Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 34

Fason nou kapab “goute” jan Jewova bon

Fason nou kapab “goute” jan Jewova bon

“Goute e n a wè jan Jewova bon. Byennere moun ki pran refij nan li.” — SÒM 34:8.

KANTIK 117 Bonte se yon bèl kalite

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Selon Sòm 34:8, ki jan nou kapab vin wè jan Jewova bon?

IMAJINE yo ta ofri w yon manje ou poko janm manje. Ou kapab gen yon ide sou manje a, lè w gade l, lè w pran sant li oubyen lè w chèche konn ki jan yo fè l. Ou ka mande lòt moun si yo renmen l. Men, sèl fason w ap konnen si w renmen manje a oswa si w pa renmen l se si w goute l.

2 Nou kapab aprann jan Jewova bon lè nou li Bib la, lè nou li piblikasyon nou yo ak lè nou tande lòt moun k ap di nou bon bagay Jewova fè pou yo. Men, n ap vin pi byen konprann jan Jewova bon, lè nou “goute” sa pèsonèlman. (Li Sòm 34:8.) Ann pran yon egzanp pou nou montre youn nan fason nou kapab fè sa. Imajine nou ta renmen antre nan yon fòm sèvis aplentan. Men, pou n reyalize objektif sa a, n ap bezwen aprann viv yon fason ki pi senp. Petèt, byen souvan nou konn li pwomès Jezi te fè ki di si nou met Wayòm nan an premye, Jewova ap ban nou sa nou vrèman bezwen, men, nou poko janm wè pwomès sa a reyalize nan ka pa n (Mat. 6:33). Men, piske nou gen lafwa nan pwomès sa a Jezi te fè a, nou chèche fè mwens depans, nou redui sou kantite tan nou fè ap travay, e nou fè tout sa n kapab nan travay predikasyon an. Lè n fè sa, nou vin wè jan Jewova vrèman ban nou sa nou bezwen. Nou “goute” pèsonèlman jan Jewova bon.

3. Selon Sòm 16:1, 2, ki moun Jewova bay bon bagay?

3 Jewova “bon ak tout moun”, menm moun ki pa konnen l (Sòm 145:9; Mat. 5:45). Men, se sitou moun ki renmen Jewova e k ap sèvi l ak tout nanm yo ki jwenn anpil bon bagay nan men l. (Li Sòm 16:1, 2.) Ann wè kèk nan bon bagay Jewova fè pou nou.

4. Ki jan Jewova montre li bon ak moun ki kòmanse pwoche bò kote l?

4 Chak fwa nou aplike sa Jewova aprann nou, nou wè jan sa ede nou nan lavi nou. Pa egzanp, lè nou te vin aprann konnen l pi byen e nou te vin aprann renmen l, li te ede nou pou n sispann panse ak yon seri bagay oswa fè yon seri bagay ki te anpeche nou gen bon relasyon avè l (Kol. 1:21). E lè nou te vwe Jewova lavi nou e nou te batize, nou te vin wè pèsonèlman jis nan ki pwen Jewova bon, li te ban nou yon bon konsyans e li te atire nou pou nou vin zanmi l. — 1 Pyè 3:21.

5. Lè n ap preche, ki jan nou wè jan Jewova bon?

5 Nou kontinye goute jan Jewova bon lè n patisipe nan travay fè disip la. Èske w timid? Gen anpil Temwen Jewova ki timid. Petèt, anvan w te vin sèvi Jewova, ou pa t janm panse ou t ap gen pou w al lakay moun ou pa konnen pou w pale sou Labib ansanm avèk yo. Epoutan, jodi a, ou fè sa regilyèman. Jewova menm ede w pou w pran plezi nan travay predikasyon an, e w santi li ede w plizyè lòt fason. Li ede w pou w rete kalm lè yon moun mal aji avè w nan travay predikasyon an, e li ede w tou pou w sonje ki vèsè pou li lè w jwenn yon moun ki vle koute w. Epi li ba w fòs pou w kontinye preche lè moun nan tèritwa a montre yo pa enterese. — Jer. 20:7-9.

6. Ki jan fòmasyon Jewova ban nou montre aklè jan li bon?

6 Jewova montre nou tou jan li bon lefètke li ban nou fòmasyon pou n patisipe nan travay fè disip la (Jan 6:45). Pa egzanp, nan reyinyon ki fèt lasemèn nan, nou koute yon seri modèl konvèsasyon ki byen prepare e yo ankouraje nou pou n sèvi avèk yo lè n ap preche. Okòmansman, nou ka yon ti jan renka pou n eseye metòd nou pa t konn itilize anvan sa. Men, lè nou fè sa, nou rann nou kont jan konsèy sa yo ka itil nan tèritwa nou. Nou jwenn ankourajman tou nan reyinyon yo ak nan kongrè yo pou n eseye preche fason nou ka pa t janm preche anvan sa. Yon lòt fwa ankò, nou ka santi nou yon ti jan pè pou n eseye preche fason sa yo. Men, lè nou fè sa, nou bay Jewova yon bagay pou l beni. Ann wè kèk benediksyon nou kapab jwenn lè nou eseye lòt fason pou n bay Jewova sa nou genyen ki pi bon an, kèlkeswa sitiyasyon nou. Apre sa, nou pral wè fason nou kapab chèche fè plis nan travay fè disip la.

JEWOVA BENI MOUN KI MET KONFYANS YO NAN LI

7. Ki benediksyon w ap jwenn lè w fè efò pou w fè plis nan travay predikasyon an?

7 Nou vin pi pwòch ak Jewova toujou. Ann pran egzanp yon ansyen ki rele Samuel * k ap sèvi nan peyi Kolonbi ansanm ak madanm li. Mari ak madanm sa a te kontan sèvi kòm pyonye nan kongregasyon yo. Men, kòm yo te vle fè plis nan travay predikasyon an, yo te vle al ede yon kongregasyon ki gen plis bezwen. Pou yo te reyalize objektif sa a, yo te oblije fè kèk sakrifis. Men sa Samuel di: “Nou te suiv konsèy ki nan Matye 6:33 a e nou te sispann achte yon seri bagay nou pa t bezwen. Men, sa k te pi difisil pou nou se te kite apatman nou te ladan l lan. Li te fèt egzakteman jan nou te vle a e nou pa t gen dèt sou li.” Lè mari ak madanm sa a te rive nan kongregasyon yo t apral ede a, yo te bezwen mwens kòb lontan pou yo viv parapò ak kantite kòb yo te konn depanse anvan sa. Men sa Samuel di: “Nou wè jan Jewova gide nou ak jan li reponn priyè nou. Nou santi li kontan sa nou fè a e nou santi li renmen nou yon fason nou potko janm viv sa anvan.” Èske w kapab fè plis nan travay predikasyon an? Si w fè sa, ou mèt gen asirans w ap vin pwòch ak Jewova e l ap pran swen w. — Sòm 18:25.

8. Ki sa w aprann nan sa Ivan ak Viktoria di yo?

8 Nou jwenn kè kontan nan sèvis nou. Ivan ak Viktoria se yon mari ak madanm k ap sèvi kòm pyonye nan peyi Kigistan. Yo te kontinye viv yon fason ki senp pou yo te ka patisipe kòm volontè nan kèlkeswa travay yo te ba yo fè, san wete nan pwojè konstriksyon. Men sa Ivan di: “Nou te bay tout nou menm nan chak travay yo te ban nou fè. Menm lè nou te konn fatige nan fen jounen an, nou te santi nou anpè e nou te satisfè lefètke nou konnen nou te bay fòs nou nan travay Wayòm nan. Nou te santi nou kontan anpil tou lefètke nou te vin fè lòt zanmi e nou gen anpil bèl souvni.” — Mak 10:29, 30.

9. Ki sa yon sè ki nan sitiyasyon difisil fè pou l ka fè plis nan travay predikasyon an, e ki rezilta l jwenn?

9 Nou jwenn kè kontan nan sèvis Jewova a menm lè bagay yo pa fasil pou nou. Pa egzanp, Mirreh, yon sè ki vèv e ki granmoun k ap viv ann Afrik delwès, te pran retrèt li kòm doktè e li te pran sèvis pyonye. Mirreh te gen atrit ki te ba l anpil doulè, e se sèlman inèdtan li te kapab fè ap preche kay an kay. Men, li te kapab fè plis tan nan temwayaj an piblik. Li te gen anpil nouvèl vizit ak etid, e se nan telefòn li te konn fè kèk ladan yo. Ki sa k te fè Mirreh anvi fè plis pou Jewova? Men sa l di: “Mwen renmen Jewova ak Kris Jezi anpil. E byen souvan, mwen priye Jewova pou l ede m pou m fè tout sa m kapab nan sèvis li.” — Mat. 22:36, 37.

10. Jan sa parèt nan 1 Pyè 5:10, ki sa moun ki fè plis nan sèvis y ap bay Jewova a resevwa nan men l?

10 Jewova ban nou plis fòmasyon. Kenny, yon pyonye k ap sèvi sou zile Moris, te viv sa. Lè l te aprann laverite, li te kite inivèsite l te ye a, li te batize e li te antre nan sèvis aplentan. Men sa l di: “Mwen fè efò pou m aplike pawòl pwofèt Ezayi te di a ki di: ‘Men mwen! Voye m!’” ​(Eza. 6:8). Kenny patisipe nan plizyè pwojè konstriksyon e li ede tou nan tradiksyon piblikasyon ki baze sou Bib la nan lang manman l. Men sa l di: “Mwen te resevwa fòmasyon ki te ede m gen kapasite mwen te bezwen pou m fè travay yo te ban m fè yo.” Men, li pa t annik aprann ki jan pou l fè travay li sèlman. Men sa l ajoute: “Mwen te aprann gen bagay mwen pa ka fè e gen yon seri kalite mwen bezwen genyen pou m ka sèvi Jewova pi byen.” ​(Li 1 Pyè 5:10.) Èske w pa ta ka egzamine sitiyasyon w pou w wè si w ka jwenn yon fason pou w resevwa plis fòmasyon nan men Jewova?

Yon mari ak madanm k ap preche nan yon tèritwa kote yo bezwen plis pwoklamatè Wayòm nan. Yon jèn sè k ap ede nan konstriksyon Sal Wayòm. Yon mari ak madanm ki granmoun k ap preche nan telefòn. Yo tout jwenn anpil kè kontan nan sèvis yo. (Gade paragraf 11.)

11. Ki efò kèk sè nan Kore disid te fè pou yo ka patisipe nan travay predikasyon an, e ki rezilta sa te bay? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

11 Menm Temwen ki gen plizyè ane depi y ap sèvi Jewova bezwen fòmasyon lè y ap eseye lòt fason pou yo preche. Pandan pandemi COVID-19 la, men sa ansyen nan yon kongregasyon nan Kore disid ekri: “Kèk nan moun ki te konn panse yo pa t ap kapab preche akoz pwoblèm sante yo genyen rive preche kounye a pa mwayen videyo konferans. Gen twa sè ki nan 80 an yo ki te aprann sèvi ak òdinatè pou yo preche, e kounye a, yo preche prèske chak jou.” ​(Sòm 92:14, 15). Èske w ta renmen fè plis nan travay fè disip la epi goute pou w wè jan Jewova bon plis toujou? Ann wè kèk bagay ou ka fè k ap ede w reyalize objektif sa a.

FASON W KA CHÈCHE FÈ PLIS

12. Ki pwomès Jewova fè moun ki konte sou li yo?

12 Aprann konte sou Jewova. Li pwomèt l ap vide benediksyon sou nou si nou met konfyans nou nan li e nou ba l sa nou genyen ki pi bon an (Mal. 3:10). Gen yon sè ki rele Fabiola k ap viv nan peyi Kolonbi ki te wè jan Jewova reyalize pwomès sa a nan ka pa l. Li te vle pran sèvis pyonye pèmanan yon ti tan apre l fin batize. Men, li te oblije travay pou l ede mari l ak twa pitit yo te genyen. Donk, lè lè a te rive pou l pran retrèt li, li te sipliye Jewova ak tout kè l pou ede l. Men sa l di: “Nòmalman, sa pran anpil tan pou yon moun touche kòb pansyon l. Men, mwen te kòmanse resevwa pa m nan yon mwa sèlman apre m te fin fè demach yo. Se te tankou yon mirak!” De mwa annapre, li te kòmanse sèvi kòm pyonye. Kounye a, li nan 70 an yo, e li gen plis pase 20 an depi l pyonye. Pandan tan sa a, li te ede uit moun jiskaske yo batize. Men sa l di: “Byenke pafwa mwen konn pa santi fòs mwen, Jewova ede m chak jou pou m kontinye nan sèvis mwen.”

Ki jan Abraram ak Sara, Jakòb, ak prèt yo ki te travèse Rivyè Jouden an te montre yo fè Jewova konfyans? (Gade paragraf 13.)

13-14. Ki egzanp ki kapab ede n pou nou met konfyans nou nan Jewova e pou n chèche fè plis?

13 Aprann nan egzanp moun ki te konte sou Jewova. Nan Bib la, nou jwenn anpil egzanp moun ki te travay di nan sèvis Jewova. Gen anpil egzanp ki montre se apre sèvitè Jewova sa yo te fin aji yo te resevwa yon benediksyon espesyal nan men Jewova. Pa egzanp, se apre Abraram te fin kite kay li, “byenke l pa t konn kote l prale a”, Jewova te beni l (Ebre 11:8). Se apre Jakòb te fin mare goumen ak yon zanj li te resevwa yon benediksyon espesyal (Jen. 32:24-30). Lè nasyon Izrayèl la t apral antre nan Peyi Bondye te pwomèt la, se apre prèt yo te fin met pye yo nan dlo Rivyè Jouden an pèp la te kapab travèse rivyè a. — Joz. 3:14-16.

14 Gen anpil bagay ou kapab aprann tou nan egzanp kèk Temwen Jewova jodi a ki te konte sou Jewova e ki te chèche fè plis. Pa egzanp, gen yon frè ki rele Payton ak madanm li Diana ki te renmen li istwa frè ak sè ki te chèche fè plis nan sèvis yo pou Jewova, tankou sa nou jwenn nan seri atik ki gen tit “Yo te ofri tèt yo volontèman” *. Men sa Payton di: “Lè nou te li eksperyans moun sa yo, nou te santi se kòmsi nou t ap gade yon moun k ap manje yon bon ti manje byen gou. Plis nou te gade, se plis nou te anvi goute ‘jan Jewova bon’.” Finalman, Payton ak Diana t al sèvi kote ki gen plis bezwen. Èske w te li seri atik sa a? E èske w te gade videyo ki gen tit Nou preche tèritwa ki izole yo: Ilannak videyo ki gen tit Y ap preche nan tèritwa ki izole: Ostraliki sou sit jw.org la? Enfòmasyon sa yo ka ede w wè ki jan w ka chèche fè plis nan sèvis ou.

15. Lè nou chèche fè zanmi ak moun ki gen bon enfliyans sou nou, ki jan sa kapab ede nou?

15 Chèche fè zanmi ak moun k ap gen bon enfliyans sou nou. Li pi fasil pou n manje yon manje nou potko janm manje lè nou pase tan ak moun ki renmen manje sa a. Menm jan an tou, si nou pase tan ak moun ki met Jewova an premye nan lavi yo, n ap pi anvi chèche fason pou nou fè plis pou Bondye nan sèvis n ap ba li a. Se sa k te rive yon mari ak madanm ki rele Kent ak Veronica. Men sa Kent di: “Zanmi nou ak fanmi nou te ankouraje nou pou n eseye lòt fòm sèvis. Nou rann nou kont lè nou fè zanmi ak moun ki met Wayòm nan an premye, sa ede nou wè nou kapab eseye fè yon bagay nou potko janm fè.” Kounye a, Kent ak Veronica ap sèvi kòm pyonye espesyal nan peyi Sèbi.

16. Jan sa parèt nan egzanp Jezi te bay nou jwenn nan Lik 12:16-21 an, poukisa nou dwe dispoze fè sakrifis?

16 Fè sakrifis pou Jewova. Nou pa bezwen abandone tout bagay nou renmen pou nou kapab fè Jewova plezi (Ekl. 5:19, 20). Men, si nou pa ta vle fè plis pou Jewova paske nou pa vle abandone kèk bagay nou renmen, nou t ap fè menm erè ak mesye ki nan egzanp Jezi te bay la ki te travay di pou l gen anpil bon bagay, men ki pa t bay Bondye regle anyen pou li. (Li Lik 12:16-21.) Men sa yon frè ki rele Christian k ap viv nan peyi Lafrans di: “Mwen pa t bay Jewova ak fanmi m pifò tan m ak fòs mwen.” Christian ak madanm li te deside vin pyonye. Men, pou yo te ka reyalize objektif sa a, yo te oblije kite travay yo. Pou yo te pran swen tèt yo, yo te fè yon ti biznis netwayaj e yo te aprann viv ak mwens kòb. Èske yo te kontan poutèt yo te fè sakrifis sa a? Men sa Christian di: “Nou gen plis kè kontan nan sèvis nou kounye a, e nou kontan wè moun n ap etidye Labib avèk yo ak moun nou retounen vizite yo k ap aprann konnen Jewova.”

17. Ki sa k ka anpeche nou eseye preche lòt fason?

17 Eseye preche lòt fason (Tra. 17:16, 17; 20:20, 21). Pandan pandemi COVID-19 la, Shirley, yon pyonye k ap viv Ozetazini, te oblije chanje fason l te konn preche. Okòmansman, li te yon ti jan renka pou l preche nan telefòn. Men, kou l te fin aprann ki jan pou l fè sa pandan vizit siveyan sikonskripsyon an, li te patisipe nan fòm predikasyon sa a regilyèman. Men sa l di: “Okòmansman, mwen te pè anpil. Men, kounye a, mwen vrèman renmen l. Nou jwenn plis moun pase lè nou te konn preche kay an kay!”

18. Ki sa k ka ede nou fè fas ak difikilte nou jwenn lè n ap chèche fè plis nan travay predikasyon an?

18 Chèche gen yon objektif epi fè efò pou w reyalize l. Lè nou gen pwoblèm, nou priye Jewova pou l ede n e nou byen reflechi pou n konn ki sa pou n fè (Pwo. 3:21). Men sa Sonia k ap sèvi kòm pyonye pèmanan nan yon gwoup nan lang womani ann Ewòp di: “Mwen renmen ekri objektif mwen genyen yo sou papye epi m met papye a yon kote mwen kapab wè l byen fasil. Mwen gen yon papye sou kwafez mwen ki gen desen de wout. Yo chak al nan yon direksyon. Lè m gen yon desizyon pou m pran, mwen gade wout yo pou m ka wè ki bò desizyon m vle pran an ap mennen m.” Sonia fè efò pou l byen reyaji devan pwoblèm li jwenn. Men sa l di: “Chak sitiyasyon ki prezante kapab tankou yon mi ki anpeche m reyalize objektif mwen oswa yon pon ki ede m reyalize l. Sa depann de fason m reyaji.”

19. Ki detèminasyon nou ta dwe pran?

19 Jewova beni nou plizyè fason. Nou ka montre jis nan ki pwen nou gen rekonesans pou bagay Jewova ban nou yo lè nou fè tout sa nou kapab pou nou fè louwanj pou li (Ebre 13:15). Petèt gen plizyè bagay nou kapab chèche fè pou Jewova nan sèvis n ap ba li a. Konsa, Jewova ka beni nou pi plis toujou. Chak jou, ann chèche fason pou n “goute e [pou n] wè jan Jewova bon”. Lè nou fè sa, n ap suiv egzanp Jezi ki te di: “Manje pa m se fè volonte Sila a ki voye m nan e se fin fè travay li ban m fè a.” — Jan 4:34.

KANTIK 80 “Goute e n a wè jan Jewova bon”

^ § 5 Se nan Jewova tout bon bagay soti. Li bay tout moun bon bagay, menm moun ki mechan. Men, li pi kontan fè bon bagay toujou pou sèvitè l ki fidèl yo. Nan atik sa a, nou pral wè jan Jewova bay sèvitè l yo bon bagay. Nou pral wè tou jan Jewova aji yon fason espesyal ak moun ki chèche fè plis nan travay predikasyon an.

^ § 7 Gen kèk non yo chanje.

^ § 14 Seri atik sa a te konn parèt nan Toudegad, n ap jwenn li kounye a sou jw.org. Ale nan ENFÒMASYON SOU NOU > EKSPERYANS > YO CHÈCHE ATENN OBJEKTIF ESPIRITYÈL.