Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 29

Ann rejwi pou pwogrè nou menm nou fè!

Ann rejwi pou pwogrè nou menm nou fè!

“Se pou chak moun [...] gen rezon pou l rejwi parapò ak tèt li sèlman, men se pa nan konparezon ak yon lòt moun.” — GAL. 6:4.

KANTIK 34 Mache avèk fidelite

SA NOU PRAL WÈ *

1. Sa k fè Jewova pa konpare nou ak lòt moun?

JEWOVA renmen varyete. Li pa vle pou tout bagay ak tout moun menm jan. Sa parèt aklè nan bèl bagay li kreye yo, san wete lèzòm. Pa gen de moun ki egzakteman menm jan. Se sa k fè Jewova pa janm konpare w ak lòt moun. Li wè sa k nan kè w, li kapab wè kiyès ou ye toutbon (1 Sam. 16:7). Li konnen tou sa w kapab fè ak sa w pa kapab fè, e li konn fason w te leve. Li pa mande w plis pase sa w kapab fè. Nou bezwen wè tèt nou jan Jewova wè nou. Konsa, n ap vin gen “bonsans”, nou pap bay tèt nou twòp enpòtans ni nou pap rabese tèt nou. — Wom. 12:3.

2. Poukisa li pa bon pou nou konpare tèt nou ak lòt moun?

2 Nòmalman, nou kapab aprann anpil bagay nan bèl egzanp yon frè oswa yon sè ki fidèl ki jwenn bon rezilta nan travay predikasyon an (Ebre 13:7). Konsa, nou ka wè ki jan nou ka amelyore fason n ap preche (Flp. 3:17). Men, gen yon diferans ant imite bon egzanp yon moun bay ak konpare tèt nou ak moun nan. Si nou ta fè sa, sa ta ka fè nou vin rayi sò moun nan, nou dekouraje oswa nou ka menm santi nou pa vo anyen. Jan nou te wè sa nan atik ki vin anvan an, si nou ta nan konpetisyon ak lòt moun nan kongregasyon an, sa ta ka gen move efè sou relasyon nou ak Jewova. Piske Jewova renmen nou, men sa l di nou: “Se pou chak moun egzamine sa l fè, e lè sa a l ap gen rezon pou l rejwi parapò ak tèt li sèlman, men se pa nan konparezon ak yon lòt moun.” — Gal. 6:4.

3. Ki pwogrè w fè nan sèvis w ap bay Jewova a ki fè kè w kontan?

3 Jewova vle w rejwi pou pwogrè ou menm ou fè nan sèvis li. Pa egzanp, si w batize, ou kapab kontan anpil lefètke w reyalize objektif sa a. Se ou menm ki te pran desizyon sa a poukont ou. Se lanmou ou gen pou Bondye ki te pouse w fè sa. Reflechi sou pwogrè w fè depi lè sa a. Pa egzanp, èske w vin pi renmen li Bib la e w vin pi renmen etidye? Èske priyè w yo vin gen plis sans e yo pi pwofon (Sòm 141:2)? Èske li vin pi fasil pou w kòmanse yon konvèsasyon lè w ap preche? E èske w itilize zouti nou genyen pou nou preche yo pi byen? Si w marye, èske Jewova ede w vin yon pi bon mari, yon pi madanm oswa yon pi bon paran? Ou kapab santi w kontan e ou satisfè anpil pou pwogrè w fè nan domèn sa yo.

4. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

4 Nou kapab ede lòt moun pou yo rejwi pou pwogrè yo menm yo fè nan sèvis y ap bay Jewova a. Nou ka ede yo tou pou yo pa nan fè konparezon. Nan atik sa a, nou pral wè ki jan paran yo ka ede pitit yo, ki jan mari ak madanm kapab ede youn lòt e ki jan ansyen yo ak lòt moun kapab ede frè ak sè yo. Finalman, nou pral wè kèk prensip nan Bib la ki kapab ede nou fikse objektif ki rezonab selon kapasite nou ak sitiyasyon nou.

SA PARAN YO AK MOUN KI MARYE YO KAPAB FÈ

Nou menm paran, montre chak pitit nou nou kontan pou bon bagay yo fè. (Gade paragraf 5-6.) *

5. Selon Efezyen 6:4, ki sa paran yo pa dwe fè?

5 Paran yo dwe veye pou yo pa konpare yon timoun ak yon lòt, oswa pou yo pa mande yon timoun plis pase sa li kapab fè. Lè paran yo fè konparezon konsa e lè yo mande pitit yo yon bagay ki pa rezonab, sa kapab fè yo dekouraje. (Li Efezyen 6:4.) Men sa yon sè ki rele Sachiko * di: “Pwofesè m yo te atann pou se mwen ki pi fò nan klas mwen. Mete sou sa, manman m te vle pou m travay byen lekòl pou m te ka bay pwofesè m nan ak papa m ki pa t ap sèvi Jewova yon bon temwayaj. Anfèt, manman m te vle m fè 100 sou 100 nan egzamen, e m te twouve sa enposib. Byenke m gen plizyè ane depi m fini lekòl, pafwa, m konn mande tèt mwen si Jewova satisfè ak sa m fè, menm lè m fè tout sa m kapab.”

6. Ki sa paran yo ka aprann nan Sòm 131:1, 2?

6 Paran yo kapab aprann yon leson enpòtan nan Sòm 131:1, 2. (Li vèsè yo.) Wa David te di li pa “kouri dèyè twò gwo bagay” oswa bagay ki twòp pou li. Lefètke li te gen imilite e li te rekonèt limit li, sa te “kalme” l e sa te fè l “rete byen trankil”. Ki sa paran yo ka aprann nan pawòl David yo? Paran yo kapab montre yo gen imilite e yo rekonèt limit yo, nonsèlman lè yo pa twò egzijan ak tèt yo, men tou, lè yo pa twò egzijan ak pitit yo. Lè paran yo ap ede pitit yo fikse yon seri objektif, yo kapab ede pitit yo santi yo gen valè si yo rekonèt gen bagay timoun nan kapab fè byen e gen bagay li pa kapab fè byen. Men sa yon sè ki rele Marina di: “Manman m pa t janm konpare m ak twa frè m yo oswa ak lòt timoun. Li te aprann mwen chak moun gen kapasite pa yo e nou chak gen anpil valè pou Jewova. Grasa li, mwen pa vrèman konn konpare tèt mwen ak lòt moun.”

7-8. Ki jan yon mari kapab onore madanm li?

7 Yon mari ki kretyen dwe onore madanm li (1 Pyè 3:7). Onore lòt moun gen ladan l ba yo yon atansyon espesyal epi respekte yo. Pa egzanp, yon mari ki onore madanm li bay madanm li anpil enpòtans. Li pa mande l plis pase sa l kapab fè, e se sèten li pap konpare l ak lòt fi. Ki jan yon madanm t ap santi l si mari l ta fè sa? Gen yon sè ki rele Rosa, mari l ki pa Temwen toujou ap konpare l ak lòt fi. Pawòl li konn di Rosa yo konn tèlman rèd sa konn fè l ap mande tèt li si gen moun ki renmen l. Men sa Rosa di: “Mwen toujou bezwen gen asirans Jewova ban m valè.” Yon lòt bò, yon mari ki kretyen onore madanm li. Li konnen lè l fè sa l ap gen bon relasyon ak madanm li e l ap gen bon relasyon ak Jewova. *

8 Yon mari ki onore madanm li fè lwanj pou li, li fè l konnen li renmen l e li felisite l (Pwo. 31:28). Se konsa mari Katerina, nou te pale de li nan atik anvan an, te ede l lè l te santi li pa vo anyen. Lè Katerina te timoun, manman l te konn rabese l. Souvan li te konn konpare l ak lòt tifi, san wete ti zanmi l yo. Se sa k fè Katerina te vin ap konpare tèt li ak lòt moun, menm apre li te vin nan laverite. Sepandan, mari Katerina, ki yon kretyen, ede l pou l goumen ak tandans sa a e pou l vin pi rezonab ak tèt li. Men sa Katerina di: “Li renmen m, li felisite m pou sa m fè ki bon e li priye pou mwen. Epitou, li konn fè m sonje bèl kalite Jewova genyen yo e li ede m pou m korije panse negatif mwen genyen.”

SA ANSYEN YO KI GEN LANMOU AK LÒT MOUN KAPAB FÈ

9-10. Ki jan kèk ansyen ki gen sousi pou moun te ede yon sè pou l pa konpare tèt li ak lòt moun?

9 Ki jan ansyen yo ka ede moun ki gen tandans konpare tèt yo ak lòt moun? Ann pran egzanp yon sè ki rele Hanuni, yo te konn felisite yon lè konsa lè l te timoun. Men sa l di: “Mwen te timid, e m te santi lòt timoun yo pi bon pase m. Mwen te kòmanse konpare tèt mwen ak lòt moun depi m toupiti.” Menm apre Hanuni te vin nan laverite, li te toujou ap konpare tèt li ak lòt moun. Sa te vin fè l santi li pa vrèman gen valè nan kongregasyon an. Kounye a, li se yon pyonye ki gen kè kontan. Ki sa k te ede l wè bagay yo yon lòt jan?

10 Hanuni di ansyen yo ki gen sousi pou moun te ede l. Yo te fè l konnen yo gen konfyans nan li e yo te felisite l pou bèl egzanp li bay. Men sa l ekri: “Kèk fwa ansyen yo te konn mande m pou m ankouraje kèk sè ki te bezwen èd. Responsablite sa yo te fè m santi m itil. Mwen sonje lè ansyen yo ki gen lanmou te di m mèsi pou ankourajman m te bay kèk jèn sè. Apre sa, yo te li 1 Tesalonisyen 1:2, 3 avè m. Sa te touche kè m anpil! Se sitou grasa bon bèje sa yo mwen vin bay plas mwen nan òganizasyon Jewova a anpil valè.”

11. Ki jan n kapab ede “moun ki kraze” e ki “tris” yo pale de yo nan Ezayi 57:15 lan?

11 Li Ezayi 57:15. Jewova gen anpil sousi pou “moun ki kraze” e ki “tris” yo. Se pa ansyen yo sèlman ki kapab ankouraje frè ak sè sa yo nou renmen anpil, se nou tout ki kapab fè sa. Youn nan fason nou kapab ankouraje yo, se lè nou montre nou vrèman gen sousi pou yo. Jewova vle nou fè yo santi li renmen mouton l yo ki gen anpil valè pou li (Pwo. 19:17). Nou kapab ede frè n ak sè n yo tou lè nou aji ak imilite ak lè nou rekonèt limit nou. Nou pa vle atire atansyon sou tèt nou pou lòt moun pa rayi sò nou. Okontrè, nou sèvi ak kapasite nou ak konesans nou genyen pou n ankouraje youn lòt. — 1 Pyè 4:10, 11.

Disip Jezi yo te alèz avè l paske li pa t janm montre li pi enpòtan pase yo. Li te renmen pase tan ak zanmi l yo. (Gade paragraf 12.)

12. Poukisa moun ki gen imilite yo te kontan lè yo te ansanm ak Jezi? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

12 Nou kapab aprann anpil bagay sou fason pou nou aji ak lòt moun lè nou reflechi sou fason Jezi te konn aji ak disip li yo. Li se moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a. Epoutan, li te gen “tanperaman dou e [li te] gen imilite nan kè [l]”. (Mat. 11:28-30.) Li pa t mache fè konnen jis nan ki pwen li entèlijan e li konn anpil bagay. Lè l t ap anseye moun yo, li te konn pale yon fason ki senp e li te konn sèvi ak egzanp ki te fasil pou yo konprann e ki te touche kè moun ki gen imilite yo (Lik 10:21). Kontrèman ak chèf relijye yo ki te awogan, Jezi pa t janm fè lòt moun santi yo pa gen valè nan je Bondye (Jan 6:37). Okontrè, li te respekte moun ki nan pèp la.

13. Ki jan Jezi te montre l gen bonte ak lanmou nan fason l te aji ak disip li yo?

13 Jezi te montre bonte ak lanmou nan fason l te aji ak disip li yo. Li te konnen yo pa t gen menm kapasite e sitiyasyon yo pa t menm. Donk, yo tout pa t kapab fè menm travay, nitou, yo pa t kapab jwenn menm rezilta nan travay predikasyon an. Aktout sa, Jezi te kontan lefètke yo te fè tout sa yo te kapab. Jezi te montre li byen konprann sa lè l te bay parabòl talan yo. Nan egzanp sa a, mèt la te bay chak esklav travay pou yo fè “selon kapasite yo”. Youn nan de esklav ki pa t parese yo te fè plis benefis pase lòt la. Epoutan, mèt la te felisite yo toule de, li te di yo chak menm pawòl la: “Trè byen, ou se yon bon esklav e ou fidèl!” — Mat. 25:14-23.

14. Ki jan nou kapab imite fason Jezi te aji ak lòt moun?

14 Jezi toujou montre bonte ak lanmou nan fason li aji avèk nou. Li konnen kapasite nou ak sitiyasyon nou pa menm, e li kontan lè nou fè tout sa nou kapab. Nou dwe imite Jezi nan fason nou aji ak lòt moun. Nou pa ta dwe janm fè yon kwayan parèy nou santi li pa vo anyen oswa fè l wont paske li pa ka fè sa yon lòt moun fè. Okontrè, ann chèche okazyon pou n felisite frè n ak sè n yo poutèt yo fè tout sa yo kapab nan sèvis Jewova a.

FIKSE OBJEKTIF OU KAPAB REYALIZE

W ap jwenn kè kontan lè w fikse objektif ki rezonab e w chèche reyalize yo. (Gade paragraf 15-16.) *

15-16. Ki byenfè yon sè te jwenn lefètke li te fikse objektif li te kapab reyalize?

15 Lè nou gen objektif nan sèvis n ap bay Jewova a, sa fè nou konn ki sa nou vle fè ak lavi nou e sa bay lavi nou yon sans. Sepandan, sa k pi enpòtan, se chèche gen objektif nou kapab reyalize selon kapasite nou ak sitiyasyon nou, men se pa chèche reyalize objektif lòt moun genyen. Si nou ta fè sa, se desepsyon ak dekourajman nou t ap jwenn (Lik 14:28). Ann pran egzanp yon sè ki pyonye ki rele Midori.

16 Papa Midori ki pa Temwen te konn imilye l lè l te timoun lè l te konn konpare l ak frè l ak sè l yo ak kamarad lekòl li. Men sa Midori di: “Mwen te santi m pa vo anyen.” Men, lè Midori te vin pi gran, li te vin gen konfyans nan tèt li. Men sa l di: “Mwen te li Labib chak jou pou m te ka santi m anpè e pou m te ka santi Jewova renmen m.” Mete sou sa, li te fikse objektif li te kapab reyalize, e li te priye Jewova pou ede l reyalize objektif sa yo. Konsa, Midori te kapab rejwi pou pwogrè li menm li fè nan sèvis Jewova a.

KONTINYE BAY JEWOVA SA W GENYEN KI PI BON AN

17. Ki jan nou ka “kontinye renouvle mantalite k ap domine nan nou an”, e ki byenfè n ap jwenn si nou fè sa?

17 Santiman ak panse negatif yo pap annik rete konsa yo disparèt. Se sa k fè Jewova fè nou konnen: “Nou dwe kontinye renouvle mantalite k ap domine nan nou an.” (Efe. 4:23, 24). Nòmalman, pou nou rive fè sa, nou bezwen priye, etidye Pawòl Bondye a epi medite. Kontinye fè bagay sa yo epi mande Jewova pou l ba w fòs. Lespri sen l ap ede w pou w aprann pa konpare tèt ou ak lòt moun. Epitou, Jewova ap ede w wè si w rayi sò moun oswa si w gen ògèy, e l ap ede w derasinen vye defo sa yo byen vit nan kè w si w ta vin genyen yo.

18. Ki jan pawòl nou jwenn nan 2 Kwonik 6:29, 30 yo kapab konsole nou?

18 Li 2 Kwonik 6:29, 30. Jewova konnen sa k nan kè nou. Li konnen tou jan n ap lite pou n konbat lespri monn nan ak enpèfeksyon nou genyen. Lè Jewova wè jan n ap lite pou n konbat vye tandans sa yo, li vin pi renmen nou.

19. Ki egzanp Jewova pran pou l esplike santiman l gen pou nou?

19 Pou Jewova ede nou konprann santiman l gen pou nou, li sèvi ak egzanp lanmou yon manman gen pou tibebe l (Eza. 49:15). Ann pran egzanp yon manman ki rele Rachel. Men sa l ekri: “Stephanie, pitit fi m nan, te fèt anvan lè. Premye fwa m te wè l, li te toupiti e li te frajil. Men, pandan l te lopital la, doktè yo te kite m kenbe l chak jou pandan premye mwa a lè l te nan kouvez. Moman sa yo te ede m vin pwòch avè l anpil. Kounye a, li gen sizan e li pi piti pase lòt timoun menm laj avè l. Sepandan, mwen renmen l anpil paske li te lite anpil pou l ka viv. Li ban m anpil kè kontan nan lavi m!” Sa vrèman ankouraje nou dèske n konnen se konsa Jewova renmen nou lè l wè jan n ap goumen pou n fè tout sa n kapab pou n sèvi l!

20. Antanke yon sèvitè Jewova ki vwe l lavi w, ki rezon w genyen pou w rejwi?

20 Piske w ap sèvi Jewova, ou gen anpil valè antanke moun ki fè pati fanmi l, e pa gen okenn lòt moun ki menm jan avè w. Jewova pa t rale w vin jwenn li paske l te wè w pi bon pase lòt moun. Li te rale w vin jwenn li paske li te wè kè w e li te wè ou se yon moun ki gen imilite, ki dispoze aprann nan men l e ki vle chanje (Sòm 25:9). Ou mèt gen asirans Jewova kontan lè w fè tout sa w kapab pou w sèvi l. Andirans ou ak fidelite w montre aklè ou gen “yon kè ki pwòp e ki bon”. (Lik 8:15.) Kidonk, kontinye bay Jewova sa w genyen ki pi bon an. Konsa, w ap gen bonjan rezon pou w rejwi “parapò ak tèt [ou] sèlman”.

KANTIK 38 L ap fè w vin djanm

^ § 5 Jewova pa konpare nou ak lòt moun. Sepandan, kèk nan nou ka gen tandans fè sa e annapre nou santi nou pa vo anyen. Nan atik sa a, nou pral wè poukisa nou pa dwe konpare tèt nou ak lòt moun. Nou pral wè tou ki jan nou kapab ede moun nan fanmi nou ak moun nan kongregasyon an wè tèt yo jan Jewova wè yo.

^ § 5 Gen kèk non yo chanje.

^ § 7 Menm lè konsèy sa yo se pou mari yo, anpil nan prensip sa yo valab pou madanm yo tou.

^ § 58 ESPLIKASYON SOU FOTO: Pandan yon adorasyon an fanmi, paran yo montre yo kontan lè yo wè sa chak timoun yo prepare pou yo mete nan lach Noye a.

^ § 62 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon manman, ki gen yon pitit nan kindègadenn l ap leve poukont li, k ap fè yon pwogram pou l pyonye oksilyè, epi li kontan wè li reyalize objektif li.