Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 28

Veye pou n pa nan konpetisyon, kontinye travay pou gen lapè

Veye pou n pa nan konpetisyon, kontinye travay pou gen lapè

“Pinga nou chèche pase pou pi bon, pou nou nan konpetisyon youn ak lòt, e pou youn ap rayi sò lòt.” — GAL. 5:26.

KANTIK 101 Ann travay ansanm nan inite

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa k ka rive lè kèk moun renmen fè konpetisyon?

NAN monn nan jodi a, anpil moun tèlman egoyis, sa fè yo toujou nan konpetisyon. Pa egzanp, yon biznismann gendwa ap itilize yon seri taktik malonèt pou l montre se biznis pa l ki pi bon. Yon atlèt gendwa fè espre li blese yon lòt jwè yon fason pou ekip pa l la ka genyen. Yon elèv k ap konpoze pou l antre nan yon gwo inivèsite gendwa ap pran poul nan egzamen yo. Antanke kretyen, nou konnen li pa bon pou nou aji konsa, sa fè pati “zèv lachè yo”. (Gal. 5:19-21.) Men, èske sa ka rive gen sèvitè Jewova ki lakòz gen konpetisyon nan kongregasyon an san yo pa menm rann yo kont? Kesyon sa a enpòtan, paske konpetisyon kapab kraze tèt ansanm ki gen nan fanmi nou fòme antanke kretyen an.

2. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

2 Nan atik sa a, nou pral wè yon seri defo ki ka lakòz nou nan konpetisyon ak frè n ak sè n yo. Nou pral pale tou sou kèk egzanp gason ak fi fidèl nan tan biblik yo ki pa t nan konpetisyon ak lòt moun. Toudabò, annou pale sou rezon ki ka pouse nou fè yon bagay.

CHÈCHE WÈ REZON KI KA POUSE N FÈ YON BAGAY

3. Ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou?

3 Detanzantan, li ta bon pou nou chèche wè rezon ki pouse nou fè yon bagay. Nou ka mande tèt nou: ‘Èske se lè m panse m pi bon pase lòt moun mwen santi m gen valè? Èske nan tout sa m ap fè mwen toujou vle montre se mwen ki fè l pi byen, oubyen, lè yon frè oswa yon sè fè yon bagay, m ap chèche montre mwen ka fè l tou? Oswa, èske m annik vle fè tout sa m kapab pou m fè kè Jewova kontan?’ Poukisa nou ta dwe poze tèt nou kesyon sa yo? Ann wè ki sa Pawòl Bondye a di.

4. Poukisa nou pa dwe konpare tèt nou ak lòt moun, jan nou wè sa nan Galat 6:3, 4?

4 Labib ankouraje nou pou nou pa konpare tèt nou ak lòt moun. (Li Galat 6:3, 4.) Poukisa? Yon bò, si nou panse nou pi bon pase frè nou yo, nou kapab vin gen ògèy. Yon lòt bò, si nou panse nou gen mwens valè pase yo, sa kapab fè nou dekouraje. Panse konsa pa bon, paske pa gen youn nan yo ki kòrèk (Wom. 12:3). Men sa yon sè ki rele Katerina * k ap viv nan peyi Lagrès di: “Mwen te konn konpare tèt mwen ak moun ki te sanble pi bèl pase m, ki te konn preche pi byen pase m e ki te fè zanmi pi fasil pase m. Sa te fè m santi m pa vo anyen.” Nou dwe sonje se Jewova ki rale nou vin jwenn li. Li pa t fè sa paske nou bèl, nou konn pale byen oswa nou popilè, men paske li te wè nou vle renmen l e nou vle koute Pitit Gason l lan. — Jan 6:44; 1 Kor. 1:26-31.

5. Ki sa w aprann nan egzanp yon frè ki rele Hyun?

5 Men yon lòt kesyon nou ta ka poze tèt nou: ‘Èske yo konnen m kòm yon moun ki renmen fè lapè, oswa souvan mwen konn nan kont ak lòt moun?’ Ann wè sa k te rive yon frè ki rele Hyun k ap viv nan Kore disid. Gen yon lè, Hyun te panse gen kèk frè ki gen responsablite nan kongregasyon an ki t ap chèche montre yo pi bon pase l. Men sa l di: “Mwen te konn kritike frè sa yo, e byen souvan, mwen pa t dakò ak sa yo te konn di.” Ki konsekans sa te genyen? Men sa Hyun admèt: “Atitid mwen te genyen an te vin fè pa gen tèt ansanm nan kongregasyon an.” Kèk nan zanmi l yo te ede l wè pwoblèm li genyen an. Li te fè chanjman ki te nesesè yo, e jodi a, l ap fè yon bon travay antanke ansyen. Si nou wè nou gen tandans pou nou renmen fè konpetisyon olye n travay pou gen lapè, nou dwe aji tousuit pou n chanje sa.

VEYE POU N PA NAN CHÈCHE PASE POU PI BON E POU N PA RAYI SÒ LÒT MOUN

6. Selon Galat 5:26, ki defo ki ka fè nou nan konpetisyon ak lòt moun?

6 Li Galat 5:26. Ki defo ki ka fè yon moun vin nan konpetisyon ak lòt moun? Youn nan yo, se lè l ap chèche pase pou pi bon. Yon moun k ap chèche pase pou pi bon se yon moun ki gen ògèy e ki egoyis. Yon lòt vye defo se lè yon moun rayi sò lòt moun. Nonsèlman yon moun ki rayi sò lòt moun anvi sa yon lòt moun genyen, men tou, li vle pran sa moun nan genyen. Vrèmanvre, lè yon moun rayi sò yon lòt moun, se moun nan li rayi. Se sèten nou vle ret kanpe byen lwen vye defo sa yo!

7. Ki egzanp nou ka pran pou n montre dega sa lakòz lè yon moun ap chèche pase pou pi bon e lè l rayi sò lòt moun?

7 Nou kapab konpare yon moun k ap chèche pase pou pi bon e ki rayi sò lòt moun ak mit k ap wonyen bwa travès ki nan yon tèt kay tòl. Tèt kay la mèt parèt bèl, rive yon lè, l ap tonbe. Menm jan an tou, yon moun ka gen yon bon bout tan depi l ap sèvi Jewova, men, si l ap chèche pase pou pi bon e li rayi sò lòt moun, l ap tonbe (Pwo. 16:18). L ap sispann sèvi Jewova. Nonsèlman l ap soufri, men l ap fè lòt moun soufri tou. Kidonk, ki jan n ka veye pou n pa nan chèche pase pou pi bon e pou n pa rayi sò lòt moun?

8. Ki sa nou kapab fè pou nou pa nan chèche pase pou pi bon?

8 Nou kapab konbat tandans nou gen lakay nou pou n nan chèche pase pou pi bon lè n toujou sonje konsèy apot Pòl te bay kretyen nan vil Filip yo. Men sa l te di: “Pa fè anyen nan polemik, ni paske nou vle bay tèt nou twòp enpòtans, men, avèk imilite, konsidere lòt moun yo siperyè nou.” ​(Flp. 2:3). Si nou konsidere lòt moun yo siperyè nou, nou pap nan konpetisyon ak moun ki gendwa gen plis talan ak plis kapasite pase nou. Okontrè, n ap kontan pou yo. N ap pi kontan pou yo toujou si y ap sèvi ak kapasite yo genyen yo nan sèvis Jewova pou yo fè louwanj pou li. Yon lòt bò si frè n ak sè n ki gen kapasite yo ap suiv konsèy Pòl te bay la, y ap rive wè nou gen bèl kalite lakay nou. Konsa, nou tout ap fè efò pou gen lapè ak tèt ansanm nan kongregasyon an.

9. Ki jan nou kapab kontwole tandans pou nou rayi sò lòt moun?

9 Nou kapab kontwole tandans pou nou rayi sò lòt moun lè nou aprann rekonèt limit nou, sa vle di lè nou rekonèt nou pa kapab fò nan tout bagay. Si nou rekonèt limit nou, nou pap chèche montre nou gen plis talan oswa kapasite pase tout moun. Okontrè, n ap chèche wè ki jan nou kapab aprann nan men moun ki gen plis kapasite pase nou. Pa egzanp, ann sipoze nan kongregasyon an gen yon frè ki konn bay bèl diskou. Nou ta ka mande l ki jan l konn prepare diskou l yo. Si yon sè fò nan fè manje, nou ta ka mande l kèk konsèy k ap ede nou aprann fè manje pi byen. Si li pa fasil pou yon jèn kretyen fè zanmi, li gendwa mande yon moun ki fasil pou fè zanmi kèk konsèy. Lè nou aji konsa, nou pap rayi sò lòt moun e n ap amelyore kapasite nou genyen.

APRANN NAN EGZANP KÈK MOUN BIB LA PALE DE YO

Piske Jedeyon te gen imilite, li te kontinye viv anpè ak mesye nan tribi Efrayim yo. (Gade paragraf 10-12.)

10. Ki pwoblèm Jedeyon te jwenn?

10 Reflechi sou sa k te pase ant Jedeyon, ki te soti nan tribi Manase, ak mesye nan tribi Efrayim yo. Grasa èd Jewova, Jedeyon ak 300 sòlda l yo te pot yon kokennchenn viktwa, sa ki te kapab fè yo vin gen anpil ògèy. Mesye Efrayim yo t al kote Jedeyon. Yo pa t fè sa pou yo te felisite l, men, pou yo te ka fè kont avè l. Sanble, mesye Efrayim yo te vekse poutèt okòmansman Jedeyon pa t envite yo al konbat ènmi Bondye yo ansanm avè l. Yo te tèlman vle fè moun respekte tribi yo a, yo pa t rive wè sa k te pi enpòtan an: Jedeyon te fèk sot onore non Jewova e li te pwoteje pèp Li a. — Jij 8:1.

11. Ki jan Jedeyon te aji lè mesye Efrayim yo te vin kote l?

11 Jedeyon te montre l gen imilite lè l te di mesye Efrayim yo: “Ki sa m fè ki ka parèt devan sa nou fè?” Apre sa, li te ba yo yon egzanp klè sou fason Jewova te beni yo. Konsa, mesye yo te “vin kalme”. (Jij 8:2, 3.) Jedeyon te dispoze mete l byen ba pou te ka kontinye gen lapè nan mitan pèp Bondye a.

12. Ki sa nou kapab aprann nan fason mesye Efrayim yo te aji ak nan fason Jedeyon te aji?

12 Ki sa nou kapab aprann nan istwa sa a? Lè nou reflechi sou fason mesye Efrayim yo te aji a, nou aprann sa k pi enpòtan se onore Jewova se pa onore pwòp tèt nou. Si w se yon chèf fanmi oswa yon ansyen, ou kapab aprann yon leson nan men Jedeyon. Si yon moun fache poutèt yon bagay ou fè, ou ta dwe chèche konprann rezon ki fè l fache a. Ou kapab felisite moun nan tou pou yon bagay li fè byen. Sa ap mande pou nou mete nou byen ba, sitou si sa parèt klè se moun nan ki antò. Men, chèche fè lapè pi enpòtan pase chèche montre se nou menm ki gen rezon.

Piske Ana te met konfyans li nan Jewova pou ede l, li te vin santi l anpè ankò. (Gade paragraf 13-14.)

13. Ki pwoblèm Ana te jwenn, e ki sa l te fè?

13 Ann fè yon ti reflechi tou sou egzanp Ana. Li te marye ak yon Levit ki rele Èlkana ki te renmen l anpil. Men, Èlkana te gen yon lòt madanm ki te rele Penina. Èlkana te pi renmen Ana pase Penina. Sepandan, “Penina te gen pitit, men Ana pa t gen pitit”. Se sa k fè Penina te “toujou ap fawouche Ana pou fè l fache”. Ki efè sa te gen sou Ana? Li te vin boulvèse anpil! “Li te konn kriye e li te konn ret san manje.” ​(1 Sam. 1:2, 6, 7). Epoutan, pa gen okenn kote nan Bib la ki montre Ana te chèche tire revanj sou Penina. Okontrè, Ana te vide kè l bay Jewova, e li te gen konfyans Jewova t ap ede l. Èske Penina te sispann fawouche Ana? Bib la pa di anyen sou sa. Men, nou konnen Ana te vin santi l anpè ankò e l te kontinye viv anpè. “Figi l pa t tris ankò.” — 1 Sam. 1:10, 18.

14. Ki sa nou kapab aprann nan egzanp Ana?

14 Ki sa nou kapab aprann nan egzanp Ana? Si yon moun ap chèche fè konpetisyon avè w, sonje ou gen kontwòl sitiyasyon an. Ou pa gen pou w nan konpetisyon ak moun nan. Olye w rann mal pou mal, eseye fè lapè avè l pito (Wom. 12:17-21). Menmsi moun nan pa byen reyaji, w ap santi w anpè.

Piske Apolòs ak Pòl te rann yo kont Jewova ap beni travay la, youn pa t pran lòt pou advèsè. (Gade paragraf 15-18.)

15. Nan ki sans Apolòs ak Pòl te sanble?

15 Finalman, ann wè sa nou ka aprann nan egzanp Apolòs, ki te yon disip, ak nan egzanp apot Pòl. Yo toule de te konn Ekriti yo byen. Anpil moun te konn mesye sa yo e yo te konn anseye byen. Yo toule de te ede anpil moun vin disip. Men, youn pa t konsidere lòt kòm advèsè.

16. Ki moun Apolòs te ye?

16 Apolòs te “moun Aleksandri”, yon kote anpil moun te konn ale pou yo pran fòmasyon nan premye syèk la. Sanble Apolòs te konn pale byen e “li te konn Ekriti yo byen”. (Tra. 18:24.) Lè Apolòs te nan vil Korent, gen kèk moun nan kongregasyon an ki te montre aklè yo te pi renmen l pase lòt frè yo, menm pase Pòl (1 Kor. 1:12, 13). Èske Apolòs te ankouraje konpòtman sa a ki te lakòz divizyon? Nou pa ka imajine li te fè sa? An reyalite, kèk tan apre Apolòs te fin kite Korent, Pòl te ankouraje l pou l retounen nan zòn nan (1 Kor. 16:12). Pòl pa t ap janm fè sa si l te santi Apolòs t ap simen divizyon nan kongregasyon an. Sa klè, Apolòs te byen sèvi ak kapasite l te genyen yo pou l te preche bon nouvèl la e pou l te ankouraje frè ak sè yo. Yon lòt bagay ki sèten sèke Apolòs te gen imilite. Pa egzanp, pa gen okenn kote nan Bib la ki montre li te vekse lè Akila ak Prisil te “esplike l chemen Bondye a yon fason ki pi egzak toujou”. — Tra. 18:24-28.

17. Ki jan Pòl te travay pou gen lapè?

17 Apot Pòl te konnen Apolòs t ap fè yon bon travay. Men, Pòl pa t pè pou moun panse Apolòs te gen plis kapasite pase l. Konsèy Pòl te bay kongregasyon ki te nan vil Korent lan montre li te yon moun ki gen imilite, ki rekonèt limit li e ki rezonab. Lè moun yo te di “mwen pou Pòl”, li pa t kite sa fè l pran tèt li pou yon pakèt afè. Okontrè, li te toujou atire atansyon sou Jewova Dye ak Jezi Kris. — 1 Kor. 3:3-6.

18. Selon 1 Korentyen 4:6, 7, ki sa nou aprann nan egzanp Apolòs ak Pòl?

18 Ki sa nou ka aprann nan egzanp Apolòs ak Pòl? Nou gendwa ap travay di pou Jewova, e nou gendwa ede anpil moun fè pwogrè pou yo batize, men, nou rann nou kont se sèlman paske Jewova ede nou ki fè nou rive fè sa. Yon lòt leson nou aprann nan egzanp Apolòs ak Pòl, sèke plis nou gen responsablite nan kongregasyon an, se plis nou gen posiblite pou n travay pou gen lapè. Nou vrèman gen rekonesans lè frè ki responsab yo travay pou gen lapè ak tèt ansanm nan kongregasyon an! Yo fè sa lè yo sèvi ak Pawòl Bondye a pou yo bay konsèy e lè yo pa chèche atire atansyon sou tèt yo, men pito, sou Kris Jezi, modèl nou an! — Li 1 Korentyen 4:6, 7.

19. Ki sa nou chak kapab fè? (Gade kare ki gen tit “ Veye pou n pa nan konpetisyon”.)

19 Nou chak gen talan oswa kapasite Bondye ban nou. Nou kapab sèvi ak kapasite nou genyen “pou [n] sèvi lòt moun”. (1 Pyè 4:10.) Nou gendwa panse sa nou fè pa vrèman enpòtan. Men, tout ti sa nou fè pou pèmèt gen tèt ansanm, sanble ak ti pwen kouti ki pèmèt yon rad ret kole. Se pou nou kontinye fè anpil efò pou n elimine kèlkeswa tandans nou genyen pou nou fè konpetisyon ak lòt moun. Annou pran detèminasyon pou nou fè tout sa nou kapab pou n travay pou gen lapè ak tèt ansanm nan kongregasyon an. — Efe. 4:3.

KANTIK 80 “Goute e n a wè jan Jewova bon”

^ § 5 Menm jan yon veso ki fèt ann ajil kapab kraze byen fasil si l gen yon ti mak fele, se konsa tou, si moun nan yon kongregasyon nan konpetisyon youn ak lòt, sa kapab met divizyon nan kongregasyon an. Si kongregasyon an pa djanm e li pa gen tèt ansanm, moun yo pap ka adore Bondye nan lapè. Nan atik sa a, nou pral wè poukisa nou dwe evite fè konpetisyon e ki sa nou kapab fè pou kontinye gen lapè nan kongregasyon an.

^ § 4 Yo chanje non moun yo.