Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 23

Depi Jewova avè w, ou pa janm poukò w

Depi Jewova avè w, ou pa janm poukò w

“Jewova toupre tout moun ki rele l.” — SÒM 145:18.

KANTIK 28 Annou travay pou n vin zanmi Jewova

SA NOU PRAL WÈ *

1. Poukisa kèk sèvitè Jewova ka santi yo poukò yo pafwa?

PIFÒ nan nou konn santi nou poukò n pafwa. Pou kèk moun, santiman konsa konn pa dire anpil tan. Men, pou kèk lòt moun, sa ka dire anpil tan. Nou ka santi nou poukò n menm lè nou ansanm ak anpil moun. Gen kèk moun ki konn twouve l difisil pou yo adapte yo lè yo fèk al nan yon kongregasyon. Gen lòt moun ki sot nan fanmi kote moun yo pwòch youn ak lòt, men ki konn santi yo poukò yo lè yo deplase al viv lwen fanmi yo. Gen lòt menm ki vrèman sonje moman yo te konn pase ak yon moun pa yo ki mouri. Epi, gen kèk kretyen, sitou sa yo ki fèk vin nan laverite, ki santi yo poukò yo lè moun nan fanmi yo ki pap sèvi Jewova ak ansyen zanmi yo ba yo vag oswa ap pèsekite yo.

2. Ki kesyon nou pral reponn?

2 Jewova konn tout ti detay sou nou e li byen konprann nou. Lè nou santi n poukò n, li konn sa e li vle ede nou. Ki jan Jewova ede nou? Ki sa n ka fè pou nou ede tèt nou? E ki jan nou ka ede lòt moun nan kongregasyon an ki santi yo poukò yo? Ann chèche repons kesyon sa yo.

JEWOVA GEN SOUSI POU NOU

Jewova te voye yon zanj al fè Eli konnen li pa poukò l. (Gade paragraf 3.)

3. Ki jan Jewova te montre li gen sousi pou Eli?

3 Jewova vle tout moun k ap adore l gen kè kontan. Li toupre nou chak, e li wè lè nou santi nou tris oswa dekouraje (Sòm 145:18, 19). Reflechi sou jan Jewova te montre li gen sousi pou pwofèt Eli. Mesye sa a ki te fidèl te viv nan yon epòk difisil nan istwa pèp Izrayèl la. Gen yon seri ènmi ki te gen pouvwa ki te opoze ak Bondye ki t ap pèsekite adoratè Jewova yo avèk raj, e se sitou Eli yo te vize (1 Wa 19:1, 2). Yon lòt bagay ki te ka bay Eli pwoblèm se lefètke li te panse se li menm sèl ki te rete kòm pwofèt k ap sèvi Jewova (1 Wa 19:10). Bondye te fè yon bagay tousuit pou l ede Eli. Jewova te voye yon zanj al bay pwofèt Li a asirans li pa poukò l. Zanj lan te fè Eli konnen te gen anpil lòt Izrayelit ki te kontinye gen lakrentif pou Bondye! — 1 Wa 19:5, 18.

4. Ki jan Mak 10:29, 30 montre Jewova gen sousi pou sèvitè l ki te konn jwenn èd fanmi yo oswa zanmi yo?

4 Jewova konnen, lè nou chwazi sèvi l, kèk nan nou oblije aksepte pèdi gwo avantaj nou te genyen. Sa ka gen ladan l èd moun nan fanmi nou ak ansyen zanmi nou ki pap sèvi Jewova te konn ban nou. Yon lè, apot Pyè te di Jezi: “Nou kite tout bagay pou nou suiv ou, ki sa n ap jwenn menm?” ​(Mat. 19:27). Petèt, se paske apot Pyè t ap enkyete ki fè l te di sa. Jezi te bay disip li yo bonjan asirans kongregasyon an t ap vin tankou yon fanmi pou yo. (Li Mak 10:29, 30.) Jewova, Chèf fanmi nou fè pati antanke kretyen an, pwomèt l ap ede moun ki vle sèvi l yo (Sòm 9:10). Ann wè kèk bagay ou kapab fè pou w jwenn èd Jewova lè w santi w poukò w.

SA W KA FÈ SI W SANTI W POUKÒ W

5. Poukisa l bon pou w reflechi sou jan Jewova ede w?

5 Reflechi sou jan Jewova ede w (Sòm 55:22). Sa ap fè w wè ou pa poukò w. Men sa yon sè selibatè ki rele Carol * ki pa gen okenn fanmi nan laverite di: “Lè m ap panse ak jan Jewova ede m lè m gen pwoblèm e mwen medite sou sa, sa vrèman fè m santi mwen pa poukò m. Sa ban m asirans Jewova ap toujou la pou mwen.”

6. Ki jan 1 Pyè 5:9, 10 kapab ankouraje frè ak sè ki santi yo poukò yo?

6 Reflechi sou jan Jewova ede frè ak sè ki santi yo poukò yo. (Li 1 Pyè 5:9, 10.) Men sa Hiroshi, yon frè ki fè plizyè ane ap sèvi Jewova poukont li nan fanmi l, di: “Nan kongregasyon an, ou ka wè pa gen yon moun ki pa gen pwoblèm. Lefètke nou konnen se nou tout k ap fè tout sa nou kapab pou nou sèvi Jewova, sa ka ankouraje frè ak sè ki poukont yo nan laverite.”

7. Ki jan lapriyè ede w?

7 Kontinye gen bon abitid nan sèvis Jewova a. Sa gen ladan l di Jewova egzakteman jan w santi w (1 Pyè 5:7). Men sa yon sè ki rele Massiel di: “Youn nan bagay ki pi enpòtan ki te ede m lè m te santi m poukò m se lefètke m te konn priye Jewova ak tout kè m.” Massiel se yon jèn sè ki te santi l poukò l nan fanmi l lè l te pran pozisyon pou laverite. Men sa l di ankò: “Li se yon Papa pou mwen toutbon, e m te priye l chak jou, plizyè fwa nan jounen an, pou m te fè l konnen jan m santi m.”

Lè moun ki poukont yo koute anrejistreman odyo sou Bib la ak piblikasyon ki baze sou Bib la, sa ka ede yo pou yo pa tèlman santi yo poukò yo. (Gade paragraf 8.) *

8. Lè w li Pawòl Bondye a e w medite sou li, ki jan sa ede w?

8 Li Pawòl Bondye a regilyèman, medite sou kèk istwa ki montre Jewova renmen w. Men sa Bianca, yon sè fanmi l te konn di l yon seri pawòl dekourajan, di: “Lè m li kèk istwa nan Bib la ak istwa lavi kèk sèvitè Jewova ki te andire yon seri sitiyasyon ki sanble ak sitiyasyon pa m e mwen medite sou yo, sa vrèman ede m.” Gen kèk kretyen ki aprann kèk vèsè pa kè ki vrèman ankourajan, tankou Sòm 27:10 ak Ezayi 41:10. Gen lòt kretyen ki twouve lè y ap koute anrejistreman odyo piblikasyon yo, lè y ap prepare reyinyon oswa lè y ap li Labib, sa ede yo pou yo pa tèlman santi yo poukò yo.

9. Lè w asiste reyinyon, ki jan sa ede w?

9 Fè tout sa w kapab pou w asiste reyinyon yo regilyèman. Pwogram nan ap ankouraje w, e w kapab vin konn frè w ak sè w yo (Ebre 10:24, 25). Men sa Massiel, nou te pale de li pi wo a, di: “Byenke m te timid anpil, mwen te fè efò pou m asiste tout reyinyon kongregasyon an e pou m fè kòmantè. Sa te ede m santi m pwòch frè ak sè yo nan kongregasyon an.”

10. Poukisa l enpòtan pou w chèche fè zanmi ak kretyen ki fidèl?

10 Chèche fè zanmi ak kretyen ki fidèl. Chèche fè zanmi ak moun nan kongregasyon an ou ka aprann nan men yo, menm moun ki pa menm laj avè w oswa ki pa t leve menm jan avè w. Labib fè nou sonje se “moun ki granmoun” ki gen sajès (Jòb 12:12). Moun ki pi gran yo ka aprann anpil bagay tou nan men moun ki pi jèn ki fidèl yo. David te pi jèn lontan pase Jonatan, men, sa pa t anpeche yo vin bon zanmi (1 Sam. 18:1). David ak Jonatan te ede youn lòt pou yo sèvi Jewova, malgre yo te jwenn gwo difikilte (1 Sam. 23:16-18). Men sa Irina, yon sè k ap sèvi Jewova poukont li nan fanmi l, di: “Frè n ak sè n yo ka vrèman vin tankou paran nou oswa tankou pwòp pitit manman n ak papa n.” Apre sa l di: “Jewova ka sèvi ak yo pou yo vin fanmi nou bezwen an.”

11. Ki sa w dwe fè pou w vin gen bon zanmi?

11 Li ka pa fasil pou w vin gen nouvo zanmi, sitou si w timid. Men sa Ratna, yon sè ki timid ki te aprann laverite malgre l te jwenn opozisyon, fè konnen: “Mwen te oblije admèt mwen bezwen èd frè m ak sè m yo nan kongregasyon an.” Li ka difisil pou w fè yon lòt moun konnen sa w santi, men, lè w fè sa, ou kapab vin bon zanmi moun nan. Zanmi w yo ta renmen ankouraje w epi ede w, men, yo bezwen w fè yo konnen ki jan yo ka fè sa.

12. Ki jan travay predikasyon an ka ede w vin gen bon zanmi?

12 Youn nan pi bon fason pou w vin gen zanmi, se lè w patisipe nan travay predikasyon an ansanm ak frè ak sè yo. Men sa Carol, nou te pale de li pi wo a, di: “Mwen te vin gen anpil bon zanmi lè m te pase tan ansanm ak sè yo nan travay predikasyon an ak nan lòt aktivite nan sèvis Jewova a. Tank ane ap pase, Jewova sèvi ak zanmi sa yo pou l ede m.” Lè nou chèche fè zanmi ak kretyen ki fidèl, sa toujou bon pou nou. Jewova sèvi ak zanmi sa yo pou ede nou lè nou dekouraje, pa egzanp, lè nou santi n poukò n. — Pwo. 17:17.

FÈ LÒT MOUN YO SANTI YO FÈ PATI FANMI NOU AN

13. Ki responsablite tout moun nan kongregasyon an genyen?

13 Se tout moun nan kongregasyon an ki gen responsablite pou yo kreye yon anbyans kote ki gen lapè ak lanmou yon fason pou pèsonn pa santi yo lage poukò yo (Jan 13:35). Sa nou fè ak sa nou di ka ankouraje lòt moun anpil! Men sa yon sè di: “Lè m te aprann laverite, kongregasyon an te vin tankou fanmi m. Mwen pa t ap ka vin Temwen Jewova san èd frè ak sè yo.” Ki sa nou ka fè pou nou ede moun ki poukont yo nan laverite pou yo santi yo fè pati kongregasyon an?

14. Ki sa w ka fè pou w fè zanmi ak moun ki fèk vin nan kongregasyon an?

14 Chèche fè zanmi ak moun ki fèk vin nan kongregasyon an. Yon bagay k ap ede nou fè sa, se lè n byen akeyi yo (Wom. 15:7). Sepandan, nou pa vle annik ba yo bèl salitasyon. Nou vle vin bon zanmi yo ofiramezi. Se sa k fè nou bezwen janti ak moun ki fèk vin nan kongregasyon an e nou bezwen montre nou vrèman gen sousi pou yo. Toutpandan n ap respekte vi prive yo, n ap chèche konprann pwoblèm yo genyen. Li ka difisil pou kèk moun di jan yo santi yo, se sa k fè w pa dwe fòse yo pale. Okontrè, lè w ap poze yo kesyon, fè sa avèk jantiyès yon fason pou yo pa jennen, epi byen koute repons y ap bay. Pa egzanp, ou ka mande yo ki jan yo te aprann laverite.

15. Ki jan kretyen ki gen matirite yo ka ede lòt moun nan kongregasyon an?

15 Lafwa tout moun nan kongregasyon an ap vin solid lè kretyen ki gen matirite yo, sitou ansyen yo, montre yo gen sousi pou yo. Men sa Melissa, yon sè manman l te leve l nan laverite, di: “Mwen pa jwenn mo pou m di jan m apresye frè ki te tankou papa pou mwen, ki te toujou la pou mwen tank ane t ap pase. Kèlkeswa lè mwen bezwen pale a, mwen jwenn yon moun pou koute m.” Men sa Mauricio, yon jèn frè ki te santi l lage poukò l lè moun ki t ap etidye Labib avè l la te kite laverite, fè konnen: “Lefètke ansyen yo te montre yo gen sousi pou mwen, sa te ede m anpil. Yo te konn pale avè m regilyèman, yo te konn preche ansanm avè m, yo te konn pataje pwen enteresan yo jwenn nan etid pèsonèl yo fè nan Bib la avè m, e yo te konn menm patisipe nan spò ansanm avè m.” Ni Melissa, ni Mauricio, yo toule de te antre nan sèvis aplentan.

Èske gen yon moun nan kongregasyon w lan ki t ap vrèman kontan si w ta pase tan avè l? (Gade paragraf 16-19.) *

16-17. Ki bagay konsa nou ta kapab fè pou n ede lòt moun?

16 Bay èd ki pratik (Gal. 6:10). Men sa Leo k ap sèvi kòm misyonè nan yon peyi byen lwen fanmi l di: “Byen souvan, tout sa nou bezwen se yon senp ti jès moun fè avè n nan bon moman ki demontre yo gen sousi pou nou.” Epi li di: “Mwen sonje yon jou mwen te fè yon aksidan machin. Lè m te resi rive lakay, mwen te santi m about. Men, lè sa a, gen yon mari ak madanm ki te envite m vin manje yon ti manje lakay yo. Mwen pa sonje sa nou te manje, men mwen sonje jan yo te pran tan pou yo koute m. Apre sa, mwen te santi m pi byen!”

17 Nou tout renmen lè pèp Bondye a reyini ansanm, tankou lè gen asanble ak kongrè, paske sa pèmèt nou pase tan ak lòt moun pandan n ap pale avèk yo sou pwogram nan. Sepandan, men sa Carol nou te pale de li pi wo a di: “Mwen santi m vrèman poukò m nan asanble yo ak nan kongrè yo.” Sa k fè sa? Men sa l di: “Menm lè m gen plizyè santèn, oswa menm plizyè milye frè ak sè bò kote m, souvan, yo tout konn ansanm ak fanmi yo. Lè m ap gade yo, mwen santi m vrèman poukò m.” Gen lòt moun ki twouve l difisil premye fwa yo pral nan yon kongrè oswa nan yon asanble apre lanmò madanm yo oswa mari yo. Èske w konn yon moun ki nan sitiyasyon sa yo? Sa w panse si w ta envite yo vin ansanm avè w lè w pral asiste evènman sa yo ak fanmi w?

18. Ki jan nou ka aplike 2 Korentyen 6:11-13 lè n ap akeyi lòt moun?

18 Pase tan ansanm. Eseye envite tout kalite frè ak sè nan aktivite detant w ap fè. Sitou moun ki ka santi yo poukò yo. Nou vle “ouvri [kè nou] byen gran”, sitou pou moun sa yo. (Li 2 Korentyen 6:11-13.) Men sa Melissa nou te pale de li pi wo a sonje: “Nou te toujou kontan anpil lè frè ak sè yo te konn envite nou lakay yo pou n pase tan ansanm avèk yo ak fanmi yo oswa pou n al flannen ak yo.” Èske gen yon moun nan kongregasyon w lan ou ka envite?

19. Ki lè l ka vrèman itil pou nou pase tan ak frè n ak sè n yo?

19 Gen moman kote frè n ak sè n yo t ap vrèman kontan si nou ta pase tan avèk yo. Li konn difisil pou kèk frè ak sè lè moun nan fanmi yo ki pap sèvi Jewova ap fete yon seri fèt ki pa ann amoni ak Bib la pandan yo menm yo nan kay la. Gen lòt menm ki konn santi yo tris anpil lè yon seri dat rive. Pa egzanp, chak fwa dat yon moun yo te genyen ki mouri rive. Lè nou ofri frè ak sè ki gen pwoblèm sa yo pou nou pase tan ak yo, nou montre nou “gen sousi pou [yo] toutbon”. — Flp. 2:20.

20. Ki jan pawòl Jezi te di nou jwenn nan Matye 12:48-50 lan ka ede nou lè nou santi n poukò n?

20 Gen anpil rezon ki ka fè yon kretyen santi l poukò l pafwa. Sepandan, nou pa dwe janm bliye Jewova byen konnen sa nou santi. Byen souvan, li itilize kretyen parèy nou pou l ban nou sa nou bezwen. (Li Matye 12:48-50.) Yon lòt bò, nou montre Jewova nou gen rekonesans pou dispozisyon li pran ki demontre lanmou, lè nou fè tout sa nou kapab pou n ede frè n ak sè n yo. Kèlkeswa jan nou ta santi nou pafwa, nou pa janm poukò n, paske Jewova toujou avè n!

KANTIK 46 Mèsi Jewova

^ § 5 Èske pafwa ou konn santi w poukò w? Si sa konn rive w, ou mèt gen asirans Jewova byen konnen ki jan w santi w, e li vle ede w. Nan atik sa a, nou pral wè ki sa w ka fè lè w santi w poukò w. Nou pral aprann tou ki jan nou ka ankouraje moun k ap adore Jewova menm jan avèk nou ki santi yo poukò yo.

^ § 5 Gen kèk non yo chanje.

^ § 60 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè ki gen madanm li ki mouri twouve sa ede l lè l koute anrejistreman odyo sou Bib la ak sou piblikasyon nou itilize nan reyinyon yo.

^ § 62 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè ak pitit fi l k al vizite yon frè nan kongregasyon an ki granmoun e yo pote yon ti bagay pou li.