Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 50

Koute vwa bon bèje a

Koute vwa bon bèje a

“Y ap tande vwa m.” — JAN 10:16.

KANTIK 3 Ou se fòs nou, ou se espwa nou e nou kwè nan ou

SA NOU PRAL WÈ *

1. Bay youn nan rezon ki fè Jezi te ka konpare disip li yo ak mouton.

JEZI te konpare relasyon li gen ak disip li yo ak relasyon sere ki gen ant yon bèje ak mouton l (Jan 10:14). Konparezon sa a byen tonbe. Yon mouton konn vwa bèje l e li fè sa bèje a di l. Gen yon touris ki te viv sa. Men sa l te di: “Nou te vle filme kèk mouton e nou t ap eseye fè yo vin pre nou. Men, yo pa t okipe nou paske yo pa t konn vwa nou. Annapre, gen yon ti bèje ki te vini, e kou l te rele yo, yo te suiv li.”

2-3. a) Ki jan disip Jezi yo montre y ap tande vwa l? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a ak nan atik ki vin apre a?

2 Eksperyans touris sa a te fè a fè n sonje pawòl Jezi te di konsènan mouton l yo, anpalan de disip li yo. Li te di: “Y ap tande vwa m.” ​(Jan 10:16). Men, piske Jezi nan syèl la, ki jan n ap fè tande vwa l? Youn nan pi bon fason n ap montre nou tande vwa Mèt nou an, se lè nou aplike sa l anseye yo nan lavi nou. — Mat. 7:24, 25.

3 Nan atik sa a ak nan atik ki vin apre a, nou pral pale sou kèk nan bagay Jezi te anseye. E jan nou pral wè sa, Jezi te montre gen kèk bagay nou dwe sispann fè ak kèk lòt bagay nou dwe fè. Toudabò, nou pral pale konsènan de bagay bon bèje a mande n pou n sispann fè.

“SISPANN BAY TÈT NOU PWOBLÈM”

4. Selon Lik 12:29, ki sa k ka lakòz nou “bay tèt nou pwoblèm”?

4 Li Lik 12:29. Jezi te ankouraje disip li yo pou yo “sispann bay tèt [yo] pwoblèm” pou yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv. Nou konnen Jezi toujou bay bon konsèy. Nou vle suiv konsèy li ban nou yo, men, pafwa, nou ka twouve l difisil pou n fè sa. Sa k fè sa?

5. Poukisa kèk moun ka ap bay tèt yo pwoblèm pou yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv?

 5 Gen moun ki ka ap bay tèt yo pwoblèm pou yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv, tankou manje, rad, ak kote pou yo rete. Yo ka ap viv nan yon peyi kote ki gen anpil moun pòv e li difisil pou yo jwenn travay. Konsa, li ka difisil pou yo jwenn ase kòb pou yo pran swen fanmi yo. Oubyen tou, moun ki konn ap pote ti kòb nan fanmi an gendwa mouri, e sa ka vin lakòz fanmi an pa ka jwenn sa yo bezwen pou yo viv. Petèt, pandemi COVID-19 la lakòz anpil moun pèdi travay yo (Ekl. 9:11). Si n ap fè fas ak youn nan pwoblèm nou sot site la yo, ki jan nou kapab suiv konsèy Jezi te bay pou nou sispann bay tèt nou pwoblèm?

Olye pou n ap bay tèt nou twòp pwoblèm pou n jwenn sa n bezwen pou n viv, nou bezwen chèche gen plis konfyans nan Jewova. (Gade paragraf 6-8.) *

6. Esplike sa k te rive apot Pyè yon lè.

6 Yon lè, apot Pyè ak lòt apot yo te nan yon bato sou Lanmè Galile pandan te gen yon tanpèt, e yo te wè Jezi ki t ap mache sou lanmè a. Lè sa a, Pyè te di l: “Seyè, si se ou, ban m lòd pou m vin jwenn ou sou dlo a.” Apre Jezi te fin di Pyè li “mèt vini”, Pyè te sot nan bato a e li te “mache sou dlo a pou l al jwenn Jezi”. Remake sa k te pase annapre. Lè Pyè t ap “gade jan van an fò, li [te] vin pè, e lè l [te] kòmanse koule, li [te] rele: ‘Seyè, sove m!’”. Jezi te lonje men l e li te sove l. Li enpòtan pou n sonje, Pyè te kapab mache sou lanmè a ki te move toutotan li te kontinye ap gade Jezi. Men, lè Pyè t ap gade jan van an fò, li te vin pè anpil e li te vin gen dout, epi li te kòmanse koule. — Mat. 14:24-31.

7. Ki sa nou kapab aprann nan egzanp apot Pyè?

7 Gen yon bagay nou kapab aprann nan egzanp Pyè. Lè Pyè te sot nan bato a e li te kòmanse mache sou lanmè a, li pa t panse li t ap vin panike e li t ap kòmanse koule. Li te vle kontinye mache sou lanmè a jiskaske l rive kot Jezi. Men, kòm li pa t kontinye gade Jezi, li pa t rive fè sa. Se vre, jodi a nou pa ka mache sou dlo, men, nou jwenn yon seri pwoblèm ki pase lafwa nou anba eprèv. Si n ta sispann met konfyans nou nan Jewova ak nan pwomès li yo, lafwa nou t ap vin fèb, se kòmsi li t ap fè fon anba tètchaje. Kidonk, kèlkeswa pwoblèm nou jwenn nan lavi nou ki tankou tanpèt, nou dwe kontinye met konfyans nou nan Jewova e nou dwe toujou kwè li kapab ede n. Ki sa k ap ede n fè sa?

8. Ki sa ki kapab ede nou pou n pa bay tèt nou twòp pwoblèm pou sa nou bezwen pou n viv?

8 Olye pou n ap bay tèt nou pwoblèm, nou bezwen met konfyans nou nan Jewova. Sonje Jewova, Papa nou an ki renmen nou, pwomèt l ap ban nou sa n bezwen pou n viv si nou ba l premye plas nan lavi n (Mat. 6:32, 33). Jewova toujou kenbe pwomès sa a (Det. 8:4, 15, 16; Sòm 37:25). Si Jewova rive pran swen zwazo yo ak flè yo, se sèten nou pa bezwen bay tèt nou pwoblèm pou n jwenn manje oswa rad (Mat. 6:26-30; Flp. 4:6, 7)! Menm jan lanmou pouse yon paran ki gen sousi pou pitit li ba l sa l bezwen pou l viv, se menm jan an tou, lanmou pouse Papa nou ki nan syèl la pran swen pèp li a. Wi, nou kapab gen asirans Jewova ap ban nou sa nou bezwen pou n viv!

9. Ki sa w ka aprann nan eksperyans yon mari ak madanm te fè?

9 Ann egzamine yon egzanp ki montre jan Jewova kapab ban nou sa nou bezwen pou n viv. Gen yon mari ak madanm ki nan sèvis aplentan ki te fè inèdtan ap kouri yon vye machin yo te genyen pou yo t al chèche kèk sè ki te nan yon kan refijye pou mennen yo nan reyinyon. Men sa frè a te di: “Apre reyinyon an, nou te envite sè yo manje avèk nou, men, nou te vin rann nou kont nou pa t gen anyen pou n ba yo.” Ki sa mari ak madanm sa a t ap fè? Men sa frè a te di apre sa: “Lè nou te rive lakay, nou te jwenn de gwo sachè pwovizyon devan pòt nou an. Nou pa konn kiyès ki te mete yo. Jewova te pran swen nou.” Yon ti tan annapre, machin mari ak madanm sa a te vin anpàn, e yo te bezwen l pou y al preche. Men, yo pa t gen kòb pou yo te repare l. Pandan yo te bay gade machin nan nan yon garaj toupre a, gen yon mesye ki te vin nan garaj la e ki te mande: “Pou kiyès machin sa a?” Frè a te di se pou li l ye, men li anpàn. Mesye a te di l: “Pa gen pwoblèm. Madanm mwen bezwen yon machin konsa ki egzakteman koulè sa a. Konbyen kòb ou mande pou li?” Frè a te vin gen kantite kòb li te bezwen pou l te achte yon lòt machin. Men sa l te di: “Mwen pa bezwen di jan n te santi n nan fen jounen an. Nou te konnen se pa t yon aza. Se Jewova ki te ede nou.”

10. Ki jan Sòm 37:5 ankouraje n pou n pa bay tèt nou pwoblèm konsènan sa n bezwen pou n viv?

10 Lè nou koute bon bèje a e nou sispann bay tèt nou twòp pwoblèm konsènan sa n bezwen pou n viv, nou kapab gen asirans Jewova ap pran swen nou. (Li Sòm 37:5; 1 Pyè 5:7.) Ann fè yon ti reflechi sou sitiyasyon yo esplike nan  paragraf 5 lan. Jiska prezan, petèt Jewova te sèvi ak yon chèf fanmi oswa yon patwon pou ede nou jwenn sa n bezwen pou n viv chak jou. Men, si chèf fanmi an pa kapab fè sa ankò oswa si n pèdi travay nou, Jewova ap pran swen nou yon fason oswa yon lòt. Nou kapab gen asirans l ap fè sa. Kounye a, ann wè yon lòt bagay bon bèje a mande n pou n sispann fè.

“SISPANN JIJE”

Lè nou konsantre sou bèl kalite lòt moun genyen, sa ka ede n pou n sispann jije yo. (Gade paragraf 11, 14-16.) *

11. Selon Matye 7:1, 2, ki sa Jezi te di pou n sispann fè, e poukisa sa kapab difisil?

11 Li Matye 7:1, 2. Jezi te konnen piske moun ki t ap koute l yo te enpafè, yo te gen tandans kritike lòt moun. Remake li te di: “Sispann jije.” Nou ka ap fè anpil efò pou n pa jije kwayan parèy nou. Sepandan, nou tout enpafè. Men, si nou wè nou konn kritike yo pafwa, ki sa nou bezwen fè? Nou bezwen koute Jezi, epi fè anpil efò pou n sispann jije.

12-13. Lè nou medite sou fason Jewova te wè wa David, ki jan sa kapab ede n pou n sispann jije lòt moun?

12 Yon bagay ki kapab ede nou se lè nou medite sou egzanp Jewova. Jewova konsantre l sou sa ki bon moun gen lakay yo. Nou wè sa nan fason li te aji ak wa David, ki te fè plizyè peche grav. Pa egzanp, wa David te fè adiltè ak Batcheba, e li te menm fè touye mari l (2 Sam. 11:2-4, 14, 15, 24). Sa David te fè a te lakòz ni li menm ni fanmi l soufri, san wete lòt madanm li te genyen yo (2 Sam. 12:10, 11). Yon lòt lè, David pa t montre li te met tout konfyans li nan Jewova lè l te bay lòd pou yo konte kantite moun ki te nan lame Izrayèl la, alòske Jewova pa t janm mande l fè sa. Petèt, se ògèy David te gen lakay li ki te pouse l fè sa, e petèt li te met konfyans li nan gwo lame l te genyen an. Ki sa k te vin pase? Maladi te touye anviwon 70 000 Izrayelit! — 2 Sam. 24:1-4, 10-15.

13 Si w t ap viv ann Izrayèl nan epòk sa a, ki jan w t ap wè David? Èske w t ap kouri jije l kòmkwa li pa merite pou Jewova fè l mizèrikòd? Se pa konsa Jewova te wè l. Li te konsantre l sou jan David te montre l fidèl pandan tout vi l ak jan li te montre li te repanti ak tout kè l. Se sa k fè Jewova te padone David pou peche grav li te fè yo. Jewova te konnen David renmen l anpil, e li te konnen tou David te vle fè sa ki dwat. Èske w pa kontan dèske Bondye nou an konsantre l sou sa ki bon nou gen lakay nou? — 1 Wa 9:4; 1 Kwo. 29:10, 17.

14. Ki sa k ede kretyen yo pou yo sispann jije lòt moun?

14 Piske Jewova pa atann pou n pafè, nou menm tou nou pa dwe atann pou lòt moun pafè, e nou dwe konsantre n sou bon bagay yo gen lakay yo. An jeneral, li fasil pou n wè defo lòt moun e pou n renmen kritike. Men, yon moun ki wè bagay yo menm jan ak Jewova kapab kontinye kolabore ak lòt moun, menm lè li wè defo yo genyen. Pa egzanp, yon dyaman ki poko poli ka parèt lèd. Men, yon moun ki gen eksperyans konnen yonfwa yo fin travay dyaman sa a l ap bèl anpil e l ap gen anpil valè. Menm jan ak Jewova ak Jezi, nou pa dwe konsantre n sou defo lòt moun genyen. Okontrè, nou bezwen konsantre n sou bèl kalite yo genyen.

15. Lè nou reflechi sou sitiyasyon moun yo, ki jan sa kapab ede n pou n pa jije yo?

15 Lè nou konsantre n sou bèl kalite lòt moun genyen, sa ka ede n pou n pa jije yo. Ki sa n ka fè ankò? Eseye imajine sitiyasyon moun yo. Reflechi sou egzanp ki vin annapre a. Yon jou, pandan Jezi te nan tanp lan, li te wè yon vèv, yon malerèz, ki te met de ti pyès monnen ki te prèske pa vo anyen nan yon kès yo konn met ofrann. Jezi pa t di: “Poukisa l pa t met plis?” Olye l te konsantre l sou sa vèv la te bay la, li te panse ak rezon ki te pouse vèv la bay ak sitiyasyon l, e l te fè lwanj pou li dèske l te fè tout sa l kapab. — Lik 21:1-4.

16. Ki sa w ka aprann nan eksperyans Veronica te fè?

16 Nou ka wè jan sa enpòtan pou nou reflechi sou sitiyasyon lòt moun lè n reflechi sou eksperyans yon sè ki rele Veronica te fè. Nan kongregasyon kote Veronica te ye a, te gen yon sè ki t ap leve pitit li poukont li. Men sa Veronica te di: “Pou mwen menm, yo te manke patisipe nan aktivite kongregasyon an. Sa te fè m mal wè yo. Men, yon lè, mwen te preche ansanm ak manman an. Li te esplike m tout pwoblèm li te genyen lefètke pitit gason l lan gen pwoblèm mantal. Li te fè tout sa l kapab pou yo te jwenn sa yo bezwen pou yo viv e pou yo gen bon relasyon ak Jewova. Pafwa, akoz pwoblèm sante pitit li a, li te konn oblije asiste reyinyon nan yon lòt kongregasyon.” Men sa Veronica te di apre sa: “Mwen pa t janm rann mwen kont jis nan ki pwen sa te difisil pou li. Kounye a, mwen renmen sè sa a anpil, e m respekte l pou tout efò l ap fè pou l sèvi Jewova.”

17. Ki sa Jak 2:8 mande pou nou fè, e ki jan nou kapab fè sa?

17 Ki sa n dwe fè si n rann nou kont nou te jije yon kwayan parèy nou? Nou dwe sonje nou dwe renmen frè n ak sè n yo. (Li Jak 2:8.) Epitou, nou bezwen priye Jewova ak tout kè n, e nou bezwen sipliye l pou l ede n pou n sispann jije. N ap aji ann amoni ak priyè nou lè n chèche pase tan ak moun nou te kritike a. Sa ka ede n pou n aprann konnen l. Nou ka mande l pou l preche ansanm avèk nou, oswa nou ka envite l manje avèk nou. Tank n ap aprann konnen frè nou an oswa sè nou an pi byen, nou kapab fè efò pou n suiv egzanp Jewova ak Jezi lè nou chèche sa ki bon li gen lakay li. Konsa, n ap montre nou obeyi lòd bon bèje nou an ban nou pou nou sispann jije.

18. Ki jan nou kapab montre nou koute vwa bon bèje a?

18 Menm jan mouton koute vwa bèje yo, se menm jan an tou, disip Jezi yo koute vwa l. Si nou fè tout sa n kapab pou n sispann bay tèt nou pwoblèm konsènan sa n bezwen pou n viv e nou sispann jije lòt moun, Jewova ak Jezi ap beni efò nou fè. Kit nou fè pati “ti twoupo” a oswa “lòt mouton” yo, ann kontinye koute vwa bon bèje a (Lik 12:32; Jan 10:11, 14, 16). Nan atik ki vin apre a, nou pral wè de bagay Jezi te di disip li yo dwe fè.

KANTIK 101 Ann travay ansanm nan inite

^ § 5 Lè Jezi te di mouton l yo t ap tande vwa l, li te vle di disip li yo t ap tande ansèyman l yo e yo t ap aplike yo nan lavi yo. Nan atik sa a, nou pral wè de bagay estrawòdinè Jezi te anseye. Li te di pou n sispann bay tèt nou pwoblèm pou bagay materyèl e pou n sispann jije lòt moun. Nou pral wè ki jan nou ka aplike konsèy li bay la.

^ § 51 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè ki pèdi travay li, ki pa gen kòb pou l pran swen fanmi l, e ki bezwen yon kote pou yo rete. Si l pa fè atansyon, li ka tèlman ap bay tèt li pwoblèm, li sispann konsantre sou adorasyon l ap bay Bondye a.

^ § 53 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè ki rive nan reyinyon anreta. Men, li montre li gen anpil bèl kalite, pa egzanp, li pwofite okazyon pou l preche, li ede yon moun ki granmoun e li pran swen Sal Wayòm nan.