Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 51

Ann kontinye “koute l”

Ann kontinye “koute l”

“Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen pran plezi nan li a. Koute l.” — MAT. 17:5.

KANTIK 54 “Men chemen an”

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. a) Ki lòd yo te bay twa nan apot Jezi yo, e ki sa yo te fè? b) Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

APRE fèt Pak ane 32 epòk nou an, apot Pyè, Jak ak Jan te resevwa yon vizyon ki estrawòdinè. Pandan yo te sou yon mòn byen wo, petèt se te yon kote sou Mòn Èmon, aparans Jezi te chanje devan yo. “Figi l [te] vin klere tankou solèy la, e rad sou li [te] vin ap briye tankou limyè.” ​(Mat. 17:1-4). Nan fen vizyon an, apot yo te tande vwa Bondye ki te di: “Men Pitit Gason m nan, pitit mwen renmen anpil la, li menm mwen pran plezi nan li a. Koute l.” ​(Mat. 17:5). Fason twa apot sa yo te viv te montre aklè yo te koute Jezi. Nou vle suiv egzanp yo.

2 Nan atik ki vin anvan an, nou te aprann koute vwa Jezi vle di gen kèk bagay nou dwe sispann fè. Nan atik sa a, nou pral wè de bagay Jezi te di nou dwe fè.

“PASE NAN PÒT KI JIS LA”

3. Selon Matye 7:13, 14, ki sa nou bezwen fè?

3 Li Matye 7:13, 14. Remake Jezi te pale konsènan de pòt ki mennen nan de wout diferan. Yon wout ki “gran” ak yon wout ki “jennen”. Li pa t pale konsènan yon twazyèm wout. Se nou menm ki dwe chwazi nan ki wout n ap mache. Se desizyon ki pi enpòtan nou gen pou n pran, paske se yon sèl wout ki mennen nan lavi ki pap janm fini an.

4. Ki jan w t ap esplike wout ki “gran” an?

4 Nou bezwen sonje diferans ki genyen ant de wout yo. Anpil moun ap mache nan wout ki “gran” an paske li fasil pou yo mache ladan l. Malerezman, anpil moun chwazi kontinye mache nan wout sa a e yo chwazi fè sa tout lòt moun ap fè. Yo pa rive konprann se Satan Ledyab k ap ankouraje moun mache nan wout sa a, e se destriksyon k ap tann yo. — 1 Kor. 6:9, 10; 1 Jan 5:19.

5. Ki efò kèk moun te fè pou yo te rive jwenn wout ki “jennen” an e pou yo te kòmanse mache ladan l?

5 Kontrèman ak wout ki “gran” an, lòt wout la “jennen”, e Jezi te di se kèk grenn moun ki rive jwenn li. Sa k fè sa? Li enteresan pou n wè, nan vèsè ki vin annapre a, Jezi te avèti disip li yo kont fo pwofèt (Mat. 7:15). Dapre sa yo fè konnen, gen plizyè milye relijyon, e pifò nan relijyon sa yo fè konprann y ap anseye laverite. Piske gen tout relijyon sa yo, sa fè anpil moun dekouraje e yo pa konn sa pou yo kwè, sa vin fè yo pa menm eseye chèche jwenn wout ki mennen nan lavi a. Men, yo kapab jwenn wout sa a. Men sa Jezi te di: “Si nou rete nan pawòl mwen, nou se disip mwen toutbonvre, n ap konnen laverite, e laverite ap libere nou.” ​(Jan 8:31, 32). Se yon bon bagay lefètke w pa t annik fè sa pifò moun ap fè. Okontrè, ou te chèche laverite. Ou te pran tan pou w byen etidye Pawòl Bondye a pou w chèche konnen ki sa l vle n fè, e w te aplike sa Jezi te anseye yo. Pami tout bagay ou te aprann yo, ou te aprann Jewova vle n vire do bay ansèyman fo relijyon e pou n sispann fete yon seri fèt ki soti nan relijyon sa yo. Ou te aprann tou li ka pa fasil pou n fè sa Jewova vle n fè e pou n sispann fè yon seri bagay ki pa fè l plezi (Mat. 10:34-36). Li ka pa t fasil pou w te fè chanjman sa yo. Men, ou te kontinye fè sa paske w renmen Papa w ki nan syèl la e w vle fè l plezi. Se pa ti kontan Jewova dwe kontan lè l ap gade w! — Pwo. 27:11.

FASON POU N KONTINYE MACHE NAN WOUT KI JENNEN AN

Konsèy Bondye yo ak prensip li yo ede n kontinye mache nan wout ki “jennen” an. (Gade paragraf 6-8.) *

6. Selon Sòm 119:9, 10, 45, 133, ki sa ki kapab ede n kontinye mache nan wout ki jennen an?

6 Lè nou kòmanse mache nan wout ki jennen an, ki sa ki kapab ede n kontinye mache ladan l? Ann pran yon egzanp. Nan kèk peyi, yo konn met baraj akote wout ki pa twò laj ki nan mòn yo pou pwoteje chofè yo ak machin yo. Baraj sa yo la pou anpeche chofè yo kite wout la oswa pou yo pa tonbe anba. Li t ap difisil pou w jwenn yon chofè ki di baraj sa yo retire nan libète l! Prensip Jewova yo nou jwenn nan Bib la sanble ak baraj sa yo. Yo ede n pou n pa kite wout ki jennen an. — Li Sòm 119:9, 10, 45, 133.

7. Ki jan jèn yo ta dwe konsidere wout ki jennen an?

7 Nou menm jèn, èske pafwa nou konn santi prensip Jewova yo retire nan libète nou? Se sa Satan vle nou panse. Li ta renmen nou konsantre n sou sa moun k ap mache nan wout ki laj la ap fè ak sou bèl vi yo swadizan ap mennen an. Li ta renmen w panse ou pap jwi lavi w menm jan ak kamarad lekòl ou oswa moun ou wè sou Entènèt. Satan vle w panse prensip Jewova yo anpeche w byen pwofite lavi a *. Men, sonje: Satan pa vle moun ki sou wout sa a wè ki sa k ap tann yo nan fen vwayaj la. Jewova bò kote pa l fè n wè byen klè ki sa k rezève pou moun ki kontinye mache nan wout lavi a. — Sòm 37:29; Eza. 35:5, 6; 65:21-23.

8. Ki sa jèn yo ka aprann nan egzanp Olaf?

8 Ann wè sa nou kapab aprann nan eksperyans yon jèn frè ki rele Olaf *. Kondisip li yo t ap fè presyon sou li pou l fè sèks. Lè l te fè yo konnen li se Temwen Jewova, li respekte prensip moral wo nivo ki nan Bib la, gen kèk timedam nan klas li a ki t ap chèche leve defi a, yo t ap eseye pran tèt li pou yo kouche avè l. Men, Olaf te kontinye defann sa ki dwat. Se pa presyon sa a sèlman li te jwenn. Men sa Olaf di: “Pwofesè m yo t ap eseye konvenk mwen pou m fè gwo etid paske sa t ap fè moun respekte m. Yo te di m si m pa fè sa mwen pap reyisi nan lavi a.” Ki sa k te ede Olaf reziste anba presyon sa yo? Men sa l di: “Mwen te chèche gen bon relasyon ak frè m ak sè m yo nan kongregasyon an. Yo te vin tankou yon fanmi pou mwen. Epitou, mwen te vin etidye Labib pi plis. Plis mwen t ap etidye, se plis mwen te vin gen konviksyon mwen nan laverite. Konsa, mwen te vin detèmine pou m sèvi Jewova.”

9. Ki sa moun ki vle kontinye mache nan wout ki jennen an dwe fè?

9 Satan ta renmen fè nou sispann mache nan wout ki mennen nan lavi a. Li vle nou suiv pifò moun yo ki nan wout ki gran “ki mennen nan destriksyon an”. (Mat. 7:13.) Men, n ap kontinye mache nan wout ki jennen an, si nou kontinye koute Jezi e si nou konsidere wout sa a kòm yon pwoteksyon. Kounye a, ann wè yon lòt bagay Jezi te di nou dwe fè.

FÈ LAPÈ AK FRÈ W LA

10. Selon Matye 5:23, 24, ki sa Jezi te di nou dwe fè?

10 Li Matye 5:23, 24. Jezi te pale konsènan yon moman ki te enpòtan anpil pou Juif ki t ap koute l yo. Imajine yon moun ki te nan tanp lan ki t apral bay yon prèt yon bèt li te vle ofri kòm sakrifis. Si nan moman sa a moun nan te sonje gen yon frè l ki gen yon bagay kont li, li te dwe kite bèt li te vle ofri kòm sakrifis la epi “ale”. Poukisa? Ki sa k ta ka pi enpòtan pase ofri Jewova yon sakrifis? Men sa Jezi te di aklè: “Fè lapè ak frè w la anvan.”

Èske w ap suiv egzanp Jakòb ki te mete l byen ba pou l fè lapè ak frè l la? (Gade paragraf 11-12.) *

11. Esplike tout efò Jakòb te fè pou l te ka fè lapè ak Ezaou.

11 Nou ka aprann anpil leson enpòtan konsènan fè lapè lè nou egzamine yon evènman ki te pase nan lavi patriyach Jakòb. Anviwon 20 an apre Jakòb te fin kite peyi kote l te fèt la, Bondye te ba l lòd pa mwayen yon zanj pou l retounen nan peyi l (Jen. 31:11, 13, 38). Men, te gen yon pwoblèm. Ezaou, gran frè Jakòb la, te vle touye l (Jen. 27:41). Jakòb te “pè anpil” pou frè l la pa t toujou fache kont li, e “li te vin boulvèse”. (Jen. 32:7.) Ki sa Jakòb te fè pou l te ka fè lapè ak frè l la? Toudabò, li te priye Jewova ak tout kè l sou sitiyasyon an. Apre sa, li te voye yon gwo kado pou Ezaou (Jen. 32:9-15). Lè yo te resi rankontre fasafas, Jakòb te montre li gen anpil respè pou Ezaou. Li te bese byen ba devan Ezaou, pa sèlman yon fwa oswa de fwa, men, sèt fwa! Jakòb te gen imilite e li te montre l gen respè pou Ezaou, e sa te ede l fè lapè ak frè l la. — Jen. 33:3, 4.

12. Ki sa nou aprann nan egzanp Jakòb?

12 Nou aprann yon leson nan fason Jakòb te prepare l pou l rankontre Ezaou, frè l la, ak fason li te konpòte l. Jakòb te mande Jewova avèk imilite pou l ede l. Apre sa, li te aji ann amoni ak priyè l te fè a, lè l te fè tout sa l kapab pou tout bagay byen pase lè l rankontre ak frè l la. Lè de frè yo te rankontre, Jakòb pa t fè diskisyon ak Ezaou pou l te chèche montre kiyès ki te gen rezon e kiyès ki te gen tò. Objektif Jakòb se te fè lapè ak frè l la. Ki jan nou kapab suiv egzanp Jakòb?

FASON POU NOU FÈ LAPÈ AK LÒT MOUN

13-14. Ki sa nou dwe fè si nou fè yon kwayan parèy nou yon bagay ki fè l mal?

13 Nou menm k ap mache nan wout ki mennen nan lavi a, nou vle fè efò pou n viv anpè ak frè n ak sè n yo (Wom. 12:18). Ki sa nou dwe fè si nou rann nou kont nou te fè yon kwayan parèy nou yon bagay ki te fè l mal? Menm jan ak Jakòb, nou dwe priye Jewova ak tout kè n. Nou kapab mande l pou l beni efò n ap fè pou n fè lapè ak frè n oswa sè n nan.

14 Nou dwe pran tan tou pou n egzamine tèt nou. Nou kapab poze tèt nou kesyon ki vin annapre yo: ‘Èske m dispoze aksepte m antò lè m mande padon avèk imilite, epi m chèche fè lapè? Ki jan Jewova ak Jezi ap santi yo si m ap chèche fè lapè ak frè m nan oswa sè m nan?’ Repons nou bay pou kesyon sa yo ka pouse nou koute Jezi epi al kot kwayan parèy nou an avèk imilite pou nou ka fè lapè avè l. Konsa, n ap montre nou suiv egzanp Jakòb.

15. Lè nou aplike prensip ki nan Efezyen 4:2, 3 a, ki jan sa ka ede n pou n fè lapè ak frè n oswa sè n nan?

15 Imajine sa k te kapab rive si Jakòb t al nan fè diskisyon ak frè l la pou montre kiyès ki te gen rezon e kiyès ki te gen tò! Bagay yo te kapab pase yon lòt jan. Lè n al kot frè n oswa sè n nan pou n pale sou yon pwoblèm nou gen avè l, nou bezwen fè sa avèk imilite. (Li Efezyen 4:2, 3.) Pwovèb 18:19 di: “Li pi fasil pou yo pran yon vil ki byen pwoteje pase pou yon moun rekonsilye ak yon frè l ki fache. Gen kont ki tankou gwo bwa yo konn fèmen pòtay fò yo.” Lè nou mande moun nan padon avèk imilite, sa ka ede l pou l dispoze fè lapè avèk nou.

16. Sou ki sa nou dwe reflechi, e poukisa?

16 Nou bezwen byen reflechi tou sou sa n pral di frè n oswa sè n nan ak fason nou pral di l sa. Lè nou pare, nou dwe al kote frè n nan ki santi l blese a nan objektif pou n vin gen bon relasyon avè l ankò. Okòmansman, li ka di yon seri bagay ki pa fè n plezi. Nou ta ka kouri fache oswa nou ta ka eseye defann tèt nou. Men, si nou ta aji konsa, èske sa t ap ede n fè lapè avè l? Non. Sonje, chèche fè lapè ak frè n oswa sè n nan pi enpòtan pase chèche montre kiyès ki gen rezon e kiyès ki gen tò. — 1 Kor. 6:7.

17. Ki sa w ka aprann nan egzanp Gilbert?

17 Gen yon frè ki rele Gilbert ki te fè anpil efò pou l fè lapè. Men sa l te di: “Mwen te gen anpil pwoblèm ak yon moun nan fanmi m. Pandan plis pase dezan, mwen te fè anpil efò pou m pale avè l avèk senserite e yon fason ki kalm pou m te kapab vin gen bon relasyon avè l ankò.” Ki sa Gilbert te fè ankò? Men sa l di: “Anvan m te konn al pale ak moun sa a, mwen te konn priye, e m te konn prepare lespri m pou nenpòt pawòl li te ka di m. Mwen te bezwen pare pou m padone. Mwen te aprann pou m pa t defann dwa m, e m te konprann responsablite m se chèche fè lapè.” Ki rezilta sa te bay? Men sa Gilbert di: “Jodi a, mwen santi lespri m anpè paske mwen gen bon relasyon ak tout moun nan fanmi m.”

18-19. Si nou te fè yon moun yon bagay ki fè l mal, ki detèminasyon nou ta dwe pran, e poukisa?

18 Ki detèminasyon w ta dwe pran lè w rann ou kont ou te fè yon kretyen parèy ou yon bagay ki te fè l mal? Suiv konsèy Jezi te bay pou n fè lapè a. Pale ak Jewova sou sa, epi konte sou lespri sen l pou l ede w renmen fè lapè. Si w fè sa, w ap kontan e w ap montre ou koute Jezi. — Mat. 5:9.

19 Nou gen rekonesans dèske Jewova sèvi ak Jezi Kris “chèf kongregasyon an” pou l ban nou bonjan direksyon (Efe. 5:23). Nou bezwen pran detèminasyon pou n “koute l”, menm jan apot Pyè, Jak ak Jan te fè sa (Mat. 17:5). Nou sot wè fason nou kapab fè sa se lè nou chèche fè lapè ak yon kwayan parèy nou nou te fè yon bagay ki te fè l mal. Lè nou fè sa e lè nou kontinye mache nan wout jennen ki mennen nan lavi a, n ap jwenn anpil benediksyon depi kounye a e n ap gen kè kontan nètale alavni.

KANTIK 130 Se pou nou dispoze padone

^ § 5 Jezi mande nou pou n pase nan pòt ki jis ki mennen nan lavi a. Li mande nou tou pou nou fè lapè ak frè ak sè nou yo. Ki difikilte nou ka jwenn lè n ap fè efò pou n suiv konsèy li yo, e ki jan nou kapab fè fas ak difikilte sa yo?

^ § 7 Gade kesyon 6 nan bwochi ki gen tit Repons 10 kesyon jèn yo konn poze ki di: “Ki jan m ka reziste anba presyon lòt jèn ap fè sou mwen?” ak desen anime ki gen tit Reziste anba presyon lòt jèn yo! ki sou www.pr418.com. (Gade nan ribrik SA BIB LA ANSEYE > JÈN YO.)

^ § 8 Gen kèk non yo chanje.

^ § 56 ESPLIKASYON SOU FOTO: Lè n kontinye mache nan wout ki “jennen” an, ki gen prensip Bondye yo k ap pwoteje n tankou yon baraj, nou evite danje tankou pònografi, fè zanmi ak moun ki imoral, ak presyon nou jwenn pou n bay gwo etid premye plas nan lavi nou.

^ § 58 ESPLIKASYON SOU FOTO: Jakòb te bese byen ba devan Ezaou, frè l la, plizyè fwa pou l te chèche fè lapè avè l.