Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 20

Kontinye ret pozitif nan travay predikasyon an

Kontinye ret pozitif nan travay predikasyon an

“Simen semans ou [...], e pinga w bay men w repo.” — EKL. 11:6.

KANTIK 70 Annou chèche moun ki byen dispoze yo

SA NOU PRAL WÈ *

Apre Jezi fin monte nan syèl, disip li yo chofe nan travay predikasyon an nan Jerizalèm ak anpil lòt kote. (Gade paragraf 1.)

1. Ki egzanp Jezi te kite pou disip li yo, e ki jan yo te reyaji? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

JEZI te kontinye ret pozitif pandan tout sèvis li sou tè a, e li vle pou moun k ap suiv li yo kontinye ret pozitif tou nan travay predikasyon an (Jan 4:35, 36). Pandan Jezi te ansanm ak disip li yo, yo te chofe nan travay predikasyon an (Lik 10:1, 5-11, 17). Men, lè yo te arete Jezi e yo te touye l, pandan yon ti tan, disip yo te vin pa anvi preche (Jan 16:32). Apre Jezi fin resisite, li te ankouraje yo pou yo konsantre sou travay predikasyon an. E apre l fin monte nan syèl, yo te tèlman chofe nan travay predikasyon an, ènmi yo te plenyen, yo te di: “Gade! nou gaye ansèyman nou an nan tout Jerizalèm.” — Tra. 5:28.

2. Ki sa k montre Jewova te beni travay predikasyon an?

2 Jezi te gide kretyen nan premye syèk yo lè yo t ap preche, e Jewova te beni yo. Se sa k fè anpil moun te vin aksepte mesaj yo t ap preche a. Pa egzanp, nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, te gen anviwon 3 000 moun ki te batize (Tra. 2:41). Kantite disip yo te kontinye ogmante anpil (Tra. 6:7). Sepandan, Jezi te fè konnen gen plis moun toujou ki t ap gen pou aksepte bon nouvèl la nan dènye jou yo. — Jan 14:12; Tra. 1:8.

3-4. Poukisa kèk moun ka twouve travay predikasyon an difisil, e ki sa nou pral wè nan atik sa a?

3 Nou tout ap fè efò pou n kontinye ret pozitif nan travay predikasyon an. Nan kèk peyi, li fasil pou n ret pozitif. Sa k fè sa? Paske tèlman gen moun ki ta renmen etidye Labib, gen nan yo ki oblije tann jiskaske yo jwenn yon Temwen pou fè etid avè yo. Men, nan kèk lòt peyi, pwoklamatè yo twouve travay predikasyon an pi difisil. Yo pa prèske jwenn moun yo lakay yo, e moun yo jwenn yo konn pa vrèman enterese nan Bib la.

4 Si w ap viv nan yon zòn kote travay predikasyon an difisil, konsèy ki nan atik sa a ka ede w. Nou pral wè ki sa kèk moun fè pou yo jwenn plis moun nan travay predikasyon an. E nou pral wè rezon ki fè nou ka kontinye ret pozitif, kit moun yo koute mesaj n ap bay la, kit yo pa koute.

ANN KONTINYE RET POZITIF LÈ L DIFISIL POU N JWENN MOUN YO

5. Ki difikilte anpil Temwen jwenn?

5 Anpil Temwen twouve l vin pi difisil pou yo rive pale ak moun yo lakay yo. Gen kèk pwoklamatè k ap viv nan zòn ki gen anpil apatman ki gen gwo sistèm sekirite oswa nan zòn ki gen kominote ki gen gwo baryè. Konn gen yon gadyen oswa yon sekirite ki pa kite pèsonn antre san pèmisyon yon moun ki abite anndan an. Gen lòt pwoklamatè ki ka preche kay an kay san pwoblèm, men, se kèk moun yo jwenn lakay yo. Gen lòt pwoklamatè tou k al preche nan zòn andeyò oswa nan zòn izole kote ki pa gen anpil moun. Pwoklamatè yo konn mache anpil jis pou yo ka jwenn yon moun nan yon kay, e lè yo rive, yo gendwa pa menm jwenn moun nan. Si nou jwenn pwoblèm sa yo, nou pa dwe dekouraje. Ki sa n ka fè pou n fè fas ak difikilte konsa e pou n kapab preche plis moun?

6. Nan ki sans moun k ap preche yo sanble ak moun k ap fè lapèch?

6 Jezi te konpare travay predikasyon an ak travay yon pechè pwason (Mak 1:17). Gen kèk pechè ki ka fè plizyè jou ap fè lapèch san yo pa pran okenn pwason. Men, yo pa dekouraje. Yo chanje fason y ap fè lapèch la. Pa egzanp, yo chanje lè, yo chanje zòn oswa yo chanje metòd. Nou ka fè menm bagay la tou lè n ap preche. Ann wè kèk fason nou ka fè sa.

Lè n ap preche nan zòn kote se yon lè konsa moun yo lakay yo, chèche jwenn yo nan lòt lè, nan lòt zòn oswa eseye lòt metòd. (Gade paragraf 7-10.) *

7. Ki rezilta nou ka jwenn si nou preche nan lòt lè?

7 Eseye preche nan lòt lè. N ap jwenn plis moun si nou preche nan lè li pi fasil pou n jwenn moun yo lakay yo. Dayè, rive yon lè, y ap antre lakay yo kanmenm. Anpil frè ak sè twouve l bon lè yo preche nan aprèmidi oswa nan aswè, paske se lè sa a yo jwenn plis moun. Anplis de sa, moun yo ka pi rilaks e yo ka pi dispoze pale nan lè sa yo. Oswa, ou ka eseye fè sa yon ansyen ki rele David te fè. Li fè konnen, apre li menm ak frè k ap preche avè l la fin fè yon ti tan ap preche nan yon tèritwa, yo retounen nan kay yo pa t jwenn moun ladan yo *. Men sa l di: “Mwen sezi wè kantite moun nou te jwenn lakay yo lè n te retounen an.”

Lè n ap preche nan zòn kote se yon lè konsa moun yo lakay yo, chèche jwenn yo nan lòt lè. (Gade paragraf 7-8.)

8. Ki jan nou ka aplike konsèy ki nan Eklezyas 11:6 la lè n ap preche?

8 Nou pa dwe bay vag. Vèsè atik la baze sou li a fè n sonje jan nou bezwen aji. (Li Eklezyas 11:6.) David, nou te pale de li pi wo a, pa t bay vag. David t al preche nan yon kay plizyè fwa, men l pa t janm jwenn moun. Finalman, li te resi jwenn mèt kay la. Mesye a te enterese nan Bib la e li te di: “Mwen gen anviwon uitan depi m ap viv la a, mwen pa t janm wè yon Temwen Jewova vin lakay mwen.” Men sa David di: “Mwen rann mwen kont, lè w resi jwenn moun yo lakay yo, byen souvan yo dispoze koute mesaj n ap preche a.”

Lè n ap preche nan zòn kote se yon lè konsa moun yo lakay yo, chèche jwenn yo nan lòt zòn. (Gade paragraf 9.)

9. Ki sa kèk Temwen fè pou yo rive preche yon seri moun li difisil pou yo jwenn lakay yo?

9 Eseye preche nan lòt zòn. Gen kèk pwoklamatè k al preche nan lòt zòn pou yo ka jwenn moun li difisil pou yo jwenn lakay yo. Pa egzanp, yo jwenn bon rezilta lè yo preche nan lari ak lè yo itilize charyo piblikasyon paske sa pèmèt yo rankontre moun k ap viv nan gwo bilding ki gen apatman kote yo pa pèmèt yo preche. Metòd sa yo bay Temwen yo posiblite pou yo pale fasafas ak moun yo te ka pa janm rive jwenn. Epitou, gen anpil pwoklamatè ki twouve moun yo pi dispoze pale oswa aksepte piblikasyon yo lè yo sou plas piblik, lè yo nan mache oswa nan makèt ak lè yo nan zòn ki gen biznis. Men sa Floiran, yon siveyan sikonskripsyon k ap viv nan peyi Bolivi, di: “N al preche nan mache ak nan zòn ki gen biznis yo ant inè ak twazè nan aprèmidi lè moun k ap vann yo gen mwens aktivite. An jeneral, nou konn gen bèl konvèsasyon e nou konn menm kòmanse etidye Labib ak yo.”

Lè n ap preche nan zòn kote se yon lè konsa moun yo lakay yo, eseye lòt metòd. (Gade paragraf 10.)

10. Ki metòd nou kapab itilize pou n rive jwenn moun yo?

10 Eseye yon lòt metòd. Ann sipoze ou eseye al lakay yon moun plizyè fwa. Malgre w ale nan lòt lè, ou pa janm ka jwenn moun nan lakay li. Èske gen lòt bagay ou kapab fè pou w rive jwenn li? Men sa Katarína di: “Mwen ekri lèt voye bay moun mwen pa janm ka jwenn lakay yo. Mwen fè yo konnen sou ki sa m ta renmen pale avèk yo si m ta rankontre yo.” Ki sa nou aprann nan eksperyans sa a? Pandan w ap preche, fè efò pou w rive jwenn chak moun nan tèritwa w la yon fason oswa yon lòt.

KONTINYE RET POZITIF LÈ MOUN YO MONTRE YO PA ENTERESE

11. Poukisa kèk moun pa enterese nan mesaj n ap preche a?

11 Gen moun ki pa enterese nan mesaj n ap preche a. Yo pa wè l nesesè pou yo chèche konnen Bondye oswa Bib la. Yo tèlman wè gen soufrans nan monn nan, sa fè yo pa kwè nan Bondye. Yo pa enterese nan Bib la paske yo wè chèf relijye yo ipokrit. Chèf relijye sa yo fè konnen y ap suiv sa Bib la di, alòske yo pa fè sa vre. Gen lòt moun menm ki tèlman toujou ap panse ak travay yo, fanmi yo oswa pwòp pwoblèm pa yo, yo pa panse Bib la kapab ede yo. Ki jan n ka kontinye gen kè kontan lè moun n ap preche yo pa bay mesaj nou an valè?

12. Ki jan lè nou aplike pawòl ki nan Filipyen 2:4 la sa ka ede nou nan travay predikasyon an?

12 Montre w enterese ak moun yo. Anpil moun ki pa t konn vle koute bon nouvèl la konn byen reyaji annapre lè yo wè nou vrèman enterese ak yo. (Li Filipyen 2:4.) Pa egzanp, men sa David, nou te pale de li pi wo a, di: “Lè yon moun di nou li pa enterese, nou depoze Bib la oswa piblikasyon an e nou mande l: ‘Èske w ka di m sa k fè sa?’” Moun yo kapab santi lè yon moun gen sousi pou yo. Yo gendwa pa sonje egzakteman sa n te di, men petèt y ap sonje fason nou te aji ak yo. Menmsi moun nou rankontre nan kay la pa kite nou pale, n ap montre nou gen sousi pou li nan fason nou konpòte nou ak lè nou montre nou amikal.

13. Ki jan nou kapab adapte mesaj n ap preche a ak sitiyasyon chak moun nou rankontre lakay yo?

13 Nou montre nou enterese ak moun nou rankontre a lè nou adapte mesaj n ap preche a ak sitiyasyon l e ak sa ki enterese l. Pa egzanp, èske n wè kèk bagay ki montre gen timoun k ap viv nan kay la? Petèt, paran yo ta renmen konnen ki konsèy Bib la bay sou fason pou yo leve timoun oswa sou sa yo kapab fè pou yo gen plis kè kontan nan fanmi yo. Èske n wè pòt la gen plizyè seri ladan l? Nou ka chwazi pale sou pakèt krim ki gen nan monn nan ak jan sa fè moun yo pè anpil. Apre sa, moun nou rankontre a kapab kontan aprann gen yon lè pap gen krim menm ankò. Chak fwa w jwenn yon moun ki vle koute, fè efò pou w ede l wè jan konsèy ki nan Bib la kapab ede l. Men sa Katarína, nou te pale de li pi wo a, di: “Mwen sonje jan laverite chanje lavi m.” Sa fè Katarína pale avèk konviksyon, e se sèten moun li konn pale avèk yo kapab wè sa.

14. Selon Pwovèb 27:17, ki jan youn ka ede lòt lè n ap preche ansanm?

14 Kite lòt moun ede w. Nan premye syèk la, Pòl te montre Timote metòd li te itilize pou l preche e pou l anseye. Li te ankouraje Timote pou l sèvi ak menm metòd sa yo pou l ede lòt moun (1 Kor. 4:17). Menm jan ak Timote, nou kapab aprann nan men moun ki gen eksperyans nan kongregasyon an. (Li Pwovèb 27:17.) Ann pran egzanp yon frè ki rele Shawn. Li te fè yon ti tan pyonye nan yon zòn andeyò kote pifò moun yo satisfè ak relijyon yo ladan l lan. Ki sa l te fè pou l kontinye gen kè kontan? Men sa l di: “Depi sa posib, mwen te konn preche ak yon lòt moun.” Apre sa, li di: “Nou te konn itilize tan nou te konn fè sot nan yon kay al nan yon lòt pou youn ede lòt amelyore fason n anseye. Pa egzanp, apre nou te fin fè yon vizit, nou te konn pale sou sa moun nan te di ak fason nou te reponn. Apre sa, nou te konn pale sou sa n ta ka fè si n ta vin nan yon sitiyasyon menm jan an.”

15. Poukisa l enpòtan pou n priye Jewova pou l ede n nan travay predikasyon an?

15 Priye Jewova pou l ede w. Mande Jewova pou l ede w chak fwa w al preche. San èd lespri sen Bondye ki gen anpil fòs, nou youn pa t ap ka fè anyen (Sòm 127:1; Lik 11:13). Lè w ap priye Jewova pou w mande l èd, di l egzakteman sa w bezwen. Pa egzanp, mande l pou l ede w jwenn kèlkeswa moun ki vle aprann konnen l e ki dispoze koute. Apre sa, ou dwe aji ann amoni ak priyè w fè a lè w preche tout moun ou rankontre.

16. Poukisa l enpòtan anpil pou n fè etid pèsonèl pou n ka vin pi maton nan travay predikasyon an?

16 Rezève tan pou etid pèsonèl ou. Men sa Pawòl Bondye a di: “Verifye pèsonèlman nan lavi nou sa ki volonte Bondye, yon volonte ki bon, ki agreyab e ki pafè.” ​(Wom. 12:2). Plis nou gen konviksyon nou konn laverite sou Bondye, se plis n ap pale avèk konviksyon lè n ap preche. Men sa Katarína, nou te pale de li pi wo a, di: “Sa pa gen twò lontan mwen te rann mwen kont mwen te bezwen ranfòse lafwa m anrapò ak kèk ansèyman fondamantal ki nan Bib la. Se sa k fè mwen te pran san m pou m chèche prèv ki montre gen yon Kreyatè, Labib se Pawòl Bondye toutbon e Bondye gen yon òganizasyon ki reprezante l jodi a.” Katarína di lafwa l te vin pi solid grasa etid pèsonèl li te fè, e sa te ede l gen plis kè kontan nan travay predikasyon an.

REZON KI FÈ NOU KONTINYE RET POZITIF NAN TRAVAY PREDIKASYON AN

17. Poukisa Jezi te kontinye ret pozitif nan travay predikasyon an?

17 Jezi te ret pozitif e l te kontinye preche, menm lè te gen kèk moun ki pa t vle koute mesaj li t ap preche a. Sa k fè sa? Li te konnen jis nan ki pwen moun yo te bezwen konn laverite, e li te vle bay valè moun li kapab posiblite pou yo aksepte mesaj Wayòm nan. Li te konnen tou gen kèk nan moun ki pa t vle koute l okòmansman ki t ap byen reyaji annapre. Ann pran egzanp sa k te rive nan pwòp fanmi l. Pandan twazan edmi li te fè ap preche a, pa t gen youn nan frè l yo ki te vin disip li (Jan 7:5). Epoutan, apre l fin resisite, yo te vin kretyen. — Tra. 1:14.

18. Poukisa nou kontinye preche?

18 Nou pa konnen kiyès k ap vin sèvi Jewova. Gen moun ki pran plis tan pase yon lòt pou yo aksepte mesaj n ap preche a. Menm moun ki pa vle koute nou yo wè bon konduit ak bèl atitid nou genyen, e rive yon lè, yo ka vin “bay Bondye glwa”. — 1 Pyè 2:12.

19. Selon 1 Korentyen 3:6, 7, ki sa nou dwe sonje?

19 Toutpandan n ap plante e n ap wouze, nou dwe sonje se Bondye ki fè sa n plante a grandi. (Li 1 Korentyen 3:6, 7.) Men sa Getahun, yon frè ki nan peyi Etyopi, di: “Pandan plis pase 20 an, se mwen menm sèl ki te Temwen nan zòn kote m ap viv la. Kounye a, gen 14 pwoklamatè isit la. Trèz ladan yo batize, san wete madanm mwen ak twa pitit nou yo. Gen anviwon 32 moun ki vin nan reyinyon.” Se pa ti kontan Getahun kontan lefètke l te kontinye preche toutpandan l t ap tann avèk pasyans pou Jewova rale moun ki sensè yo vin nan òganizasyon L lan! — Jan 6:44.

20. Nan ki sans nou tankou sekouris?

20 Lavi tout moun gen anpil valè pou Jewova. Li ban nou privilèj pou n travay ansanm ak Pitit Gason l lan pou n rasanble moun nan tout nasyon anvan sistèm sa a fini (Aje 2:7). Nou ta ka konpare travay predikasyon n ap fè a ak yon operasyon sekou. Nou tankou moun ki fè pati yon ekip sekouris ki pral delivre moun ki bloke nan yon min. Menm lè se kèk moun sèlman yo jwenn ki vivan, travay tout sekouris yo gen anpil enpòtans. Nou kapab di menm bagay la tou pou travay predikasyon n ap fè a. Nou pa konn konbyen moun k ap chape nan sistèm Satan an. Men, Jewova ka sèvi ak nenpòt nan nou pou ede yo. Men sa Andreas k ap viv nan peyi Bolivi di: “Mwen konnen lè yon moun aprann verite ki nan Bib la epi l batize se tout yon gwoup moun ki te met ansanm pou yo ede l.” Ann kontinye gen yon atitid pozitif menm jan an nan travay predikasyon an. Si n fè sa, Jewova ap beni nou e n ap jwenn anpil kè kontan nan travay sa a.

KANTIK 66 Annou preche bon nouvèl la

^ § 5 Ki jan n ka kontinye ret pozitif nan travay predikasyon an, menm lè gen anpil moun nou pa jwenn lakay yo oswa yo pa sanble enterese nan mesaj n ap preche a? Nan atik sa a, nou pral jwenn kèk konsèy ki kapab ede nou kontinye ret pozitif.

^ § 7 Jan nou wè sa nan atik sa a, pwoklamatè yo ta dwe itilize divès metòd pou yo preche toutpandan y ap respekte sa lalwa di sou fason y ap itilize enfòmasyon yo gen sou moun yo.

^ § 60 ESPLIKASYON SOU FOTO: (sot anwo al anba): Yon mari ak madanm k ap preche nan yon zòn kote l difisil pou yo jwenn moun yo lakay yo. Premye moun nan nan travay, dezyèm nan al kay doktè, e twazyèm nan al fè makèt. Yo rive jwenn premye moun nan lakay li lè yo vizite l pi ta nan jounen an. Yo rankontre dezyèm moun nan pandan y ap patisipe nan temwayaj an piblik toupre klinik lan. Yo jwenn twazyèm moun nan lè yo rele l nan telefòn.