Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 17

Ou gen anpil valè pou Jewova!

Ou gen anpil valè pou Jewova!

“Jewova pran plezi nan pèp li a.” — SÒM 149:4.

KANTIK 108 Lanmou fidèl Bondye genyen an

SA NOU PRAL WÈ *

Papa nou ki nan syèl la “pran plezi” nan nou chak. (Gade paragraf 1.)

1. Ki sa Jewova wè lakay moun k ap sèvi l yo?

JEWOVA DYE “pran plezi nan pèp li a”. (Sòm 149:4.) Sa fè nou kontan anpil! Jewova wè bon bagay nou gen lakay nou, li wè ki kalite moun nou kapab ye e li rale nou vin jwenn li. Si nou ret fidèl avè l, l ap ret pwòch avè n pou toutan! — Jan 6:44.

2. Poukisa kèk moun pa fin kwè Jewova renmen yo?

2 Gen moun ki ka di: ‘Mwen konnen Jewova renmen tout sèvitè l yo. Men, ki jan m ka sèten Jewova renmen m pèsonèlman.’ Ki sa k ka fè yon moun poze kesyon sa a? Men sa Oksana * ki te soufri anpil lè l te timoun di: “Mwen te kontan anpil lè m te batize e lè m te vin pyonye. Men, 15 an annapre, mwen te vin ap sonje move bagay ki te rive m lè m te timoun. Mwen te kòmanse panse mwen pa fè Jewova plezi e m pa merite pou l renmen m.” Men sa Youana, yon sè ki pyonye ki te soufri anpil tou lè l te timoun, fè konnen: “Mwen te vwe Jewova lavi m paske m te vle fè kè l kontan. Men, mwen te gen konviksyon li pa t ap janm renmen m.”

3. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

3 Menm jan ak de sè fidèl nou sot pale de yo la a, ou renmen Jewova anpil, men, ou ka pa fin kwè li renmen w. Poukisa w bezwen gen konviksyon Jewova gen sousi pou ou toutbonvre? E ki sa k ka ede w lè w gen panse negatif? Nou pral wè repons kesyon sa yo.

SE YON DANJE LÈ NOU PA FIN KWÈ JEWOVA RENMEN NOU

4. Poukisa se yon danje lè nou pa fin kwè Jewova renmen nou?

4 Lanmou se yon gwo fòs ki pouse moun aji. Si nou gen konviksyon Jewova renmen nou e l ap ede nou, n ap anvi sèvi l ak tout kè nou, menm lè nou jwenn pwoblèm nan lavi n. Men, si nou pa fin kwè Bondye gen sousi pou nou, n ap “prèske san fòs”. (Pwo. 24:10.) Lè nou dekouraje e nou vin ap panse Bondye pa renmen nou, nou pap ka reziste kont atak Satan yo. — Efe. 6:16.

5. Ki sa k te rive kèk frè ak sè ki pa t fin kwè Bondye renmen yo?

5 Gen kèk kretyen fidèl nan epòk nou an ki kite dout fè lafwa yo vin fèb. Men sa yon ansyen ki rele James di: “Byenke m t ap sèvi nan Betèl e m te kontan sèvi nan yon kongregasyon lang etranje, mwen t ap mande tèt mwen si sakrifis m ap fè yo fè Jewova plezi toutbon. Rive yon lè, m te menm vin ap mande tèt mwen si Jewova koute priyè m.” Men sa Eva ki nan sèvis aplentan tou fè konnen: “Mwen twouve se yon danje lè yon moun pa fin kwè Jewova renmen l, paske sa gen efè sou tout sa l ap fè pou li. Ou vin pa anvi fè anyen pou Jewova e sa fè w pèdi jwa w nan sèvis w ap ba li a.” Men sa Michael, yon frè ki pyonye pèmanan e k ap sèvi kòm ansyen, di: “Si w pa kwè Bondye gen sousi pou ou, w ap sispann sèvi l.”

6. Ki sa nou dwe fè si nou ta kòmanse panse Bondye pa renmen nou?

6 Eksperyans sa yo montre, si nou panse Jewova pa renmen nou, sa ka gen move efè sou lafwa nou. Men, ki sa nou dwe fè si nou ta kòmanse panse konsa? Nou dwe elimine panse sa yo tousuit! Mande Jewova pou l ede w retire “bagay k ap trakase” w yo nan lespri w e pou w vin gen ‘lapè Bondye bay la k ap pwoteje kè w ak lespri w’. (Sòm 139:23; Flp. 4:6, 7.) Epi, sonje w pa poukont ou. Gen lòt frè ak sè fidèl k ap goumen ak santiman negatif. Menm moun ki t ap sèvi Jewova nan tan lontan te konn goumen ak santiman konsa. Ann wè ki sa nou ka aprann nan egzanp apot Pòl.

SA NOU APRANN NAN EGZANP APOT PÒL

7. Ki pwoblèm Pòl te genyen?

7 Èske pafwa ou konn santi w gen twòp responsablite e w pa ka fè tout sa w gen pou w fè? Si sa konn rive w, w ap konprann apot Pòl. Se pa t pou yon kongregasyon sèlman li t ap enkyete l, men se te “pou tout kongregasyon yo”. (2 Kor. 11:23-28.) Èske pwoblèm sante konn fè w pèdi jwa w? Pòl te gen yon “yon pikan nan chè” l ki te toujou ap trakase l. Petèt se te yon maladi li te genyen e li te vle sot anba l (2 Kor. 12:7-10). Èske pafwa ou konn santi w dekouraje akoz enpèfeksyon w gen lakay ou? Sa te konn rive Pòl. Li te di “ala mizè pou mwen” paske li te toujou ap goumen ak enpèfeksyon li gen lakay li. — Wom. 7:21-24.

8. Ki sa k te ede Pòl andire malgre pwoblèm li te genyen?

8 Malgre Pòl te jwenn tout kalite eprèv ak sitiyasyon ki te ka dekouraje l, li te kontinye sèvi Jewova. Ki kote l te jwenn fòs pou l fè sa? Byenke li te byen konnen feblès li genyen, li te gen yon lafwa solid nan ranson an. Epitou, Pòl te konnen pwomès Jezi te fè a ki di: “Nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan [Jezi ap] gen lavi ki pap janm fini an.” ​(Jan 3:16; Wom. 6:23). Pòl te vrèman gen lafwa nan ranson an. Li te gen konviksyon Jewova dispoze padone menm moun ki fè peche grav si yo repanti. — Sòm 86:5.

9. Ki sa nou aprann nan pawòl Pòl te di nou jwenn nan Galat 2:20 an?

9 Pòl te gen konviksyon Bondye renmen l anpil paske li konnen Bondye te voye Jezi vin mouri pou li. (Li Galat 2:20.) Gade ki sa l te di nan fen vèsè a ki te ba l asirans sa a. Li te di: “Pitit Bondye a [...] renmen m e [li] livre tèt li pou mwen.” Pòl pa t panse li tèlman pa bon Bondye pa ka renmen l, epi pou l ta di: ‘Mwen ka wè poukisa Jewova renmen frè m yo, men m pa wè poukisa l ta renmen m.’ Men sa Pòl te fè kretyen nan vil Wòm yo sonje: “Kris mouri pou nou pandan nou te pechè toujou.” ​(Wom. 5:8). Vrèmanvre, lanmou Bondye pa gen limit!

10. Ki sa nou aprann nan Women 8:38, 39?

10 Li Women 8:38, 39. Pòl te gen konviksyon lanmou Bondye gen anpil fòs. Li te di pa gen anyen k ap “kapab separe nou ak lanmou Bondye”. Li te konnen jan Jewova te pran pasyans ak nasyon Izrayèl la. Li te konnen tou jan Jewova te gen pitye pou li. Nou te ka rezime rezònman Pòl te fè a konsa: ‘Piske Jewova te voye pwòp Pitit Gason l lan vin mouri pou mwen, mwen pa gen okenn rezon pou m pa kwè li renmen m.’ — Wom. 8:32.

Sa k konte pou Bondye se sa n ap fè kounye a ak sa n ap fè alavni, men, se pa move bagay nou te fè anvan sa. (Gade paragraf 11.) *

11. Menm lè Pòl te konn fè peche ki sanble ak sa nou jwenn nan 1 Timote 1:12-15 yo, sa k fè li te gen asirans Bondye renmen l?

11 Li 1 Timote 1:12-15. Sa dwe te konn fè Pòl mal anpil lè l t ap panse ak sa l te konn fè anvan l te vin kretyen. Li te di li “pi mal” pase tout moun k ap pratike peche, e nou pa sezi pou sa! Anvan Pòl te aprann laverite, li te konn pèsekite kretyen yo sot nan yon vil al nan yon lòt, li te fè met kèk nan yo nan prizon e li te dakò pou yo touye kèk lòt (Tra. 26:10, 11). Èske w ka imajine jan Pòl t ap santi l si l ta rankontre yon jèn kretyen li te dakò pou yo touye paran l? Pòl te regrèt move aksyon li te fè yo, men, li pa t ka chanje sa. Li te aksepte Kris te mouri pou li, e li te kapab di avèk asirans: “Se grasa favè san parèy Bondye a mwen vin sa m ye a.” ​(1 Kor. 15:3, 10). Ki leson nou aprann? Ou bezwen aksepte Kris te mouri pou ou, e li fè l vin posib pou w vin bon zanmi Jewova (Tra. 3:19). Sa k konte pou Bondye se sa n ap fè kounye a ak sa n ap fè alavni, men, se pa move bagay nou te fè anvan sa, kit nou te deja Temwen Jewova kit nou potko ap sèvi Jewova. — Eza. 1:18.

12. Ki jan pawòl ki nan 1 Jan 3:19, 20 an ka ede nou si nou santi nou pa vo anyen oswa nou pa merite pou moun renmen nou?

12 Lè w ap reflechi ak Jezi ki te mouri pou peche w, ou ta ka di: ‘Mwen pa merite gwo kado sa a.’ Ki sa k ka fè w panse konsa? Piske nou enpafè, kè nou kapab twonpe nou. Li ka fè nou santi nou pa vo anyen oswa moun pa ka renmen nou. (Li 1 Jan 3:19, 20.) Lè sa rive, nou bezwen sonje “Bondye pi gran pase kè nou”. Lefètke Papa nou ki nan syèl la gen lanmou e li dispoze padone, sa gen plis fòs lontan pase kèlkeswa santiman negatif nou ta ka gen nan kè nou. Nou bezwen fè efò pou nou wè tèt nou jan Jewova wè nou. Pou nou fè sa, nou dwe etidye Pawòl li a souvan, priye l tanzantan, epi reyini regilyèman ansanm ak sèvitè fidèl li yo. Poukisa l enpòtan anpil pou n fè bagay sa yo?

FASON ETID LABIB, LAPRIYÈ AK ZANMI FIDÈL NOU GENYEN KA EDE N

13. Lè nou etidye Pawòl Bondye a, ki jan sa ka ede nou? (Gade kare ki gen tit “ Fason Pawòl Bondye a ede yo”.)

13 Etidye Pawòl Bondye a chak jou, e w ap pi byen konprann bèl kalite Jewova genyen yo. W ap vin konprann jis nan ki pwen l renmen w. Lè w medite sou Pawòl Bondye a chak jou, sa ka ede w pi byen reflechi. Konsa, “bagay yo [ap] vin dwat” nan lespri w ak nan kè w (2 Tim. 3:16). Men sa yon ansyen ki rele Kevin ki t ap lite ak santiman ki fè l panse li pa vo anyen di: “Lè m te li Sòm 103 e m te medite sou li, sa te ede m korije fason m panse epi konprann fason Jewova wè m toutbonvre.” Men sa Eva nou te pale de li pi wo a di: “Mwen pran tan nan fen jounen an pou m medite sou sa ki enpòtan pou Jewova. Sa fè kè m poze e lafwa m vin solid.”

14. Ki jan lapriyè kapab ede nou?

14 Priye souvan (1 Tes. 5:17). Pou nou vin bon zanmi yon moun, nou bezwen pale avè l souvan e nou bezwen di l sa k nan kè nou. Pou nou vin zanmi Jewova, nou bezwen fè menm bagay la tou. Lè nou priye Jewova pou nou di l sa n santi, sa n panse ak sa ki enkyete nou, nou montre nou fè l konfyans e n konnen li renmen nou (Sòm 94:17-19; 1 Jan 5:14, 15). Men sa Youana nou te pale de li pi wo a di: “Lè m ap priye, mwen fè efò pou m pa annik di Jewova sa m te fè pandan jounen an. Mwen ouvri kè m ba li e m fè l konnen sa m santi toutbonvre. Tikras pa tikras, mwen te vin wè Jewova se pa yon patwon ki alatèt yon konpayi, men pito, se yon Papa ki vrèman renmen pitit li yo.” — Gade kare ki gen tit “ Èske w te li l?

15. Ki jan Jewova montre li enterese nan nou chak?

15 Frekante zanmi ki fidèl, yo se kado Jewova ban nou (Jak 1:17). Papa nou ki nan syèl la montre l enterese nan nou chak lefètke li ban nou frè ak sè nan kongregasyon an ki demontre “lanmou toutan”. (Pwo. 17:17.) Nan lèt Pòl te ekri kretyen nan vil Kolòs yo, li te site non kèk kretyen ki te ede l, li te di yo se “yon gwo rekonfò” pou li (Kol. 4:10, 11). Menm Kris Jezi te bezwen èd li te jwenn nan men zanmi l yo, kit se te zanj kit se te moun, e li te gen rekonesans pou sa. — Lik 22:28, 43.

16. Ki jan zanmi fidèl nou genyen yo ka ede n vin pi pwòch ak Jewova?

16 Èske w chèche èd zanmi fidèl Jewova ba ou kòm kado yo, e èske w aksepte yo ede w? Lè w fè yon zanmi ki gen matirite konnen sa k ap trakase w, sa pa vle di ou manke lafwa, okontrè, sa ka pwoteje w. Men sa James nou te pale de li pi wo a di: “Lefètke gen frè ak sè ki gen matirite ki bon zanmi m, sa ede m anpil. Lè yon seri panse negatif anvayi m, zanmi sa yo ki gen anpil valè pou mwen koute m avèk pasyans e yo fè m konnen yo renmen m. Grasa yo, mwen vin wè jan Jewova renmen m pèsonèlman e jan l gen sousi pou mwen.” Se pa ti enpòtan li enpòtan pou nou vin bon zanmi frè n ak sè n yo!

RETE NAN LANMOU JEWOVA

17-18. Kiyès nou dwe koute, e poukisa?

17 Satan vle nou sispann goumen pou n fè sa ki dwat. Li vle nou kwè Jewova pa renmen nou e nou pa merite sove. Men, jan nou sot wè sa, se yon manti kri sa ye.

18 Jewova renmen w. Ou se yon trezò ki gen anpil valè pou li. Si w obeyi l, w ap “rete nan lanmou l” pou toutan, menm jan ak Jezi (Jan 15:10). Kidonk, pa koute Satan e pa koute kè w k ap kondane w. Okontrè, se pou w koute Jewova ki wè sa ki bon nan nou chak. Se pou w gen konviksyon li “pran plezi nan pèp li a”, san wete ou menm!

KANTIK 141 Lavi se yon mirak

^ § 5 Gen kèk nan frè n ak sè n yo ki pa fin kwè Jewova renmen yo. Nan atik sa a, nou pral wè poukisa nou kapab kwè Jewova renmen nou chak. Nou pral wè tou ki sa nou kapab fè lè nou pa fin kwè Jewova renmen nou.

^ § 2 Gen kèk non yo chanje.

^ § 67 ESPLIKASYON SOU FOTO: Anvan Pòl te aprann laverite, li te fè met anpil kretyen nan prizon. Lè l te aksepte sa Jezi te fè pou li, li te vin chanje e l te ankouraje lòt kretyen. Petèt kèk nan yo se te fanmi moun li te pèsekite yo.