Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 43

Pa dekouraje!

Pa dekouraje!

“Annou pa sispann fè sa ki byen.” — GAL. 6:9.

KANTIK 68 Annou simen semans Wayòm nan

SA NOU PRAL WÈ *

1. Poukisa nou kontan e nou fyè dèske nou se Temwen Jewova?

NOU kontan e nou fyè dèske nou se Temwen Jewova! Nou pote non Bondye e nou viv ann amoni ak non sa a lè nou patisipe nan travay fè disip la. Nou kontan lè nou kapab ede yon moun ki “nan bon dispozisyon pou [l] resevwa lavi ki pap janm fini an” pou l vin kwè (Tra. 13:48). Nou gen menm santiman ak Jezi ki te “kontan anpil e [ki te] vin ranpli ak lespri sen” lè disip yo te rakonte l bèl eksperyans yo te fè lè yo t ap preche. — Lik 10:1, 17, 21.

2. Ki jan nou kapab montre nou bay travay fè disip la anpil enpòtans?

2 Nou bay travay fè disip la anpil enpòtans. Men ankourajman apot Pòl te bay Timote: “Toujou veye sou tèt ou ak sou ansèyman w ap bay.” Apre sa li te di: “Lè w fè sa, w ap sove ni tèt ou, ni moun k ap koute w.” ​(1 Tim. 4:16). Donk, travay predikasyon an kapab sove lavi moun. Nou toujou veye sou tèt nou paske nou se sitwayen Wayòm Bondye a. Nou toujou vle aji yon fason k ap fè Jewova jwenn louwanj e ki ann amoni ak bon nouvèl n ap preche a (Flp. 1:27). Nou montre nou ‘veye sou ansèyman n ap bay la’ lè nou byen prepare pou travay fè disip la e lè nou priye Jewova anvan n al preche lòt moun.

3. Ki jan moun yo ka reyaji devan mesaj Wayòm nan? Bay yon egzanp.

3 Sepandan, menm lè nou fè tout sa nou kapab pou nou preche moun yo nan tèritwa a, yo gendwa pa fin twò enterese nan mesaj Wayòm nan oswa sa ka pa enterese yo menm. Ann pran egzanp frè Georg Lindal ki te preche poukont li toupatou nan peyi Islann, soti ane 1929 rive ane 1947. Li te bay plizyè dizèn milye piblikasyon, epoutan, pa gen yon moun ki te aksepte laverite. Men sa l te ekri: “Gen kèk moun ki te parèt kont laverite, men, pifò moun te jis pa enterese.” Menm lè te gen misyonè ki te pase nan Lekòl Galaad yo te voye al preche nan peyi Islann, se sèlman apre yo te fin fè nevan ap preche, kèk moun nan peyi sa a te vwe Jewova lavi yo e yo te batize *.

4. Ki jan nou ka santi n lè moun n ap preche yo pa enterese nan bon nouvèl la?

4 Lè moun yo pa enterese nan mesaj n ap preche a, sa fè nou tris. Nou ka santi nou menm jan ak Pòl ki te gen “yon gwo tristès ak yon lapenn ki pa [t] janm pase” paske pifò Juif te refize aksepte Jezi antanke Mesi Bondye te pwomèt la (Wom. 9:1-3). E si malgre tout efò nou fè ak priyè nou fè ak tout kè nou pou yon etidyan, li pa aplike sa l ap aprann yo e nou bezwen kanpe etid la? Oswa, petèt, nou pa janm fè etid ak yon moun jiskaske l batize. Èske nou ta dwe santi n koupab, kòmkwa pou n ta panse Jewova pa beni sèvis nou? Nan atik sa a, nou pral reponn de kesyon: 1) Ki lè nou ka di nou jwenn bon rezilta nan travay predikasyon an? 2) Ki sa nou dwe atann lè n ap preche lòt moun?

KI LÈ NOU KA DI NOU REYISI NAN TRAVAY PREDIKASYON AN?

5. Poukisa nou ka pa toujou jwenn rezilta nou ta renmen an nan travay n ap fè pou Jewova a?

5 Labib di yon moun ki fè volonte Bondye “ap reyisi nan tout sa l fè”. (Sòm 1:3.) Men, sa pa vle di tout sa nou fè pou Jewova ap toujou reyisi jan nou ta renmen an. Piske nou enpafè, ni lavi nou ni lavi lòt moun yo “chaje ak pwoblèm”. (Jòb 14:1.) Anplis de sa, pafwa moun ki opoze ak travay predikasyon an ka rive anpeche nou preche jan nou abitye fè sa (1 Kor. 16:9; 1 Tes. 2:18). Ki sa k ka fè Jewova konsidere nou reyisi nan travay predikasyon an? Ann wè kèk prensip biblik k ap ede nou reponn kesyon sa a.

Jewova bay travay nou fè anpil valè, kit nou preche moun yo fasafas, kit nou ekri lèt, oswa nou rele yo nan telefòn. (Gade paragraf 6.)

6. Ki lè Jewova konsidere nou reyisi nan travay n ap fè pou li a?

6 Jewova wè efò nou fè ak andirans nou genyen. Jewova kontan ak travay n ap fè pou li a depi nou patisipe nan travay sa a ak tout kè nou paske nou renmen l, kit moun yo byen reyaji kit yo pa byen reyaji. Men sa apot Pòl te ekri: “Paske, Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou fè ak lanmou nou demontre pou non l lè nou ede moun ki sen yo e nou kontinye ap ede yo.” ​(Ebre 6:10). Jewova sonje efò nou fè ak jan nou renmen l, menmsi nou pa gen yon etidyan ki batize. Donk, nou ka toujou aplike konsèy Pòl te bay kretyen Korent yo ki di: “Anrapò ak Seyè a, nou konnen nou pap travay pou granmesi”, menmsi efò nou fè a pa bay rezilta nou t ap atann nan. — 1 Kor. 15:58.

7. Ki sa nou kapab aprann nan fason apot Pòl te pale de sèvis li?

7 Apot Pòl te yon bon misyonè, li te fòme plizyè kongregasyon nan anpil vil. Men, lè kèk moun te kritike l e yo te di li pa yon bon anseyan, li pa t fè konnen konbyen moun li te ede vin kretyen. Okontrè, li pa t okipe moun sa yo ki t ap chèche pase pou pi bon. Men sa l te ekri: “Mwen travay plis pase yo.” ​(2 Kor. 11:23). Menm jan ak Pòl, nou bezwen sonje se efò nou ak andirans nou Jewova bay plis enpòtans.

8. Ki sa nou dwe sonje anrapò ak travay fè disip la?

8 Travay fè disip la fè kè Jewova kontan. Jezi te voye 70 disip al preche mesaj Wayòm nan, e lè yo te fin preche, yo te “retounen ak kè kontan”. Ki sa k te fè kè yo kontan konsa? Men sa yo te di: “Lè nou sèvi ak non w, menm demon yo soumèt devan nou.” Sepandan, Jezi te korije fason yo panse lè l te di yo: “Pa rejwi poutèt espri yo soumèt devan nou. Rejwi pito paske non nou ekri nan syèl la.” ​(Lik 10:17-20). Jezi te konnen yo pa t ap toujou fè bèl eksperyans konsa nan travay fè disip la. Anfèt, nou pa konn konbyen nan moun sa yo ki te tande disip yo ki te vin kretyen. Disip yo te bezwen konprann lajwa yo pa depann de rezilta yo jwenn, men, sa k te dwe pi enpòtan pou yo se lefètke yo konnen Jewova kontan wè efò y ap fè.

9. Selon Galat 6:7-9, ki sa n ap jwenn si nou pèsevere nan travay fè disip la?

9 Si nou pèsevere nan travay fè disip la, n ap gen lavi ki pap janm fini an. Pandan n ap fè tout sa nou kapab pou nou preche moun yo bon nouvèl la e pou nou anseye yo, nou “simen pou lespri a” lè nou kite lespri sen Bondye aji nan lavi nou. Depi nou pa “sispann fè sa ki byen” oswa “nou pa kite fatig pote n ale”, Jewova ban nou garanti n ap gen lavi ki pap janm fini an, menmsi nou pa rive ede yon moun n ap etidye Labib avè l vwe Bondye lavi l. — Li Galat 6:7-9.

KI SA NOU DWE ATANN KI KA RIVE LÈ N AP PRECHE LÒT MOUN?

10. Poukisa gen moun ki koute nou lè n ap preche e gen lòt ki pa koute nou?

10 Se sitou sa k nan kè moun k ap koute nou yo k ap pouse yo reyaji. Jezi te esplike verite sa a lè l te pran egzanp yon moun k ap simen semans nan divès kalite tè. Se sèlman semans ki te tonbe nan bon tè a ki te bay fwi (Lik 8:5-8). Jezi te di divès kalite tè sa yo reprezante kè moun yo ki pa t ap reyaji menm jan devan “pawòl Bondye a”. (Lik 8:11-15.) Menm jan ak moun ki simen semans lan, nou pa ka konnen ki rezilta travay nou fè yo ap bay, paske sa depann de kè moun k ap koute nou yo. Responsablite pa nou se kontinye simen bon semans mesaj Wayòm nan. Apot Pòl te di: “Yo chak ap resevwa rekonpans pa yo selon travay pa yo”, men se pa selon rezilta travay yo. — 1 Kor. 3:8.

Byenke Noye te fè anpil ane ap preche fidèlman, pa t gen okenn moun ki te antre nan lach la avè l, eksepte fanmi pwòch li. Sepandan, Noye te obeyi Bondye, li te fè travay Bondye te ba l fè a! (Gade paragraf 11)

11. Poukisa nou ka di Noye te byen fè travay li antanke “yon moun ki t ap preche sa ki jis”? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

11 Te toujou gen moun ki pa vle koute sèvitè Jewova yo. Pa egzanp, Noye te fè plizyè dizèn ane “ap preche sa ki jis”. (2 Pyè 2:5.) Se sèten li te espere lòt moun t ap koute mesaj li t ap preche a, men, Jewova pa t janm di gen moun ki t ap koute l. Okontrè, lè l te di Noye pou l konstwi lach la, li te di l: “Ou dwe antre nan lach la ansanm ak pitit gason w yo, madanm ou ak madanm pitit gason w yo.” ​(Jen. 6:18). Lè Noye t ap panse ak gwosè Bondye te di l pou l fè lach la, petèt, Noye te rann li kont pa t ap gen anpil moun ki t ap koute mesaj li t ap preche a paske pa t ap gen plas pou yo nan lach la (Jen. 6:15). E jan nou konn sa, pa t menm gen yon moun ki te koute l (Jen. 7:7). Èske Jewova te panse se paske Noye pa t fè ase efò pou l te preche moun yo ki fè sa te rive? Non, li pa t panse sa. Jewova te satisfè ak travay Noye te fè a, paske Noye te fè egzakteman sa Jewova te mande l fè. — Jen. 6:22.

12. Ki jan pwofèt Jeremi te kontinye gen kè kontan nan sèvis li menm lè moun yo pa t vle koute l e yo te opoze avè l?

12 Menm jan an tou, pwofèt Jeremi te fè plizyè dizèn ane ap preche, li pa t jwenn moun ki te koute l e yo te opoze avè l. Li te vin tèlman dekouraje lefètke moun ki te opoze avè l yo ‘t ap joure l e yo t ap pase l nan rizib’, li te menm vle sispann fè travay Bondye te ba l fè a (Jer. 20:8, 9). Men, Jeremi pa t bay vag! Ki sa k te ede l konbat panse negatif li te genyen yo e ki te ede l kontinye gen kè kontan nan sèvis li? Li te konsantre l sou de bagay enpòtan. Premyèman, mesaj Bondye te voye Jeremi al bay moun yo t ap ba yo “yon avni ak yon espwa”. (Jer. 29:11.) Dezyèmman, Jewova te chwazi Jeremi pou al pale pou Li e pou l bay moun yo mesaj Li a (Jer. 15:16). Nou menm tou n ap preche yon mesaj ki bay espwa nan yon monn ki tèt anba, e nou pote non Jewova antanke Temwen l. Lè nou konsantre sou de bagay enpòtan sa yo, nou kapab gen kè kontan kit moun yo byen reyaji kit yo pa byen reyaji.

13. Ki sa nou aprann nan egzanp Jezi te bay nou jwenn nan Mak 4:26-29 la?

13 Se tikras pa tikras yon moun vin gen lafwa. Jezi te anseye verite sa a lè l te bay egzanp yon mesye ki te fin simen semans nan yon jaden e ki t al dòmi. (Li Mak 4:26-29.) Se tikras pa tikras semans li te simen yo te grandi e l pa t ka fè anyen pou l fè yo grandi pi vit. Menm jan an tou, nou ka bezwen tann anpil tan anvan nou wè yon moun n ap etidye Labib avè l aplike sa l ap aprann yo. Menm jan yon kiltivatè pa ka fòse yon semans grandi, se menm jan an tou, nou pa ka fòse moun n ap etidye Labib avèk yo vin gen lafwa byen vit jan nou ta renmen an. Donk, nou pa bezwen dekouraje oswa bay vag si moun yo pran plis tan pou yo fè pwogrè pase sa nou te panse. Menm jan ak kiltivatè a, nou bezwen gen pasyans pou n fè disip. — Jak 5:7, 8.

14. Ki egzanp ki montre moun yo ka pran anpil tan anvan yo kòmanse koute nou?

14 Nan kèk tèritwa, sa ka pran anpil tan anvan nou wè rezilta travay nou. Ann pran egzanp Gladys ak Ruby Allen, de sè menm manman menm papa, ki te pyonye pèmanan nan ane 1959 nan yon vil nan pwovens Kebèk nan peyi Kanada *. Etandone moun nan zòn nan te pè sa vwazen oswa prèt nan Legliz katolik yo te ka di yo oswa fè yo, yo pa t vle koute mesaj Wayòm nan. Men sa Gladys sonje: “Nou te fè uit èdtan ap preche kay an kay chak jou pandan dezan, men, pèsonn pa t koute nou! Moun yo te konn annik parèt nan pòt la, epi lè yo wè se nou, yo vire y ale. Men, nou pa t dekouraje.” Rive yon lè, moun yo te vin pi amikal, e gen kèk ki te kòmanse koute. Kounye a, gen twa kongregasyon nan vil sa a. — Eza. 60:22.

15. Ki sa nou aprann nan 1 Korentyen 3:6, 7 anrapò ak travay fè disip la?

15 Se plizyè moun ki bezwen met ansanm pou ede yon moun vin yon disip. Nòmalman, se tout yon kongregasyon ki ede yon moun jiskaske l batize. (Li 1 Korentyen 3:6, 7.) Yon pwoklamatè bay yon moun ki enterese yon feyè oswa yon peryodik. Annapre, pwoklamatè a wè pwogram li pap pèmèt li retounen vizite moun nan, li pase yon lòt pwoklamatè vizit la. Pwoklamatè k al fè vizit la kòmanse yon etid ak moun nan. Annapre, li envite lòt frè ak lòt sè nan etid la, e yo chak ankouraje etidyan an fason pa yo. Chak frè oswa chak sè etidyan an rankontre ap patisipe nan wouze semans verite a. Jan Jezi te di sa, ni moun ki simen an ni moun ki rekòlte a ka rejwi ansanm nan rekòt la. — Jan 4:35-38.

16. Sa k fè w ka gen kè kontan nan sèvis la menmsi w gen pwoblèm sante oswa w pa gen anpil fòs?

16 E si w pa ka preche epi anseye bon nouvèl la jan w te konn fè sa anvan akoz pwoblèm sante oswa akoz ou pa gen anpil fòs? Ou ka toujou gen kè kontan lè w patisipe nan rekòt la. Ann pran egzanp wa David, lè li menm ak mesye l yo t al sove fanmi yo ak byen yo te genyen anba men yon bann vòlè ki moun Amalèk. Gen 200 nan mesye yo ki te twò fatige pou yo t al nan batay la, donk yo te ret ap veye bagay yo te genyen yo. Apre yo te fin genyen batay la, David te bay lòd pou yo pataje sa yo te pran yo ren pou ren (1 Sam. 30:21-25). Se menm bagay la tou anrapò ak travay fè disip n ap fè nan lemonnantye a. Chak moun ki fè tout sa yo kapab nan travay la ka gen kè kontan lè yon moun vin aprann konnen Jewova epi l batize.

17. Pou ki bagay nou dwe di Jewova mèsi?

17 Nou di Jewova mèsi pou lanmou l demontre pou nou nan fason li konsidere sèvis n ap ba li a. Li konnen nou pa ka fòse moun yo koute nou oswa vin sèvi l. Men, li wè tout efò n ap fè ak jan nou renmen l, e li rekonpanse nou pou sa. Epitou, li montre nou fason pou n jwenn kè kontan nan kèlkeswa sa n ap fè nan gwo rekòt la (Jan 14:12). Nou kapab gen asirans nou fè kè Bondye kontan depi n pa dekouraje!

KANTIK 67 “Preche Pawòl la”

^ § 5 Nou kontan lè moun yo aksepte bon nouvèl la, e sa fè nou tris lè yo pa aksepte l. Petèt w ap etidye Labib ak yon moun ki pa aplike sa l ap aprann yo, oswa ou poko janm etidye ak yon moun jiskaske l rive batize. Èske w ta dwe panse ou pa efikas nan travay fè disip la? Nan atik sa a, nou pral wè ki jan nou kapab reyisi nan travay fè disip la e ki jan nou kapab gen kè kontan kit moun yo koute nou kit yo pa koute nou.

^ § 14 Gade byografi Gladys Allen ki gen tit “Je ne changerais rien!” nan Toudegad 1ye septanm 2002.