Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

BYOGRAFI

“M aprann anpil bagay nan men lòt moun!”

“M aprann anpil bagay nan men lòt moun!”

YON jou swa, te gen yon fènwa pwès nan mòn peyi Aljeri kote gwoup sòlda fransè m te ladan l lan te tabli kan l. Konba yo te vin rèd anpil nan peyi Aljeri. Mwen te nan pòs mwen poukont mwen dèyè yon pil sak sab ak mitrayèz mwen nan men m. Bridsoukou, mwen te tande bri pye k ap pwoche. Mwen te vrèman pè. Mwen te jèn anpil, mwen pa t vle touye moun ni m pa t vle yo touye m. Mwen te rele byen fò: “Bondye! O Bondye!”

Panik sa a m te pran an te chanje lavi m paske se sa k te fè m kòmanse chèche konn Bondye. Men, anvan m rakonte nou sa k te rive annapre nan nuit sa a ki te fènwa anpil, kite m esplike nou eksperyans mwen te fè lè m te timoun ki te vin ban m anvi chèche konn Bondye.

LESON M TE APRANN NAN MEN PAPA M

Mwen fèt an 1937 nan vil Gesnen, yon vil ki gen min nan nò peyi Lafrans. Papa m te konn travay nan min chabon e li te montre m enpòtans pou m travay di. Papa m te aprann mwen rayi enjistis tou. Li te wè jan yo te konn mal aji ak moun ki t ap travay nan min yo ak jan yo te konn travay nan move kondisyon, e li te vle ede yo. Pou sitiyasyon moun k ap travay nan min yo te ka amelyore, papa m te antre nan yon seri òganizasyon k ap defann dwa moun sa yo. Li te fache tou lè l te wè jan yon seri prèt nan zòn nan te ipokrit. Anpil nan yo t ap byen viv, epoutan, yo te konn mande malere k ap travay nan min yo, ki te konn ap bat dlo pou fè bè, pou yo ba yo manje ak lajan. Papa m te tèlman rayi fason prèt yo te konn aji, li pa t aprann mwen anyen sou relijyon. Anfèt, nou pa t janm pale de Bondye.

Pandan m t ap grandi, mwen menm tou mwen te vin rayi enjistis. Youn nan bagay mwen te wè ki pa t bon, sèke te gen anpil moun ki pa t renmen etranje k ap viv nan peyi Lafrans yo. Mwen te konn jwe boul ak pitit imigran yo e m te renmen pase tan avèk yo. Anfèt, manman m te soti nan peyi Polòy, li pa t fransè. Mwen te vle pou moun tout kalite ras viv ansanm nan lapè e pou yo aji ak yo san patipri.

MWEN TE KÒMANSE REFLECHI SERYEZMAN SOU SANS LAVI A

Lè m te nan lame.

Gouvènman an te mande m pou m antre nan lame nan ane 1957. Se konsa m te vin twouve m nan mòn peyi Aljeri nan nuit fènwa m te pale de li pi wo a. Apre m te fin rele byen fò: “Bondye! O Bondye!”, mwen te vin fasafas ak yon bourik mawon, men se pa t ak yon sòlda nan yon lòt lame. Se pa ti soulaje m te santi m soulaje! Aktout sa, sa k te rive a ansanm ak lagè ki te genyen an te fè m kòmanse reflechi seryezman sou sans lavi a. Poukisa nou sou tè a? Èske Bondye gen sousi pou nou? Èske n ap janm gen lapè nètale?

Annapre, pandan m t al vizite paran m yo, mwen te rankontre yon Temwen Jewova. Li te ban m yon Lasent Bib, yon tradiksyon Labib katolik an fransè, e m te kòmanse li l lè m te retounen Aljeri. Yon pasaj ki te touche m, se te Revelasyon 21:3, 4. Men sa l di: “Tant Bondye a avèk lèzòm [...]. L ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. *” Mwen te sezi lè m te li pawòl sa yo. Mwen te di tèt mwen: ‘Ou kwè se vre?’ Nan epòk sa a, mwen pa t vrèman konn anyen sou Bondye ak Labib.

Apre m te fin kite lame nan ane 1959, mwen te rankontre yon Temwen ki rele François ki te anseye m anpil verite nan Bib la. Pa egzanp, li te montre m nan Bib la non Bondye se Jewova (Sòm 83:18). François te esplike m tou Jewova pral fè gen jistis sou tè a, li pral fè tè a tounen yon paradi e l ap reyalize pawòl ki nan Revelasyon 21:3, 4 la.

Ansèyman sa yo te vrèman lojik e yo te touche kè m. Men, m te vin fache anpil kont prèt yo, e m te vle denonse yo poutèt y ap anseye yon seri bagay ki pa nan Bib la. Sanble m te toujou ap aji menm jan ak papa m, e m pa t vle tann. Mwen te vle fè yon bagay tousuit!

François ak lòt zanmi Temwen mwen te vin genyen yo te ede m kalme m. Yo te ede m konprann travay nou antanke kretyen se pa pou nou jije moun, men se pou nou sèvi ak bon nouvèl sou Wayòm Bondye a pou nou ba yo espwa. Se travay sa a Jezi te fè e se travay sa a li te bay disip li yo fè (Mat. 24:14; Lik 4:43). Epitou, mwen te bezwen aprann pale ak moun avèk jantiyès epi veye pou m pa blese yo, menmsi m pa dakò ak kwayans yo. Bib la di: “Yon esklav Seyè a pa dwe nan goumen, men li dwe dou ak tout moun.” — 2 Tim. 2:24.

Mwen te fè chanjman ki te nesesè yo e m te vin batize antanke Temwen Jewova nan ane 1959 nan yon asanble sikonskripsyon. Se la m te rankontre yon jèn sè ki rele Angèle ki te atire m. Mwen te konn al asiste reyinyon nan kongregasyon l te ye a, e nou te marye nan ane 1960. Angèle se vrèman yon bon moun, yon madanm estrawòdinè, e li se yon kado ki gen anpil valè Jewova ban mwen. — Pwo. 19:14.

Jou maryaj nou.

MWEN TE APRANN ANPIL BAGAY NAN MEN FRÈ KI GEN SAJÈS AK EKSPERYANS

Tank ane t ap pase, mwen te vin aprann anpil leson enpòtan nan men frè ki gen sajès ak eksperyans. Men youn nan pi gwo leson mwen te aprann: Pou nou reyisi nan nenpòt asiyasyon ki difisil, nou bezwen gen imilite e nou bezwen aplike pawòl ki nan Pwovèb 15:22 a ki di: “Bagay yo mache byen lè gen anpil moun k ap bay konsèy.”

Nan travay sikonskripsyon an nan peyi Lafrans, an 1965.

Nan ane 1964, mwen te kòmanse wè jan pawòl sa yo Bondye te fè ekri yo se laverite. Se nan ane sa a mwen te kòmanse sèvi antanke siveyan sikonskripsyon. Mwen te vizite plizyè kongregasyon pou m ankouraje frè yo e pou m ede yo vin pi pwòch ak Jewova. Men, mwen te gen 27 an lè sa a e m pa t gen anpil eksperyans. Se sa k fè mwen te konn fè erè. Sepandan, mwen te fè efò pou m aprann nan erè m te fè yo. Epitou, mwen te aprann anpil leson enpòtan nan men yon seri moun ki konn “bay konsèy” ki gen kapasite ak eksperyans.

Mwen sonje yon bagay ki te rive lè m te fèk vin siveyan sikonskripsyon. Apre m te fin vizite yon kongregasyon nan vil Pari, gen yon frè ki gen eksperyans ki te mande m si l ka fè yon ti pale avè m apa. Mwen te di l: “Pa gen pwoblèm.”

Li te di m: “Louis, ki moun doktè al vizite lakay yo?”

Mwen te reponn: “Moun ki malad.”

Li te di m: “Se vre. Men, m remake ou pase pifò tan w ak moun ki deja djanm, pa egzanp, siveyan kongregasyon an. Kongregasyon nou an gen anpil frè ak sè ki dekouraje, ki nouvo oswa ki timid. Sa t ap ankouraje yo anpil si w ta pase tan ak yo, ou te ka menm al lakay yo pou w manje ak yo.”

Mwen te gen anpil rekonesans pou bonjan konsèy frè sa a te ban m nan. Lanmou l gen pou timouton Jewova yo te touche kè m. Menm lè sa te mande anpil imilite, mwen te kòmanse fè sa l te di m nan tousuit. Mwen di Jewova mèsi dèske nou gen frè sa yo.

Nan ane 1969 ak nan ane 1973, yo te mande m sipèvize depatman ki te okipe kesyon manje nan de kongrè entènasyonal ki te fèt nan Kolonm, nan vil Pari. Nan kongrè ki te fèt an 1973 la, te gen anviwon 60 000 moun pou bay manje pandan senk jou! Mwen pa t konn ki jan n t ap rive fè sa. Men, yon lòt fwa ankò, mwen te konnen pou sa byen mache mwen te bezwen suiv konsèy ki nan Pwovèb 15:22 a ki fè konnen pou nou chèche konsèy nan men moun ki gen sajès. Mwen te chèche konsèy nan men yon seri frè ki gen matirite e ki gen eksperyans pou ede nou. Kèk ladan yo te konn touye bèt, genyen ki te konn fè jaden legim, genyen ki te konn fè manje e gen lòt ki te fò nan achte. Lefètke nou te met tèt nou ansanm, nou te rive fè travay difisil sa a.

Nan ane 1973, yo te envite mwen menm ak madanm mwen pou nou vin nan Betèl peyi Lafrans. Premye travay yo te ban m fè nan Betèl la te difisil anpil tou. Mwen te gen pou m fè frè nou yo nan peyi Kamewoun, yon peyi ann Afrik, jwenn piblikasyon, alòske yo te entèdi travay nou an nan peyi sa a ant ane 1970 ak ane 1993. Yon lòt fwa ankò, mwen te santi sa twòp pou mwen. Petèt frè ki te kowòdonatè filyal Lafrans lan nan epòk sa a te wè sa, piske l te ankouraje m, li te di m: “Frè nou yo nan peyi Kamewoun vrèman bezwen piblikasyon yo, nou bezwen ede yo jwenn yo.” E se sa nou te fè.

Nan yon reyinyon espesyal nan peyi Nijerya ansanm ak Temwen ki te soti nan peyi Kamewoun, nan ane 1973.

Mwen te fè plizyè vwayaj nan yon seri peyi ki gen menm fwontyè ak Kamewoun pou m rankontre ak ansyen ki nan peyi sa a. Frè sa yo ki te gen anpil kouraj e ki te prevwayan te ede m jwenn mwayen pou m voye piblikasyon yo nan peyi Kamewoun pou frè yo te ka resevwa yo regilyèman. Jewova te beni efò nou te fè yo. Anfèt, pandan anviwon 20 an, pèp Jewova a nan peyi sa a pa t janm manke yon Toudegad ak yon lòt piblikasyon ki te konn parèt chak mwa ki te rele Sèvis Wayòm nan lè sa a.

Nan ane 1977, mwen menm ak Angèle te kontan vizite peyi Nijerya ansanm ak siveyan sikonskripsyon ak madanm yo ki te soti nan peyi Kamewoun.

MWEN APRANN ANPIL BAGAY NAN MEN MADANM MWEN M RENMEN ANPIL

Lè m te fèk renmen ak Angèle, mwen te wè li gen yon pakèt bèl kalite ki montre li renmen Jewova. Lè nou te marye, kalite sa yo te vin parèt pi klè toujou. Pa egzanp, jou nou te marye a, nan aswè, li te mande m pou m priye Jewova konsènan anvi nou genyen pou n sèvi l aplentan antanke mari ak madanm. Jewova te reponn priyè sa a.

Angèle te ede m tou pou m fè Jewova plis konfyans. Pa egzanp, lè yo te envite nou vin sèvi nan Betèl nan ane 1973, mwen te yon ti jan renka paske mwen te renmen travay sikonskripsyon an. Men, Angèle te fè m sonje se Jewova nou vwe lavi nou. Èske nou pa ta dwe fè kèlkeswa sa òganizasyon l lan mande nou fè (Ebre 13:17)? Mwen pa t ka di anyen! Se sa k fè nou t al nan Betèl. Madanm mwen se yon fi ki gen sajès, ki rezonab e ki vrèman renmen Jewova. Kalite sa yo fè relasyon nou vin pi solid e yo ede nou pou nou pran bon desizyon pandan tout ane sa yo nou fè ap viv ansanm.

Mwen menm ak Angèle ki nan jaden Betèl la an Frans.

Byenke nou vin granmoun kounye a, Angèle toujou yon bon madanm e li ede m anpil. Pa egzanp, pou n te ka asiste lekòl teyokratik yo, anpil ladan yo fèt ann anglè, mwen menm ak Angèle te kòmanse fè anpil efò pou nou aprann lang sa a pi byen. Se sa k fè nou t al nan yon kongregasyon ki pale anglè, menm lè nou te gen anviwon 75 an nan epòk sa a. Akoz responsablite mwen genyen antanke manm Komite filyal peyi Lafrans, li te difisil pou m jwenn tan pou m etidye yon lòt lang. Men, mwen menm ak Angèle te ede youn lòt. Kounye a, nou nan 80 an yo, nou kontinye prepare reyinyon yo ni ann anglè ni an fransè. Nou eseye fè sa n kapab tou pou n patisipe nan reyinyon yo ak nan travay predikasyon an ansanm ak kongregasyon nou an. Jewova beni efò nou fè pou nou aprann anglè.

Youn nan pi gwo benediksyon nou te jwenn se te an 2017. Nou te gen privilèj pou n al nan Lekòl pou manm Komite filyal yo ak madanm yo nan Sant ansèyman Temwen Jewova yo ki nan Patèsonn, nan Nouyòk.

Vrèmanvre, Jewova se “Gran Pwofesè” a (Eza. 30:20). Donk, nou pa sezi dèske pèp li a, granmoun kou jèn, resevwa pi bon edikasyon ki genyen an (Det. 4:5-8)! An reyalite, mwen wè Jèn ki koute Jewova e ki koute frè ak sè ki gen eksperyans yo vin gen bon relasyon ak Jewova e yo kontinye ret fidèl avè l lè yo vin pi gran. Jan Pwovèb 9:9 fè konnen: “Enstwi yon moun ki gen sajès, e l ap vin gen plis sajès. Anseye yon moun ki dwat, e l ap vin gen plis konesans.”

Pafwa, mwen konn ap panse ak jou swa sa a ki te fènwa anpil, kote m te pè lè m te nan mòn nan peyi Aljeri sa gen anviwon 60 an. Jou swa sa a, m pa t konnen si lavi m t ap vin bèl konsa. M aprann anpil bagay nan men lòt moun! Vrèmanvre, grasa Jewova, mwen menm ak Angèle gen yon bèl vi ki bay anpil kè kontan. Donk, nou pran detèminasyon pou n pa janm sispann aprann nan men Papa nou ki nan syèl la e nan men frè ak sè ki gen sajès ak eksperyans ki renmen Jewova.

^ § 11 Labib — Tradiksyon monn nouvo a.