Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 31

Èske w dispoze tann Jewova?

Èske w dispoze tann Jewova?

“M ap tann [...] avèk pasyans.” — MICHE 7:7.

KANTIK 128 Andire jiska lafen

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

KI JAN W t ap santi w si w t ap tann yon bagay ou vrèman bezwen epi li pa rive nan moman w t ap tann li an? Èske w t ap santi w kontrarye? Petèt ou t ap santi w jan Pwovèb 13:12 di a. Men sa l di: “Lè yon moun ap tann yon bagay e sa pa rive lè l t ap tann li an, sa fè l pèdi espwa.” Men, e si w ta vin aprann gen bonjan rezon ki fè bagay ou t ap tann nan pa rive nan lè ou t ap tann li an? Nan ka sa a, se sèten ou t ap montre w gen pasyans e w t ap dispoze tann.

2 Nan atik sa a, nou pral wè plizyè prensip biblik ki kapab ede nou pou nou ‘tann avèk pasyans’ e pou n kontinye fè sa (Miche 7:7). Apre sa, nou pral wè de sitiyasyon ki fè nou dwe tann avèk pasyans pou Jewova aji. Finalman, nou pral wè ki benediksyon moun ki dispoze tann Jewova yo pral jwenn.

PRENSIP NAN BIB LA KI APRANN NOU GEN PASYANS

3. Ki sa nou aprann nan prensip nou jwenn nan Pwovèb 13:11 lan?

3 Pawòl ki nan Pwovèb 13:11 lan montre nou bezwen gen pasyans, men sa l di: “Richès yon moun genyen byen rapid ap fini, men, richès yon moun ki sanble sa l genyen tikras pa tikras ap vin plis.” Èske w wè prensip ki nan vèsè sa a? Yon moun ki gen sajès pran san l lè l ap fè yon bagay, e li fè sa avèk pasyans.

4. Ki sa nou aprann nan prensip nou jwenn nan Pwovèb 4:18 la?

4 Pwovèb 4:18 fè nou konnen “chemen moun ki dwat yo tankou klète douvanjou ki kontinye ap vin pi klere jiskaske l fin jou nèt”. Pawòl sa yo byen montre fason Jewova ede sèvitè l yo konprann objektif li: li fè sa tikras pa tikras. Sepandan, vèsè sa a ka ede nou tou pou n pi byen konprann fason yon kretyen fè chanjman nan lavi l pou l vin pwòch ak Jewova. Sa mande tan pou yon moun vin pwòch ak Bondye. Si nou byen etidye Pawòl Bondye a e nou aplike konsèy nou jwenn ladan l yo ak konsèy òganizasyon l lan ban nou, tikras pa tikras, n ap vin gen yon seri kalite Kris te genyen. Epitou, n ap vin konn Bondye pi byen. Ann wè yon egzanp Jezi te pran pou l montre sa.

Menm jan yon plant grandi tikras pa tikras, se konsa yon moun ki tande mesaj Wayòm nan e ki aksepte l fè chanjman nan lavi l tikras pa tikras. (Gade paragraf 5.)

5. Ki egzanp Jezi te bay pou montre sa mande tan pou yon moun fè chanjman?

5 Jezi te bay yon egzanp pou esplike jan mesaj Wayòm nan n ap preche a sanble ak yon ti grenn semans ki grandi tikras pa tikras nan kè moun ki sensè yo. Men sa Jezi te di: “Semans lan leve, li grandi, san [moun ki simen l lan] pa konn ki jan. Tè a poukont li fè l donnen tikras pa tikras: toudabò branch pouse, apre sa li fè grap, alafen, grenn nan vin mi nan grap la.” ​(Mak 4:27, 28). Ki sa Jezi te vle di? Li te vle esplike, menm jan yon plant grandi tikras pa tikras, se menm jan an tou yon moun ki aksepte mesaj Wayòm nan fè chanjman tikras pa tikras. Pa egzanp, lè moun n ap etidye Labib avèk yo vin pwòch ak Jewova, nou kòmanse wè tout bèl chanjman y ap fè (Efe. 4:22-24). Men, nou dwe sonje, se Jewova ki fè ti grenn semans lan grandi. — 1 Kor. 3:7.

6-7. Ki sa nou aprann nan fason Jewova te kreye tè a?

6 Nan tout sa Jewova ap fè, pasyans li genyen fè l dispoze pran kèlkeswa tan ki nesesè pou l fini travay li. Li fè sa pou non l kapab jwenn glwa e pou l ede lòt moun. Pa egzanp, ann wè ki jan Jewova te prepare tè a pou lèzòm tikras pa tikras.

7 Lè Bib la ap esplike ki jan Jewova te kreye tè a, li fè konnen se Jewova ki te deside “ki gwosè l ap ye”, se li ki te plante “poto l yo” e ki te poze “wòch li genyen ki nan kwen an”. (Jòb 38:5, 6.) Jewova te menm pran tan pou l reflechi sou travay li fè (Jen. 1:10, 12). Èske w ka imajine jan zanj yo te santi yo lè yo te wè bagay Jewova t ap kreye yo t ap pran fòm tikras pa tikras? Se pa ti kontan yo dwe te kontan! Se poutèt sa yo “te pran rele tèlman yo te gen lajwa”. (Jòb 38:7.) Ki sa sa aprann nou? Sa te pran plizyè milye ane pou Jewova kreye tè a, zetwal yo ak tout sa ki vivan. Men, lè Jewova te gade tout sa l te fè yo, sa l te pran san l pou l kreye yo, li te di “yo bon anpil”. — Jen. 1:31.

8. Ki sa nou pral wè kounye a?

8 Jan nou te wè sa nan egzanp ki pi wo yo, gen anpil prensip nan Pawòl Bondye a ki montre nou bezwen gen pasyans. Kounye a, nou pral wè de sitiyasyon kote nou dwe dispoze tann Jewova.

KI LÈ NOU BEZWEN TANN JEWOVA?

9. Bay youn nan sitiyasyon kote nou bezwen tann Jewova.

9 Nou ka bezwen tann Jewova reponn priyè nou. Lè nou priye Jewova pou l ban nou fòs pou n fè fas ak yon eprèv oswa pou l ede n retire yon defo nou gen lakay nou, nou gendwa santi Jewova pran anpil tan pou l reponn priyè nou. Poukisa Jewova pa reponn tout priyè nou yo tousuit?

10. Poukisa nou bezwen tann avèk pasyans pou Jewova reponn priyè nou?

10 Jewova pran san l pou l koute priyè nou yo (Sòm 65:2). Li konsidere priyè nou fè ak tout kè nou yo kòm prèv ki montre nou gen lafwa (Ebre 11:6). Lè nou priye Jewova pou n mande l ede nou fè l plezi, li ta renmen wè nou dispoze fè efò pou nou fè volonte l (1 Jan 3:22). Se sa k fè nou ka bezwen montre nou gen pasyans epi aji ann amoni ak priyè nou yo lè n ap fè efò pou nou konbat yon move abitid oswa yon defo nou gen lakay nou. Jezi te ede nou konprann gen priyè nou fè Jewova ka pa reponn tousuit. Men sa l te di: “Kontinye mande, e y ap ban nou. Kontinye chèche, e n ap jwenn. Kontinye frape, e y ap ouvri pou nou. Paske tout moun ki mande ap resevwa, tout moun ki chèche ap jwenn, e tout moun ki frape, y ap ouvri pou yo.” ​(Mat. 7:7, 8). Lè nou suiv konsèy sa a e nou “pèsevere nan lapriyè”, nou kapab gen konfyans Papa nou ki nan syèl la tande nou e l ap reponn priyè nou yo. — Kol. 4:2.

Toutpandan n ap tann Jewova, n ap kontinye priye l avèk lafwa. (Gade paragraf 11.) *

11. Ki jan pawòl ki nan Ebre 4:16 la ede nou lè Jewova sanble pran tan pou l reponn priyè nou?

11 Menmsi nou ta wè Jewova sanble pran tan pou l reponn yon priyè nou fè, li pwomèt l ap reponn priyè nou fè a “nan bon moman”. (Li Ebre 4:16.) Se sa k fè nou pa dwe janm blame Jewova si l pa reponn priyè nou an vit jan nou te panse a. Pa egzanp, gen anpil moun ki gen plizyè ane depi y ap priye pou Wayòm Bondye a detwi sistèm sa a. Jezi te menm di nou dwe priye pou sa (Mat. 6:10). Men, se t ap vrèman sòt si yon moun ta kite lafwa l gen nan Bondye a febli poutèt lafen an pa vini nan moman lèzòm te panse li t ap vini an (Aba. 2:3; Mat. 24:44)! Nou montre nou gen sajès lè nou kontinye tann Jewova ak lè nou kontinye priye l ak lafwa. Lafen an ap vini egzakteman nan lè li dwe vini an, paske Jewova gentan chwazi ‘jou ak lè’ pou l vini. E jou sa a se ap pi bon moman pou l fèt. — Mat. 24:36; 2 Pyè 3:15.

Ki leson nou kapab aprann nan egzanp Jozèf anrapò ak pasyans? (Gade paragraf 12-14.)

12. Ki lè li ka vrèman difisil pou n demontre pasyans?

12 Nou ka bezwen tann avèk pasyans pou n jwenn jistis. Souvan, moun yo nan monn nan konn mal aji ak moun ki pa menm sèks ak yo, ki pa sot nan menm ras ak yo, ki pa gen menm koulè po, menm kilti oswa menm nasyonalite ak yo. Gen lòt moun yo maltrete paske yo andikape oswa yo gen yon pwoblèm mantal. Gen anpil sèvitè Jewova k ap sibi enjistis akoz kwayans yo ki baze sou Bib la. Lè yo mal aji avè n konsa, nou dwe sonje pawòl Jezi te di yo. Men sa l te di: “Moun ki andire jiska lafen, se moun sa a k ap sove.” ​(Mat. 24:13). Men, e si w ta vin aprann gen yon moun nan kongregasyon an ki fè yon peche grav? Èske w ap kite sa nan men ansyen yo apre yo fin konn sa, epi tann avèk pasyans pou yo rezoud pwoblèm nan jan Jewova vle a? Ki sa ansyen yo ka bezwen fè?

13. Ki sa Jewova vle ansyen yo fè lè yon moun fè yon peche grav?

13 Lè ansyen yo vin aprann gen yon moun nan kongregasyon an ki fè yon peche grav, yo priye Jewova pou yo chèche gen “sajès ki sot anwo a” pou yo ka rive wè sitiyasyon an jan Jewova wè l la (Jak 3:17). Objektif yo se ede moun ki peche a “sot nan move chemen l ye a”. (Jak 5:19, 20.) Yo vle fè tout sa yo kapab tou pou yo pwoteje kongregasyon an e pou yo konsole moun k ap soufri akoz sa k rive a (2 Kor. 1:3, 4). Lè ansyen yo aprann gen yon moun ki fè yon peche grav, toudabò, yo dwe chèche gen tout enfòmasyon yo, e sa ka pran tan. Apre sa, yo priye, yo sèvi ak Ekriti yo pou yo bay moun nan bonjan konsèy, e yo ba l disiplin nan “degre [li] merite a”. (Jer. 30:11.) Byenke ansyen yo pap kite twòp tan pase pou yo rezoud pwoblèm nan, men, yo pap kouri pran yon desizyon nonplis. Lè ansyen yo rezoud pwoblèm yo jan Jewova vle a, sa bon pou tout kongregasyon an. E menm lè ansyen yo ta rezoud pwoblèm nan jan Jewova vle a, yon moun ki viktim ka kontinye soufri. Si se ka pa w, ki sa w kapab fè pou w jwenn soulajman?

14. Ki egzanp nan Bib la ki kapab konsole w si yon lòt kretyen ta fè w yon bagay ki fè w mal anpil?

14 Èske yon moun te janm fè w yon bagay ki fè w mal anpil, e petèt menm se te yon kwayan parèy ou? Ou kapab jwenn bèl egzanp nan Pawòl Bondye a ki montre ki jan pou n tann Jewova korije sa k fèt la. Pa egzanp, byenke pwòp frè Jozèf yo te fè l enjistis, li pa t fache kont yo pou sa yo te fè l yo. Okontrè, li te ret konsantre sou sèvis li t ap bay Jewova a, e Jewova te beni l anpil poutèt li te andire avèk pasyans (Jen. 39:21). Finalman, Jozèf te padone moun ki te fè l soufri yo e li te wè ki jan Jewova te beni l (Jen. 45:5). Menm jan ak Jozèf, nou jwenn konsolasyon lè nou pwoche bò kote Jewova e lè nou konte sou li pou l fè nou jwenn jistis. — Sòm 7:17; 73:28.

15. Ki sa k te ede yon sè pase sou yon enjistis yo te fè l?

15 Nòmalman, se pa tout enjistis ki grav menm jan ak enjistis yo te fè Jozèf la. Men, lè yon moun mal aji avèk nou sa ka fè nou mal kanmenm. Lè nou gen pwoblèm ak yon moun, san wete moun ki pap adore Jewova, si nou aplike prensip ki nan Bib la sa ap bon pou nou (Flp. 2:3, 4). Ann pran yon egzanp. Yon sè te vin konnen gen yon kòlèg travay li k ap pale l mal ak lòt moun e k ap bay manti sou li. Sa te fè sè a mal anpil. Olye l te kouri aji, li te pran tan pou l reflechi sou egzanp Jezi. Lè moun te joure Jezi li pa t joure yo tou (1 Pyè 2:21, 23). Apre sè a te fin reflechi sou egzanp Jezi, li te deside vag sou sa. Annapre, li te vin aprann kòlèg travay li a gen gwo pwoblèm sante e l te gen anpil strès. Sè a te vin konprann petèt kòlèg travay li a te pale san reflechi. Donk, sè a te kontan anpil lefètke l te andire sa l te fè l yo avèk pasyans, e sè a te vin santi l anpè.

16. Ki sa k ka konsole w si w ap sibi yon enjistis? (1 Pyè 3:12).

16 Si w ap soufri akoz yon enjistis yo fè w oswa pou yon lòt rezon, sonje Jewova toupre “moun kè yo ap fann”. (Sòm 34:18.) Li renmen w paske w demontre pasyans e paske w lage chay ou sou li (Sòm 55:22). Li se Jij tout tè a. Li wè tout sa k ap fèt. (Li 1 Pyè 3:12.) Lè w ap fè fas ak yon seri pwoblèm ou pa ka rezoud, èske w dispoze tann Jewova?

MOUN KI TANN JEWOVA PRAL JWENN BENEDIKSYON NÈTALE

17. Jan Ezayi 30:18 montre sa, ki asirans Jewova ban nou?

17 Talè konsa, Papa nou ki nan syèl la pral vide anpil benediksyon sou nou pa mwayen Wayòm li an. Men sa Ezayi 30:18 di: “Jewova ap tann avèk pasyans pou l fè nou favè, l ap leve kanpe pou l fè nou mizèrikòd. Paske Jewova se yon Dye ki gen jistis lakay li. Byennere tout moun ki kontinye ret tann li.” Moun ki kontinye tann Jewova yo ap jwenn anpil benediksyon depi kounye a ak nan monn nouvo ki gen pou vini an.

18. Ki benediksyon k ap tann nou?

18 Lè pèp Bondye a antre nan monn nouvo a, yo pap janm gen strès ak pwoblèm yo genyen jodi a ankò. Pap gen enjistis ankò e pap gen doulè ankò (Rev. 21:4). Nou pap bezwen enkyete nou pou n jwenn sa nou bezwen paske pral gen anpil bagay agogo (Sòm 72:16; Eza. 54:13). Se pa ti benediksyon sa pral ye!

19. Pou ki bagay Jewova ap prepare nou tikras pa tikras depi kounye a?

19 Jewova ap prepare nou depi kounye a pou nou viv anba gouvènman l lan. Youn nan fason li fè sa se lè l ede nou pou nou elimine move abitid nou genyen e pou n vin gen yon seri kalite ki fè l plezi. Nou pa dwe kite dekourajman fè nou sispann sèvi Jewova. Gen yon pi bèl vi k ap tann nou! Piske nou gen yon bèl avni k ap tann nou, ann kontinye tann Jewova avèk pasyans pandan l ap fin fè travay li!

KANTIK 118 “Ban nou plis lafwa”

^ § 5 Èske w deja tande yon moun ki gen lontan depi l ap sèvi Jewova di: ‘Mwen pa t janm panse m t ap vin granmoun nan sistèm sa a’? Nou tout ta renmen pou Jewova detwi sistèm sa a, sitou nan moman difisil n ap viv la a. Sepandan, nou dwe aprann demontre pasyans. Nan atik sa a, nou pral wè kèk prensip nan Bib la k ap ede nou pou nou tann avèk pasyans. Nou pral wè de sitiyasyon tou ki fè nou dwe tann Jewova avèk pasyans. Finalman, nou pral wè ki benediksyon moun ki dispoze tann yo pral jwenn.

^ § 56 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon sè ki abitye priye Jewova regilyèman depi l toupiti. Lè l te piti, paran l te montre l ki jan pou l priye. Lè te vin adolesan, li te pran sèvis pyonye, e l te konn priye Jewova souvan pou l beni sèvis li. Plizyè ane annapre, lè mari l te vin malad grav, li te sipliye Jewova pou l jwenn fòs pou l andire eprèv sa a. Kounye a, li se yon vèv, e li kontinye priye Jewova paske li gen konfyans Papa l ki nan syèl la ap koute priyè l, jan L te toujou fè sa.