Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 48

“Nou dwe sen”

“Nou dwe sen”

“Se pou nou vin sen nan tout konduit nou.” — 1 PYÈ 1:15.

KANTIK 34 Mache avèk fidelite

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki konsèy apot Pyè te bay kwayan parèy li yo, e poukisa konsèy li te bay la ka parèt enposib pou nou suiv?

KIT nou gen esperans pou n al viv nan syèl oswa pou nou viv sou tè a, lè nou egzamine konsèy apot Pyè te bay kretyen nan premye syèk la Bondye te chwazi pou al nan syèl, sa ka itil nou. Men sa Pyè te ekri: “Se pou nou vin sen nan tout konduit nou menm jan ak Bondye ki sen an ki rele nou an, paske men sa ki ekri: ‘Nou dwe sen, paske mwen menm, mwen sen.’” (1 Pyè 1:15, 16). Pawòl sa yo ede nou wè nou ka imite Jewova, li menm ki bay pi bèl egzanp antanke Sila a ki sen. Nou kapab vin sen nan konduit nou, e se yon obligasyon nou genyen. Sa ka parèt enposib paske nou enpafè. Pyè te fè anpil erè. Men, egzanp li montre nou kapab “vin sen”.

2. Ki kesyon nou pral reponn nan atik sa a?

2 Nan atik sa a, nou pral egzamine kesyon ki vin annapre yo: Ki sa sa vle di pou yon moun sen? Jewova se yon Dye ki sen, ki sa Bib la aprann nou sou sa? Ki jan nou kapab vin sen nan konduit nou? E ki rapò ki gen ant vin sen ak relasyon nou ak Jewova?

KI SA SA VLE DI POU YON MOUN SEN?

3. Ki jan anpil moun konprann kesyon vin sen an, men, ki kote nou kapab jwenn enfòmasyon ki egzak?

3 Anpil moun panse yon moun ki sen se yon moun ki pa konn ri, ki met yon rad espesyal relijyon li ladan l lan mande pou l mete, e ki toujou byen serye. Men, se pa konsa yon moun ki sen ye. Jewova sen, e Bib la fè konnen li se “Bondye ki gen kè kontan an”. (1 Tim. 1:11.) Bib la di moun k ap adore Jewova yo “byennere”. (Sòm 144:15.) Jezi te kondane moun ki te konn met rad espesyal e ki te konn pratike sa ki jis pou fè moun wè yo (Mat. 6:1; Mak 12:38). Antanke kretyen, nou vin konnen sa sa vle di pou yon moun sen grasa sa nou aprann nan Bib la. Nou gen konviksyon Bondye nou an ki sen e ki gen lanmou pa t ap janm ban nou yon kòmandman nou pa t ap ka obeyi. Se sa k fè, lè Jewova di nou: “Nou dwe sen”, nou sèten sa posib. Nòmalman, anvan pou nou vin sen nan konduit nou, nou bezwen konprann sa sa vle di pou yon moun sen.

4. Ki sa mo “sen” an ak mo “sakre” a vle di?

4 Ki sa sa vle di pou yon moun sen? Nan Bib la, an jeneral, mo “sen” an ak mo “sakre” a fè referans ak sa ki pwòp oswa ki sakre nan domèn moral ak nan domèn relijyon. Mo sa yo ka vle di tou met apa pou sèvis Bondye. Nou kapab di tou, y ap konsidere nou kòm moun ki sen si nou pwòp nan domèn moral, si nou adore Jewova fason li aksepte a, e si nou gen yon relasyon sere avè l. Nou sezi wè malgre nou enpafè e Jewova sen nan nivo ki pi wo a, li vle vin bon zanmi nou.

‘JEWOVA SEN, LI SEN, LI SEN’

5. Ki sa zanj fidèl yo ka aprann nou sou Jewova?

5 Jewova pwòp nan tout sans. Se sa Serafen yo, zanj ki toupre Jewova yo, fè konnen. Men sa kèk ladan yo di: “Jewova, Chèf lame yo, sen, li sen, li sen.” (Eza. 6:3). Nòmalman, zanj yo dwe sen pou yo ka gen bon relasyon ak Bondye yo a ki sen, e vrèmanvre yo sen. Se sa k fè kote zanj yo te bay mesaj sou tè a te kapab vin sen. Se sa k te rive zòn kote Moyiz te ye ki te gen yon pye pikan ki te gen dife ladan l lan. — Egz. 3:2-5; Joz. 5:15.

Ekspresyon “Jewova sen” an te grave sou yon plak annò ki te sou yon gwo mouchwa espesyal gran prèt la te gen nan tèt li. (Gade paragraf 6-7.)

6-7. a) Selon Egzòd 15:1, 11, ki jan Moyiz te fè Izrayelit yo konnen aklè Bondye sen? b) Ki sa k te ede tout Izrayelit yo sonje Bondye sen? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)

6 Apre Moyiz te fin fè Izrayelit yo travèse Lanmè Wouj, li te fè yo konnen aklè Jewova, Bondye yo a, sen. (Li Egzòd 15:1, 11.) Ejipsyen yo ki te konn adore fo dye pa t sen menm. Moun ki t ap adore fo dye nan peyi Kanaran yo te menm jan an tou. Yo te konn lage kò yo nan relasyon seksyèl ki bay degoutans e yo te konn sakrifye timoun (Lev. 18:3, 4, 21-24; Det. 18:9, 10). Yon lòt bò, Jewova pa t ap janm mande moun k ap adore l yo pou yo fè yon bagay ki t ap fè yo pa pwòp. Jewova sen nan nivo ki pi wo a. Sa te parèt klè nan sa ki te ekri sou yon plak annò ki te sou gwo mouchwa espesyal ki te nan tèt gran prèt la. Men sa ki te grave sou plak la: “Jewova sen.” — Egz. 28:36-38.

7 Mesaj ki te sou plak sa a t ap fè kèlkeswa moun ki te wè l sonje aklè Jewova vrèman sen. Men, e si yon Izrayelit pa t kapab wè plak la paske l pa t ka pwoche toupre gran prèt la? Èske l t ap konn mesaj enpòtan sa a? Wi! Chak Izrayelit te tande mesaj sa a lè yo t ap li Lalwa devan ni gason, ni fi, ni timoun (Det. 31:9-12). Si w te la lè sa a, ou t ap tande pawòl ki vin annapre yo: “Mwen se Jewova, Bondye nou an, e nou dwe [...] sen, paske mwen sen.” “Nou dwe sen, paske mwen menm, Jewova, mwen sen.” — Lev. 11:44, 45; 20:7, 26.

8. Ki sa nou aprann nan Levitik 19:2 ak nan 1 Pyè 1:14-16?

8 Ann reflechi sou yon pawòl nou jwenn nan Levitik 19:2 yo te li pou tout Izrayelit yo. Men sa Jewova te di Moyiz: “Pale ak tout Izrayelit yo. Men sa w ap di yo: ‘Nou dwe sen, paske mwen menm, Jewova, Bondye nou an, mwen sen.’” Petèt se pawòl sa a Pyè te site lè l t ap ankouraje kretyen yo pou yo “vin sen”. (Li 1 Pyè 1:14-16.) Se sèten, nou pa anba Lalwa Moyiz la. Men, sa Pyè te ekri yo kore sa nou aprann nan Levitik 19:2 a ki fè konnen Jewova sen e moun ki renmen l yo dwe fè efò pou yo sen. Sa valab ni pou moun ki gen esperans pou y al viv nan syèl, ni pou moun ki gen esperans pou yo viv nan yon paradi sou tè a. — 1 Pyè 1:4; 2 Pyè 3:13.

“SE POU NOU VIN SEN NAN TOUT KONDUIT NOU”

9. Lè nou egzamine Levitik chapit 19, ki jan sa ap itil nou?

9 Piske nou vle fè Bondye nou an ki sen plezi, nou vrèman vle konn ki sa pou n fè pou nou vin sen. Jewova ban nou yon bon konsèy sou fason nou kapab fè sa. Nou kapab jwenn konsèy sa a nan Levitik chapit 19. Men sa yon biblis ebre ki rele Marcus Kalisch te ekri: “Bèl chapit sa a se petèt chapit moun plis ka konprann, ki gen plis detay, e nan kèk aspè, se pati ki pi enpòtan nan liv Levitik la ak nan senk premye liv nan Bib la.” Ann egzamine kèk vèsè nan chapit sa a ki gen leson enpòtan sou plizyè aspè nan lavi nou chak jou. Pandan n ap fè sa, nou bezwen sonje leson sa yo vin apre deklarasyon ki nan kòmansman chapit la ki di: “Nou dwe sen.”

Sou ki sa kòmandman ki gen rapò ak paran yo nou jwenn nan Levitik 19:3 a ta dwe pouse kretyen yo reflechi? (Gade paragraf 10-12.) *

10-11. Ki sa Levitik chapit 19 di nou bezwen fè, e poukisa sa enpòtan?

10 Apre Jewova te fin di Izrayelit yo yo dwe sen, li te di: “Nou chak dwe respekte manman nou ak papa nou [...]. Mwen se Jewova, Bondye nou an.” — Lev. 19:2, 3.

11 Sa klè, li enpòtan pou nou obeyi lòd Bondye bay pou nou onore paran nou. Sonje sa Jezi te di lè yon mesye te mande l: “Ki bon bagay mwen dwe fè pou m gen lavi ki pap janm fini an?” Nan repons Jezi te bay mesye a, li te di l li bezwen onore papa l ak manman l (Mat. 19:16-19). Li te menm kondane Farizyen yo ak espè nan Lalwa yo paske yo t ap chèche eskiz pou yo pa onore paran yo. Konsa, yo te “fè pawòl Bondye a vin san valè”. (Mat. 15:3-6.) Lè y ap pale de “pawòl Bondye a”, sa gen ladan l senkyèm nan Dis Kòmandman yo ansanm ak sa nou sot li nan Levitik 19:3 a (Egz. 20:12). Yon lòt fwa ankò, n ap sonje lòd nou jwenn nan Levitik 19:3 a ki di pou n respekte manman n ak papa n nan vin tousuit apre deklarasyon ki di: “Nou dwe sen, paske mwen menm, Jewova, Bondye nou an, mwen sen.”

12. Lè n ap reflechi sou kòmandman nou jwenn nan Levitik 19:3 a, ki kesyon nou ka poze tèt nou?

12 Lè n ap reflechi sou kòmandman Jewova bay pou nou onore paran nou, nou ta ka mande tèt nou: ‘Èske m fè sa?’ Si w santi w te dwe fè plis efò, ou ka pran desizyon pou w fè kèk chanjman kounye a. Ou pa ka chanje sa k fin fèt la, men, ou ka fè tout sa w kapab kounye a pou w fè plis aktivite ansanm ak paran w e pou w ede yo plis. Petèt, ou ka chèche okazyon pou w pase plis tan ak yo. Oswa, ou kapab ba yo plis èd materyèl, ou ka ede yo pou yo rete pwòch ak Jewova, oubyen ou ka ba yo plis ankourajman. Lè w fè sa, w ap obeyi sa Levitik 19:3 di a.

13. a) Ki lòt konsèy nou jwenn nan Levitik 19:3? b) Jan sa parèt nan Lik 4:16-18, ki jan nou ka suiv egzanp Jezi jodi a?

13 Levitik 19:3 aprann nou yon lòt bagay ki gen rapò ak vin sen. Li pale de obsève saba. Kretyen yo pa anba Lalwa, se sa k fè nou pa bezwen obsève yon saba chak semèn. Men, nou ka aprann anpil bagay nan fason Izrayelit yo te obsève saba ak byenfè yo te jwenn lè yo te fè sa. Saba a se te moman pou yo te pran repo nan travay yo te konn fè e pou yo te adore Bondye *. Se sa k fè, nan jou saba a, Jezi te konn al nan sinagòg nan vil li t ap viv la e l te konn li nan Pawòl Bondye a. (Egz. 31:12-15; Li Lik 4:16-18.) Kòmandman Bondye te bay nou jwenn nan Levitik 19:3 a ki di “obsève saba [l] yo” ta dwe pouse nou pran tan sou aktivite nou fè chak jou yo pou nou adore Bondye. Èske w santi w ta dwe fè plis efò pou w obeyi kòmandman sa a? Si w rezève tan regilyèman pou w konsantre w sou adorasyon w ap bay Jewova a, w ap vin gen yon bon relasyon avè l, sa ki enpòtan anpil pou w vin sen.

FÈ EFÒ POU W VIN GEN PI BON RELASYON AK JEWOVA

14. Ki verite fondamantal nou jwenn plizyè fwa nan Levitik chapit 19?

14 Levitik chapit 19 pale plizyè fwa sou yon verite fondamantal ki kapab ede n rete sen. Men pawòl ki nan fen vèsè 4 la: “Mwen se Jewova, Bondye nou an.” Pawòl sa a, oswa yon ekspresyon menm jan an parèt 16 fwa nan chapit sa a. Sa fè nou sonje premye kòmandman an ki di: “Mwen se Jewova, Bondye nou an [...]. Nou pa dwe gen okenn lòt dye apa mwen menm.” (Egz. 20:2, 3). Chak kretyen ki vle vin sen dwe asire l pa gen anyen oswa okenn moun ki pi enpòtan pase relasyon l gen ak Bondye l la. E piske nou se Temwen Jewova nou detèmine pou n pa fè anyen k ap sal non Jewova ki sen. — Lev. 19:12; Eza. 57:15.

15. Ki sa kèk vèsè ki nan Levitik chapit 19 la ki gen rapò ak sakrifis ta dwe pouse nou fè?

15 Izrayelit yo te montre yo te aksepte Jewova antanke Bondye yo lè yo te obeyi lwa l yo. Men sa Levitik 18:4 di: “Nou dwe obeyi lwa m yo, nou dwe obeyi kòmandman m yo e nou dwe viv ann amoni avèk yo. Mwen se Jewova, Bondye nou an.” Gen kèk nan “kòmandman” sa yo pèp Izrayèl la te gen pou yo obeyi ki nan chapit 19 la. Pa egzanp, vèsè 5-8, 21, 22 pale sou sakrifis bèt. Yo te dwe fè sakrifis sa yo yon fason ki t ap montre yo “respekte yon bagay ki apa pou Jewova”. Lè nou li vèsè sa yo, sa ta dwe pouse nou pou n vle fè kè Jewova kontan e pou n ofri l sakrifis louwanj k ap fè l plezi, jan Ebre 13:15 ankouraje nou fè sa.

16. Ki sa k ka fè nou sonje diferans ki gen ant moun k ap sèvi Bondye ak moun ki pap sèvi l?

16 Pou nou vin sen, nou pa dwe aji menm jan ak moun ki pap sèvi Jewova. Sa ka difisil, paske pafwa kamarad lekòl nou, kòlèg travay nou, fanmi nou ki pap sèvi Jewova ak lòt moun ankò ka fè presyon sou nou pou n antre nan yon seri aktivite k ap anpeche n adore Jewova jan l vle nou fè sa. Lè konsa, nou gen yon desizyon enpòtan pou n pran. Ki sa k ap ede n pran bon desizyon an? Ann wè yon prensip enpòtan nou jwenn nan Levitik 19:19. Men sa yon pati nan vèsè a di: “Nou pa dwe mete yon rad ki fèt ak twal ki tise ak de kalite fil.” Lwa sa a te ede moun wè kiyès ki te Izrayelit e kiyès ki te moun lòt nasyon ki te ozalantou yo. Jodi a, pa gen anyen ki mal pou yon kretyen met yon rad koton ki melanje ak polyestè, oswa yon rad lenn ki melanje ak reyon. Men, nou pa vle sanble ak moun kwayans yo ak fason yo aji depaman ak sa Bib la anseye, menmsi moun sa yo se kamarad lekòl nou, kòlèg travay nou oswa fanmi nou. Nòmalman, nou renmen fanmi nou e nou renmen pwochen nou. Sepandan, lè nou gen desizyon enpòtan pou n pran nan lavi nou, n ap chwazi obeyi Jewova, nou pap aji menm jan ak lòt moun yo. Sonje lè nou mete nou apa pou Bondye, se yon fason nou montre nou sen. Li vrèman enpòtan pou n fè sa si n ap fè efò pou n vin sen. — 2 Kor. 6:14-16; 1 Pyè 4:3, 4.

Ki leson Izrayelit yo dwe te aprann nan Levitik 19:23-25, e ki leson w aprann nan vèsè sa yo? (Gade paragraf 17-18.) *

17-18. Ki leson enpòtan nou kapab aprann nan Levitik 19:23-25?

17 Ekspresyon “mwen se Jewova, Bondye nou an” dwe te fè Izrayelit yo sonje yo bezwen bay relasyon yo gen ak Jewova a premye plas nan lavi yo. Ki jan yo te kapab fè sa? Levitik 19:23-25 montre yon fason yo te kapab fè sa. (Li vèsè yo.) Reflechi sou sa pawòl sa yo te kapab vle di pou Izrayelit yo apre yo te fin antre nan Peyi Bondye te pwomèt la. Si yon moun te plante pyebwa ki bay manje, pandan twazan, li pa ta dwe manje fwi pyebwa sa yo bay. Nan katriyèm ane a, yo te met fwi yo apa pou yo te itilize nan tabènak la. Se te sèlman nan senkyèm ane a moun ki te plante pyebwa yo te kapab manje fwi yo te bay. Lwa sa a dwe te ede Izrayelit yo konprann se pa enterè pa yo yo te dwe wè anvan. Jewova te vle yo gen konfyans l ap pran swen yo e li te vle yo met adorasyon y ap ba li a an premye nan lavi yo. Li t ap fè yo jwenn ase manje pou yo manje. Epitou, Bondye te ankouraje yo pou yo bay ofrann san grate tèt nan tabènak la, kote yo te konn adore l la.

18 Lwa ki nan Levitik 19:23-25 lan fè nou sonje yon pawòl Jezi te di nan Diskou li te bay sou mòn nan. Men sa l te di: “Sispann bay tèt nou pwoblèm [...] pou n ap mande ki sa n ap manje oswa ki sa n ap bwè.” Apre sa li te di: “Papa nou ki nan syèl la konnen nou bezwen tout bagay sa yo.” Bondye ap ban nou sa nou bezwen pou n viv, menm jan li fè sa pou zwazo yo (Mat. 6:25, 26, 32). Nou gen konfyans Jewova ap pran swen nou. Epi, nou bay “kado [...] ki montre [n] gen mizèrikòd” pou ede moun ki nan bezwen, san nou pa fè lòt moun konn sa. Epitou, nou kontan bay kèlkeswa sa nou kapab pou depans kongregasyon an. Lè nou montre nou donan konsa, Jewova wè sa e l ap rekonpanse nou (Mat. 6:2-4). Lè nou renmen bay, nou montre nou konprann leson ki nan Levitik 19:23-25 lan.

19. Ki sa w aprann apre w fin egzamine kèk vèsè nan Levitik chapit 19?

19 Nou sot egzamine sèlman kèk vèsè nan Levitik chapit 19, e yo ede n konprann ki jan nou ka sanble ak Bondye nou an ki sen. Lè nou imite Bondye, sa montre n ap fè efò pou n “vin sen nan tout konduit nou”. (1 Pyè 1:15.) Anpil moun ki pap sèvi Jewova konn wè jan sèvitè Jewova yo gen bon konduit. Anfèt, sa pouse kèk nan yo bay Jewova glwa (1 Pyè 2:12). Men, gen anpil lòt bagay nou ka aprann nan Levitik chapit 19. Atik ki vin apre a pral egzamine lòt vèsè nan chapit sa a, e l ap ede nou konprann ki jan nou kapab “vin sen” nan lòt aspè nan lavi nou, jan Pyè te ankouraje n fè sa.

KANTIK 80 “Goute e n a wè jan Jewova bon”

^ § 5 Nou renmen Jewova anpil, e nou vle fè l plezi. Jewova sen, e li vle pou moun k ap adore l yo sen. Èske moun enpafè kapab sen? Wi, sa posib. Lè n byen egzamine konsèy apot Pyè te bay kwayan parèy li yo ak enstriksyon Jewova te bay pèp Izrayèl tan lontan an, sa ap ede n wè ki jan nou kapab vin sen nan tout konduit nou.

^ § 13 Pou n jwenn plis enfòmasyon sou saba ak leson nou ka aprann sou saba, gade atik ki gen tit “‘Gen yon lè’ pou moun travay ak ‘yon lè’ pou moun pran repo” ki parèt nan Toudegad desanm 2019.

^ § 57 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon pitit gason k al vizite paran l ansanm ak madanm li ak pitit li, e li pran dispozisyon pou l pale ak paran l pi souvan.

^ § 59 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon Izrayelit ki konn travay tè k ap gade fwi nan pyebwa li te plante.