Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 24

Ou ka retire kò w nan pyèj Satan yo!

Ou ka retire kò w nan pyèj Satan yo!

“Retire kò [w] nan pyèj Dyab la.” — 2 TIM. 2:26.

KANTIK 36 Nou pwoteje kè nou

SA NOU PRAL WÈ *

1. Poukisa nou ka konpare Satan ak yon moun k ap fè lachas?

OBJEKTIF yon moun k ap fè lachas se pran yon bèt nan pyèj oswa touye l. Li kapab sèvi ak divès kalite pyèj oswa pèlen, jan youn nan fo zanmi ki te vin konsole Jòb yo te di sa (Jòb 18:8-10). Ki jan yon chasè ka fè yon bèt vin nan yon pyèj li tann pou li? Li pran san l pou l byen egzamine bèt la. Li gade ki kote bèt la ale, sa bèt la renmen, ki jan bèt la ka pran nan pyèj la san l pa rann li kont. Se yon chasè konsa Satan ye. Li byen egzamine nou. Li konnen ki kote n konn ale ak sa ki enterese nou. Apre sa, li tann yon pyèj pou nou, e li espere n ap tonbe ladan l san n pa rann nou kont. Sepandan, Bib la ban nou asirans, si nou pran nan pyèj, nou kapab retire kò n ladan l. E li montre nou tou ki jan nou ka evite kèlkeswa pyèj la.

Ògèy ak avaris se de nan pyèj Satan itilize ki mache pi byen. (Gade paragraf 2.) *

2. Bay de nan pyèj Satan itilize ki mache pi byen.

2 Ògèy ak avaris se de nan pyèj Satan itilize ki mache pi byen *. Pandan plizyè milye ane, Satan rive fè anpil moun vin gen vye defo sa yo. Li tankou yon chasè zwazo k ap chèche pran yon bèt nan yon pèlen oswa ki pran l nan yon filè (Sòm 91:3). Men nou pa oblije kite Satan pran nou nan pyèj. Sa k fè sa? Paske Jewova fè nou konn taktik Satan itilize yo. — 2 Kor. 2:11.

Nou kapab aprann nan egzanp Bib la bay ki sèvi nou avètisman, e konsa, n ap evite pyèj Dyab la mete yo oswa n ap retire kò nou ladan yo. (Gade paragraf 3.) *

3. Poukisa Jewova fè met yon seri egzanp nan Bib la?

3 Jewova montre nou se yon danje lè nou gen ògèy ak lè nou ava. Youn nan fason li fè sa, se lè li fè nou konnen sa k te rive kèk nan moun ki t ap sèvi l, pou n pa fè menm erè yo te fè yo. Nan egzanp nou pral wè la yo, n ap wè jan Satan te rive pran menm moun ki gen lontan depi y ap sèvi Jewova nan pyèj. Èske sa vle di nou pa ka fè anyen pou n pa vin gen ògèy e pou n pa vin ava? Non, se pa sa. Jewova te fè met egzanp sa yo nan Bib la pou “sèvi nou avètisman”. (1 Kor. 10:11.) Li konnen nou kapab aprann nan egzanp sa yo, konsa n ap evite pyèj Dyab la oswa retire kò n ladan yo.

ÒGÈY SE YON PYÈJ

Gade paragraf 4.

4. Ki sa k ap rive nou si nou vin gen ògèy?

4 Satan ta renmen nou vin gen ògèy. Li konnen si nou vin gen ògèy, n ap vin menm jan avè l e nou pap gen lavi ki pap janm fini an (Pwo. 16:18). Se sa k fè apot Pòl te fè konnen yon moun ka “vin gonfle ak ògèy, e [li ka] tonbe anba menm kondanasyon ak Dyab la”. (1 Tim. 3:6, 7.) Sa ta ka rive nenpòt nan nou, kit nou fèk vin nan laverite, kit nou gen plizyè ane depi n ap sèvi Jewova.

5. Jan sa parèt nan Eklezyas 7:16, 20, ki jan yon moun ka montre li gen ògèy?

5 Yon moun ki gen ògèy se yon moun ki egoyis. Satan eseye fè nou vin egoyis, li eseye fè nou plis panse ak tèt nou olye nou plis panse ak Jewova, sitou lè nou nan pwoblèm. Pa egzanp, èske yo te akize w pou yon bagay ou pa t fè? Oswa, èske yon moun te mal aji avè w? Satan ta renmen wè w vin fache kont Jewova oswa kont frè w ak sè w yo. Epitou, Dyab la ta renmen w panse sèl fason pou w rezoud pwoblèm nan se aji fason pa w olye w suiv konsèy Jewova ba w nan Pawòl li a. — Li Eklezyas 7:16, 20.

6. Ki sa nou kapab aprann nan eksperyans yon sè k ap viv Peyiba?

6 Ann pran egzanp yon sè k ap viv Peyiba ki te kite enpèfeksyon lòt moun fè l vin fache. Li te santi l pa t ka sipòte sa ankò. Men sa l di: “Mwen te santi m vrèman poukò m, e m pa t ka padone frè ak sè sa yo.” Men sa l di ankò: “Mwen te di mari m nou oblije al nan yon lòt kongregasyon.” Annapre, sè a te gade pwogram Tele JW mas 2016 la. Nan pwogram sa a, yo te bay kèk konsèy sou fason yon moun kapab fè fas ak enpèfeksyon lòt moun. Men sa sè a fè konnen: “Mwen te rann mwen kont mwen te bezwen gen imilite e m te bezwen panse ak defo m gen lakay mwen olye m chèche chanje frè ak sè yo nan kongregasyon an. Pwogram nan te ede m konsantre sou Jewova e sou dwa li genyen pou l dirije antanke Souvren an.” Èske w byen konprann leson an? Lè w ap fè fas ak yon eprèv, kontinye panse ak Jewova. Sipliye l pou l ede w wè lòt moun jan li menm li wè yo. Papa nou ki nan syèl la wè defo yo gen lakay yo, aktout sa, li dispoze padone yo. Li vle nou fè menm jan an. — 1 Jan 4:20.

Gade paragraf 7.

7. Ki sa k te rive wa Ozyas?

7 Ògèy te fè Ozyas, yon wa nan peyi Jida, pa koute konsèy, e sa te fè l pran dwa ki pa t pou li. Ozyas te reyalize anpil bagay. Li te pot laviktwa nan anpil gè, li te konstwi anpil vil e li te gen anpil plantasyon. “Vrè Dye a te beni l.” ​(2 Kwo. 26:3-7, 10). Bib la di: “Men, kou l te vin gen anpil pouvwa, li te vin gen ògèy nan kè l, e sa te lakòz malè tonbe sou li.” Jewova te deja fè konnen se prèt yo sèlman ki gen dwa ofri lansan nan tanp lan. Men, wa Ozyas te pran dwa ki pa t pou li lè l te antre nan tanp lan pou l ofri lansan. Jewova pa t kontan ak sa mesye sa a ki te vin gen ògèy te fè a, e li te lage maladi lèp sou li. Ozyas te ret ak maladi lèp la pandan tout rès vi l. — 2 Kwo. 26:16-21.

8. Jan sa parèt nan 1 Korentyen 4:6, 7, ki sa nou kapab fè pou nou pa vin gen ògèy?

8 Èske ògèy ka vin yon pyèj pou nou, menm jan l te vin yon pyèj pou wa Ozyas? Ann pran egzanp yon frè ki rele José. Li te gen biznis ki t ap byen mache, e li t ap sèvi kòm yon ansyen anpil moun respekte. Li te konn bay diskou nan asanble ak nan kongrè, e siveyan sikonskripsyon te konn mande l konsèy. Men sa José admèt: “Mwen te kwè nan kapasite m ak nan eksperyans mwen te genyen.” Apre sa li di: “Mwen pa t konte sou Jewova. Mwen te panse mwen djanm, donk, mwen pa t koute konsèy ak avètisman Jewova yo.” José te vin fè yon peche grav e li te eskominye. Plizyè ane annapre li te reyentegre. Men sa l di apre sa: “Jewova te aprann mwen se pa yon tit ki enpòtan, men se fè sa l mande nou fè.” Nou bezwen sonje kèlkeswa kapasite nou genyen ak privilèj nou gen nan kongregasyon an, se Jewova ki ban nou yo. (Li 1 Korentyen 4:6, 7.) Si nou gen ògèy, Jewova pap itilize nou.

AVARIS SE YON PYÈJ

Gade paragraf 9.

9. Lefètke Satan ak Èv te vin ava, ki sa sa te pouse yo toule de fè?

9 Lè n ap panse ak moun ki ava, petèt se Satan Ledyab ki vin nan lespri nou. Piske Satan te youn nan zanj Jewova yo, li dwe te gen anpil bèl privilèj. Men, li te vle plis. Li te vle resevwa adorasyon, alòske se Jewova sèlman ki gen dwa sa a. Satan vle nou vin menm jan avè l, se sa k fè l ap chèche fè nou pa satisfè ak sa n genyen. Premye fwa li te fè sa se lè l t al pale ak Èv. Jewova te kontan bay Èv ak mari l bon manje agogo ki sot “nan tout pyebwa ki nan jaden an”, eksepte youn (Jen. 2:16). Aktout sa, Satan te twonpe Èv lè l te fè l panse li bezwen manje fwi nan pyebwa Jewova te entèdi yo manje a. Èv pa t satisfè ak sa l te genyen, li te vle plis. Nou konn sa k te vin pase annapre. Èv te peche e finalman li mouri. — Jen. 3:6, 19.

Gade paragraf 10.

10. Ki sa k te rive lefètke wa David te vin ava?

10 Piske wa David te vin ava, li te bliye tout sa Jewova te ba li, san wete richès, gwo pozisyon ak laviktwa sou anpil nan ènmi l yo. Rekonesans David te genyen te fè l admèt li “pa t ap kapab” konte kado Bondye ba li yo “tèlman yo anpil”! (Sòm 40:5.) Men, rive yon lè, David te bliye sa Jewova te ba li. Li te vin pa satisfè ak sa l genyen. Li te vle plis. Byenke David te vin gen anpil madanm, li te vin anvi madanm yon lòt gason alòske l te konnen Jewova pa vle sa. Dam nan te rele Batcheba e mari l te rele Ouri, li te yon desandan Èt. Piske David te wè tèt li sèlman, li te gen relasyon seksyèl ak Batcheba e Batcheba te vin ansent. David te fè adiltè, yon bagay ki mal. Mete sou sa, li te fè yon bagay ki pi mal toujou, li te fè konplo pou yo touye Ouri (2 Sam. 11:2-15). Sa k te nan tèt David menm? Èske l te panse Jewova pa t ap wè? Byenke David te toujou fidèl ak Jewova, li te kite egoyis fè l vin ava e li te peye sa chè. Men, erezman, rive yon lè, David te rekonèt peche l te fè a e li te repanti. Se pa ti rekonesans li te genyen dèske Jewova te padone l! — 2 Sam. 12:7-13.

11. Selon Efezyen 5:3, 4, ki sa k ka ede n pou n pa vin ava?

11 Ki sa nou aprann nan egzanp David? Nou aprann nou pap vin ava si n kontinye gen rekonesans pou tout sa Jewova ban nou. (Li Efezyen 5:3, 4.) Nou dwe kontante nou ak sa n genyen. Lè n kòmanse etidye Labib ak yon moun, nou ka ankouraje l pou l panse ak yon bon bagay Jewova fè pou li e pou l di l mèsi pou sa. Si yon moun fè sa chak jou pandan yon semèn, l ap ka di Jewova mèsi pou sèt bagay (1 Tes. 5:18). Èske w konn fè sa? Si w medite sou tout sa Jewova fè pou ou, sa ap ede w gen rekonesans. E lè w gen rekonesans, w ap kontante w ak sa w genyen. Lè w kontante w ak sa w genyen, ou pap vin ava.

Gade paragraf 12.

12. Lefètke Jida Iskaryòt te vin ava, ki sa l te fè?

12 Piske Jida Iskaryòt te vin ava, sa te fè l vin yon gwo trèt. Okòmansman, Jida pa t konsa (Lik 6:13, 16). Jezi te chwazi l kòm apot. Se sèten Jida te gen anpil kapasite e Jezi te fè l konfyans piske se li ki te responsab kès lajan an. Jezi ak apot yo te konn itilize kòb sa a pou depans yo t ap fè nan travay predikasyon an. Nou ta ka konpare lajan sa a ak ofrann nou fè jodi a pou travay mondyal la. Sepandan, rive yon lè, Jida te kòmanse vòlè, malgre l te tande Jezi te avèti moun yo plizyè fwa pou yo pa vin ava (Mak 7:22, 23; Lik 11:39; 12:15). Jida pa t okipe avètisman sa yo.

13. Ki lè sa te parèt aklè Jida te yon moun ki ava?

13 Jida te montre aklè li se yon moun ki ava nan yon evènman ki te rive yon ti tan anvan yo te touye Jezi. Simon ki te gen lèp la te envite Jezi ak disip li yo, ansanm ak Mari ak Mat, sè l la, lakay li. Pandan yo t ap manje, Mari te leve epi li te vide yon luil santi bon ki koute chè sou tèt Jezi. Jida ak lòt disip yo te fache anpil. Petèt, lòt disip yo te santi yo te ka pi byen itilize kòb sa a nan travay predikasyon an. Men, Jida li menm te fache pou yon lòt rezon. Li “te yon vòlè” e li te vle vòlè lajan nan kès la. Jida te tèlman ava, annapre li te trayi Jezi pou lajan. — Jan 12:2-6; Mat. 26:6-16; Lik 22:3-6.

14. Ki jan yon mari ak madanm te aplike leson nou jwenn nan Lik 16:13 la?

14 Jezi te fè disip li yo sonje yon verite enpòtan. Li te di: “Nou pa kapab esklav Bondye ak Lajan anmenmtan.” ​(Li Lik 16:13.) Pawòl sa yo gen anpil valè jis jounen jodi a. Ann pran egzanp yon mari ak madanm k ap viv nan peyi Woumani ki te aplike pawòl Jezi te di yo. Yo te ofri yo yon travay pou yon ti tan nan yon peyi ki pi rich. Men sa yo admèt: “Nou te dwe labank anpil kòb. Donk, okòmansman, nou te panse se Jewova ki te fè nou jwenn travay sa a.” Sepandan, te gen yon pyèj. Travay sa a t ap anpeche yo sèvi Jewova jan yo ta dwe a. Apre yo te fin li atik ki gen tit “Annou kontinye montre nou fidèl, san kè nou pa divize”, ki nan Toudegad 15 out 2008, yo te pran yon desizyon. Men sa yo di: “Si nou t al travay nan yon lòt peyi jis pou n te ka fè plis kòb, nou pa t ap ka met relasyon nou gen ak Jewova a an premye nan lavi nou. Se sèten li t ap difisil pou n kontinye sèvi Jewova jan n ta dwe fè l la.” Donk, yo te refize òf la. Ki sa k te rive? Mari a te vin jwenn yon travay nan peyi l ki te pèmèt yo jwenn sa yo bezwen. Men sa madanm nan di: “Men Jewova pa janm kout.” Mari ak madanm sa a kontan lefètke se Jewova yo te konsidere kòm Mèt yo, se pa lajan.

EVITE PYÈJ SATAN YO

15. Sa k fè nou gen asirans nou kapab retire kò n nan pyèj Satan yo?

15 Ki sa nou ta dwe fè si nou ta vin rann nou kont nou gen ògèy oswa nou ava? Nou ta dwe fè efò pou nou chanje. Pòl te di moun Dyab la “pran [...] tou vivan” yo ka retire kò yo nan pyèj la (2 Tim. 2:26). Se sa David te fè, li te koute konsèy Natan, li te repanti e li te sispann ava. Li te fè efò pou l vin gen bon relasyon ak Jewova ankò. Nou pa dwe janm bliye Jewova gen plis pisans pase Satan. Donk, si nou aksepte èd Jewova, n ap ka retire kò nou nan kèlkeswa pyèj oswa pèlen Dyab la tann.

16. Ki sa k ap ede nou evite pyèj Satan yo?

16 Nòmalman, olye pou n ta vin nan sitiyasyon pou n ap retire kò n nan pyèj Satan yo oswa nan pèlen l yo, li t ap pi bon pou nou evite yo tout nèt. Se sèlman grasa èd Bondye n ap kapab fè sa. Men, nou pa dwe janm kwè nan tèt nou! Menm moun ki gen lontan depi y ap sèvi Jewova konn vin gen ògèy oswa yo konn vin ava. Donk, sipliye Jewova chak jou pou l ede w wè si vye defo sa yo kòmanse gen efè sou fason w panse ak fason w aji (Sòm 139:23, 24). Pa janm kite vye defo sa yo gen kontwòl ou!

17. Ki sa k pral rive advèsè nou an, Dyab la, talè konsa?

17 Satan gen plizyè milye ane depi l ap pran moun nan pyèj. Talè konsa yo pral mare l, e finalman y ap detwi l (Rev. 20:1-3, 10). Se pa ti tann n ap tann jou sa a! Men, annatandan, nou bezwen veye pou n pa kite Satan pran n nan pyèj. Nou bezwen fè anpil efò pou n pa vin gen ògèy oswa pou n pa vin ava. Ann pran detèminasyon pou n “opoze ak Dyab la, e l ap kouri kite nou”! — Jak 4:7.

KANTIK 127 Kalite moun mwen dwe ye a

^ § 5 Satan tankou yon moun ki fò anpil nan fè lachas. L ap eseye pran nou nan pèlen, kèlkeswa kantite tan nou genyen depi n ap sèvi Jewova. Nan atik sa a, nou pral aprann ki jan Satan eseye sèvi ak ògèy ak avaris pou l fè n pèdi relasyon nou gen ak Bondye. Anplis de sa, nou pral aprann nan egzanp kèk moun ki te vin gen ògèy e ki te vin ava, epi nou pral wè ki jan nou kapab evite pyèj sa yo.

^ § 2 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Nan atik sa a, nou pral pale sou ògèy, yon santiman yon moun genyen ki fè l panse li pi bon pase lòt moun. E nou pral pale tou sou avaris ki se yon gwo anvi yon moun genyen pou l gen plis lajan, plis pouvwa, e ki fè l pa metrize l nan kesyon sèks oswa nan lòt bagay.

^ § 53 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè ki gen ògèy ki pa vle aksepte bon konsèy yo ba l. Yon sè ki deja gen anpil bagay e ki vle gen plis.

^ § 55 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon zanj te vin gen ògèy, menm bagay la te rive wa Ozyas. Se paske Èv te ava ki fè l te manje fwi nan pyebwa Bondye te entèdi yo manje a, se paske David te ava ki fè l te fè adiltè ak Batcheba, e se paske Jida te ava ki fè l te konn vòlè lajan.