Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 16

Ann kontinye montre n gen rekonesans pou ranson an

Ann kontinye montre n gen rekonesans pou ranson an

“Pitit lòm nan [...] te vini [...] pou l bay lavi l kòm ranson pou libere anpil moun.” — MAK 10:45.

KANTIK 18 Nou gen rekonesans pou ranson an

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Ki sa ranson an ye, e poukisa nou bezwen l?

ANVAN Adan te peche li te pafè. Lè l te peche a, nonsèlman li te pèdi posiblite pou l viv pou toutan, pitit li t apral genyen yo te pèdi posiblite sa a tou. Adan pa t gen okenn rezon pou l te aji konsa. Se espre l te fè lè l te peche a. E pitit li yo menm? Yo pa t gen anyen pou yo wè nan peche Adan te fè a (Wom. 5:12, 14). Èske Jewova te ka fè yon bagay pou l sove pitit Adan yo anba santans lanmò Adan te vrèman merite a? Wi! Yon ti tan apre Adan te fin peche, Jewova te montre tikras pa tikras ki jan li t apral sove plizyè milyon desandan Adan yo anba malediksyon peche ak lanmò (Jen. 3:15). Nan lè Jewova te fikse pou sa, li t ap gen pou l voye Pitit Gason l lan sot nan syèl la vin “bay lavi l kòm ranson pou libere anpil moun”. — Mak 10:45; Jan 6:51.

2 Ki sa ranson an ye? Liv ki te ekri an grèk yo ede nou konprann ranson an se pri Jezi te peye pou n ka rejwenn sa Adan te pèdi a (1 Kor. 15:22). Poukisa nou bezwen ranson an? Paske, jan sa te parèt nan Lalwa, jistis Jewova te mande pou yo bay vi pou vi (Egz. 21:23, 24). Adan te pèdi lavi pafè li te genyen an. Selon sa jistis Bondye te mande, Jezi bay lavi pafè li te genyen antanke moun nan kòm sakrifis (Wom. 5:17). Konsa, li vin yon “Papa ki la pou toutan” pou tout moun ki montre yo gen lafwa nan ranson an. — Eza. 9:6; Wom. 3:23, 24.

3. Selon Jan 14:31 ak 15:13, poukisa Jezi te dispoze bay lavi pafè li te genyen antanke moun nan kòm sakrifis?

3 Jezi te dispoze sakrifye lavi l paske li renmen Papa l ki nan syèl la anpil e paske li renmen nou anpil tou. (Li Jan 14:31; 15:13.) Se lanmou sa a ki te fè l detèmine pou l ret fidèl jiska lafen e pou l reyalize tout sa Papa l te vle. Jezi te fè sa lè l te rete fidèl jiskaske l mouri. Konsa, objektif Jewova genyen depi okòmansman pou lèzòm ak tè a ap reyalize. Nan atik sa a, n ap wè rezon ki fè Bondye te kite Jezi soufri anpil anvan l mouri. Epitou, nou pral pale sou egzanp youn nan moun ki te patisipe nan ekri Bib la ki te gen anpil rekonesans pou ranson an. Finalman, nou pral wè fason nou kapab montre nou gen rekonesans pou ranson an ak fason nou ka vin gen plis rekonesans pou sakrifis Jewova ak Jezi te fè pou nou an.

POUKISA JEZI TE OBLIJE SOUFRI?

Reflechi ak tout soufrans Jezi te andire pou l te ka bay ranson an pou nou! (Gade paragraf 4.)

4. Esplike ki jan Jezi te mouri.

4 Imajine jan dènye jou lavi Jezi te ye anvan yo te touye l. Byenke l te ka mande Papa l pou l ba l plizyè rejiman zanj pou pwoteje l, li kite sòlda women yo met men sou li e l kite yo bat li san pitye (Mat. 26:52-54; Jan 18:3; 19:1). Yo bat li ak yon fwèt ki filange tout kò l. Annapre, yo fè l pote yon bwa byen lou sou do l ki tou ap senyen. Jezi kòmanse trennen poto a pou l al kote yo pral egzekite l la. Men, yon ti tan apre, yo bay yon mesye lòd pou l pote poto a pou li (Mat. 27:32). Lè Jezi rive kote l pral mouri a, sòlda yo kloure men l ak pye l sou poto a. Pwa kò l fè klou yo chire kote yo antre a. Zanmi Jezi yo tris anpil e manman l ap kriye. Men, chèf pami Juif yo ap pase Jezi nan rizib (Lik 23:32-38; Jan 19:25). Li fè plizyè èdtan ap soufri. Pozisyon l ye sou poto a fè l vin pi difisil pou l respire paske kè l ak poumon l fè twòp efò. Li sèvi ak dènye ti souf li genyen an pou l priye Jewova yon dènye fwa, apre sa li bese tèt li, li mouri (Mak 15:37; Lik 23:46; Jan 10:17, 18; 19:30). Vrèmanvre, se yon lanmò ki te rèd anpil e ki te imilyan!

5. Ki sa k te pi rèd pou Jezi pase fason yo te touye l la?

5 Se pa fason yo te touye Jezi a ki te pi rèd pou li, se rezon yo te bay pou yo touye l la ki te pi fè l mal. Yo te lage fo akizasyon sou do l kòmkwa li te fè blasfèm, sa vle di li pa gen respè pou Bondye oswa pou non Bondye (Mat. 26:64-66). Akizasyon sa a te tèlman bay Jezi pwoblèm, li te swete pou Papa l pa kite l pran imilyasyon sa a (Mat. 26:38, 39, 42). Poukisa Jewova te kite Pitit Gason li renmen anpil la soufri epi mouri? Ann wè twa rezon.

6. Poukisa yo te oblije pann Jezi sou yon poto soufrans?

6 Premyèman, yo te oblije pann Jezi sou yon poto pou Juif yo te ka libere anba yon malediksyon (Gal. 3:10, 13). Juif yo te pwomèt yo t ap obeyi Lwa Bondye a, men, yo pa t kenbe pwomès yo te fè a. Se sa k fè yo te merite mouri, nonsèlman paske yo se desandan Adan, men tou, paske yo te gen malediksyon sa a sou do yo (Wom. 5:12). Lalwa Bondye te bay pèp Izrayèl la te fè konnen yo te dwe touye yon gason ki fè yon peche ki merite lanmò. Apre sa, yo te ka pann kadav li sou yon poto * (Det. 21:22, 23; 27:26). Donk, piske yo te pann Jezi sou yon poto, li te vin posib pou nasyon juif la ki te rejte Jezi benefisye sakrifis li te fè a.

7. Bay yon dezyèm rezon ki fè Bondye te kite Pitit Gason l lan soufri.

7 Ann wè yon dezyèm rezon ki fè Bondye te kite Pitit Gason l lan soufri. Li t ap prepare Jezi pou wòl li t ap gen pou l jwe antanke Gran Prèt. Jezi te konnen jan sa difisil pou yon moun obeyi Bondye anba gwo eprèv. Li te tèlman santi l anba strès, li te priye Jewova “avèk gwo rèl ak dlo nan je” pou mande l èd. Vrèmanvre, piske Jezi te soufri anpil konsa, li ka konprann sitiyasyon nou e “li anmezi pou l pote [nou] sekou” lè nou “anba eprèv”. Nou gen Jewova anpil rekonesans dèske li ban nou yon Gran Prèt ki gen mizèrikòd e ki ka “konprann feblès nou”! — Ebre 2:17, 18; 4:14-16; 5:7-10.

8. Bay yon twazyèm rezon ki fè Bondye te kite Jezi soufri anpil.

8 Twazyèmman, Jewova te kite Jezi soufri anpil konsa pou l te ka reponn yon kesyon enpòtan: Èske gen moun k ap ret fidèl ak Jewova lè yo anba gwo eprèv? Satan di non! Li fè konnen se pou enterè lèzòm ap sèvi Bondye, e li kwè yo pa renmen Jewova, menm jan Adan pa t renmen Jewova (Jòb 1:9-11; 2:4, 5). Piske Jewova te gen asirans Jezi t ap ret fidèl, li te kite l pase anba eprèv nan dènye limit. Jezi te rete fidèl e l te montre aklè Satan se yon mantè.

YON MOUN KI TE PATISIPE NAN EKRI BIB LA KI TE GEN ANPIL REKONESANS POU RANSON AN

9. Ki egzanp apot Jan ban nou?

9 Ansèyman sou ranson an te fè lafwa anpil kretyen vin pi djanm. Yo te kontinye preche malgre opozisyon e yo te andire tout kalite eprèv pandan tout vi yo. Ann pran egzanp apot Jan. Sanble li te fè plis pase 60 an ap preche laverite sou Kris ak ranson an. Lè l te prèske gen 100 an, dirijan women yo te tèlman konsidere l kòm yon menas pou gouvènman yo a, yo te egzile l sou zile Patmòs. Ki krim li te fè? Li “t ap pale de Bondye e [li] t ap bay temwayaj sou Jezi”. (Rev. 1:9.) Ala yon bèl egzanp Jan bay antanke moun ki te gen lafwa ak andirans!

10. Ki jan pawòl Jan te ekri yo montre li te gen rekonesans pou ranson an?

10 Nan liv Jan te ekri nou jwenn nan Bib la, li te fè konnen li renmen Jezi anpil e li gen anpil rekonesans pou ranson an. Liv sa yo pale de ranson an oswa byenfè lèzòm kapab jwenn grasa ranson an plis pase 100 fwa. Pa egzanp, Jan te ekri: “Si yon moun ta fè yon peche, nou gen yon èd bò kot Papa a, se Jezi Kris, yon moun ki jis.” ​(1 Jan 2:1, 2). Nan pawòl Jan te ekri yo, li te fè konnen tou li enpòtan pou n “bay temwayaj sou Jezi”. (Rev. 19:10.) Vrèmanvre, Jan te gen anpil rekonesans pou ranson an! Ki jan nou kapab montre sa tou?

KI JAN W KA MONTRE W GEN REKONESANS POU RANSON AN?

Si n gen rekonesans toutbon pou ranson an, n ap reziste lè n jwenn tantasyon pou n peche. (Gade paragraf 11.) *

11. Ki sa k ka ede nou reziste lè n jwenn tantasyon?

11 Reziste lè w jwenn tantasyon pou w peche. Si nou vrèman gen rekonesans pou ranson an, nou pap di tèt nou: ‘Mwen pa bezwen fè efò pou m pa peche lè m jwenn tantasyon. Mwen ka annik peche, apre sa m a mande Bondye padon.’ Okontrè, lè nou jwenn tantasyon pou n fè yon bagay ki mal, n ap di: ‘Non! Ki jan m ta ka fè yon bagay konsa apre tout sa Jewova ak Jezi fè pou mwen?’ Se poutèt sa nou ka mande Jewova pou l ban nou fòs, nou kapab sipliye l pou l ede nou pou n pa “tonbe anba tantasyon”. — Mat. 6:13.

12. Ki jan nou ka aplike konsèy nou jwenn nan 1 Jan 3:16-18 la?

12 Renmen frè n ak sè n yo. Lè nou montre nou renmen frè n ak sè n yo, nou montre nou gen rekonesans pou ranson an tou. Sa k fè sa? Se paske Jezi pa t bay lavi l pou nou sèlman, li te bay lavi l pou frè n ak sè n yo tou. Si l te dispoze mouri pou yo, sa montre aklè yo gen anpil valè pou li. (Li 1 Jan 3:16-18.) Se fason nou aji ak frè n ak sè n yo k ap montre si nou renmen yo (Efe. 4:29, 31–5:2). Pa egzanp, nou ede yo lè yo malad oswa lè yo anba gwo eprèv, san wete lè gen katastwòf natirèl. Men, ki sa n ta dwe fè lè yon frè oswa yon sè di oswa fè yon bagay ki fè nou mal?

13. Poukisa nou dwe dispoze padone?

13 Èske w konn twouve l difisil pou w padone yon frè oswa yon sè (Lev. 19:18)? Si sa konn rive w, suiv konsèy ki vin annapre a: “Menmsi yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt, se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè l. Menm jan Jewova padone nou ak tout kè l, nou menm tou, nou dwe fè menm jan an.” ​(Kol. 3:13). Chak fwa nou padone frè nou oswa sè nou, nou montre Papa nou ki nan syèl la nou gen anpil rekonesans pou ranson an. Ki jan nou ka kontinye gen plis rekonesans pou kado sa a Bondye ban nou an?

KI JAN W KA VIN GEN PLIS REKONESANS POU RANSON AN?

14. Bay youn nan fason nou kapab vin gen plis rekonesans pou ranson an.

14 Di Jewova mèsi pou ranson an. Men sa yon sè ki rele Joanna ki gen 83 an e k ap viv nan peyi End di: “Mwen panse li enpòtan pou m sonje ranson an chak jou nan priyè m e pou m di Jewova mèsi pou li.” Lè w ap priye poukont ou, di Jewova sa w te fè ki mal pandan jounen an epi mande l padon. Nòmalman, si w te fè yon peche grav, w ap bezwen chèche èd ansyen yo tou. Y ap koute w e y ap ba w bonjan konsèy ki baze sou Pawòl Bondye a. Y ap priye ansanm avè w e y ap mande Jewova pou l padone w sou baz sakrifis Jezi a “pou [w] ka geri”, sa vle di pou w vin gen bon relasyon avè L ankò. — Jak 5:14-16.

15. Poukisa nou ta dwe pran tan pou nou fè etid sou ranson an epi medite sou li?

15 Medite sou ranson an. Men sa yon sè ki rele Rajamani ki gen 73 an di: “Chak fwa m li tout soufrans Jezi te andire, dlo kouri nan je m.” Ou menm tou sa ka fè w mal lè w ap panse ak tout soufrans Pitit Bondye a te sibi. Men, tank w ap medite sou sakrifis Jezi te fè a, se tank w ap vin renmen l e w ap vin renmen Papa l. Pou w ka medite sou ranson an, sa w panse si w ta fè plis rechèch sou sa?

Jezi te itilize yon manje tou senp pou l te montre disip li yo fason pou yo sonje sakrifis li a. (Gade paragraf 16.)

16. Lè nou pale ak lòt moun sou ranson an, ki jan sa ede nou? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

16 Anseye lòt moun sou ranson an. Chak fwa nou pale ak lòt moun sou ranson an, nou vin gen plis rekonesans pou li. Nou gen bonjan piblikasyon ak videyo nou kapab itilize pou n montre lòt moun rezon ki fè Jezi te oblije mouri pou nou. Pa egzanp, nou kapab sèvi ak leson 4 nan bwochi Bon nouvèl Bondye bay la! ki gen tit “Kiyès Jezi Kris ye?”. Oubyen, nou ka al nan chapit 5 liv Ki sa Labib kapab anseye nou? an ki gen tit “Ranson an: Pi gwo kado Bondye bay la”. Chak ane, nou montre nou gen plis rekonesans pou ranson an, lè n asiste Memoryal lanmò Jezi e lè n kontan envite lòt moun vin asiste ansanm avè n. Ala yon gwo onè Jewova fè nou pou n ede lòt moun aprann konnen Pitit Gason l lan!

17. Poukisa ranson an se pi gwo kado Bondye bay lèzòm?

17 Vrèmanvre, nou gen bonjan rezon pou n vin gen anpil rekonesans pou ranson an e pou n kontinye fè sa. Grasa ranson an, nou kapab gen bon relasyon ak Jewova malgre nou enpafè. Grasa ranson an, travay Dyab la pral kraze nèt (1 Jan 3:8). Grasa ranson an, objektif Jewova gen pou tè a depi okòmansman an pral reyalize. Tout tè a nèt pral vin yon paradi. Chak moun ou rankontre ap renmen Jewova e y ap sèvi l. Kidonk, ann chèche okazyon chak jou pou n montre nou gen rekonesans pou ranson an, pi gwo kado Bondye bay lèzòm nan!

KANTIK 20 Ou bay Pitit Gason ou renmen anpil la pou nou

^ § 5 Poukisa yo te fè Jezi soufri anpil anvan yo te touye l? N ap jwenn repons kesyon sa a nan atik sa a. Atik sa a ap ede nou tou pou n gen plis rekonesans pou ranson an.

^ § 6 Women yo te gen abitid kloure oswa mare moun yo kondane yo tou vivan sou yon poto, e Jewova te kite yo touye Pitit Gason l lan fason sa a.

^ § 55 ESPLIKASYON SOU FOTO: Chak frè sa yo ap reziste devan yon tantasyon. Premye a vire tèt li pou l pa gade imaj ki pa kòrèk, dezyèm nan pa aksepte fimen, e twazyèm nan pa aksepte fè lajan nan move kondisyon.