Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w se yon bon konpayon travay?

Èske w se yon bon konpayon travay?

“MWEN te bò kote l kòm yon moun ki konn travay byen [...]. Mwen te toujou kontan ret bò kote l.” ​(Pwo. 8:30). Se konsa Labib esplike fason Pitit Gason Bondye a te travay ansanm ak Papa l pandan yon kantite tan moun pa ka konte anvan l te vin sou tè a. Remake vèsè sa a di nou tou ki jan Jezi te santi l antanke konpayon travay Bondye. Li te “kontan” ret bò kote L.

Lè Jezi te nan syèl la, li te aprann vin gen yon seri kalite ki te ede l vin yon bon konpayon travay. Annapre, lè l te vin sou tè a, li te bay yon bèl egzanp antanke moun ki te konn travay byen ansanm ak lòt moun. Ki sa nou kapab aprann nan egzanp Jezi? Lè nou byen egzamine egzanp Jezi te bay, n ap jwenn twa prensip k ap ede n vin yon bon konpayon travay. Prensip sa yo ap ede nou tou pou n gen plis tèt ansanm, e pou n pi byen kolabore youn ak lòt.

N ap montre nou suiv egzanp Jewova ak Jezi lè nou dispoze pataje eksperyans nou ak konesans nou genyen ak konpayon travay nou.

PRENSIP 1: “ONORE YOUN LÒT”

Yon bon konpayon travay se yon moun ki gen imilite ki bay lòt moun k ap travay ansanm avè l enpòtans e ki pa chèche atire atansyon sou tèt li. Jezi te gen bèl atitid sa a paske Papa l te aprann li sa. Byenke se Jewova sèlman ki merite pou yo rele l Kreyatè, li te vle lòt moun konnen wòl Pitit Gason l lan te jwe antanke konpayon travay li. Sa parèt aklè lè l te di: “Annou fè lòm pòtre ak nou.” ​(Jen. 1:26). Pa gen dout, lè Jewova te di pawòl sa a, sa tè fè Jezi apresye imilite Li gen lakay li. — Sòm 18:35.

Lè Jezi te sou tè a, li te montre l gen imilite tou. Lè yo t ap fè lwanj pou li pou sa l te fè, li te fè konnen se Bondye ki merite sa (Mak 10:17, 18; Jan 7:15, 16). Jezi te veye pou toujou gen yon bèl anbyans ant li menm ak disip li yo e li te konsidere yo tankou zanmi, li pa t wè yo tankou esklav (Jan 15:15). Li te menm lave pye yo pou l te ka aprann yo yon leson sou imilite (Jan 13:5, 12-14). Menm jan ak Jezi, nou bezwen bay konpayon travay nou yo enpòtans, olye nou fè enterè pa nou pase anvan enterè pa yo. Lè nou “onore youn lòt” e nou pa chèche jwenn lwanj, n ap rive reyalize anpil bagay. — Wom. 12:10.

Epitou, yon moun ki gen imilite rekonèt “bagay yo mache byen lè gen anpil moun k ap bay konsèy”. (Pwo. 15:22.) Kèlkeswa eksperyans nou genyen oswa kapasite nou genyen, nou dwe sonje pa gen moun ki konn tout bagay. Menm Jezi te admèt gen bagay li pa konnen (Mat. 24:36). Epitou, li te konn chèche konnen ki sa disip li yo konnen oswa sa yo panse (Mat. 16:13-16). Nou konprann rezon ki fè konpayon travay li yo te santi yo alèz bò kote l! Menm jan an tou, lè nou rekonèt avèk imilite nou pa konn tout bagay e lè nou koute opinyon lòt moun, sa ede nou pou n byen kolabore ak yo, e “bagay yo mache byen”.

Ansyen yo sitou bezwen suiv egzanp Jezi nan sans sa a lè y ap travay ansanm. Yo bezwen sonje lespri sen kapab pouse nenpòt ansyen nan gwoup la pou l bay yon bon ide. Si ansyen yo chèche gen yon bèl anbyans pandan y ap fè reyinyon, kote tout moun kapab santi yo alèz pou yo di sa yo panse, y ap rive pran desizyon k ap bon pou tout kongregasyon an.

PRENSIP 2: ‘SE POU YO KONNEN NOU KÒM MOUN KI REZONAB’

Yon bon konpayon travay montre l rezonab nan fason l kolabore ak moun l ap travay ansanm avèk yo. Li dispoze koute lòt moun e li dispoze sede. Se sèten, Jezi te jwenn anpil bèl okazyon pou l wè jan Papa l rezonab. Pa egzanp, Jewova te voye l sove lèzòm anba lanmò yo te merite. — Jan 3:16.

Jezi te konn sede lè sa te nesesè. Sonje jan l te ede yon dam ki te moun peyi Fenisi, byenke se pou pèp Izrayèl la Bondye te voye l (Mat. 15:22-28). Jezi te montre l rezonab tou ak disip li yo. Pyè, yon bon zanmi Jezi, te nye l an piblik, men, Jezi te dispoze padone l. Annapre, li te bay Pyè gwo responsablite (Lik 22:32; Jan 21:17; Tra. 2:14; 8:14-17; 10:44, 45). Egzanp Jezi montre nou aklè nou dwe dispoze sede pou “tout moun [ka] konnen nou kòm moun ki rezonab”. — Flp. 4:5.

Lè nou se moun ki rezonab, sa ap ede nou travay ak tout kalite moun san pwoblèm. Jezi te tèlman byen boule ak moun ki te bò kote l, ènmi l yo ki t ap fè jalouzi te akize l kòmkwa li “fè zanmi ak pèseptè ak moun k ap pratike peche” ki te aksepte mesaj li t ap preche a (Mat. 11:19). Èske nou kapab byen kolabore ak lòt moun menm jan Jezi te fè sa? Men sa yon frè ki rele Louis ki te travay ak divès kalite moun nan sèvis sikonskripsyon ak nan Betèl di: “Mwen te eseye konpare chak gwoup moun mwen te travay ansanm avèk yo ak yon mi ki fèt ak wòch ki pa gen menm fòm. Lè w chanje kèk nan wòch yo plas, ou kapab vin gen yon mi ki dwat. Mwen te fè efò tou pou m fè kèk chanjman lakay mwen pou m ka travay anpè ansanm ak lòt moun pou travay la ka fèt.” Sa a se yon bèl atitid!

Yon bon konpayon travay pap kache yon seri enfòmasyon jis pou l kapab gen kontwòl lòt moun.

Ki okazyon nou genyen pou n montre nou rezonab ak moun nan kongregasyon nou? Nou ka fè sa lè n ap preche ansanm ak frè ak sè ki nan gwoup predikasyon nou. Nou kapab preche ak pwoklamatè ki pa nan menm sitiyasyon ak nou oswa ki pa menm laj ak nou. Èske nou kapab fè efò pou nou montre nou rezonab, lè nou eseye pa mache twòp vit, oubyen lè n preche fason moun nan santi l pi alèz la pou ede l pase yon bon moman nan travay predikasyon an?

PRENSIP 3: SE POU NOU “DISPOZE PATAJE AK LÒT MOUN”

Yon bon konpayon travay “dispoze pataje ak lòt moun”. (1 Tim. 6:18.) Lè Jezi t ap travay ansanm ak Jewova, Papa l, li dwe te remake Li pa t kache l anyen. Lè Jewova “te fè syèl la”, Jezi “te la” e li te kapab aprann nan men L (Pwo. 8:27). Annapre, Jezi te kontan fè disip li yo konnen “bagay [li te] tande” Papa l di (Jan 15:15). Menm jan ak Jezi, nou menm tou nou dwe dispoze pataje sa nou konnen ak eksperyans nou genyen ak konpayon travay nou. Pa gen dout, yon bon konpayon travay pap kache oswa kenbe yon seri enfòmasyon lòt moun bezwen konnen oswa ki kapab itil yo, jis pou l kapab gen kontwòl lòt moun. L ap kontan fè lòt moun konnen bon bagay li te aprann.

Nou kapab ankouraje konpayon travay nou yo tou. Lè yon moun wè efò n ap fè e li di nou mèsi ak tout kè l, èske sa pa touche nou? Jezi te pran tan pou l di konpayon travay li yo bon bagay li wè lakay yo. (Konpare ak Matye 25:19-23; Lik 10:17-20.) Li te menm fè yo konnen yo t ap gen pou yo “fè travay ki pi gwo pase sa” l fè yo (Jan 14:12). Nan nuit anvan Jezi te mouri a, li te felisite apot fidèl li yo lè l te di yo: “Se nou menm ki te toujou la avè m nan eprèv mwen yo.” ​(Lik 22:28). Imajine jan pawòl sa a dwe te touche kè yo e l te pouse yo aji! Nou menm tou, si nou pran tan pou n felisite konpayon travay nou yo, se sèten y ap gen plis kè kontan, e sandout y ap fè yon pi bon travay.

OU KAPAB YON BON KONPAYON TRAVAY

Gen yon frè ki rele Kayode ki di: “Yon bon konpayon travay pa bezwen pafè, men, li se yon moun ki fè moun k ap travay bò kote l gen kè kontan e li fè travay la parèt pi fasil pou yo.” Èske se yon konpayon travay konsa w ye? Petèt ou kapab mande kèk frè ak sè ki jan yo wè w antanke konpayon travay yo. Si yo kontan travay ansanm avè w, menm jan disip Jezi yo te kontan travay ansanm avè l, w ap kapab di menm jan ak apot Pòl: “Nou se konpayon travay nou pou nou ka gen lajwa.” — 2 Kor. 1:24.