Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID  37

“M ap souke tout nasyon yo”

“M ap souke tout nasyon yo”

“M ap souke tout nasyon yo, e bagay ki gen anpil valè nan tout nasyon yo ap antre nan kay mwen an.” — AJE 2:7.

KANTIK 24 Vini sou mòn Jewova a

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Ki sekous pwofèt Aje te anonse pou epòk nou an?

NAN ane 2015, gen yon tranblemanntè ki te frape peyi Nepal. Men sa kèk moun ki te chape nan tranblemanntè a fè konnen: “Nan kèk minit sèlman, gen yon seri magazen ak bilding ki te la depi lontan ki te kòmanse tonbe youn apre lòt.” “Tout moun te panike [...]. Gen anpil moun ki te di tranblemanntè a te dire anviwon de minit. Pou mwen menm, sa te sanble yon etènite.” Si w te viv yon eksperyans terib konsa, ou pa t ap bliye l fasil.

2 N ap viv yon lòt kalite sekous kounye a menm. Li pap fèt nan yon sèl vil oswa nan yon sèl peyi. L ap fèt nan tout nasyon, e sa gen plizyè dizèn ane depi l kòmanse. Pwofèt Aje te anonse sekous sa a. Men sa l te ekri: “Men sa Jewova, Chèf lame yo, di: ‘Yon lòt fwa ankò, nan yon tikras tan, m ap souke syèl la ak tè a ansanm ak lanmè a ak tè sèch la.’” — Aje 2:6.

3. Nan ki sans sekous Aje te anonse a pa menm ak okenn tranblemanntè?

3 Sekous Aje te anonse a, se pa yon tranblemanntè toutbon, kote se dega sèlman ki fèt. Okontrè, li fè bon bagay rive. Men sa Jewova di nou: “M ap souke tout nasyon yo, e bagay ki gen anpil valè nan tout nasyon yo ap antre nan kay mwen an. Epi, m ap plen kay sa a ak glwa.” ​(Aje 2:7). Ki sa pwofesi sa a te vle di pou moun ki t ap viv nan epòk Aje a? E ki sa l vle di pou nou jodi a? Nou pral reponn kesyon sa yo e nou pral wè tou ki jan nou kapab patisipe nan travay k ap fèt k ap souke nasyon yo jodi a.

YON MESAJ KI TE ANKOURAJE MOUN YO NAN EPÒK AJE A

4. Poukisa Jewova te voye pwofèt Aje kot pèp Li a?

4 Jewova te bay pwofèt Aje yon misyon enpòtan. Reflechi ak sa k te pase anvan sa. Nan ane 537 anvan epòk nou an, sanble Aje te pami moun ki te sot ann egzil Babilòn pou retounen Jerizalèm. Yon ti tan apre sèvitè fidèl Jewova sa yo te rive Jerizalèm, yo te kòmanse fè fondasyon kay Jewova a, anpalan de tanp lan (Esd. 3:8, 10). Men, sa pa t pran anpil tan pou te vin gen yon gwo pwoblèm. Yo te jwenn opozisyon, sa te dekouraje yo e yo te kanpe travay la (Esd. 4:4; Aje 1:1, 2). Se sa k fè, nan ane 520 anvan epòk nou an, Jewova te voye pwofèt Aje al ankouraje Juif yo pou yo fin konstwi tanp lan *. — Esd. 6:14, 15.

5. Sa k fè mesaj Aje a dwe te ankouraje pèp Bondye a?

5 Mesaj Aje te bay la se te nan objektif pou ankouraje Juif yo vin gen plis lafwa nan Jewova. Pwofèt la te met kouraj sou li pou l di Juif ki te dekouraje yo pawòl ki vin annapre yo: “‘Se pou nou tout ki abite nan peyi a met kran sou nou e se pou n travay.’ Se sa Jewova di. ‘Paske, mwen avèk nou.’ Se sa Jewova, Chèf lame yo, di.” ​(Aje 2:4). Ekspresyon “Jewova, Chèf lame yo” dwe te ankouraje yo. Jewova ap dirije yon gwo lame zanj, se sa k fè Juif yo te bezwen konte sou li pou yo reyisi.

6. Ki efè sekous pwofèt Aje te anonse a t ap genyen?

6 Jewova te voye Aje al bay yon mesaj ki fè konnen li t ap gen pou l souke tout nasyon yo. Mesaj sa a te bay moun ki t ap konstwi tanp lan ki te dekouraje yo asirans Jewova t apral souke peyi Pès, pisans mondyal ki t ap domine anpil nasyon nan epòk sa a. Ki efè sekous sa a t apral genyen? Toudabò, pèp Bondye a t ap fin konstwi tanp lan. Apre sa, menm moun ki pa t Juif yo, t ap vin adore Jewova nan tanp sa a ansanm avèk pèp Bondye a. Se pa ti ankouraje mesaj sa a dwe te ankouraje pèp Bondye a! — Zak. 8:9.

YON TRAVAY K AP SOUKE TOUT TÈ A JODI A

Èske w fè tout sa w kapab nan travay k ap fèt jodi a k ap souke tout tè a? (Gade paragraf 7-8.) *

7. Ki travay n ap patisipe ladan l jodi a k ap souke tout tè a? Esplike.

7 Ki sans pwofesi Aje a gen pou nou jodi a? Yon lòt fwa ankò, Jewova ap souke tout nasyon yo, e fwa sa a, n ap patisipe nan travay sa a. Fè yon ti reflechi: An 1914, Jewova te met Jezi Kris Wa nan Wayòm Li an ki nan syèl la (Sòm 2:6). Lè Wayòm sa a te tabli, se te yon move nouvèl pou dirijan yo nan monn nan. Sa te vle di “tan ki fikse pou nasyon yo” rive nan bout li, anpalan de peryòd kote pa gen okenn dirijan ki reprezante Jewova (Lik 21:24). Se pou rezon sa a, sitou apati ane 1919, pèp Jewova a ap fè tout moun konnen Wayòm Bondye a se sèl espwa pou limanite. Travay predikasyon “bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan” souke tout tè a. — Mat. 24:14.

8. Selon Sòm 2:1-3, ki jan pifò moun nan nasyon yo reyaji devan mesaj sa a?

8 Ki jan moun yo reyaji devan mesaj sa a? Pifò moun pa aksepte l. (Li Sòm 2:1-3.) Nasyon yo ap bat kò yo. Yo refize aksepte Dirijan Jewova mete a. Yo pa konsidere mesaj Wayòm nan n ap preche a kòm yon “bon nouvèl”. An reyalite, gen kèk gouvènman ki menm entèdi travay predikasyon an! Menm lè anpil nan dirijan ki nan nasyon sa yo fè konnen se Bondye y ap sèvi, yo pa vle kite pouvwa ak otorite yo genyen an. Donk, menm jan dirijan yo nan epòk Jezi a te opoze avè l, se konsa tou, dirijan yo jodi a opoze ak Sila a Jewova chwazi a lè yo atake disip fidèl li yo. — Tra. 4:25-28.

9. Ki sa Jewova fè lè l wè nasyon yo pa byen reyaji?

9 Ki sa Jewova fè lè l wè nasyon yo pa byen reyaji? Men repons Sòm 2:10-12 bay: “Kounye a, nou menm wa, montre nou gen bon konprann. Aksepte yo korije nou, nou menm jij ki sou tè a. Se pou nou sèvi Jewova avèk krent, se pou nou gen kè kontan toutpandan nou gen lakrentif pou li. Onore pitit gason an! Si nou pa fè sa, Bondye ap fache, e n ap peri. Paske, li ka vin an kòlè byen vit. Byennere moun ki pran refij nan li.” Piske Jewova bon, li bay opozan sa yo tan pou yo pran bon desizyon an. Yo ka toujou chanje lide epi aksepte Wayòm Jewova a. Men, pa ret anpil tan. N ap viv “nan dènye jou” sistèm sa a (2 Tim. 3:1; Eza. 61:2). Li vin pi ijan toujou pou moun yo konn laverite e pou yo chwazi sèvi Jewova.

GEN MOUN KI BYEN REYAJI

10. Ki jan Aje 2:7-9 montre fason kèk moun t ap byen reyaji lè sekous la t ap fèt?

10 Sekous Aje te anonse a gen bon efè sou kèk moun. Aje te fè konnen sekous sa a ap fè “bagay ki gen anpil valè [anpalan de moun ki sensè] nan tout nasyon yo” vin adore Jewova *. (Li Aje 2:7-9.) Ezayi ak Miche te anonse gen yon bagay menm jan an ki t ap gen pou rive “nan dènye jou yo”. — Eza. 2:2-4; Miche 4:1, 2.

11. Ki jan yon frè te reyaji lè l te fèk tande mesaj Wayòm nan?

11 Reflechi sou sa yon frè ki rele Ken, k ap sèvi nan syèj mondyal la, te fè lè l te tande mesaj k ap souke tout tè a. Jis kounye a li byen sonje premye fwa li te tande mesaj Wayòm nan sa gen anviwon 40 an. Men sa Ken di: “Premye fwa m te tande verite ki soti nan Pawòl Bondye a, mwen te kontan aprann n ap viv nan dènye jou sistèm sa a. Mwen te konprann pou m te ka gen favè Bondye e pou m gen lavi ki pap janm fini an, mwen te oblije kite monn sa a ki pa gen okenn garanti e m te pran pozisyon fèm pou Jewova. Mwen te priye Jewova e m te aji tousuit. Mwen te kite monn nan e m te kouri al pran refij nan Wayòm Bondye a ki pa ka brannen.”

12. Nan ki sans tanp Jewova a plen ak glwa nan dènye jou sa yo?

12 Li klè Jewova beni pèp li a. Nan dènye jou sa yo, nou wè yon pakèt moun k ap vin adore Jewova. An 1914, nou te kèk milye sèlman. Kounye a gen plis pase uit milyon moun ki montre y ap adore Bondye toutbon, e gen plizyè milyon lòt moun ki vin selebre Memoryal la ansanm avè n chak ane. Nan sans sa a, lakou tanp Jewova a sou tè a, anpalan de dispozisyon Jewova pran pou adorasyon ki pwòp la, chaje ak “bagay ki gen anpil valè nan tout nasyon yo”. Chanjman moun sa yo fè pandan y ap abiye ak nouvo pèsonalite a fè non Jewova jwenn glwa tou. — Efe. 4:22-24.

Pèp Bondye a sou tout tè a kontan bay lòt moun temwayaj sou Wayòm Bondye a. (Gade paragraf 13.)

13. Bay kèk lòt pwofesi ki rive reyalize grasa bèl akwasman ki vin genyen an. (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

13 Bèl akwasman ki vin genyen an pèmèt yon pakèt lòt pwofesi reyalize, pa egzanp pwofesi nou jwenn nan Ezayi chapit 60 lan. Men sa vèsè 22 a di: “Sa ki pa anpil la ap tounen 1 000 e sa ki toupiti a ap tounen yon gwo nasyon. Mwen menm, Jewova, m ap akselere travay sa a nan lè l gen pou l fèt la.” Piske gen yon pakèt moun ki vin adore Jewova, gen yon bagay estrawòdinè k ap fèt. “Bagay ki gen anpil valè” sa yo vini ak divès talan ak kapasite, e yo dispoze preche “bon nouvèl [...] konsènan Wayòm nan”. Se sa k fè, jan Ezayi te fè konn sa, pèp Jewova a gen posiblite pou yo bwè “lèt nasyon yo”. (Eza. 60:5, 16.) Grasa èd gason ak fi sa yo ki gen anpil valè, travay predikasyon an ap fèt nan 240 peyi e nou tradui piblikasyon nan plis pase 1 000 lang.

SE MOMAN POU N PRAN YON DESIZYON

14. Ki desizyon moun yo dwe pran kounye a?

14 Lefètke Jewova ap souke nasyon yo nan tan lafen an, sa fè moun yo oblije pran yon desizyon. Èske y ap soutni Wayòm Bondye a, oswa y ap met konfyans yo nan gouvènman yo ki nan monn nan? Se desizyon sa a tout moun ap gen pou yo pran. Byenke pèp Jewova a obeyi lwa gouvènman nan peyi kote y ap viv yo, yo pa mele nan zafè politik monn sa a menm (Wom. 13:1-7). Yo konnen se sèl Wayòm nan ki pral rezoud pwoblèm lèzòm genyen yo. Wayòm sa a pa fè pati monn nan. — Jan 18:36, 37.

15. Ki jan liv Revelasyon an montre fidelite pèp Bondye a pral pase anba eprèv?

15 Liv Revelasyon an pale konsènan yon eprèv ki pral teste fidelite pèp Bondye a nan dènye jou yo. Eprèv sa a ap kontinye vin pi rèd pou nou toujou. Gouvènman yo ki nan monn sa a pral egzije nou pou nou adore yo e y ap pèsekite moun ki refize soutni yo (Rev. 13:12, 15). Yo pral “egzije pou yo bay tout moun, piti kou gran, rich kou pòv, moun lib kou esklav, yon mak nan men dwat yo oswa sou fwon yo”. (Rev. 13:16.) Nan tan lontan, yo te konn met yon mak sou esklav yo ak yon etanp pou montre kiyès ki mèt yo. Menm jan an tou, nan epòk nou an, yo pral atann pou tout moun gen yon mak senbolik sou men yo oswa sou fwon yo. Fason yo pral panse ak fason yo pral aji ap montre se gouvènman yo ki mèt yo e se yo y ap soutni.

16. Poukisa se depi kounye a nou bezwen pran detèminasyon pou n ret fidèl ak Jewova?

16 Èske n ap aksepte mak senbolik sa a k ap montre n ap soutni gouvènman yo. Moun ki refize aksepte mak la ap jwenn pwoblèm e lavi yo ap an danje. Men sa liv Revelasyon an di: “Pèsonn pa ka ni achte ni vann, sof moun ki gen mak la.” ​(Rev. 13:17). Men, pèp Bondye a konnen sa Bondye pral fè moun ki gen mak yo pale de li nan Revelasyon 14:9, 10 la. Olye yo aksepte mak sa a se kòmsi y ap ekri sou men yo: “Mwen se byen Jewova.” ​(Eza. 44:5). Kounye a, se moman pou nou asire n nou fidèl ak Jewova toutbon. Konsa, Jewova ap kontan di nou se byen l!

PRAL GEN YON DÈNYE SEKOUS

17. Ki sa nou bezwen sonje konsènan pasyans Jewova?

17 Jewova demontre anpil pasyans pandan dènye jou sa yo. Li pa ta renmen pèsonn moun detwi (2 Pyè 3:9). Li bay tout moun posiblite pou yo repanti e pou yo pran bon desizyon an. Men, pasyans li gen limit. Moun ki pa aksepte posiblite sa a yo jwenn nan pral nan yon sitiyasyon ki sanble ak sitiyasyon Farawon nan epòk Moyiz la. Jewova te di Farawon: “M te gendwa gentan leve men m pou m frape ni ou menm ni pèp ou a avèk yon gwo maladi, e m t ap gentan disparèt nou sou tè a. Sepandan, men pou ki rezon mwen kite w viv toujou: pou m ka fè w wè pisans mwen e pou yo ka fè konnen non m sou tout tè a.” ​(Egz. 9:15, 16). Rive yon lè, tout nasyon yo pral konnen Jewova se sèl vrè Dye a (Eze. 38:23). Ki jan sa pral fèt?

18. a) Konsènan ki kalite sekous y ap pale nan Aje 2:6, 20-22? b) Ki jan nou fè konnen pawòl Aje te ekri yo pral gen yon lòt akonplisman?

18 Plizyè syèk apre lanmò Aje, apot Pòl te montre pawòl ki nan Aje 2:6, 20-22 a t ap gen yon lòt akonplisman. (Li vèsè yo.) Men sa Pòl te ekri: “Kounye a, li fè yon pwomès, kote li di: ‘Yon lòt fwa ankò, nonsèlman m ap souke tè a, men m ap souke syèl la tou.’ Ekspresyon ‘yon lòt fwa ankò’ a vle di l ap elimine bagay li te souke yo, yon seri bagay se pa li ki te fè yo, dekwa pou bagay li pa t souke yo ka rete.” ​(Ebre 12:26, 27). Kontrèman ak sekous yo pale de li nan Aje 2:7 la, sekous sa a pral vle di moun ki menm jan ak Farawon ki refize aksepte dwa Jewova genyen pou l dirije a pral detwi pou toutan.

19. Ki sa ki pap souke, e ki jan nou fè konnen?

19 Ki sa ki pap souke oswa detwi? Men sa Pòl di apre sa: “Piske nou gen pou nou resevwa yon Wayòm yo pa ka brannen, annou kontinye gen favè san parèy la k ap pèmèt nou bay Bondye yon sèvis sakre ki fè l plezi, avèk lakrentif nou gen pou li e avèk respè.” ​(Ebre 12:28). Wi, apre dènye gwo sekous sa a fin fèt, se sèl Wayòm Bondye a ki pap brannen. L ap rete djanm! — Sòm 110:5, 6; Dàn. 2:44.

20. Ki chwa moun yo dwe fè, e ki jan nou kapab ede yo?

20 Pa gen tan pou pèdi! Moun yo dwe fè yon chwa: Si yo chwazi kontinye soutni monn sa a, y ap detwi. Si yo chwazi fè chanjman nan lavi yo pou yo fè volonte Bondye, y ap gen lavi ki pap janm fini an (Ebre 12:25). Grasa travay predikasyon n ap fè a, nou kapab ede moun yo konnen ki desizyon y ap bezwen pran nan kesyon enpòtan sa a. Ann ede plis moun toujou pran pozisyon pou Wayòm Bondye a. E se pou nou toujou sonje pawòl Jezi, Seyè nou an, ki te di: “Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.” — Mat. 24:14.

KANTIK 40 Pou kiyès nou ye?

^ § 5 Nan atik sa a, nou pral jwenn yon ajisteman sou fason nou te konprann Aje 2:7. Nou pral wè tou ki jan nou ka patisipe nan yon bèl travay k ap souke tout nasyon yo. Epitou, nou pral wè gen moun ki byen reyaji anrapò ak travay sa a, konsa tou, gen moun ki pa byen reyaji.

^ § 4 Nou konnen Aje te fè sa Jewova te mande l fè a, paske tanp lan te fin konstwi nan ane 515 anvan epòk nou an.

^ § 10 Se yon ajisteman ki fèt nan fason nou te konprann vèsè sa yo. Anvan sa nou te konn di se pa paske Jewova te souke tout nasyon yo ki fè moun ki sensè yo te kòmanse vin sèvi l. Gade “Kesyon lektè yo poze” ki parèt nan Toudegad 1ye jen 2006.

^ § 63 ESPLIKASYON SOU FOTO: Aje te ankouraje pèp Bondye a pou yo chofe nan travay ki t ap fèt pou rekonstwi tanp lan. Pèp Bondye a nan epòk nou an ki kontan anonse mesaj Bondye a. Yon mari ak madanm k ap preche yon mesaj ki gen rapò ak yon dènye sekous ki pral fèt.