Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w te konnen?

Èske w te konnen?

Èske yo te konn sèvi ak papiris pou yo fè bato nan tan biblik yo?

Pye papiris.

ANPIL moun konnen se sou papiris yo te plis konn ekri ann Ejip nan tan lontan. Grèk yo ak Women yo te konn ekri sou papiris tou *. Men, pa gen anpil moun ki konnen yo te konn sèvi ak papiris pou fè bato tou.

De modèl bato ki fèt ak papiris yo jwenn nan yon tonm ann Ejip.

Sa gen plis pase 2 500 ane, pwofèt Ezayi te fè konnen moun k ap viv nan “peyi ki nan zòn ki toupre rivyè Etyopi yo” te voye “mesaje sou lanmè, [...] yo travèse dlo sou bato ki fèt ak papiris”. Annapre, pwofèt Jeremi te anonse, lè moun peyi Medi yo ak moun peyi Pès yo t ap gen pou yo anvayi peyi Babilòn, yo t ap boule “bato ki fèt ak wozo” oswa ak papiris moun Babilòn yo te genyen yo pou anpeche yo chape. — Eza. 18:1, 2; Jer. 51:32.

Piske se Bondye ki enspire Bib la, se sa k fè moun k ap etidye Bib la pa sezi dèske akeyològ yo te fè yon seri dekouvèt ki montre vrèmanvre yo te konn sèvi ak papiris pou yo fè bato nan tan biblik yo (2 Tim. 3:16). Ki sa akeyològ yo te jwenn? Yo te jwenn bonjan prèv ki montre yo te konn fè bato ak papiris ann Ejip.

KI JAN YO TE KONN FÈ BATO AK PAPIRIS?

Nan tonm Ejipsyen yo, te konn gen desen ak imaj ki grave ki montre fason yo te konn rekòlte papiris ak fason yo te konn fè bato avèk yo. Mesye yo te konn koupe branch papiris yo, yo te konn mare yo fè plizyè pake, e apre sa, yo te konn mare pake yo ansanm byen sere. Branch papiris yo gen fòm triyang. Donk, lè yo te mare branch yo byen sere youn ak lòt, yo te vin byen kole ansanm e yo te byen djanm. Gen yon liv ki pale sou istwa peyi Ejip ki fè konnen bato ki te fèt ak papiris yo te konn mezire plis pase 17 mèt longè, e yo te ka pran ant 10 oswa 12 zaviwon sou chak bò.

Imaj ki grave sou yon mi ki montre Ejipsyen yo k ap fè yon bato ak papiris.

POUKISA MOUN KI TE KONN FÈ BATO YO TE KONN SÈVI AK PAPIRIS?

Te gen anpil papiris nan vale kote flèv Nil la pase a. Epitou, li te plizoumwen fasil pou yo fè bato ak papiris. Menm lè se bwa yo te vin plis itilize pou yo fè gwo bato, sanble moun ki te konn fè lapèch yo ak moun ki te konn fè lachas yo te kontinye sèvi ak rado e ak ti bato ki fèt ak papiris.

Pandan anpil tan, moun yo te kontinye sèvi ak bato ki fèt ak papiris. Gen yon ekriven grèk ki rele Plitak, ki te viv ant premye ak dezyèm syèk epòk nou an, ki fè konnen moun te kontinye sèvi ak rado ki fèt ak papiris nan epòk li a.

^ § 3 Plant ki rele papiris la pouse nan marekaj ak nan dlo ki pa koule vit. Yon pye papiris ka grandi rive 5 mèt wotè, e kote branch li kòmanse a ka rive anviwon 15 santimèt lajè.