Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID  36

Ann bay fòs frè ak sè ki jèn yo genyen an anpil valè

Ann bay fòs frè ak sè ki jèn yo genyen an anpil valè

“Glwa yon jèn se fòs li.” — PWO. 20:29.

KANTIK 88 Ede m konn chemen w yo

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki bon objektif nou ka chèche genyen pandan n ap vin granmoun?

TANK n ap vin granmoun, nou gendwa pè pou nou pa itil Jewova jan nou te konn itil li anvan. Se vre nou ka pa gen menm fòs nou te gen anvan an, men, nou kapab sèvi ak sajès ak eksperyans nou vin genyen pou n ede frè ak sè ki pi jèn yo pou yo itil òganizasyon Jewova a e pou yo aksepte plis responsablite. Men sa yon frè ki gen lontan depi l ap sèvi antanke ansyen te di: “Lè m te kòmanse santi laj mwen pa pèmèt mwen fè tout sa m te konn fè anvan, mwen te vrèman gen rekonesans dèske gen frè ki pi jèn ki kalifye ki te dispoze fè travay la.”

2. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

2 Nan atik anvan an, nou te wè jan frè ak sè ki pi jèn yo kapab aprann anpil bagay lè yo chèche vin zanmi frè ak sè ki granmoun yo. Nan atik sa a nou pral wè kòman yon seri kalite tankou imilite, rekonèt limit nou, rekonesans ak jenewozite kapab ede frè ak sè ki granmoun yo travay ansanm ak frè ak sè ki pi jèn yo, sa k ap bon pou tout kongregasyon an.

SE POU NOU GEN IMILITE

3. Selon Filipyen 2:3, 4, ki sa imilite ye, e ki jan kalite sa a kapab ede yon kretyen?

3 Frè ak sè ki granmoun yo dwe gen imilite si yo ta renmen ede frè ak sè ki pi jèn yo. Yon moun ki gen imilite konsidere lòt moun siperyè l. (Li Filipyen 2:3, 4.) Frè ak sè ki granmoun ki gen imilite yo rann yo kont byen souvan gen plizyè fason pou yon moun fè yon travay, tout fason sa yo ann amoni ak Bib la e yo tout bay bon rezilta. Se sa k fè yo pa atann pou yon travay fèt egzakteman jan yo te konn fè l (Ekl. 7:10). Se vre yo gen anpil bèl eksperyans pou yo pataje ak jèn yo, men, yo konnen “monn sa a se chanje l ap chanje tankou sèn nan pyès teyat”, e yo ka bezwen aprann fè yon travay yon lòt jan. — 1 Kor. 7:31.

Frè ak sè ki granmoun yo kontan pataje eksperyans yo ak lòt moun. (Gade paragraf 4-5.) *

4. Ki jan frè ki te siveyan sikonskripsyon yo montre yo gen menm atitid ak Levit yo?

4 Frè ak sè ki granmoun ki gen imilite yo rekonèt tank y ap pran laj, yo pa kapab fè tout sa yo te konn fè anvan. Ann fè yon ti pale konsènan siveyan sikonskripsyon yo. Lè yo vin gen 70 an, yo mande yo pou y al nan yon lòt fòm sèvis. Sa kapab difisil pou yo. Yo te kontan sèvi frè ak sè yo. Se yon travay yo te renmen, e yo ta renmen kontinye fè l. Men, yo konprann li pi bon pou frè ki pi jèn yo fè travay sa a. Konsa, yo imite bèl atitid Levit yo nan Izrayèl tan lontan an te genyen. Lè Levit yo te gen 50 an, yo te mande yo pou yo sispann sèvi nan tabènak la. Levit ki te granmoun yo te kontinye gen kè kontan kèlkeswa responsablite yo te genyen. Yo te met tout kè yo nan kèlkeswa travay yo te ba yo fè e yo te fè tout sa yo kapab pou yo ede Levit ki pi jèn yo (Nonb 8:25, 26). Jodi a, se vre frè ki te siveyan sikonskripsyon yo pa kapab sèvi plizyè kongregasyon ankò, men, yo ede kongregasyon kote yo ye a anpil.

5. Ki sa nou ka aprann nan egzanp Dan ak Katie?

5 Ann pran egzanp Dan, ki te fè 23 an ap sèvi kòm siveyan sikonskripsyon. Lè l te vin gen 70 an, yo te nome li menm ak Katie, madanm li, pyonye espesyal. Ki jan yo te adapte yo ak nouvo sitiyasyon yo? Dan fè konnen kounye a li pi okipe pase nenpòt lòt lè! Li fè travay yo ba l fè nan kongregasyon an, li ede kèk frè pou yo kalifye pou yo vin sèvitè ministeryèl, e li bay lòt moun fòmasyon pou yo preche nan vil yo ak nan prizon. Frè ak sè ki granmoun yo, gen anpil bagay nou kapab fè pou nou ede lòt moun, kit nou nan sèvis aplentan, kit nou pa nan sèvis aplentan. Ki jan nou kapab fè sa? Aprann adapte n lè sitiyasyon n chanje, chèche gen lòt objektif, epi konsantre sou sa nou ka fè olye nou konsantre sou sa nou pa ka fè.

SE POU N REKONÈT LIMIT NOU

6. Poukisa li bon pou yon moun rekonèt limit li? Bay yon egzanp.

6 Yon moun ki rekonèt limit li se yon moun ki pa twò egzijan ak tèt li. Konsa, li kontinye gen kè kontan e li pa sispann fè efò. Nou ta ka konpare yon moun ki rekonèt limit li ak yon chofè k ap kondui yon machin k ap monte yon mòn. Chofè a bezwen redui vitès machin nan pou l ka kontinye monte mòn nan. Se vre li pral pi dousman, men, l ap kontinye avanse. Menm jan an tou, nan yon sans, yon moun ki rekonèt limit li konnen ki lè pou l redui vitès li pou l ka kontinye sèvi Jewova e pou l ede lòt moun. — Flp. 4:5.

7. Ki jan Bazilayi te montre li rekonèt limit li?

7 Reflechi sou egzanp Bazilayi. Li te gen 80 an lè wa David te envite l vin viv nan palè a. Piske Bazilayi te rekonèt limit li, li pa t aksepte envitasyon wa a te fè l la. Li te konnen laj li pa t ap pèmèt li fè yon seri bagay, se sa k fè li te mande pou Kimam, yon moun ki pi jèn, ale nan plas li (2 Sam. 19:35-37). Menm jan ak Bazilayi, frè ki granmoun yo kontan bay frè ki pi jèn yo posiblite pou yo sèvi frè ak sè yo.

Wa David te dakò ak desizyon Bondye te pran pou pitit gason l konstwi tanp lan. (Gade paragraf 8.)

8. Ki jan wa David te montre li rekonèt limit li lè l te vle konstwi tanp lan?

8 Wa David te bay yon bèl egzanp tou antanke moun ki te rekonèt limit li. Li te vrèman anvi fè yon kay pou Jewova. Men, lè Jewova te vin fè l konnen se Salomon, ki te yon jèn gason, li t ap bay fè travay sa a, David te aksepte desizyon Jewova te pran an e li te soutni pwojè a ak tou kè l (1 Kwo. 17:4; 22:5). David pa t met nan tèt li se li menm ki kapab fè travay sa a paske Salomon te “jèn e li pa [t] gen eksperyans”. (1 Kwo. 29:1.) David te konnen se grasa èd Jewova pwojè konstriksyon an t ap reyisi, men, se pa t laj oswa eksperyans moun ki te alatèt yo ki t ap fè sa mache. Menm jan ak David, jodi a, moun ki granmoun yo kontinye fè anpil efò nan sèvis Jewova a, menm lè yo ba yo yon lòt travay pou yo fè. Yo konnen Jewova ap beni jèn k ap fè travay yo te konn fè yo.

9. Ki jan yon manm Komite filyal te montre li rekonèt limit li?

9 Yon bèl egzanp moun ki rekonèt limit li nan epòk nou an se yon frè ki rele Shigeo. An 1976, lè frè Shigeo te gen 30 an, yo te nome l manm Komite filyal. An 2004, li te vin kowòdonatè Komite filyal la. Annapre, li te vin rann li kont fòs li pa t pèmèt li fè tout sa l te konn fè anvan, e sa te ralanti l nan travay li. Li te priye Jewova sou sa, e li te vin wè li t ap pi bon si se yon frè ki pi jèn ki fè travay sa a. Byenke Shigeo pa kowòdonatè ankò, li kontinye kolabore ansanm ak lòt frè yo antanke manm Komite filyal. Jan nou te wè sa nan egzanp Bazilayi, wa David ak Shigeo, yon moun ki gen imilite e ki rekonèt limit li pap ret ap gade sou eksperyans jèn yo manke, men, l ap rekonèt yo gen fòs. Yo pap wè jèn yo kòm advèsè, men, y ap wè yo kòm konpayon travay yo. — Pwo. 20:29.

SE POU N GEN REKONESANS

10. Ki jan frè ak sè ki granmoun yo wè jèn yo nan kongregasyon an?

10 Frè ak sè ki granmoun yo konsidere frè ak sè ki pi jèn yo kòm kado Jewova bay e yo gen rekonesans pou travay jèn sa yo ap fè. Pandan fòs frè ak sè ki granmoun yo ap bese, yo kontan wè jèn ki gen fòs yo dispoze fè travay yo te konn fè yo epi sèvi kongregasyon an.

11. Ki jan Rit 4:13-16 montre benediksyon moun ki granmoun yo ka jwenn lè yo kontan aksepte jèn yo ede yo?

11 Nawomi, yon dam Bib la pale de li ki te granmoun, se yon bèl egzanp moun ki te kontan aksepte èd yon jèn dam te ba li, e l te gen rekonesans pou sa. Okòmansman, Nawomi te ankouraje Rit, yon bèlfi l ki te vèv, pou l te retounen al jwenn pèp li. Men, lè Rit te ensiste pou l t al Betleyèm ansanm avè l, li te aksepte èd Rit (Rit 1:7, 8, 18). Sa te bon anpil pou toule de medam yo! (Li Rit 4:13-16.) Frè ak sè ki granmoun ki gen imilite yo suiv egzanp Nawomi.

12. Ki jan apot Pòl te montre li gen rekonesans?

12 Apot Pòl te gen rekonesans poutèt frè yo te ede l. Pa egzanp, li te di kretyen nan vil Filip yo mèsi pou kado yo te voye ba li yo (Flp. 4:16). Li te fè konnen li te gen rekonesans tou pou èd Timote te ba li (Flp. 2:19-22). Pòl te di Bondye mèsi dèske frè yo te vin ankouraje l lè l t apral kòm prizonye nan vil Wòm (Tra. 28:15). Pòl te konn travay di e li te konn fè plizyè milye kilomèt ap vwayaje pou l al preche e pou l ankouraje kongregasyon yo. Men, li te gen imilite e li te aksepte frè ak sè yo ede l.

13. Ki jan frè ak sè ki granmoun yo ka montre yo gen rekonesans pou frè ak sè ki pi jèn yo?

13 Frè ak sè ki granmoun yo, gen plizyè fason nou kapab montre nou gen rekonesans pou jèn yo nou gen nan kongregasyon an. Pa egzanp, si yo ofri nou pou yo ban nou woulib, pou y al achte pou nou oswa pou yo fè lòt bagay nou bezwen, se pou nou kontan aksepte yo ede nou. Nou dwe wè sa kòm yon fason Jewova montre li renmen nou. Nou ka sezi wè jan nou vin gen bon zanmi. Toujou chèche ede jèn zanmi sa yo nou vin genyen yo vin pi pwòch ak Jewova, e di yo jan nou kontan wè yo k ap chèche fè plis pou ede kongregasyon an. Anplis de sa, se pou nou dispoze pase tan avèk yo epi rakonte yo eksperyans nou te fè nan lavi nou. Lè nou fè sa, n ap “montre [Jewova] nou gen rekonesans” dèske li te atire jèn sa yo vin nan kongregasyon an. — Kol. 3:15; Jan 6:44; 1 Tes. 5:18.

SE POU NOU RENMEN BAY

14. Ki jan wa David te montre li renmen bay?

14 Wa David te renmen bay, e se yon lòt bèl kalite moun ki granmoun yo bezwen demontre. Li te bay anpil kòb ak anpil bagay ki gen valè li te genyen pou l te ka soutni konstriksyon tanp lan (1 Kwo. 22:11-16; 29:3, 4). Li te fè sa menm lè l te konnen yo t apral rele tanp lan tanp Salomon an. Lè nou pa gen fòs ankò pou n patisipe nan pwojè konstriksyon òganizasyon an ap fè, nou ka toujou fè ofrann selon mwayen nou pou n soutni pwojè sa yo. E nou ka kontinye sèvi ak eksperyans nou te vin genyen pandan plizyè ane pou n ede jèn yo.

15. Ki kado ki gen anpil valè apot Pòl te bay Timote?

15 Nan kesyon renmen bay, ann pran egzanp apot Pòl. Li te mande Timote pou l akonpaye l nan travay misyonè a, e li te montre jèn gason sa a metòd li te itilize pou l preche e pou l anseye (Tra. 16:1-3). Fòmasyon Pòl te bay Timote a te ede l pou l preche e pou l anseye bon nouvèl la yon fason ki efikas (1 Kor. 4:17). Timote, bò kote pa l, te sèvi ak metòd Pòl te montre l yo pou l ede lòt moun.

16. Poukisa Shigeo te bay lòt moun fòmasyon?

16 Jodi a, frè ki granmoun yo pa pè pou yo pa sispann sèvi avèk yo si yo ta fòme frè ki pi jèn pou fè travay yo te konn fè nan kongregasyon an. Pa egzanp, tank ane ap pase, Shigeo, frè nou te pale de li pi wo a, te bay plizyè frè ki te pi jèn pase l nan Komite filyal la bonjan fòmasyon. Li te fè sa pou travay Wayòm nan te ka kontinye avanse nan peyi kote l ye a. Konsa, yon frè ki byen fòme te kapab ranplase l lè l te vin pa t ka sèvi kòm kowòdonatè ankò. Shigeo gen plis pase 45 an depi l ap sèvi kòm manm Komite filyal e li kontinye sèvi ak eksperyans li genyen an pou l fòme frè ki pi jèn yo. Frè ki menm jan ak Shigeo yo se yon benediksyon pou pèp Bondye a!

17. Selon Lik 6:38, ki sa frè ak sè ki granmoun yo kapab bay lòt moun?

17 Frè ak sè ki granmoun yo, nou se bonjan prèv ki montre lè yon moun met lafwa nan Jewova e li fidèl nan sèvis l ap ba li a, se pi bon fason moun sa a kapab itilize lavi l. Grasa egzanp nou bay, nou montre efò nou fè pou n aprann prensip ki nan Bib la e pou n aplike yo nan lavi nou pa pou granmesi. Nou gen anpil eksperyans nan fason bagay yo te konn fèt lontan, men, nou wè jan li bon pou n adapte nou ak chanjman ki vin genyen yo. Nou menm frè ak sè ki granmoun e ki pa gen lontan depi nou batize, nou gen anpil bagay nou kapab bay tou. Nou ka rakonte lòt moun jan sa ban nou kè kontan pou n vin konnen Jewova nan moman sa a nan lavi nou. Jèn yo ap kontan tande eksperyans nou te fè ak leson nou te aprann. Si nou “pran abitid bay” lè nou sèvi ak eksperyans nou genyen yo pou nou ede lòt moun, Jewova ap beni nou anpil. — Li Lik 6:38.

18. Ki jan frè ak sè ki granmoun yo ak jèn yo kapab ede youn lòt?

18 Frè ak sè ki granmoun yo nou renmen anpil, lè nou chèche vin zanmi jèn yo, youn ap kapab ankouraje lòt (Wom. 1:12). Nou chak gen yon bagay ki gen anpil valè lòt la pa genyen. Moun ki granmoun yo vin gen sajès ak eksperyans tank ane ap pase. Jèn yo yo menm gen fòs ak enèji. Lè jèn yo ak frè ak sè ki granmoun yo travay ansanm antanke zanmi, yo bay Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou louwanj e yo se bonjan èd pou tout moun nan kongregasyon an.

KANTIK 90 Annou youn ankouraje lòt

^ § 5 Nou kontan gen anpil jèn frè ak jèn sè nan kongregasyon nou yo k ap fè tout sa yo kapab pou yo soutni òganizasyon Jewova a. Kèlkeswa kilti frè ak sè ki granmoun yo oswa kèlkeswa fason yo te leve, yo kapab ede frè ak sè ki pi jèn yo pou yo bay tout fòs yo nan sèvis Jewova a.

^ § 55 ESPLIKASYON SOU FOTO: Lè yon siveyan sikonskripsyon gen 70 an, yo mande li menm ak madanm li pou y al nan yon lòt fòm sèvis. Eksperyans yo vin genyen tank ane ap pase pèmèt yo fòme lòt moun nan kongregasyon yo ye kounye a.