Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 35

Ann bay frè n ak sè n ki granmoun yo anpil valè

Ann bay frè n ak sè n ki granmoun yo anpil valè

“Cheve blan se yon bèl kouwòn.” — PWO. 16:31.

KANTIK 138 Moun ki gen cheve blan yo bèl nan je Bondye

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. a) Selon Pwovèb 16:31, ki jan nou ta dwe konsidere frè ak sè ki granmoun yo? b) Ki kesyon nou pral reponn nan atik sa a?

GEN yon zòn Ozetazini kote moun ka jwenn dyaman atè pandan y ap mache. Men, piske dyaman sa yo poko poli, yo pa ni klere ni parèt bèl. Se sa k fè anpil moun ki wè dyaman sa yo ka pa konnen ki sa yo ye, e yo ka annik pase yo pa okipe yo, alòske yo se trezò.

2 Menm jan ak dyaman sa yo, frè n ak sè n ki granmoun yo se trezò ki gen anpil valè. Pawòl Bondye a konpare cheve blan yo genyen yo ak yon kouwòn. (Li Pwovèb 16:31; 20:29.) Men, li fasil pou n pa remake trezò sa yo. Jèn ki rekonèt valè frè ak sè ki granmoun yo ka jwenn yon bagay ki gen plis valè pase richès materyèl. Nan atik sa a, nou pral reponn twa kesyon: Poukisa Jewova konsidere frè ak sè ki granmoun yo tankou trezò? Ki valè òganizasyon Jewova a bay frè ak sè sa yo? Ki sa n ka fè pou n byen pwofite egzanp yo bay?

REZON KI FÈ JEWOVA KONSIDERE FRÈ AK SÈ KI GRANMOUN YO TANKOU TREZÒ

Frè ak sè ki granmoun yo gen anpil valè pou Jewova Dye ak pèp li a. (Gade paragraf 3.)

3. Selon Sòm 92:12-15, sa k fè frè ak sè ki granmoun yo gen anpil valè pou Jewova?

3 Frè ak sè ki granmoun yo gen anpil valè pou Jewova Dye. Li konnen yo byen, li konnen bèl kalite yo genyen, e li bay sa anpil enpòtans. Li kontan anpil lè frè ak sè sa yo, ki gen plizyè ane depi y ap sèvi l fidèlman, pataje sajès yo vin genyen an ak jèn yo (Jòb 12:12; Pwo. 1:1-4). Epitou, Jewova bay andirans yo genyen an anpil valè (Mal. 3:16). Yo te jwenn pwoblèm nan lavi yo, men, yo te kontinye gen yon lafwa solid nan Jewova. Esperans yo genyen pou lavni an vin pi djanm pase lè yo te fèk aprann laverite. E Jewova renmen yo paske yo kontinye fè konnen non l “menm lè yo vin granmoun”. — Li Sòm 92:12-15.

4. Ki sa k ka ankouraje frè n ak sè n ki granmoun yo?

4 Si w ap antre nan laj, ou mèt gen asirans Jewova sonje travay ou te konn fè (Ebre 6:10). Ou te soutni travay predikasyon an ak tout kè w, e sa fè Papa nou ki nan syèl la kontan. Ou te andire eprèv, menm eprèv ki te rèd anpil. Ou te soutni prensip biblik yo ki jis, ou te aksepte fè yon seri travay enpòtan e w te fòme lòt moun. Ou te fè tout sa w kapab pou w adapte w ak tout chanjman k ap fèt nan òganizasyon Jewova a. Ou te ede moun ki nan sèvis aplentan e w te ankouraje yo. Jewova Dye renmen w anpil paske w fidèl. Li pwomèt “li pap lage moun ki fidèl ak li yo”! (Sòm 37:28.) Men asirans li ban nou: “Jiskaske cheve nou vin blan, m ap kontinye soutni nou.” (Eza. 46:4). Donk, pa panse paske w fin granmoun ou pa gen valè ankò pou òganizasyon Jewova a. Ou gen anpil valè!

FRÈ AK SÈ KI GRANMOUN YO GEN ANPIL VALÈ POU ÒGANIZASYON JEWOVA A

5. Ki sa frè ak sè ki granmoun yo dwe sonje?

5 Frè ak sè ki granmoun yo gen anpil bagay yo kapab fè. Menm lè yo ka pa gen menm fòs yo te genyen an, tank ane ap pase, yo vin gen anpil eksperyans. Jewova ka kontinye itilize yo divès fason, jan nou pral wè sa nan egzanp tan lontan ak egzanp nan epòk nou an.

6-7. Bay kèk egzanp nan Bib la ki montre jan Jewova te beni moun ki granmoun ki te kontinye sèvi l fidèlman.

6 Nou kapab jwenn anpil bèl egzanp moun fidèl nan Bib la ki te kontinye travay pou Jewova menm lè yo te vin granmoun. Pa egzanp, Moyiz te gen anviwon 80 an lè l te kòmanse sèvi antanke pwofèt Jewova e antanke reprezantan l devan nasyon Izrayèl la. Jewova te kontinye itilize Dànyèl kòm pòtpawòl Li, menm lè pwofèt la te gen petèt plis pase 90 an. E li posib pou apot Jan te nan 90 an yo lè Jewova te pouse l ekri liv Revelasyon an.

7 Gen anpil lòt sèvitè Jewova ki pa t popilè, e li te ka fasil pou moun pa t remake yo. Men, Jewova te wè yo fidèl e l te rekonpanse yo. Pa egzanp, Simeyon se te “yon moun ki jis, ki te gen lakrentif pou Bondye”. Bib la pa pale anpil de li, men Jewova te konnen kiyès li ye, li te ba l privilèj pou l te wè Jezi lè Jezi te tibebe e pou l te bay yon pwofesi konsènan pitit la ak manman l (Lik 2:22, 25-35). Fè yon ti reflechi tou ak yon vèv ki te rele Àn ki te pwofèt. Li te gen 84 an, men “li pa t janm pa nan tanp lan”. Lefètke l te toujou nan tanp lan, Jewova te beni l e li te pèmèt li wè Jezi lè Jezi te tibebe. Ni Simeyon ni Àn te gen anpil valè pou Jewova. — Lik 2:36-38.

Sè Didur, ki nan 80 an yo kounye a, kontinye sèvi Jewova fidèlman. (Gade paragraf 8.)

8-9. Ki jan sè ki vèv yo kontinye bay èd pa yo?

8 Nan epòk pa nou an, gen anpil frè ak sè ki granmoun ki bay jèn yo bèl egzanp. Ann pran egzanp sè Loïs Didur. Li te fèk gen 21 an lè l te kòmanse sèvi kòm pyonye espesyal nan peyi Kanada. Apre sa, li menm ak John, mari l, te pase plizyè ane nan sèvis sikonskripsyon. Annapre, yo te fè plis pase 20 an ap sèvi nan Betèl Kanada. Lè Loïs te gen 58 an, yo te mande li menm ak John al sèvi nan peyi Ikrèn. Ki sa yo te fè? Èske yo te di yo te twò granmoun pou y al sèvi nan yon lòt peyi? Yo te aksepte envitasyon an e yo te nome John manm Komite filyal nan peyi sa a. Apre lanmò John setan annapre, Loïs te deside rete nan asiyasyon l. Kounye a, li gen 81 an. Li kontinye sèvi nan Betèl Ikrèn, e tout moun renmen l anpil.

9 Moun gendwa pa remake sè ki vèv menm jan ak Loïs yo, jan yo te konn remake yo lè mari yo te vivan. Sepandan, lefètke yo vèv, sa pa vle di yo gen mwens valè pou sa. Jewova bay sè ki te soutni mari yo pandan anpil ane e ki kontinye sèvi l fidèlman anpil valè (1 Tim. 5:3). Epitou, sè sa yo bay jèn yo bonjan ankourajman.

10. Ki bèl egzanp Tony bay?

10 Frè ak sè ki granmoun ki oblije ret lakay yo gen anpil valè pou Jewova tou. Pa egzanp, gen yon frè ki rele Tony ki nan yon mezon retrèt. Li te batize nan Pennsilvani, Ozetazini, nan mwa out 1942 lè l te gen 20 an. Tousuit apre batèm li, yo te mande l pou l al nan lame. Kòm li pa t dakò, yo te fè l fè dezan edmi prizon. Li menm ak Hilda, madanm li, te leve de pitit nan laverite. Pandan kèk ane, Tony te sèvi kòm siveyan prezidan nan twa kongregasyon (kounye a se kowòdonatè gwoup ansyen yo di), e li te sèvi kòm siveyan asanble sikonskripsyon tou. Li te konn al fè reyinyon ak etid biblik nan yon prizon. Jodi a, Tony gen 98 an, e li pa dispoze pran retrèt li. Li kontinye fè tout sa l kapab pou l sèvi Jewova ansanm ak frè ak sè nan kongregasyon l ye a.

11. Ki jan nou ka montre nou bay frè ak sè ki granmoun ki oblije ret lakay yo anpil valè?

11 Ki jan nou ka montre nou onore frè ak sè ki granmoun ki oblije ret lakay yo? Ansyen yo ka fè tout sa yo kapab pou ede yo asiste oswa koute reyinyon yo e pou yo preche. Nou ka montre nou gen sousi pou yo lè nou vizite yo oswa lè nou fè apèl videyo pou n ka wè yo pandan n ap pale ak yo. Si nou pa fè atansyon, nou ka bliye frè ak sè sa yo. Gen nan yo ki gendwa pa twò renmen pale de tèt yo. Men, n ap aprann anpil nan men yo si nou pran tan pou nou poze yo kesyon e pou nou koute yo lè y ap rakonte bèl eksperyans yo te fè ki te ba yo kè kontan nan òganizasyon Jewova a.

12. Ki kalite moun nou kapab jwenn nan kongregasyon nou an?

12 Nou ka sezi aprann anpil bèl egzanp nan men yon seri frè ak sè ki granmoun ki nan kongregasyon nou an. Gen yon sè ki rele Harriette ki te sèvi Jewova fidèlman pandan plizyè dizèn ane nan kongregasyon l nan Noujèze, Ozetazini. Apre sa, li t al viv ak pitit fi l. Frè ak sè yo nan kongregasyon li t ale a te pran tan pou yo te aprann konnen l e yo te vin wè li se yon trezò. Li te rakonte yo anpil istwa sou travay predikasyon an lè l te fèk pran laverite nan ane 1920 yo, e sa te ankouraje yo. Nan epòk sa a, li te toujou gen yon bwòs dan lè l pral preche, sizoka yo ta arete l. An reyalite, nan ane 1933, yo te arete l pandan de fwa, e li te fè yon semèn nan prizon toule de fwa sa yo. Pandan l te nan prizon, se mari l ki pa t Temwen Jewova ki te soutni l e ki te pran swen twa timoun yo te genyen yo. Pa gen dout, frè ak sè ki granmoun tankou Harriette yo merite pou nou ba yo anpil valè!

13. Ki sa n aprann nan fason Jewova bay frè ak sè ki granmoun yo valè nan òganizasyon l lan?

13 Frè n ak sè n ki granmoun yo gen anpil valè pou Jewova e pou òganizasyon l lan. Yo rive wè jan Jewova beni òganizasyon l lan plizyè fason ak jan l beni yo pèsonèlman. Yo aprann anpil leson enpòtan nan erè yo te fè. Nou bezwen wè yo kòm yon “sous sajès”, e nou dwe aprann nan eksperyans yo genyen (Pwo. 18:4). Si w pran tan pou w aprann konnen yo, lafwa w ka vin pi solid e w ap aprann anpil bagay nan men yo!

BYEN PWOFITE EGZANP FRÈ AK SÈ KI GRANMOUN YO BAY

Menm jan Elize te aprann anpil bagay lè l te avèk Eli, frè ak sè yo ka aprann anpil bagay tou lè yo koute frè ak sè ki gen lontan depi y ap sèvi Jewova k ap fè konnen eksperyans yo te fè. (Gade paragraf 14-15.)

14. Ki sa Detewonòm 32:7 ankouraje jèn yo fè?

14 Pran inisyativ pou w pale ak frè ak sè ki granmoun yo. (Li Detewonòm 32:7.) Se vre yo ka pa wè byen ankò, yo gendwa pa ka mache vit oubyen yo gendwa pa ka pale twò klè, men, yo vle kontinye travay pou Jewova e yo vin gen “yon bon repitasyon” devan l (Ekl. 7:1). Sonje rezon ki fè Jewova ba yo anpil valè. Kontinye onore yo. Nou bezwen fè menm jan ak Elize. Li te ensiste pou l ret ansanm ak Eli dènye jou yo t ap pase ansanm nan. Pandan twa fwa Elize te di l: “Mwen pap kite w.” — 2 Wa 2:2, 4, 6.

15. Ki kesyon nou ta ka poze frè ak sè ki granmoun yo?

15 Montre w vrèman gen sousi pou frè ak sè ki granmoun yo lè w poze yo kesyon avèk respè (Pwo. 1:5; 20:5; 1 Tim. 5:1, 2). Poze yo kèk kesyon tankou: “Lè w te pi jèn, ki sa k te konvenk ou ou jwenn laverite?” “Ki jan eksperyans ou te fè yo te fè w vin pi pwòch Jewova?” “Ki sa w te twouve ki te ede w kontinye sèvi Jewova ak kè kontan?” ​(1 Tim. 6:6-8). Apre sa, koute yo lè y ap rakonte istwa yo.

16. Lè yon moun ki granmoun ak yon moun ki pi jèn ap pale youn ak lòt, ki jan youn ka ankouraje lòt?

16 Lè yon moun ki granmoun ak yon moun ki pi jèn ap pale youn ak lòt, yo toule de jwenn ankourajman (Wom. 1:12). Nou menm ki pi jèn, n ap vin gen plis rekonesans pou fason Jewova pran swen sèvitè l ki fidèl yo, e frè oswa sè ki granmoun nan ap santi w renmen l. L ap kontan rakonte w jan Jewova beni l.

17. Poukisa nou kapab di frè n ak sè n ki granmoun yo vin pi bèl tank ane ap pase?

17 An jeneral, tank laj ap monte nou pa toujou rete bèl menm jan ak lè nou te jèn. Men, moun ki fidèl ak Jewova yo vin pi bèl nan je l tank ane ap pase (1 Tes. 1:2, 3). Sa k fè sa? Paske, tank ane ap pase, yo kite lespri Bondye ba yo fòm epi ede yo vin gen yon seri bèl kalite. Plis nou aprann konnen frè n ak sè n ki granmoun yo nou renmen anpil, nou onore yo e nou aprann nan men yo, se plis n ap wè jan yo se trezò ki gen anpil valè!

18. Ki sa nou pral wè nan atik ki vin apre a?

18 Lè ni jèn ni granmoun bay youn lòt valè, kongregasyon an vin pi solid. Nan atik ki vin apre a, nou pral wè ki jan frè ak sè ki granmoun yo kapab montre yo bay jèn yo valè nan kongregasyon an.

KANTIK 144 Fikse je n sou pri a!

^ § 5 Frè n ak sè n ki granmoun yo gen anpil valè. Atik sa a ap ankouraje n pou nou renmen yo e pou n gen plis respè pou yo, e l ap montre n ki jan nou kapab byen pwofite sajès ak eksperyans yo genyen. Epitou, l ap bay frè n ak sè n ki granmoun yo asirans yo gen yon plas enpòtan nan òganizasyon Bondye a.