Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kesyon lektè yo poze

Kesyon lektè yo poze

Ki sa pawòl ki di pa “chèche fè [...] touye” yon lòt moun nou jwenn nan kòmandman ki nan Levitik 19:16 la vle di, e ki leson nou ka aprann ladan l?

▪ Jewova te mande Izrayelit yo pou yo sen. Se sa k fè l te di yo: “Nou pa dwe ap mache pale moun mal nan mitan pèp la. Nou pa dwe chèche fè yo touye yon pwochen nou. Mwen se Jewova.” — Lev. 19:2, 16.

Ekspresyon “chèche fè [...] touye” a ale egzakteman nan menm sans ak tèks ebre orijinal la. Ki sa pawòl sa a vle di menm? Men sa yon liv juif ki pale konsènan liv Levitik la fè konnen: “Pati sa a nan vèsè a [...] difisil pou moun konprann paske li pa fasil pou moun konnen sans ekspresyon ebre a.”

Gen kèk biblis ki makonnen ekspresyon sa a ak vèsè ki vin anvan an. Men sa vèsè a di: “Nou pa dwe aji yon fason ki enjis lè n ap fè jijman. Nou pa dwe montre nou gen patipri pou moun ki pòv la, ni nou pa dwe montre nou gen patipri pou moun ki rich la. Nou dwe jije pwochen nou avèk jistis.” ​(Lev. 19:15). Nan ka sa a, kòmandman nou jwenn nan vèsè 16 la ki di pou n pa “chèche fè [...] touye” yon moun nan ka vle di moun nan pèp Bondye a pa t dwe mal aji ak konpayon travay yo nan tribinal, nan kesyon biznis oswa nan fanmi yo, e yo pa t dwe aji yon fason ki malonèt nan enterè pa yo. Se vre nou pa dwe fè bagay sa yo, men, gen yon pi bon fason pou n konprann pawòl sa a ki nan vèsè 16 la.

Ann egzamine kòmansman vèsè a. Bondye te bay pèp li a lòd pou yo pa mache pale moun mal. Se vre lè yon moun fè tripotay sou lòt moun sa ka lakòz pwoblèm, men, lè yon moun bay moun kout lang sa pi rèd toujou (Pwo. 10:19; Ekl. 10:12-14; 1 Tim. 5:11-15; Jak 3:6). Souvan, lè yon moun bay yon lòt moun kout lang, li di yon seri pawòl sou moun nan pou l ka sal repitasyon l. Moun k ap bay kout lang nan ka di yon seri bagay sou moun nan ki pa laverite, menmsi sa ka met lavi moun nan an danje. Sonje gen kèk mesye ki te bay manti sou Nabòt, e sa te lakòz yo te kalonnen l ak kout wòch jis li mouri, byenke l te inosan (1 Wa 21:8-13). Vrèmanvre, yon moun ki bay yon lòt moun kout lang ta ka menm chèche fè touye moun nan, jan nou te wè sa nan dezyèm pati Levitik 19:16 la.

Epitou, yon moun ka bay yon moun kout lang paske l rayi l. Men sa nou li nan 1 Jan 3:15: “Yon moun ki rayi frè l se yon asasen, e nou konnen okenn asasen pa gen lavi ki pap janm fini an nan li.” Li bon pou n note, apre Bondye te fin di pawòl nou jwenn nan vèsè 16 la, li te di tou: “Nou pa dwe rayi frè nou nan kè nou.” — Lev. 19:17.

Kidonk, pawòl ki nan Levitik 19:16 la, yon kòmandman nou pa abitye jwenn, se bonjan avètisman pou kretyen yo. Nou dwe fè efò pou n pa mal wè lòt moun e nou pa dwe bay moun kout lang. Jan nou sot wè sa, si n ap “chèche fè [...] touye” yon moun, sa vle di si nou bay moun nan kout lang paske nou pa fin renmen l oswa paske nou rayi sò l, sa ka montre aklè nou rayi l. Yon kretyen pa dwe janm kite sa rive l. — Mat. 12:36, 37.