Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 33

Chèche jwenn kè kontan nan sa w kapab fè pou Jewova

Chèche jwenn kè kontan nan sa w kapab fè pou Jewova

“Li pi bon pou w pwofite sa w gen devan je w pase pou w anvi sa w pa ka genyen.” — EKL. 6:9.

KANTIK 111 Rezon pou n gen kè kontan

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki jan anpil moun ap chèche fè plis nan sèvis Jewova a?

 NOU gen anpil travay pou nou fè tank fen sistèm sa a ap pwoche (Mat. 24:14; Lik 10:2; 1 Pyè 5:2). Nou tout ta renmen fè tout sa nou kapab nan sèvis Jewova a. Anpil moun ap chèche fè plis nan travay predikasyon an. Gen kèk moun ki ta renmen vin pyonye. Gen lòt ki ta renmen sèvi nan Betèl oswa patisipe nan konstwi lokal pou òganizasyon an. E gen anpil frè k ap chèche kalifye pou yo vin sèvitè ministeryèl oswa ansyen (1 Tim. 3:1, 8). Se pa ti kontan Jewova dwe kontan lè l wè moun nan pèp li a ki ofri tèt yo san fòse! — Sòm 110:3; Eza. 6:8.

2. Ki jan n ka santi n si n pa rive reyalize kèk nan objektif nou genyen nan sèvis Jewova a?

2 Sepandan, nou ka santi nou tris si n wè anpil tan ap pase e nou poko reyalize kèk objektif nou genyen nan sèvis Jewova a. Oswa, nou ka santi nou dekouraje si nou pa kapab fè yon seri bagay nan sèvis Jewova a akoz laj oswa lòt sitiyasyon (Pwo. 13:12). Se sa k rive Melissa *. Li ta renmen sèvi nan Betèl oswa asiste Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan, men, li di: “Mwen depase laj la. Kounye a, privilèj sa yo se rèv yo ye pou mwen. Pafwa, mwen konn santi m dekouraje.”

3. Ki sa kèk moun ka bezwen fè pou yo vin kalifye pou yo jwenn lòt responsablite nan sèvis Jewova a?

3 Gen kèk moun ki jèn e ki an sante ki ka bezwen gen matirite epi demontre yon seri kalite anvan yo vin kalifye pou yo jwenn lòt privilèj. Yon bò yo gendwa entèlijan, yo kapab pran desizyon e yo dispoze travay. Yon lòt bò, yo ka bezwen aprann gen plis pasyans, fè travay yo pi byen epi gen plis respè pou lòt moun. Si w fè anpil efò pou w gen kalite ou bezwen genyen yo, frè yo ka ba w yon responsablite nan moman ou pa t ap menm atann. Ann pran egzanp Nick. Lè l te gen 20 an, li te dekouraje anpil lefètke yo pa t nome l sèvitè ministeryèl. Men sa l di: “Mwen te di tèt mwen, sandout mwen gen yon pwoblèm.” Men li pa t lage sa. Li te fè tout sa l kapab nan kongregasyon an ak nan travay predikasyon an. Jodi a, Nick se yon manm Komite filyal.

4. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

4 Èske w santi w dekouraje paske w poko reyalize yon objektif ou genyen nan sèvis Jewova a? Si se ka pa w, priye Jewova sou sa epi di l jan w santi w (Sòm 37:5-7). Anplis de sa, mande frè ki gen matirite kèk konsèy sou fason ou ka amelyore sèvis w ap bay Bondye a, e apre sa, eseye fè tout sa w kapab pou w suiv konsèy yo ba w. Si w fè sa, ou ka byen jwenn privilèj ou ta renmen genyen an oswa reyalize objektif ou genyen an. Sepandan, menm jan ak Melissa nou te pale de li pi wo a, petèt li pa posib pou w jwenn privilèj ou ta renmen genyen an kounye a. Si se sa, ki sa w ka fè pou w kontinye gen kè kontan? Pou n jwenn repons kesyon sa a, atik sa a pral montre 1) sa k ka fè w gen kè kontan, 2) fason w ka gen plis kè kontan, e 3) objektif ou ka fikse pou w gen plis kè kontan.

SA K KA FÈ W GEN KÈ KONTAN

5. Pou n gen kè kontan, sou ki sa nou dwe konsantre? (Eklezyas 6:9).

5 Jan Eklezyas 6:9 montre sa, n ap kapab gen kè kontan si nou chèche l kote nou kapab jwenn li an. (Li vèsè a.) Yon moun ki pwofite “sa [l] gen devan je [l]” satisfè ak sa l genyen, sa l ka fè kounye a. Yon lòt bò, yon moun ki anvi sa l pa ka genyen pap janm satisfè. Donk, ki leson nou kapab aprann? Pou n gen kè kontan, nou dwe konsantre sou sa nou genyen ak sou objektif nou kapab reyalize.

6. Ki parabòl nou pral egzamine kounye a, e ki sa nou pral aprann ladan l?

6 Èske li vrèman posib pou w satisfè ak sa w deja genyen? Se vre, tank tan ap pase, nòmalman nou konn ap chèche gen lòt bagay. Men an reyalite, li posib. Nou kapab pwofite sa nou “gen devan je” nou olye nou rete san nou pa fè anyen ak yo. Ki jan nou kapab fè sa? Annou egzamine parabòl talan Jezi te bay la nou jwenn nan Matye 25:14-30 pou n wè ki jan nou kapab fè sa. Nou pral konsantre sou sa nou ka aprann nan parabòl sa a, sou fason pou n gen kè kontan e pou n menm jwenn plis kè kontan nan sa nou genyen kounye a.

FASON POU W GEN PLIS KÈ KONTAN

7. Fè yon ti pale sou parabòl talan Jezi te bay la.

7 Parabòl la pale de yon mesye ki t apral fè yon vwayaj. Anvan l ale, li rele esklav li yo e li ba yo chak yon kantite talan pou yo fè biznis *. Mesye a te konnen esklav li yo pa t gen menm kapasite. Se sa k fè li te bay youn senk talan, li te bay yon lòt de e li te bay twazyèm nan youn. De premye esklav yo te fè anpil efò pou yo fè lajan an travay. Men, twazyèm esklav la pa t fè anyen ak lajan li te resevwa a, se sa k fè mèt la te revoke l.

8. Poukisa premye esklav nan parabòl la te kapab kontan?

8 Premye esklav la dwe te kontan anpil lefètke mèt li te konfye l senk talan. Se te yon pakèt lajan, e sa te montre mèt la te fè l konfyans. Men, e dezyèm esklav la? Li te ka dekouraje dèske li pa t resevwa menm kantite talan ak premye esklav la. Men, ki sa l te fè?

Ki leson nou ka aprann nan men dezyèm esklav ki nan parabòl Jezi te bay la? 1) Li te resevwa de talan nan men mèt li. 2) Li te travay di pou l fè plis lajan pou mèt li. 3) Li te fè de lòt talan met sou de talan mèt li te ba li yo. (Gade paragraf 9-11.)

9. Ki sa Jezi pa t di dezyèm esklav la te fè? (Matye 25:22, 23).

9 Li Matye 25:22, 23. Jezi pa t di dezyèm esklav la te vin fache e li te vekse lefètke li te resevwa de talan sèlman. E Jezi pa t montre esklav la t ap plenyen kòmkwa l ta di: ‘Se sa sèlman yo ban mwen? Mwen ka travay menm jan ak esklav ki te resevwa senk talan an! Si mèt mwen panse m pa ka travay byen, m ka annik antere de talan yo epi m al fè afè pa m.’

10. Ki sa dezyèm esklav la te fè ak talan li te resevwa yo?

10 Menm jan ak premye esklav la, dezyèm esklav la te bay responsablite yo te konfye l la anpil enpòtans, e l te travay di pou l sèvi mèt li. Konsa, li te fè de lòt talan met sou de talan mèt li te konfye l yo. Mèt la te rekonpanse esklav la poutèt li te byen fè travay li e poutèt li te travay di. Nonsèlman mèt li te kontan, men tou, li te wè li merite pou l ba l plis responsablite.

11. Ki jan nou ka gen plis kè kontan?

11 Menm jan an tou, nou kapab gen plis kè kontan lè nou met tout kè nou nan kèlkeswa sa yo ban n fè nan sèvis Jewova a. Se pou nou “okipe anpil” nan travay predikasyon an, e se pou n patisipe ak tout kè nou nan aktivite kongregasyon an (Tra. 18:5; Ebre 10:24, 25). Byen prepare reyinyon yo pou w ka fè kòmantè ki ankourajan. Bay kèlkeswa patisipasyon ou gen nan reyinyon lasemèn nan anpil enpòtans. Si yo mande w fè yon travay nan kongregasyon an, veye pou w pa rive anreta epi byen fè travay la. Lè yo ba w fè yon travay, pa panse li pa enpòtan e w pa bezwen pèdi tan w ladan l. Fè efò pou w byen fè travay ou (Pwo. 22:29). Plis ou travay di pou Jewova, se plis w ap vin zanmi l, e w ap gen plis kè kontan (Gal. 6:4). L ap pi fasil tou pou w rejwi ak moun ki resevwa yon privilèj ou ta renmen genyen. — Wom. 12:15; Gal. 5:26.

12. Ki sa de Temwen te fè pou yo te ka gen plis kè kontan?

12 Èske w sonje Melissa, sè ki te vle al nan Betèl oswa asiste Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan? Byenke li pa t rive reyalize objektif sa yo, men sa l di: “Mwen eseye fè tout sa m kapab nan sèvis mwen antanke pyonye e m eseye patisipe nan tout aspè nan sèvis la. Sa ban m anpil kè kontan.” E Nick li menm, ki sa l te fè lè yo pa t nome l sèvitè ministeryèl? Men sa l di: “Mwen te konsantre sou sa m te ka fè: tankou preche epi bay kòmantè ankourajan nan reyinyon yo. Mwen te ranpli yon aplikasyon pou m al sèvi nan Betèl e yo te rele m nan ane ki te vin annapre a.”

13. Ki rezilta w ap jwenn si w bay tout ou menm nan sèvis w ap bay Jewova kounye a? (Eklezyas 2:24).

13 Si w bay tout ou menm nan sèvis w ap bay Jewova kounye a, èske sa vle di w ap jwenn plis responsablite alavni? Sa ka rive, jan sa te rive pou Nick. Men, si sa pa rive, ou kapab vin gen plis kè kontan, menm jan ak Melissa, e w ap satisfè anpil lefètke w ap travay pou Jewova. (Li Eklezyas 2:24.) Mete sou sa, se sèten w ap kontan anpil lefètke w konnen efò w fè yo fè Jezi Kris, Mèt nou an, kontan anpil.

OBJEKTIF K AP FÈ NOU GEN PLIS KÈ KONTAN

14. Ki sa nou dwe toujou sonje lè n ap panse ak objektif nou genyen nan sèvis Jewova a?

14 Lè nou konsantre sou sèvis n ap bay Jewova kounye a, èske sa vle di nou dwe sispann chèche jwenn lòt fason pou nou fè plis nan sèvis li? Non, sa pa vle di sa! Nou ta dwe fikse yon seri objektif k ap ede nou kontinye fè efò pou n vin pi maton nan travay preche ak anseye a e k ap itil frè n ak sè n yo. N ap rive reyalize objektif sa yo si nou chèche ede lòt moun olye n panse ak tèt nou sèlman, toutpandan n ap montre nou gen sajès e nou rekonèt limit nou. — Pwo. 11:2; Tra. 20:35.

15. Ki objektif konsa ki kapab ede w gen plis kè kontan?

15 Ki objektif ou ka chèche genyen? Priye Jewova pou l ede w wè ki objektif w ap kapab reyalize (Pwo. 16:3; Jak 1:5). Èske w ka chèche reyalize youn nan objektif yo te site nan  premye paragraf atik sa a, anpalan de vin pyonye oksilyè oswa pyonye pèmanan, sèvi nan Betèl, oubyen patisipe nan pwojè konstriksyon òganizasyon an ap fè? Oswa petèt ou ka aprann yon lòt lang pou w simaye bon nouvèl la, oubyen ou ka menm al preche nan yon lòt tèritwa. Ou ka aprann plis sou kèk nan objektif sa yo lè w li chapit 10 liv Nou òganize pou nou fè volonte Jewova a e lè w pale ak ansyen nan kongregasyon w *. Tank w ap fè efò pou w rive reyalize objektif sa yo, lòt moun ap kapab wè aklè w ap fè pwogrè e w ap gen plis kè kontan.

16. Ki sa w ka fè si w poko kapab reyalize yon objektif ou genyen?

16 Men, e si w poko kapab reyalize youn nan objektif nou te site pi wo yo? Li enpòtan pou w chèche gen yon lòt objektif w ap kapab reyalize. Ann wè kèk posiblite ki genyen.

Ki objektif konsa ou ka chèche reyalize? (Gade paragraf 17) *

17. Selon 1 Timote 4:13, 15, ki sa yon frè ka fè pou l vin yon pi bon anseyan?

17 Li 1 Timote 4:13, 15. Si w se yon frè batize, ou ka fè efò pou w amelyore kapasite w genyen pou w pale e pou w anseye. Poukisa? Paske lè w “plonje nèt” nan lekti w ap fè, ou fè efò pou w amelyore fason w pale ak fason w anseye, w ap ka ede moun k ap koute w yo pi byen. Chèche gen objektif pou w etidye chak leson ki nan bwochi Konsantre w sou lekti w ap fè ak ansèyman w ap bay la, epi aplike yo. Egzamine yon leson, fè anpil repetisyon lè w lakay ou, fè sa pou chak leson, epi fè efò pou w aplike leson sa a nan diskou w ap bay. Mande konseye adjwen an konsèy oubyen lòt ansyen “k ap travay di nan pawòl la ak nan ansèyman an” *. (1 Tim. 5:17.) Fè efò nonsèlman pou w konprann leson yo, men tou, pou w ede moun k ap koute w yo ranfòse lafwa yo oswa ankouraje yo pou yo aplike sa y ap aprann yo. Lè w fè sa, ni ou menm, ni yo menm ap gen plis kè kontan.

Ki objektif konsa ou ka chèche reyalize? (Gade paragraf 18) *

18. Ki sa k kapab ede nou reyalize objektif nou genyen nan travay predikasyon an?

18 Nou tout gen responsablite pou nou preche e pou nou fè disip (Mat. 28:19, 20; Wom. 10:14). Èske w ta renmen vin pi maton nan travay enpòtan sa a? Chèche gen bonjan objektif pandan w ap etidye bwochi Ansèyman an e pandan w ap aplike sa w aprann ladan l yo. Ou kapab jwenn lòt konsèy k ap ede w nan pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen ak nan videyo sou modèl konvèsasyon yo pase nan reyinyon ki fèt lasemèn nan. Eseye plizyè nan ide yo bay yo pou w wè sa k pi bon pou ou. Lè w aplike konsèy sa yo, w ap vin yon pi bon anseyan e w ap gen plis kè kontan. — 2 Tim. 4:5.

Ki objektif konsa ou ka chèche reyalize? (Gade paragraf 19) *

19. Ki sa w ka fè pou w gen yon seri kalite ki fè Bondye plezi?

19 Lè w ap panse ak objektif ou ta renmen genyen, ou pa dwe bliye youn nan objektif ki pi enpòtan se chèche gen yon seri kalite ki fè Bondye plezi (Gal. 5:22, 23; Kol. 3:12; 2 Pyè 1:5-8). Ki sa w kapab fè pou w reyalize objektif sa a? Pa egzanp, ann di ou ta renmen gen plis lafwa. Ou kapab li yon seri atik nan piblikasyon nou yo ki bay bonjan konsèy sou fason pou w ranfòse lafwa w. Se sèten sa ap ede w lè w gade kèk pati nan Tele JW ki esplike fason yon seri frè ak sè te montre yo gen yon lafwa estrawòdinè pandan yo t ap fè fas ak divès kalite eprèv. Apre sa, chèche wè ki jan w ka imite lafwa yo nan fason w ap viv.

20. Ki sa nou ka fè pou n gen plis kè kontan e pou n pa twò santi n dekouraje?

20 Se sèten nou tout ta vle fè plis pou Jewova pase sa nou kapab fè kounye a. Nan monn nouvo Bondye pwomèt la, n ap kapab fè tout sa n ta renmen fè nan sèvis Jewova a. Annatandan, si n fè tout sa n kapab pou n pwofite tout okazyon nou jwenn depi kounye a, n ap gen plis kè kontan e nou pap twò santi nou dekouraje. Sa k pi enpòtan toujou, n ap onore Jewova, Bondye nou an “ki gen kè kontan”, e n ap fè louwanj pou li (1 Tim. 1:11). Kidonk, ann chèche gen kè kontan nan sa n kapab fè pou Jewova!

KANTIK 82 “Se pou limyè nou klere”

^ § 5 Nou renmen Jewova anpil e nou vle fè tout sa nou kapab nan sèvis li. Se sa k fè nou ta renmen fè plis nan travay predikasyon an oswa nan kongregasyon an. Men, e si malgre tout efò nou fè gen kèk objektif nou pa kapab atenn. Ki sa k ka ede n ret okipe nan sèvis Jewova a e pou n kontinye gen kè kontan? N ap jwenn repons lan nan parabòl Jezi te bay konsènan talan yo.

^ § 2 Gen kèk non yo chanje.

^ § 7 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Yon talan se kantite lajan yon ouvriye te konn fè nan anviwon 20 ane.

^ § 15 Yo ankouraje frè ki batize yo pou yo chèche kalifye pou yo vin sèvitè ministeryèl e pou yo vin ansyen. Pou n jwenn plis enfòmasyon sou sa yo kapab fè pou yo kalifye, gade chapit 5 ak chapit 6 nan liv Nou òganize pou nou fè volonte Jewova a.

^ § 17 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Konseye adjwen an se yon ansyen ki la pou bay ansyen ak sèvitè ministeryèl konsèy apa, lè sa nesesè, sou kèlkeswa patisipasyon yo gen nan kongregasyon an.

^ § 64 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè k ap fè rechèch nan piblikasyon nou yo pou l reyalize objektif li genyen pou l vin yon pi bon anseyan.

^ § 66 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon sè ki gen objektif pou l bay temwayaj enfòmèl, apre sa, li bay yon dam k ap sèvi l nan yon ti restoran yon kat jw.org.

^ § 68 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon sè ki ta renmen demontre yon seri kalite ki fè Bondye plezi ki fè yon lòt sè sipriz, li pote yon kado pou li.