Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 26

Èske w ka anseye lòt moun pou yo vin disip?

Èske w ka anseye lòt moun pou yo vin disip?

“Bondye [...] ban nou volonte e li ban nou fòs pou nou aji.” — FLP. 2:13.

KANTIK 64 Annou patisipe nan rekòt la ak kè kontan

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa Jewova te fè pou ou?

KÒMAN W te fè vin Temwen Jewova? Premye fwa w te tande “bon nouvèl la”, petèt se te paran w, kòlèg travay ou oubyen yon kamarad lekòl ou ki te preche w, oubyen se pandan Temwen yo t ap preche kay an kay (Mak 13:10). Annapre, gen yon moun ki te pase anpil tan e ki te fè anpil efò pou fè etid avè w. Pandan w t ap fè etid la, ou te vin renmen Jewova e w te aprann li renmen w. Jewova te rale w vin nan laverite, e kounye a, piske w se yon disip Jezi Kris, ou gen esperans pou w viv pou toutan (Jan 6:44). Pa gen dout ou gen Jewova rekonesans lefètke Li te sèvi ak yon lòt moun pou anseye w laverite e Li te aksepte pou w vin youn nan sèvitè L yo.

2. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

2 Kounye a, piske nou konn laverite, nou gen privilèj pou nou ede lòt moun pou yo vin jwenn nou sou wout lavi a. Nou ka alèz pou nou preche kay an kay, men, nou ka twouve l difisil pou nou ofri moun etid biblik e pou n fè etid ak yo. Èske se konsa w santi w? Si se konsa w santi w, petèt w ap jwenn kèk konsèy nan atik sa a k ap ede w. Nou pral wè ki sa k pouse n patisipe nan travay fè disip la. Nou pral wè tou ki jan nou kapab fè fas ak difikilte ki ta kapab anpeche nou fè etid ak moun. Toudabò, ann wè poukisa nou pa dwe preche moun yo bon nouvèl la sèlman, men, nou dwe anseye yo l tou.

JEZI TE BAN NOU LÒD POU N PRECHE EPI POU N ANSEYE

3. Poukisa nou preche?

3 Lè Jezi te sou tè a, li te bay disip li yo lòd pou yo fè yon travay ki gen de pati ladan l. Premyèman, li te di yo pou yo preche bon nouvèl Wayòm nan, e li te montre yo fason pou yo fè sa (Mat. 10:7; Lik 8:1). Pa egzanp, Jezi te prepare disip li yo pou yo konn sa pou yo fè lè moun yo pa aksepte mesaj Wayòm nan ak lè yo aksepte mesaj Wayòm nan (Lik 9:2-5). Li te anonse tou jis nan ki pwen yo t ap gen pou yo fè travay predikasyon an, lè l te fè yo konnen disip li yo t ap gen pou yo bay “yon temwayaj pou tout nasyon”. (Mat. 24:14; Tra. 1:8.) Kit moun yo aksepte mesaj la, kit yo pa aksepte l, disip yo t ap gen pou yo preche moun yo Wayòm Bondye a ak sa l ap gen pou l reyalize.

4. Selon Matye 28:18-20, ki sa nou dwe fè anplis preche konsènan Wayòm nan?

4 Ki dezyèm bagay Jezi te bay disip li yo lòd pou yo fè? Li te di yo pou yo anseye moun ki t ap gen pou vin disip yo pou yo obeyi tout bagay li te ba yo lòd pou yo fè yo. Men, èske travay preche ak anseye a te gen pou l fèt sèlman nan premye syèk la, jan kèk moun te ka di sa? Non. Jezi te fè konnen travay enpòtan sa a t ap kontinye fèt jis nan epòk nou an, “rive jis nan fen sistèm nan”. (Li Matye 28:18-20.) Petèt Jezi te bay lòd sa a lè l te parèt devan plis pase 500 nan disip li yo (1 Kor. 15:6). Nan revelasyon Jezi te bay Jan an, Jezi te montre aklè li vle pou tout disip li yo ede lòt moun aprann konnen Jewova. — Rev. 22:17.

5. Ki egzanp Pòl te bay nou jwenn nan 1 Korentyen 3:6-9 ki montre rapò ki genyen ant preche ak anseye?

5 Apot Pòl te konpare travay fè disip la ak lè yon moun ap fè jaden. Li te montre nou pa dwe annik plante semans lan. Men sa l te di kretyen nan vil Korent yo: “Mwen plante, Apolòs wouze [...]. Nou menm, nou se jaden Bondye bay kiltive.” ​(Li 1 Korentyen 3:6-9.) Antanke moun k ap travay nan “jaden Bondye”, nonsèlman nou plante semans lan, men, nou wouze l tou e nou verifye sa nou plante a regilyèman pou nou wè ki pwogrè l ap fè (Jan 4:35). Anmenmtan, nou rekonèt se Bondye ki fè semans lan grandi.

6. Lè n ap anseye moun yo, ki sa nou dwe ede yo fè?

6 N ap chèche moun ki nan “bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an”. (Tra. 13:48.) Pou nou ede moun sa yo vin disip, nou dwe ede yo pou yo 1) konprann sa yo aprann nan Bib la, 2) aksepte yo, e 3) aplike yo (Jan 17:3; Kol. 2:6, 7; 1 Tes. 2:13). Tout moun nan kongregasyon an ka ede etidyan yo grasa egzanp yo bay nan fason yo montre yo renmen yo ak lè yo byen akeyi yo nan reyinyon yo (Jan 13:35). Moun k ap fè etid la ka bezwen pase anpil tan epi fè anpil efò pou l ede etidyan an derasinen yon seri kwayans oswa pratik “ki byen anrasinen” lakay li (2 Kor. 10:4, 5). Sa ka pran plizyè mwa pou n ede yon moun fè chanjman sa yo nan lavi l pou l ka rive batize. Men, efò sa yo pap pou granmesi.

SE LANMOU KI POUSE NOU FÈ DISIP

7. Ki sa k pouse nou preche moun yo epi anseye yo pou yo vin disip?

7 Poukisa nou preche moun yo e nou anseye yo pou yo vin disip? Premyèman, paske nou renmen Jewova. Lè w fè tout sa w kapab pou w obeyi kòmandman Jezi te bay pou nou preche e pou nou fè disip la, ou montre w gen lanmou pou Bondye (1 Jan 5:3). Fè yon ti reflechi: Se paske w renmen Jewova ki fè w preche kay an kay. Èske l te fasil pou w obeyi lòd sa a? Petèt non. Premye fwa w t al preche, èske w te yon ti jan pè? Pa gen dout nan sa! Men, ou te konnen se travay sa a Jezi vle w fè, e w te obeyi lòd li bay la. Sandout, rive yon lè, li te vin pi fasil pou ou pou w preche. Kounye a, ki jan w wè kesyon fè etid ak moun nan? Èske w santi w yon ti jan pè lè w ap panse ak sa? Petèt. Men, si w priye Jewova pou w mande l ede w met kouraj sou ou pou w ofri moun etid Labib, li kapab ede w vin anvi fè disip.

8. Selon Mak 6:34, ki bagay ankò ki ka pouse nou anseye lòt moun?

8 Dezyèmman, lanmou nou gen pou pwochen nou pouse nou anseye yo laverite. Yon lè, Jezi ak disip li yo te fatige anpil apre yo te fin fè yon bon valè tan ap preche. Yo te bezwen yon kote pou yo repoze, men, yon gwo foul moun te jwenn yo. Piske Jezi te gen pitye pou yo, li te kòmanse anseye yo “anpil bagay”. (Li Mak 6:34.) Li te fè anpil efò pou l anseye yo lè sa a. Poukisa? Jezi te mete l nan plas moun ki te nan foul la. Li te vle ede yo paske li te wè jan yo t ap soufri e jan yo te bezwen jwenn espwa. Jodi a, moun yo nan menm sitiyasyon an, menmsi w wè yo parèt gen kè kontan e yo satisfè ak lavi yo. Yo tankou mouton ki pèdi ki pa gen bèje pou gide yo. Apot Pòl di moun ki nan sitiyasyon sa a pa konnen Bondye e yo pa gen esperans (Efe. 2:12). Yo sou “wout ki mennen nan destriksyon an”! (Mat. 7:13.) Lè n reflechi sou jan moun nan tèritwa nou yo bezwen konnen Bondye, lanmou ak konpasyon nou gen pou yo ap pouse nou ede yo. E pi bon fason nou kapab ede yo se lè nou ofri yo pou nou etidye Labib avèk yo.

9. Selon Filipyen 2:13, ki jan Jewova kapab ede w?

9 Petèt ou ka renka pou w ofri yon moun yon etid Labib paske w konnen fè etid mande tan. Si se nan sitiyasyon sa w ye, di Jewova ki jan w santi w. Mande l ede w pou w vle jwenn yon etid e pou w fè l. (Li Filipyen 2:13.) Apot Jan ban nou asirans Bondye ap reponn priyè ki ann amoni ak volonte L (1 Jan 5:14, 15). Donk, ou kapab gen asirans Jewova ap ede w pou w vle ede lòt moun pou yo vin disip.

FASON W KAPAB VENK LÒT DIFIKILTE

10-11. Sa k fè nou ka renka pou n fè etid Labib ak moun?

10 Nou bay lòd nou resevwa pou nou anseye a anpil enpòtans, menm lè nou jwenn difikilte ki te ka anpeche nou fè tout sa nou ta renmen fè nan travay fè disip la. Ann egzamine kèk nan difikilte sa yo ak fason nou kapab fè fas ak yo.

11 Nou ka santi nou pa ka fè tout sa nou ta vle fè. Pa egzanp, gen kèk pwoklamatè ki granmoun oswa ki pa viv sante. Èske se ka pa w? Si se ka pa w, ann wè youn nan leson nou aprann pandan pandemi COVID-19 la. Nou vin rann nou kont nou ka fè bonjan etid biblik lè nou sèvi ak telefòn oswa ak lòt aparèy elektwonik. Donk, ou kapab fè etid ak moun pandan w lakay ou. E gen yon lòt avantaj. Gen kèk moun ki ta renmen etidye Labib, men, yo pa disponib nan lè frè yo abitye preche. Sepandan, yo ka disponib byen bonè nan maten oswa byen ta nan aswè. Èske w ta kapab ranje pwogram ou pou w fè etid ak yon moun nan lè sa yo? Jezi te anseye Nikodèm nan nuit, paske se lè sa a Nikodèm te chwazi. — Jan 3:1, 2.

12. Ki sa k ban nou asirans nou kapab anseye byen?

12 Nou ka panse nou pa kapab fè etid Labib ak moun. Petèt, nou santi nou ta dwe gen plis konesans oswa kapasite antanke anseyan anvan nou fè etid ak yon moun. Si se konsa w santi w, ann wè twa bagay ki kapab fè w vin gen plis asirans. Premyèman, Jewova wè w kalifye pou w anseye lòt moun (2 Kor. 3:5). Dezyèmman, Jezi ki resevwa “tout pouvwa ni nan syèl la ni sou tè a” ba w lòd pou w anseye (Mat. 28:18). E twazyèmman, ou kapab jwenn èd lòt moun. Se sa Papa Jezi te anseye l li te di, ou kapab fè sa tou (Jan 8:28; 12:49). Mete sou sa, ou ka mande siveyan gwoup predikasyon w lan, yon pyonye ki maton, oswa yon pwoklamatè ki gen eksperyans pou ede w kòmanse yon etid Labib e pou w fè etid la. Youn nan fason ou kapab vin gen asirans se lè w mande youn nan pwoklamatè sa yo pou w al fè etid avè l.

13. Poukisa nou bezwen dispoze fè chanjman nan fason nou anseye?

13 Nou ka twouve l difisil pou n adapte n ak nouvo metòd e pou n itilize nouvo zouti. Fason nou fè etid ak moun yo chanje kounye a. Se piblikasyon ki rele Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an nou sitou itilize pou nou fè etid ak moun yo, e sa mande pou n chanje fason nou te konn prepare etid la ak fason nou te konn fè l. Nou gen mwens paragraf pou n li, e se konvèsasyon nou plis fè ak etidyan an. Lè n ap anseye, nou plis itilize videyo ak zouti elektwonik nou genyen, pa egzanp JW Library®. Si w pa fin konn kòman pou w sèvi ak zouti sa yo, mande yon moun ki konnen pou l montre w kòman pou w itilize yo. An jeneral, moun santi yo pi alèz pou yo fè yon seri bagay yo abitye fè. Li pa fasil pou nou adapte nou lè yo chanje fason nou te konn fè yon bagay. Men, grasa èd Jewova e ak èd lòt moun, n ap wè l pi fasil pou nou adapte nou, e n ap menm twouve l pi enteresan pou nou fè etid ak moun yo. Jan yon pyonye te di sa, metòd sa a nou itilize pou n etidye ak moun yo “nonsèlman enteresan pou moun k ap etidye a, men tou, pou moun k ap anseye a”.

14. Ki sa nou dwe sonje lè n ap preche nan yon tèritwa ki difisil, e ki jan 1 Korentyen 3:6, 7 ankouraje nou?

14 Nou ka ap viv nan yon tèritwa kote l difisil pou n kòmanse etid biblik. Gen moun ki ka sanble pa enterese nan mesaj n ap preche a oswa yo ka menm opoze avè l. Ki sa k kapab ede nou ret pozitif nan yon tèritwa konsa? Nou bezwen sonje sitiyasyon moun yo ka chanje byen vit nan monn sa a ki boulvèse, e moun ki pa t enterese anvan sa ka vin pran konsyans yo bezwen Bondye (Mat. 5:3). Gen kèk moun ki pa t janm konn aksepte piblikasyon nou yo ki vin aksepte yon etid Labib. Epitou, nou konnen se Jewova ki Mèt rekòt la (Mat. 9:38). Li vle nou kontinye plante epi kontinye wouze, men, se li menm k ap fè sa ki plante a grandi (1 Kor. 3:6, 7). Se pa ti ankouraje sa ankouraje nou lè nou sonje, menmsi nou poko gen yon etid, Jewova pap gade sou rezilta nou jwenn pou l rekonpanse n, men, l ap gade sou efò nou fè *!

W AP GEN KÈ KONTAN LÈ W ANSEYE MOUN YO POU YO VIN DISIP

Gade sa travay preche ak anseye n ap fè a kapab fè pou yon moun. (Gade paragraf 15-17.) *

15. Ki jan Jewova santi l lè yon moun aksepte yon etid Labib e li aplike sa l ap aprann yo?

15 Jewova kontan lè yon moun aksepte verite ki nan Bib la e lè moun sa a fè lòt moun konnen verite sa a (Pwo. 23:15, 16). Se pa ti kontan Jewova dwe kontan lè l wè jan pèp li a chofe nan travay preche ak anseye a jodi a! Pa egzanp, malgre gen yon pandemi nan lemonnantye pandan ane sèvis 2020 an, te gen 7 705 765 etid biblik ki te fèt, e te gen 241 994 moun ki te vwe Jewova lavi yo e ki te batize. Nouvo disip sa yo, yo menm tou, pral fè etid Labib ak lòt moun e y ap fè lòt disip (Lik 6:40). Se sèten nou fè kè Jewova kontan lè nou anseye moun yo pou yo vin disip.

16. Ki bon objektif nou ka genyen?

16 Sa mande gwo efò pou nou fè disip, men, grasa èd Jewova, nou ka patisipe nan anseye lòt moun pou yo renmen Papa nou ki nan syèl la. Èske nou ka fikse objektif pou nou kòmanse omwen yon etid Labib e pou nou kontinye fè l? Nou ka sezi wè rezilta nou jwenn si nou pwofite tout okazyon pou nou ofri moun nou rankontre yo pou n etidye Labib avèk yo. Nou mèt gen asirans Jewova ap beni efò nou fè yo.

17. Ki jan n ap santi nou si nou vin gen yon etid?

17 Se pa ti privilèj nou genyen pou nou preche lòt moun e pou nou anseye yo laverite! Travay sa a fè n gen kè kontan toutbon. Men sa apot Pòl, ki te ede anpil moun nan vil Tesalonik pou yo vin disip, te di pou l esplike jan l santi l: “Ki sa ki esperans nou? Ki sa ki jwa nou? Ki sa ki kouwòn ki ban nou anpil kè kontan devan Jezi, Seyè nou an, nan moman prezans li an? An reyalite, èske se pa nou menm? Wi, se nou menm ki glwa nou, se nou menm ki jwa nou.” ​(1 Tes. 2:19, 20; Tra. 17:1-4). Jodi a, anpil moun santi yo menm jan an. Gen yon sè ki rele Stéphanie, li menm ak mari l te ede anpil moun jiskaske yo batize. Men sa l di: “Pa gen anyen ki ka fè yon moun pi kontan pase lè l ede lòt moun pou yo vwe Jewova lavi yo.”

KANTIK 57 Annou preche tout kalite moun

^ § 5 Jewova ban nou privilèj nonsèlman pou nou preche lòt moun, men tou, pou nou anseye yo pou yo obeyi tout bagay Jezi te ban nou lòd pou nou fè yo. Ki sa k pouse nou anseye lòt moun? Ki difikilte nou jwenn nan travay preche ak fè disip la? E ki jan nou ka fè fas ak difikilte sa yo? N ap jwenn repons kesyon sa yo nan atik sa a.

^ § 14 Pou n jwenn plis enfòmasyon sou fason chak moun nan kongregasyon an ka ede nan travay fè disip la, gade atik ki gen tit “Tout kongregasyon an ka ede etidyan yo fè pwogrè pou yo batize”, ki parèt nan Toudegad mas 2021.

^ § 53 ESPLIKASYON SOU FOTO: Gade ki jan yon etid Labib kapab chanje lavi yon moun: Okòmansman, yon mesye te santi lavi l pa gen sans, e li pa t konnen Jewova. Annapre, Temwen yo rankontre l pandan y ap preche e li aksepte yon etid Labib. Sa yo te anseye l yo te pouse l vwe Jewova lavi l epi li te batize. Rive yon lè, li menm tou li ede lòt moun pou yo vin disip. Finalman, yo tout ap viv ak kè kontan nan Paradi a.