Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 27

Ann chèche gen andirans menm jan ak Jewova

Ann chèche gen andirans menm jan ak Jewova

“Grasa andirans nou, n ap gen lavi.” — LIK 21:19.

KANTIK 114 “Montre nou gen pasyans”

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Ki jan pawòl Jewova di nou jwenn nan Ezayi 65:16, 17 yo ede nou pou nou pa dekouraje?

“PA DEKOURAJE!” se te tèm kongrè rejyonal ane 2017 la ki te vrèman ankourajan. Pwogram nan te montre ki jan nou ka andire lè nou anba eprèv. Katran gentan pase, e nou kontinye ap andire nan sistèm sa a.

2 Ki sitiyasyon w ap andire sa pa gen twò lontan? Èske w gen yon moun nan fanmi w oswa yon bon zanmi w ki mouri? Èske w gen yon maladi grav? Èske lavi a vin difisil pou ou lefètke w ap granmoun? Èske w viktim anba katastwòf natirèl, vyolans oswa pèsekisyon? Oubyen, èske w ap soufri akoz pandemi COVID-19 la oswa yon lòt bagay menm jan an? Se pa ti tann n ap tann jou kote tout bagay sa yo pap la ankò, n ap bliye yo e nou pap janm wè yo ankò! — Li Ezayi 65:16, 17.

3. Ki sa nou dwe fè depi kounye a, e poukisa?

3 Lavi nan sistèm sa a rèd, e nou ka jwenn plis pwoblèm toujou pi devan (Mat. 24:21). Li klè, nou bezwen kontinye aprann andire pi plis toujou. Poukisa? Paske Jezi te di: “Grasa andirans nou, n ap gen lavi.” ​(Lik 21:19). Lè nou reflechi ak jan lòt moun rive andire yon seri eprèv ki sanble ak eprèv pa nou yo, n ap kapab andire plis toujou.

4. Poukisa nou ka di Jewova se pi bèl egzanp nan kesyon demontre andirans?

4 Kiyès ki bay pi bèl egzanp nan kesyon andirans? Se Jewova Dye. Èske w sezi aprann sa? Petèt. Men, lè w reflechi sou sa, w ap konprann poukisa. Monn sa a anba pouvwa Dyab la, e se sa k fè li chaje ak pwoblèm. Jewova gen pouvwa pou l detwi monn sa a nan yon bat je, men, l ap tann jou pou l fè sa a (Wom. 9:22). Annatandan, Bondye nou an kontinye andire jiskaske tan li fikse a rive. Ann wè nèf bagay Jewova aksepte andire.

KI SA JEWOVA AKSEPTE ANDIRE?

5. Ki jan yo te lage vèni sou non Bondye, e ki jan sa fè w santi w?

5 Yo lage vèni sou non l. Jewova renmen non l e li vle pou tout moun respekte non sa a (Eza. 42:8). Men, sa gen anviwon 6 000 an depi y ap lage vèni sou non l (Sòm 74:10, 18, 23). Sa te kòmanse nan jaden Edenn nan, lè Dyab la (ki vle di “Medizan”) te akize Bondye kòmkwa li anpeche Adan ak Èv jwenn yon bagay yo te bezwen pou yo te gen kè kontan (Jen. 3:1-5). Depi lè sa a, y ap akize Jewova kòmkwa li anpeche lèzòm jwenn sa yo vrèman bezwen. Lefètke yo te lage vèni sou non Papa Jezi, sa te bay Jezi anpil pwoblèm. Se poutèt sa, men ki jan li te montre disip li yo pou yo priye: “Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen.” — Mat. 6:9.

6. Poukisa Jewova kite anpil tan pase anvan l montre se li menm ki gen dwa pou l dirije antanke Souvren?

6 Yo opoze ak dwa l genyen pou l dirije a. Se sèl Jewova ki gen dwa pou l dirije syèl la ak tè a, e pa gen dout, se fason li dirije a ki bon (Rev. 4:11). Men, Dyab la eseye twonpe zanj yo ak lèzòm pou l fè yo panse Bondye pa gen dwa sa a. Sa t ap pran tan pou pwouve se Jewova ki gen dwa pou l dirije antanke Souvren e se li ki pi bon dirijan an. Bondye aji avèk sajès lè l kite lèzòm dirije pandan yon bon bout tan pou yo ka wè yo pa ka byen dirije tèt yo san Kreyatè a (Jer. 10:23). Piske Bondye te demontre pasyans pandan tout tan sa a, l ap annik rezoud pwoblèm nan li fin ak sa. Tout moun ap wè aklè se fason li dirije a ki bon, e se sèlman Wayòm li an ki kapab met lapè ak sekirite toutbon sou tè a.

7. Kiyès ki te fè rebelyon kont Jewova, e ki sa Jewova pral fè ak yo?

7 Kèk nan pitit li yo fè rebelyon. Jewova te kreye zanj yo ak lèzòm pafè, san okenn defo. Men, annapre, zanj rebèl ki rele Satan an (ki vle di “Opozan”) te fè Adan ak Èv, ki te pafè, vire do bay Jewova. Gen lòt zanj ak lòt moun ki te vin rebèl tou (Jid 6). Annapre, menm moun ki te fè pati nasyon Izrayèl la, pèp Bondye te chwazi a, te vire do ba li e yo t al adore fo dye (Eza. 63:8, 10). Jewova te gen rezon santi yo trayi l. Men, li andire e l ap kontinye andire jiskaske moman an rive pou l detwi tout rebèl yo. Se pa ti soulajman sa pral pote pou sèvitè fidèl Jewova yo k ap andire move bagay k ap fèt nan sistèm sa a menm jan avè l!

8-9. Ki manti yo bay sou Jewova, e ki jan nou reyaji lè nou tande y ap bay manti sa yo?

8 Manti Dyab la pa sispann bay yo. Satan te akize Jòb, yon sèvitè Jewova ki te fidèl, lè l te fè konnen se pou enterè tout sèvitè Jewova ki fidèl yo ap adore l (Jòb 1:8-11; 2:3-5). Dyab la kontinye akize lèzòm jis jounen jodi a (Rev. 12:10). Nou chak kapab montre se manti Satan ap bay lè nou andire eprèv nou jwenn e lè nou ret fidèl ak Jewova paske nou renmen l. Menm jan Jewova te beni Jòb, l ap beni nou tou si nou gen andirans. — Jak 5:11.

9 Satan sèvi ak chèf fo relijyon yo pou fè konnen Jewova mechan e Li lakòz lèzòm ap soufri. Gen kèk nan yo ki menm di, lè yon timoun mouri, se Bondye ki pran l paske l bezwen plis zanj nan syèl la. Ala derespektan! Nou konnen Jewova se yon Papa ki gen lanmou. Lè nou gen yon maladi grav oswa lè nou gen yon moun pa nou ki mouri, nou pa janm akize Bondye nou an. Okontrè, nou gen konfyans yon jou l ap ranje tout bagay. Nou kapab fè tout moun ki dispoze koute konnen Jewova se yon Bondye ki gen lanmou. Konsa, Jewova ap jwenn yon bon repons pou l bay sila a k ap pwovoke l la. — Pwo. 27:11.

10. Ki sa Sòm 22:23, 24 aprann nou sou Jewova?

10 Lefètke sèvitè l yo li renmen anpil ap soufri. Jewova se yon Bondye ki gen konpasyon. Li tris anpil lè l wè n ap soufri, petèt akoz pèsekisyon, maladi oswa enpèfeksyon nou gen lakay nou. (Li Sòm 22:23, 24.) Jewova konprann soufrans nou. Li vle met fen nan soufrans nou, e l ap fè sa. (Konpare ak Egzòd 3:7, 8; Ezayi 63:9.) Gen yon jou k ap vini kote “l ap siye tout dlo nan je [nou], pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò”. — Rev. 21:4.

11. Ki jan Jewova santi l anrapò ak sèvitè fidèl li genyen ki mouri yo?

11 Lefètke li separe ak zanmi l ki mouri yo. Ki jan Jewova santi l lè gason ak fi ki fidèl yo mouri? Se pa ti anvi li anvi wè yo ankò (Jòb 14:15)! Èske w ka imajine jan Jewova sonje Abraram, zanmi l lan (Jak 2:23)? Oswa Moyiz, moun li te pale avè l “fasafas” la (Egz. 33:11)? E se pa ti anvi li dwe anvi tande David ak lòt moun ki te patisipe nan ekri sòm yo k ap chante bèl chante pou fè louwanj pou li (Sòm 104:33)! Byenke zanmi sa yo Jewova genyen yo ap dòmi nan lanmò, li pa bliye yo (Eza. 49:15). Li sonje tout ti detay nan pèsonalite yo. “Nan je l, yo tout vivan.” ​(Lik 20:38, nòt). Yon jou, l ap reba yo lavi, l ap kontan tande priyè yo fè ak tout kè yo ankò e l ap aksepte adorasyon y ap ba li. Si w gen yon moun pa w ki mouri, nou swete pawòl sa yo ap konsole w e y ap ankouraje w.

12. Ki sa k plis fè Jewova mal nan dènye jou sa yo ki chaje ak mechanste?

12 Lefètke moun ki mechan ap fè lòt moun soufri. Lè rebelyon an te kòmanse nan jaden Edenn, Jewova te konnen bagay yo t ap gen pou yo vin pi mal anvan yo vin pi bon. Jewova rayi wè mechanste, enjistis ak vyolans ki gen nan monn nan jodi a. Jewova te toujou montre li gen anpil sousi pou moun ki pa gen moun pou pwoteje yo, anpalan de moun ki fèb e ki san defans yo, timoun ki san papa yo ak vèv yo (Zak. 7:9, 10). Sa fè Jewova pi mal toujou lè l wè y ap maltrete sèvitè fidèl li yo e lè yo mete yo nan prizon. Ou mèt gen asirans Jewova renmen nou tout k ap andire ansanm avè l.

13. Ki bagay ki bay repiyans Bondye wè lèzòm ap fè, e ki sa l pral fè pou sa?

13 Lefètke moun yo vin pi imoral. Byenke lèzòm fèt pòtre ak Bondye, Satan renmen pouse yo fè yon seri bagay ki bay repiyans. Lè Jewova “te wè lèzòm t ap fè anpil mechanste” nan epòk Noye a, li “te regrèt li te fè lèzòm met sou tè a, e li te santi sa fè l mal nan kè l”. (Jen. 6:5, 6, nòt, 11.) Èske monn nan vin pi bon depi lè sa a? Okontrè, li vin pi mal! Dyab la dwe kontan anpil lè l wè jan moun yo lage kò yo nan imoralite seksyèl sou tout fòm, sa gen ladan l imoralite seksyèl ak moun ki pa menm sèks e ak moun ki menm sèks (Efe. 4:18, 19)! Satan pi kontan toujou lè se moun k ap adore Jewova ki fè yon peche grav. Lè pasyans Jewova rive nan bout li, li pral montre aklè jan li rayi konduit ki imoral lè l detwi tout moun k ap pratike imoralite e ki refize chanje.

14. Ki sa lèzòm ap fè ak sa Bondye kreye sou tè a?

14 Lefètke lèzòm ap detwi sa l te kreye yo. Nonsèlman “moun ap domine sou moun pou fè yo soufri”, men tou, yo pa pran swen tè a ak bèt yo jan Jewova te mande yo fè sa (Ekl. 8:9; Jen. 1:28). Gen kèk espesyalis ki fè konnen akoz fason lèzòm aji gen yon milyon espès * ki ka disparèt nan kèk ane ankò. Nou konprann poukisa lèzòm ap enkyete pou anviwònman an. Erezman, Jewova pwomèt l ap “detwi moun k ap detwi tè a”, e li pral fè tout tè a vin yon paradi. — Rev. 11:18; Eza. 35:1.

SA NOU APRANN LEFÈTKE JEWOVA AP ANDIRE

15-16. Ki sa k ta dwe pouse nou andire ansanm ak Jewova? Bay yon egzanp.

15 Panse ak tout gwo pwoblèm Papa nou ki nan syèl la ap andire depi plizyè milye ane. (Gade kare ki gen tit “ Sa Jewova ap andire”.) Jewova te ka detwi sistèm mechan sa a nenpòt ki moman. Men, lefètke li gen pasyans, sa ede nou anpil! Reflechi sou egzanp ki vin annapre a. Imajine yo ta fè yon mari ak madanm li ki ansent konnen tibebe yo genyen ki nan vant lan gen gwo pwoblèm sante, timoun nan pap janm mennen yon vi nòmal e l pap pran tan pou l mouri. Aktout sa, malgre sa ap difisil anpil pou paran yo, yo kontan lè timoun nan fèt. Piske yo renmen pitit yo a, y ap andire nenpòt difikilte pou ede l viv fason ki pi bon an.

16 Menm jan an tou, tout desandan Adan ak Èv yo enpafè lè yo fèt. Malgre sa, Jewova renmen yo e li pran swen yo (1 Jan 4:19). Kontrèman ak paran nan egzanp nou te pran an, Jewova kapab fè yon bagay pou lèzòm. Li fikse yon jou pou l elimine tout sa k ap fè lèzòm soufri yo (Mat. 24:36). Èske lanmou Jewova gen pou nou pa ta dwe pouse nou andire ansanm avè l toutotan sa nesesè?

17. Ki jan fason yo pale de Jezi nan Ebre 12:2, 3 a ankouraje nou pou nou kontinye andire?

17 Jewova se pi bèl egzanp nan kesyon andirans. Jezi te byen imite Papa l nan sans sa a. Lè Jezi te sou tè a, li te andire lè moun yo t ap joure l, li te andire lawont e li te aksepte mouri pou nou sou yon poto soufrans. (Li Ebre 12:2, 3.) Se sèten egzanp Jewova bay nan kesyon andirans te bay Jezi fòs pou l andire. Sa kapab ban nou fòs tou.

18. Ki jan 2 Pyè 3:9 ede nou konprann sa k rive fèt lefètke Jewova gen pasyans?

18 Li 2 Pyè 3:9. Jewova konnen ki lè ki pi bon pou l detwi monn mechan sa a. Piske li gen pasyans, sa pèmèt yon gwo foul moun ki gen plizyè milyon moun k ap adore l e k ap fè louwanj pou li rasanble. Yo tout kontan lefètke Jewova kontinye andire pandan tout tan sa a, sa ki pèmèt yo fèt, yo aprann renmen l e yo vwe lavi yo ba li. Jewova pral kontan rekonpanse plizyè milyon moun ki andire jiska lafen yo. Lè sa a, tout moun pral kapab wè aklè li te pran bon desizyon an lefètke l te aksepte andire!

19. Ki detèminasyon nou ta dwe pran, e ki rekonpans ki rezève pou nou?

19 Jewova aprann nou ki jan pou nou andire ak kè kontan. Malgre tout tètchaje ak soufrans Satan lakòz, Jewova toujou ret “Bondye ki gen kè kontan an”. (1 Tim. 1:11.) Nou menm tou nou kapab kontinye gen kè kontan pandan n ap tann avèk pasyans pou Jewova fè non l vin sen, pou l defann dwa li genyen pou l dirije antanke Souvren an, e pou l elimine tout mechanste ak tout pwoblèm nou genyen jodi a. Ann pran detèminasyon pou nou andire e pou n ka jwenn konsolasyon lefètke nou konnen Papa nou ki nan syèl la ap andire tou. Si nou fè sa, pawòl ki vin annapre a ap reyalize nan ka nou chak. Men sa l di: “Byennere moun ki kontinye andire eprèv, paske lè l vin yon moun yo apwouve, l ap resevwa kouwòn lavi a, kouwòn Jewova pwomèt l ap bay moun ki kontinye renmen l yo.” — Jak 1:12.

KANTIK 139 Èske w ap la lè tout bagay vin nèf?

^ § 5 Nou tout gen pwoblèm. Anpil nan pwoblèm sa yo pa gen solisyon pou kounye a. Sèl sa nou ka fè se andire yo. Men, se pa nou menm sèlman k ap andire. Jewova ap andire anpil bagay tou. Nan atik sa a, nou pral wè nèf nan yo. Nou pral wè tou ki bon bagay ki rive lefètke Jewova ap andire e ki sa nou ka aprann nan egzanp li.

^ § 14 Nou pa ta dwe konfonn “espès” y ap pale la a ak mo “gwoup” ki nan Bib la ki fè referans ak yon pi gwo gwoup ki gen sa ki vivan ladan l.