Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Ki sa apot Pòl te vle di lè l te di: “Mwen mouri anrapò ak Lalwa”? — Gal. 2:19.

Men sa Pòl te ekri: “Mwen mouri anrapò ak Lalwa, pou m ka vin vivan anrapò ak Bondye.” — Gal. 2:19.

Pawòl Pòl te ekri yo te gen rapò ak yon pwen enpòtan li te vle fè kongregasyon nan zòn Galasi yo konprann, yon zòn ki te anba kontwòl Women yo. Gen kèk kretyen nan zòn sa a ki te kite fo anseyan pran tèt yo. Fo anseyan sa yo t ap mache fè konnen pou yon moun sove li dwe obeyi sa Lalwa Moyiz la mande, sitou kesyon sikonsizyon an. Men, Pòl te konnen moun ki kwayan yo pa t bezwen sikonsi, etandone Bondye pa t egzije sa ankò. Pòl te sèvi ak bonjan rezònman pou l te montre ansèyman sa yo se fo ansèyman, e l te ede frè yo vin gen plis lafwa nan sakrifis ranson Jezi Kris la. — Gal. 2:4; 5:2.

Labib di byen klè depi yon moun mouri li pa konn anyen ditou (Ekl. 9:5). Lè Pòl te di: “Mwen mouri anrapò ak Lalwa”, li te vle di Lalwa Moyiz la pa gen okenn pouvwa sou li ankò. Okontrè, Pòl te gen asirans grasa lafwa li genyen nan sakrifis ranson an, li te “vin vivan anrapò ak Bondye”.

Sitiyasyon Pòl te vin chanje “anrapò ak Lalwa”. Nan ki sans? Anvan sa, Pòl te esplike “se pa paske yon moun fè sa Lalwa mande ki fè yo deklare l jis, men se sèlman grasa lafwa li gen nan Jezi Kris”. (Gal. 2:16.) Se vre, Lalwa te jwe yon wòl enpòtan. Men sa Pòl te esplike kretyen nan Galasi yo: “Yo te vin ajoute l pou l fè peche parèt aklè, jiskaske desandans yo te fè pwomès la vini.” ​(Gal. 3:19). Vrèmanvre, Lalwa te montre aklè, moun ki enpafè e ki peche pa t ap ka obeyi Lalwa yon fason ki pafè, e yo te bezwen yon dènye sakrifis, sa vle di yon sakrifis ki pafè. Donk, Lalwa te mennen moun yo bay “desandans” lan, anpalan de Kris. Lè yon moun montre li gen lafwa nan Jezi Kris, Bondye t ap ka deklare moun sa a jis (Gal. 3:24). Pòl te fè rezònman sa a paske se pa mwayen Lalwa li te vin aksepte Jezi e li te vin gen lafwa nan li. Depi lè sa a, Pòl te “mouri anrapò ak Lalwa” e li te “vin vivan anrapò ak Bondye”. Lalwa pa t gen pouvwa sou li ankò, men se Bondye ki te gen pouvwa sou li.

Pòl te di yon bagay menm jan an nan lèt li te ekri kretyen nan vil Wòm yo. Men sa l te di: “Frè m yo, nou menm tou, nou mouri anrapò ak Lalwa, grasa kò Kris la [...], nou libere anba Lalwa, paske nou mouri anrapò ak sa ki te kenbe nou byen di a.” ​(Wom. 7:4, 6). Vèsè sa yo ak Galat 2:19 montre Pòl pa t ap pale konsènan yon moun k ap mouri kòm yon pechè ki kondane anba Lalwa. Okontrè, li t ap pale konsènan yon moun ki libere. Lalwa pa t gen okenn pouvwa sou li ankò, ni sou lòt kretyen menm jan avè l yo. Yo te libere grasa lafwa yo te gen nan ranson Kris la.