutèt li pa ka asiste tout reyinyon nan Sal Wayòm nan? Ede moun sa yo lè w di yo “pawòl ki bon pou fòtifye” yo (Efe. 4:29). Pataje bèl leson ankourajan nou aprann nan istwa vèv ki malerèz la ansanm avèk yo. Pawòl ankourajan sa yo kapab fè yo sonje Jewova kontan lè n ba li sa n genyen ki pi bon an (Pwo. 15:23; 1 Tes. 5:11). Lè w felisite lòt moun poutèt y ap bay Jewova sa yo genyen ki pi bon an, menmsi sa y ap bay la parèt piti, ou suiv tras Jezi pye pou pye.

21. Ki detèminasyon w pran?

21 Nou gen anpil rekonesans dèske nou jwenn anpil enfòmasyon sou lavi Jezi nan Evanjil yo ki pèmèt nou imite l epi suiv tras li pye pou pye! Sa w panse si w ta egzamine Evanjil yo nan etid pèsonèl ou oswa nan adorasyon an fanmi. Sonje sa, pou etid la ka vrèman itil, nou bezwen viv istwa yo epi aplike sa n aprann ladan yo nan lavi n. Nonsèlman nou bezwen imite sa Jezi te fè, men tou, nou bezwen koute sa l te di. Nan atik ki vin apre a, nou pral wè ki sa nou kapab aprann nan dènye pawòl Jezi te di anvan l mouri.

KANTIK 15 Ann louwe Premye Pitit Jewova a!

^ § 5 Antanke vrè kretyen, nou bezwen “suiv tras [Jezi] pye pou pye”. Ki “tras” Jezi kite pou nou suiv? Atik sa a pral reponn kesyon sa a. Li pral montre tou rezon ki fè nou dwe suiv tras Jezi pye pou pye ak fason nou kapab fè sa.

^ § 60 ESPLIKASYON SOU FOTO: Apre yon sè fin medite sou sa Jezi te di konsènan vèv ki malerèz la, li felisite yon sè aje pou jan l ap sèvi Jewova ak tout nanm li.