Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 44

Ki sa lanmou fidèl Jewova genyen an vle di pou ou?

Ki sa lanmou fidèl Jewova genyen an vle di pou ou?

“Lanmou fidèl [Jewova] genyen an ap la pou toutan.” — SÒM 136:1.

KANTIK 108 Lanmou fidèl Bondye genyen an

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa Jewova ankouraje nou fè?

 LANMOU fidèl enpòtan anpil pou Jewova (Oze 6:6). Li ankouraje sèvitè l yo pou yo bay kalite sa a anpil enpòtans tou. Pa mwayen pwofèt Miche, Bondye nou an mande nou pou nou “renmen lanmou ki fidèl”. (Miche 6:8, nòt.) Sepandan, anvan nou fè sa, nou bezwen konnen ki sa lanmou fidèl ye.

2. Ki sa lanmou fidèl ye?

2 Ki sa lanmou fidèl ye? Ekspresyon “lanmou fidèl” oswa “lanmou ki fidèl” parèt anviwon 230 fwa nan Labib — Tradiksyon monn nouvo a. Ki sa l ye? Selon “Lis mo yo esplike yo” nou jwenn nan tradiksyon Labib sa a, li fè referans ak “angajman, entegrite, fidelite ak gwo atachman ki fè yon moun montre lanmou sa a. Byen souvan, yo sèvi ak ekspresyon sa a pou pale de lanmou Bondye gen pou lèzòm, men, yo itilize l tou pou pale de lanmou moun gen pou moun”. Se Jewova ki bay pi bèl egzanp nan demontre lanmou fidèl. Nan atik sa a, nou pral wè ki jan Jewova demontre lanmou fidèl pou moun. Nan atik ki vin apre a, nou pral wè ki jan nou ka imite Jewova antanke sèvitè l lè nou demontre lanmou fidèl youn pou lòt.

JEWOVA GEN “ANPIL LANMOU FIDÈL”

3. Ki sa Jewova te fè Moyiz konnen anrapò avè L?

3 Yon ti tan apre Izrayelit yo te fin kite peyi Ejip, Jewova te fè Moyiz konnen kèk bagay ki gen rapò ak non L ak kalite L yo. Men sa L te di: “Jewova, Jewova, yon Bondye ki gen mizèrikòd e ki gen kè sansib, ki pa fè kòlè fasil, ki gen anpil lanmou fidèl, ki toujou di laverite, ki demontre yon lanmou ki fidèl pou plizyè milye jenerasyon, ki padone erè, bagay moun fè ki mal ak peche.” (Egz. 34:6, 7). Jewova te sèvi ak bèl deklarasyon sa a pou l te fè Moyiz konnen yon aspè ki vrèman espesyal sou lanmou fidèl li genyen. Ki sa l ye?

4-5. a) Ki jan Jewova dekri tèt li? b) Ki kesyon nou pral reponn?

4 Jewova pa t sèlman di li gen lanmou fidèl, men li te di li gen “anpil lanmou fidèl”. Fason sa a Jewova dekri tèt li a parèt sis lòt fwa nan Bib la (Nonb 14:18; Ney. 9:17; Sòm 86:15; 103:8; Jow. 2:13; Jon. 4:2). Nan tout vèsè sa yo, ekspresyon sa a gen rapò ak Jewova sèlman, li pa janm gen rapò ak lèzòm. Èske sa pa estrawòdinè lefètke souvan Jewova pale de tèt li fason sa a? Donk, nou ka wè lanmou fidèl enpòtan anpil pou li *. Nou konprann rezon ki fè wa David te di: “O Jewova, lanmou fidèl ou genyen an rive jis nan syèl la [...]. O Bondye, lanmou fidèl ou genyen an se gwo zafè! Se anba zèl ou moun pran refij.” (Sòm 36:5, 7). Menm jan ak David, èske lanmou fidèl Bondye genyen an enpòtan anpil pou nou?

5 Nou pral egzamine de kesyon pou n pi byen konprann ki sa lanmou fidèl ye: Pou kiyès Jewova demontre lanmou fidèl? E ki jan nou ka benefisye lanmou fidèl Jewova genyen an?

POU KIYÈS JEWOVA DEMONTRE LANMOU FIDÈL?

6. Pou kiyès Jewova demontre lanmou fidèl?

6 Pou kiyès Jewova demontre lanmou fidèl? Labib pale de anpil bagay nou kapab renmen, tankou “fè jaden”, “diven ak luil”, “disiplin”, “konesans”, “sajès”, pou n site sa yo sèlman (2 Kwo. 26:10; Pwo. 12:1; 21:17; 29:3). Sepandan, yo pa janm demontre lanmou fidèl pou yon bagay, se pou moun sèlman yo demontre l. Men, Jewova pa demontre lanmou fidèl pou tout moun. Li demontre lanmou fidèl pou moun ki gen yon relasyon espesyal avè l. Bondye nou an fidèl ak zanmi l yo, li gen yon bèl objektif pou yo e li pap janm sispann renmen yo.

Jewova bay lèzòm anpil bon bagay, menm moun ki pap adore l. (Gade paragraf 7.) *

7. Ki jan Jewova montre li renmen lèzòm an jeneral?

7 Jewova montre li renmen lèzòm an jeneral. Jezi te di yon mesye ki rele Nikodèm: “Bondye tèlman renmen [lèzòm], li bay sèl Pitit Gason li fè a pou [yo], dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an.” — Jan 3:1, 16; Mat. 5:44, 45.

Selon sa wa David ak pwofèt Dànyèl te di, Jewova demontre lanmou fidèl pou moun ki konnen l, ki gen lakrentif pou li, ki renmen l e ki obeyi kòmandman l yo. (Gade paragraf 8-9.)

8-9. a) Poukisa Jewova demontre lanmou fidèl pou sèvitè l yo? b) Ki sa nou pral wè kounye a?

8 Jan nou sot wè sa, Jewova montre li gen lanmou fidèl pou moun ki gen bon relasyon avè l sèlman, anpalan de moun k ap sèvi l. Sa parèt klè nan pawòl wa David ak pwofèt Dànyèl te di. Pa egzanp, David te di: “Kontinye demontre lanmou fidèl ou genyen an pou moun ki konnen w yo.” “Jewova ap demontre lanmou fidèl li genyen an pou moun ki gen lakrentif pou li yo pou toutan.” Epi, men sa Dànyèl te di: “O Jewova, vrè Dye a, [...] ki montre lanmou fidèl pou moun ki renmen l e ki obeyi kòmandman l yo.” (Sòm 36:10; 103:17; Dàn. 9:4). Ann amoni ak pawòl sa yo, Jewova demontre lanmou fidèl pou sèvitè l yo paske yo konnen l, yo gen lakrentif pou li, yo renmen l e yo obeyi kòmandman l yo. Jewova montre lanmou fidèl pou pèp li a sèlman, sa vle di moun k ap adore l jan l mande a.

9 Anvan nou te vin ap sèvi Jewova, nou te benefisye lanmou li demontre pou lèzòm an jeneral (Sòm 104:14). Men, antanke adoratè Jewova nou benefisye lanmou fidèl li genyen an tou. Anfèt, men asirans Jewova bay sèvitè l yo: “Lanmou ki fidèl mwen gen pou ou a ap rete byen djanm.” (Eza. 54:10). Vrèmanvre, jan David te viv sa, “Jewova ap trete moun ki fidèl avè l la yon fason espesyal”. (Sòm 4:3.) Lefètke nou konnen Jewova trete nou yon fason espesyal, ki sa n ta dwe fè? Men sa youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo fè konnen: “Moun ki saj yo ap wè bagay sa yo e y ap byen reflechi sou sa Jewova fè ki montre li gen yon lanmou ki fidèl.” (Sòm 107:43). Toutpandan n ap panse ak pawòl sa a Jewova te fè ekri a, ann egzamine twa fason sèvitè l yo benefisye lanmou fidèl li demontre a.

KI JAN NOU KA BENEFISYE LANMOU FIDÈL JEWOVA?

Jewova bay moun k ap adore l yo plis bon bagay toujou. (Gade paragraf 10-16.) *

10. Lefètke nou konnen lanmou fidèl Bondye genyen an ap la pou toutan, ki jan sa ede nou? (Sòm 31:7).

10 Lanmou fidèl Bondye genyen an ap la pou toutan. Yo pale sou aspè enpòtan sa a lanmou fidèl genyen an 26 fwa nan Sòm 136. Men sa nou li nan premye vèsè a: “Di Jewova mèsi paske li bon. Lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.” (Sòm 136:1). Soti nan vèsè 2 rive nan vèsè 26, men sa yo repete chak fwa: “Paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.” Lè n li rès vèsè yo nan sòm sa a, nou sezi wè jan Jewova demontre lanmou fidèl li genyen an plizyè fason, e li pa janm sispann fè sa. Pawòl yo repete chak fwa ki di “paske lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan” ban nou asirans Bondye ap toujou renmen pèp li a. Se pa ti ankourajan sa ankourajan pou n konnen Jewova pap kouri abandone sèvitè l yo! Okontrè, li atache ak moun k ap sèvi l yo, e li ret bò kote yo sitou nan moman ki difisil. Byenfè n ap jwenn: Lefètke nou konnen Jewova ret bò kote n, sa ban nou kè kontan ak fòs nou bezwen pou n fè fas ak pwoblèm nou genyen e pou n kontinye mache sou chemen lavi a. — Li Sòm 31:7.

11. Selon Sòm 86:5, ki sa k pouse Jewova padone?

11 Lanmou fidèl Bondye genyen an fè l renmen padone. Lè Jewova wè yon moun ki peche repanti e li sispann fè move bagay li te konn fè yo, lanmou fidèl Li genyen an pouse l padone moun sa a. Men sa David, youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo, te di konsènan Jewova: “Li pa trete nou dapre peche nou fè, ni li pa fè nou sibi sa nou merite pou erè nou yo.” (Sòm 103:8-11). David te byen konnen jan n ka santi n koupab e nou ka santi n tris si konsyans nou ap kale nou, paske l te viv sa. Men, li te aprann tou Jewova “dispoze padone”. Ki sa k pouse Jewova padone? Nou jwenn repons lan nan Sòm 86:5. (Li vèsè a.) Vrèmanvre, jan David te di nan priyè l te fè a, Jewova padone paske li gen anpil lanmou fidèl pou tout moun ki envoke non l.

12-13. Si nou santi n koupab e nou tris akoz move bagay nou te fè, ki sa k ap ede n?

12 Lè nou peche, li nòmal e li menm bon pou n santi n gen remò. Sa ka pouse n repanti epi chanje move fason n te konn aji. Sepandan, gen kèk sèvitè Bondye ki ka pa sispann santi yo koupab akoz move bagay yo te fè. Kè yo k ap kondane yo fè yo kwè Jewova pap janm padone yo, kèlkeswa jan yo ta montre yo repanti. Si se konsa w santi w, yon bagay k ap ede w se lè w konprann Bondye vrèman vle demontre lanmou fidèl pou sèvitè l yo.

13 Byenfè n ap jwenn: Malgre nou enpafè, nou kapab kontan sèvi Jewova ak yon konsyans ki klè. Sa posib paske “san Jezi, Pitit li a, pirifye nou anba tout peche”. (1 Jan 1:7.) Lè w dekouraje akoz enpèfeksyon ou gen lakay ou, sonje Jewova vrèman dispoze padone moun ki repanti. Remake rapò David montre ki genyen ant lanmou fidèl ak padon. Men sa l te ekri: “Menm jan nou pa ka mezire distans ki gen ant syèl la ak tè a, se konsa tou nou pa ka mezire nan ki pwen Bondye gen yon lanmou ki fidèl pou moun ki gen lakrentif pou li yo. Menm jan kote solèy la leve a lwen kote li kouche a, se konsa tou li mete peche nou yo lwen nou.” (Sòm 103:11, 12). Li klè, Jewova dispoze “padone [...] nèt”. — Eza. 55:7.

14. Ki jan David montre fason lanmou fidèl Bondye pwoteje n?

14 Lanmou fidèl Bondye genyen an pwoteje relasyon nou gen avè l la. Men sa David te di Jewova nan yon priyè: “Ou se yon kachèt pou mwen, w ap pwoteje m lè bagay yo difisil pou mwen. W ap antoure m ak rèl lakontantman akoz delivrans ou bay. [...] Yon moun ki mete konfyans li nan Jewova ap benefisye lanmou fidèl Li genyen an.” (Sòm 32:7, 10). Menm jan miray ki te antoure yon vil nan tan lontan te pwoteje moun ki te abite nan vil la, se konsa tou, lanmou fidèl Jewova antoure nou, li pwoteje nou kont danje ki ta ka fè n pa fidèl avè l. Anplis de sa, lanmou fidèl Jewova genyen an fè l rale n vin jwenn li. — Jer. 31:3.

15. Ki rapò ki genyen ant lanmou fidèl Jewova ak yon refij e ak yon fòtrès?

15 David te sèvi ak yon lòt konparezon pou l te montre fason Bondye pwoteje pèp li a. Men sa l te ekri: “Bondye se refij kote m ka jwenn sekirite, li montre li gen yon lanmou ki fidèl pou mwen.” Men yon lòt bagay David te di konsènan Jewova: “Li se Sila a ki demontre yon lanmou ki fidèl pou mwen. Li se fòtrès mwen, li se refij kote m ka jwenn sekirite, li se sovè m, li se boukliye m e se nan li mwen pran refij.” (Sòm 59:17; 144:2). Poukisa David te konpare lanmou fidèl Jewova ak yon refij e ak yon fòtrès? Kèlkeswa kote n ap viv sou tè a, depi n ap sèvi Jewova, l ap ban nou tout pwoteksyon nou bezwen pou n ka toujou gen bon relasyon avè l. Nou jwenn menm asirans sa a nan Sòm 91. Moun ki te ekri sòm sa a te di: “Men sa m ap di Jewova: ‘Ou se refij mwen ak fòtrès mwen.’” (Sòm 91:1-3, 9, 14). Moyiz te sèvi ak yon konparezon menm jan an pou l pale de yon refij (Sòm 90:1, nòt). Epitou, yon ti tan anvan Moyiz mouri, li te fè yon lòt bèl konparezon. Men sa l te ekri: “Bondye se yon refij pou nou depi lontan, l ap soutni nou ak bra l ki la pou toutan.” (Det. 33:27). Ki sa ekspresyon “l ap soutni nou ak bra l ki la pou toutan” an aprann nou sou Jewova?

16. Bay de fason Jewova beni nou. (Sòm 136:23).

16 Lè Jewova se refij nou, nou santi nou an sekirite. Men, gende jou nou ka santi n dekouraje e n pa ka fè anyen pou n anpeche sa. Lè konsa, ki sa Jewova ap fè pou nou? (Li Sòm 136:23.) L ap soutni n ak bra l, l ap leve n dousman, e l ap ede n pou n kanpe sou de pye n ankò (Sòm 28:9; 94:18). Byenfè n ap jwenn: Lefètke n konnen nou ka toujou konte sou èd Bondye, sa fè n sonje de fason li beni nou. Premyèman, kèlkeswa kote n ap viv, Jewova ap toujou pwoteje n. Dezyèmman, Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou gen anpil sousi pou nou.

NOU MÈT GEN ASIRANS BONDYE AP KONTINYE DEMONTRE LANMOU FIDÈL POU NOU

17. Piske Bondye gen lanmou fidèl, ki asirans sa ban nou? (Sòm 33:18-22).

17 Jan nou sot wè sa, lè n ap fè fas ak eprèv, nou mèt gen asirans Jewova ap soutni nou, l ap ban nou èd nou bezwen pou n ret fidèl (2 Kor. 4:7-9). Men sa pwofèt Jeremi te di: “Se paske Jewova gen lanmou ki fidèl pou nou ki fè nou pa fin depafini nèt. Paske, mizèrikòd li pa janm fini.” (Lam. 3:22). Nou ka gen asirans Jewova ap kontinye demontre lanmou fidèl pou nou, paske, jan youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te fè konnen, “je Jewova ap gade moun ki gen lakrentif pou li, moun ki konte sou lanmou fidèl li genyen an”. — Li Sòm 33:18-22.

18-19. a) Ki sa n bezwen sonje? b) Ki sa n pral wè nan atik ki vin apre a?

18 Ki sa nou bezwen sonje? Anvan n te vin ap sèvi Jewova, nou te benefisye lanmou li demontre pou lèzòm an jeneral. Men, lè nou vin ap adore l, nou benefisye lanmou fidèl li genyen an. Se lanmou sa a ki pouse Jewova pou l kenbe nou nan bra l pou l pwoteje nou. L ap toujou soutni n e l ap reyalize objektif li gen pou nou. Li vle byen pou nou (Sòm 46:1, 2, 7)! Kidonk, kèlkeswa eprèv nou ta jwenn, Jewova ap ban n fòs nou bezwen pou n ret fidèl.

19 Nou sot wè ki jan Jewova demontre lanmou fidèl pou sèvitè l yo. Li vle n demontre lanmou fidèl youn pou lòt tou. Ki jan n ka fè sa? Atik ki vin apre a pral pale sou sijè enpòtan sa a.

KANTIK 136 Jewova ap byen rekonpanse w

^ § 5 Ki sa lanmou fidèl ye? Pou kiyès Jewova demontre lanmou fidèl, e ki jan kalite sa a ede moun ki benefisye l yo? Atik sa a ak atik ki vin apre a ap pale sou kalite enpòtan sa a, n ap jwenn repons kesyon sa yo nan atik sa a.

^ § 4 Ekspresyon Bondye gen anpil lanmou fidèl la parèt tou nan lòt vèsè nan Bib la. — Gade Neyemi 13:22; Sòm 69:13; 106:7 ak Lamantasyon 3:32.

^ § 54 ESPLIKASYON SOU FOTO: Jewova demontre lanmou pou lèzòm an jeneral, san wete sèvitè l yo. Ti desen ki anlè tèt moun yo ede n wè kèk fason Bondye demontre lanmou. Pi bèl fason an se posiblite n genyen pou n benefisye ranson an.

^ § 62 ESPLIKASYON SOU FOTO: Jewova aji yon fason espesyal ak moun ki vin sèvi l e ki met lafwa nan ranson an. Nonsèlman yo benefisye lanmou Bondye demontre pou lèzòm an jeneral, men tou, yo benefisye lanmou fidèl Bondye demontre pou sèvitè l yo sèlman. Plizyè nan fason sa yo parèt nan ti desen yo.