Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 22

Ann ede etidyan nou yo vin kalifye pou yo batize

Ann ede etidyan nou yo vin kalifye pou yo batize

“Se pou nou chak batize.” — TRA. 2:38.

KANTIK 72 Ann fè konnen verite Wayòm nan

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa yo te di yon gwo foul moun nan premye syèk la pou yo fè?

GEN yon gwo foul moun ki te rasanble ki te gen ladan l gason ak fi ki te soti nan plizyè peyi e ki te pale divès kalite lang. Gen yon gwo bagay ki te rive jou sa a. Gen yon gwoup Juif ki te pran pale lang moun ki te vin vizite peyi a! Sa te fè foul moun yo sezi anpil. Men, sa Juif sa yo t ap di moun yo ak sa apot Pyè te di tout moun ki te la yo te pi estrawòdinè toujou. Foul moun yo te aprann yo t ap bezwen montre yo gen lafwa nan Jezi Kris pou yo sove. Mesaj sa a te tèlman touche yo, yo te mande: “Ki sa nou dwe fè?” Lè sa a, Pyè di: “Se pou nou chak batize.” — Tra. 2:37, 38.

Yon frè, ki ansanm ak madanm li, k ap fè etid ak yon jèn gason ki gen liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an nan men l. (Gade paragraf 2.)

2. Ki sa nou pral wè nan atik sa a? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

2 Sa k te vin rive annapre a te estrawòdinè. Te gen anviwon 3 000 moun ki te batize jou sa a, yo te vin disip Kris. Sa k te pase a se te kòmansman gwo travay fè disip Jezi te bay disip li yo lòd pou yo fè a. Travay sa a ap kontinye jis jodi a nan 21yèm syèk la. Jounen jodi a, nou pa ka annik pase kèk èdtan ap pale ak yon moun epi apre sa moun nan pare pou l batize. Sa ka pran plizyè mwa oswa menm ennan oubyen plis pou yon etidyan rive reyalize objektif sa a. Sa mande anpil travay pou ede yon moun vin yon disip, e w konn sa byen si w ap etidye Labib ak yon moun. Nan atik sa a, nou pral wè ki sa nou kapab fè pou n ede yon moun n ap etidye Labib avè l vin yon disip ki batize.

EDE YON MOUN N AP ETIDYE LABIB AVÈ L APLIKE SA L AP APRANN YO

3. Jan sa parèt nan Matye 28:19, 20, ki sa yon etidyan dwe fè pou l fè pwogrè pou l batize?

3 Anvan yon etidyan Labib batize, li dwe aplike sa Bib la anseye. (Li Matye 28:19, 20.) Lè yon etidyan aplike sa l ap aprann yo, li vin sanble ak “moun ki prevwayan” ki nan egzanp Jezi te bay la ki te fouye byen fon pou l bati kay li sou wòch karyann ki djanm (Mat. 7:24, 25; Lik 6:47, 48). Ki jan n ka ede yon etidyan aplike sa l ap aprann yo? Ann wè twa bagay nou ka fè.

4. Ki jan nou ka ede yon etidyan kontinye fè efò pou l vin kalifye pou l batize? (Gade kare ki gen tit “ Ede etidyan an pou l chèche gen objektif e pou l rive reyalize yo”.)

4 Ede etidyan an pou l chèche gen objektif. Poukisa li enpòtan pou w fè sa? Ann pran yon egzanp: Si w ta gen pou w fè yon vwayaj ki byen long, pandan w sou wout, ou ta ka deside kanpe nan kèk zòn ki byen bèl. Konsa, vwayaj la pa t ap parèt twò long. Menm jan an tou, lè yon etidyan Labib chèche gen objektif li kapab reyalize nan yon ti tan tou kout e li rive reyalize yo, l ap wè li kapab chèche gen objektif pou l batize. Sèvi ak pati ki gen tit “Sa w ka fè” ki nan liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an pou w ede etidyan an fè pwogrè. Nan fen chak leson, ede etidyan an wè ki jan objektif li genyen an ap ede l aplike sa l sot aprann yo. Si w gen yon lòt objektif nan tèt ou pou etidyan an, ekri l nan espas ki gen tit “Sa w ka fè ankò” a. Tanzantan, sèvi ak pati sa a nan etid la pou w ede etidyan an wè objektif li ka reyalize nan yon ti tan tou kout ak sa l ka pran plis tan pou l reyalize.

5. Jan sa parèt nan Mak 10:17-22, ki sa Jezi te di yon mesye rich pou l fè, e poukisa?

5 Ede etidyan an pou l fè chanjman nan lavi l. (Li Mak 10:17-22.) Jezi te konnen li t ap difisil pou yon mesye ki rich vann tout sa l posede (Mak 10:23). Epoutan, Jezi te di mesye a pou l fè gwo chanjman sa a nan lavi l. Poukisa? Paske Jezi te gen lanmou pou li. Pafwa, nou ka renka pou n ankouraje yon etidyan aplike sa l ap aprann, paske nou santi li poko pare pou l fè yon chanjman ki nesesè. Sa ka pran tan pou moun yo chanje yon seri abitid yo te gen depi byen lontan e pou yo abiye ak nouvo pèsonalite a (Kol. 3:9, 10). Men, lè w pa pran tan pou w pale klè sou sa ak etidyan an, li ka pa pran tan pou l kòmanse fè chanjman. Lè w pale sou sa avè l, ou montre w gen sousi pou li. — Sòm 141:5; Pwo. 27:17.

6. Poukisa w dwe poze etidyan w lan kesyon pou w konn sa l panse?

6 Li enpòtan pou n mande yon etidyan sa l panse sou yon pwen n ap egzamine avè l. Lè w poze etidyan an yon kesyon konsa, sa ap ede w wè sa l konprann ak sa l kwè. Si w fè sa regilyèman, l ap pi fasil pou w pale sou yon seri bagay ki ka difisil pou l aksepte. Liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an gen anpil kesyon ki mande pou moun nan di sa l panse. Pa egzanp, nan leson 4 la, gen yon kesyon ki di: “Ki jan w panse Jewova santi l lè w sèvi ak non l?” Nan leson 9 la, gen yon pwen ki di: “Bay kèk bagay ou ta renmen priye pou yo.” Okòmansman, etidyan w lan ka bezwen tan pou l reflechi pou l konn ki jan pou l reponn kesyon sa yo. Ou ka aprann li rezone sou vèsè ak foto yo ki nan liv la.

7. Ki jan nou kapab sèvi ak eksperyans lòt moun yon fason ki efikas?

7 Lè etidyan an konprann sa l bezwen fè, sèvi ak eksperyans lòt moun pou w ankouraje l fè sa. Pa egzanp, si l pa asiste reyinyon regilyèman, ou kapab montre l videyo ki gen tit Jewova te pran swen m ki nan seksyon “Aprann plis” nan leson 14 la. Nan plizyè leson nan liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an, w ap jwenn eksperyans konsa swa nan seksyon “Fouye plis” la oswa nan seksyon “Aprann plis” la *. Veye pou w pa konpare etidyan w lan ak lòt moun, kòmkwa pou w ta di l: “Si Entèl ka fè l, ou ka fè l tou.” Kite se etidyan an ki wè sa poukont li. Okontrè, pale sou yon seri pwen enpòtan ki te ede moun nan videyo a aplike yon seri ansèyman ki nan Bib la. Petèt, ou ka pale sou yon vèsè enpòtan oswa yon bagay moun nan te fè ki te ede l. Lè sa posib, atire atansyon l sou fason Jewova te ede moun sa a.

8. Ki jan nou ka ede yon moun n ap etidye Labib avè l vin renmen Jewova?

8 Ede etidyan an vin renmen Jewova. Ki jan w ka fè sa? Chèche okazyon pou w atire atansyon l sou kalite Jewova yo. Ede etidyan an wè Jewova kòm yon Bondye ki gen kè kontan ki ede moun ki renmen l (1 Tim. 1:11; Ebre 11:6). Montre etidyan an l ap jwenn byenfè lè l aplike sa l ap aprann yo, e esplike l byenfè sa yo se prèv ki montre Jewova renmen l (Eza. 48:17, 18). Plis etidyan an ap vin renmen Jewova, se plis l ap anvi fè kèlkeswa chanjman ki nesesè. — 1 Jan 5:3.

FÈ ETIDYAN AN FÈ KONESANS AK LÒT TEMWEN

9. Selon Mak 10:29, 30, ki sa k ka ede yon moun fè sakrifis pou l vin yon disip ki batize?

9 Pou yon etidyan Labib fè pwogrè pou l batize, l ap bezwen fè sakrifis. Menm jan ak mesye rich nou te pale de li pi wo a, gen etidyan ki ka bezwen aksepte pèdi kèk bagay materyèl. Si travay yo pa ann amoni ak prensip ki nan Bib la, yo ka menm oblije chèche yon lòt travay. Anpil etidyan ka oblije sispann fè zanmi ak moun ki pa renmen Jewova. Gen lòt menm, fanmi yo ki pa renmen Temwen Jewova ka abandone yo. Jezi te fè konnen li ka difisil pou kèk moun fè sakrifis sa yo. Men, li te pwomèt moun ki suiv li pap wont. Jewova ap rekonpanse yo, y ap vin fè pati yon fanmi ki gen anpil lanmou. (Li Mak 10:29, 30.) Ki jan w ka ede etidyan w lan jwenn bèl kado sa a?

10. Ki sa w aprann nan sa Manuel di a?

10 Chèche vin zanmi etidyan w lan. Li enpòtan pou w montre etidyan w lan ou gen sousi pou li. Poukisa? Remake sa Manuel k ap viv nan peyi Meksik di lè l sonje epòk li te yon etidyan Labib: “Anvan chak etid, moun ki t ap etidye Labib avè m nan te konn mande m ki jan m ye. Li te mete m alèz e li te kite m pale avè l sou lòt bagay. Mwen te ka santi li vrèman gen sousi pou mwen.”

11. Lè etidyan nou yo pase tan ak nou, ki jan sa kapab ede yo?

11 Pase tan ak etidyan w yo, menm jan Jezi te konn pase tan ak disip li yo (Jan 3:22). Si etidyan w lan ap fè chanjman nan lavi l, ou ka envite l lakay ou, si sa apwopriye, pou l vin bwè yon ti kafe oswa manje yon ti manje oubyen gade youn nan emisyon Tele JW yo ki parèt chak mwa. Etidyan an ka plis kontan jwenn yon envitasyon konsa nan epòk fèt, nan moman li ka santi l poukont li. Men sa Kazibwe k ap viv nan peyi Ouganda di: “Mwen panse mwen te aprann anpil bagay sou Jewova lè m te konn pase tan ak frè ki t ap fè etid avè m nan, menm jan mwen te aprann anpil bagay sou Jewova pandan etid la.” Apre sa, li di: “Mwen te wè jan Jewova gen sousi pou pèp li a e jan yo gen kè kontan. Se sa m te vle nan lavi m.”

Lè w pa toujou al fè yon etid ak menm pwoklamatè a, etidyan an ap pi anvi vin nan reyinyon. (Gade paragraf 12.) *

12. Poukisa nou pa ta dwe toujou ale ak menm pwoklamatè a lè nou pral fè yon etid?

12 Pa toujou al fè etid la ak menm pwoklamatè a. Pafwa nou ka santi li pi fasil pou n fè etid la poukont nou, oswa pou n ale ak menm pwoklamatè a. Menm lè li ka pi fasil pou n fè sa, l ap pi bon pou etidyan nou an si detanzantan nou mennen lòt pwoklamatè nan etid la. Men sa Dmitrii k ap viv nan peyi Mòldavi di: “Chak pwoklamatè ki te vin asiste etid mwen te gen fason pa yo pou yo te ede m konprann bagay yo. Sa te ede m wè lòt fason mwen ka aplike sa m t ap aprann yo. Mwen te santi m pi alèz tou lè m te asiste premye reyinyon m, piske m te deja rankontre anpil nan frè ak sè yo.”

13. Poukisa nou dwe ede etidyan nou yo pou yo asiste reyinyon?

13 Ede etidyan an pou l asiste reyinyon. Poukisa? Paske Jewova bay moun k ap adore l yo lòd pou yo reyini ansanm. Sa fè pati adorasyon n ap ba li a (Ebre 10:24, 25). Mete sou sa, frè n ak sè n yo tankou yon fanmi pou nou. Lè nou nan reyinyon ansanm ak yo, se kòmsi nou te chita lakay nou n ap manje yon bon ti manje ansanm. Lè w ede yon etidyan pou l asiste reyinyon, ou ede l pou l franchi youn nan etap ki pi enpòtan k ap mennen nan batèm. Men, li ka difisil pou l kòmanse fè sa. Ki jan liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an ka ede etidyan an rezoud kèlkeswa pwoblèm ki ta ka anpeche l asiste reyinyon?

14. Ki jan n ka ankouraje etidyan nou yo pou yo asiste reyinyon?

14 Sèvi ak leson 10 nan liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an pou w ankouraje etidyan an. Anvan liv la te soti, yo te mande kèk pwoklamatè ki gen eksperyans pou yo fè leson sa a ak etidyan yo genyen yo. Sa te bay bon rezilta e sa te ede etidyan yo pou yo asiste reyinyon. Nòmalman nou pa bezwen tann nou rive nan leson 10 pou n envite etidyan nou yo nan reyinyon. Nou ka envite yo depi lè nou kòmanse fè etid ak yo epi kontinye fè sa regilyèman. Chak etidyan gen pwoblèm pa yo. Se sa k fè nou dwe chèche konn sa etidyan nou yo bezwen, epi gade si nou ka ede yo yon fason ki pratik. Nou pa dwe dekouraje si yo pran yon ti tan anvan yo asiste reyinyon. Nou bezwen pran pasyans ak yo, men, se pou nou kontinye envite yo.

EDE ETIDYAN AN POU L PA PÈ

15. Ki sa etidyan nou yo ka pè?

15 Èske w sonje jan w te santi w yon ti jan pè pou w vin Temwen Jewova? Petèt ou te santi ou pa t ap janm kapab preche kay an kay. Oswa, petèt ou te pè pou zanmi w oswa fanmi w pa t opoze avè w. Si se konsa w te santi w, ou kapab konprann etidyan w lan. Jezi te di gen kèk moun ki te ka santi yo pè. Sepandan, li te ankouraje disip li yo pou yo pa kite laperèz anpeche yo sèvi Jewova (Mat. 10:16, 17, 27, 28). Ki jan Jezi te ede disip li yo pou yo sispann pè? E ki jan nou ka suiv egzanp li?

16. Ki jan w ka bay etidyan an fòmasyon pou l pataje sa l ap aprann yo ak lòt moun?

16 Fòme etidyan an tikras pa tikras pou l pataje sa l ap aprann yo ak lòt moun. Lè Jezi te voye disip li yo al preche, petèt yo te santi yo pè. Men, Jezi te ede yo lè l te di yo ki kote pou y al preche e ki sa pou yo di lè y ap preche (Mat. 10:5-7). Ki jan nou ka imite Jezi? Ede etidyan an wè ki kote l ka preche. Pa egzanp, mande l si l konn yon moun ki t ap kontan aprann yon verite ki nan Bib la. Apre sa, ede l prepare sa pou l di lè w montre l yon fason tou senp pou l fè lòt moun konnen verite sa a. Lè sa apwopriye, ou kapab sèvi ak seksyon “Gen moun ki di” e ak seksyon “Si yon moun ta mande w” ki nan liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an pou w fè repetisyon avè l. Lè w ap fè sa, veye pou w montre etidyan an ki jan pou l sèvi ak Bib la pou l bay repons ki senp e pou l fè sa avèk ladrès.

17. Ki jan nou ka sèvi ak Matye 10:19, 20, 29-31 pou n ede yon moun n ap etidye Labib avè l pou l fè Jewova konfyans?

17 Ede etidyan an pou l fè Jewova konfyans. Jezi te bay disip li yo asirans Jewova t ap ede yo paske Li renmen yo. (Li Matye 10:19, 20, 29-31.) Fè etidyan an konnen Jewova ap ede l tou. Ou ka ede l pou l konte sou Jewova lè w priye Jewova avè l sou objektif li genyen yo. Men sa Franciszek k ap viv nan peyi Polòy di: “Souvan, moun ki t ap etidye Labib avè m nan te konn priye Jewova pou L ede m reyalize objektif mwen yo.” Apre sa, li di: “Lè m te wè jan Jewova te reponn priyè moun ki t ap etidye Labib avè m nan, mwen pa t pran tan pou m te kòmanse priye tou. Mwen te santi Jewova te ede m lè m te bezwen jou òf nan yon travay mwen te fèk jwenn pou m te ka asiste reyinyon ak kongrè.”

18. Ki jan Jewova wè travay ansèyman kretyen yo ap fè a?

18 Jewova gen anpil sousi pou etidyan nou yo. Li konnen tout efò kretyen yo ap fè pou yo ede moun y ap anseye yo vin pi pwòch avè l, e li renmen yo pou sa (Eza. 52:7). Si w pa gen etid kounye a, ou ka toujou ede etidyan yo pou yo fè pwogrè pou yo batize lè w al fè etid ak lòt pwoklamatè ki gen etid.

KANTIK 60 Y ap jwenn lavi

^ § 5 Atik sa a pral montre fason Jezi te ede moun vin disip li ak fason nou ka imite l. Nou pral wè tou ki jan nou ka sèvi ak nouvo liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an. Yo fè liv sa a pou ede etidyan Labib nou yo fè pwogrè pou yo batize.

^ § 7 Ou ka jwenn eksperyans lòt moun tou nan 1) Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch nan sijè “Labib”, nan seksyon “Li pratik”, epi nan ribrik “‘Labib chanje lavi moun’ ​(seri atik nan Toudegad)” oswa nan 2) JW Library® nan seksyon media, nan ribrik “Entèvyou ak temwayaj”.

^ § 63 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè, ki ansanm ak madam li, k ap fè etid ak yon jèn gason. Gen lòt lè, li envite lòt frè al fè etid la avè l.