Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske nou sonje?

Èske nou sonje?

Èske w te byen li chak Toudegad ki te parèt ane sa a? Ebyen, gade pou w wè si w ka reponn kesyon ki vin apre yo:

Ki asirans Jak 5:11 bay lè l di Jewova gen “anpil konpasyon” ak “mizèrikòd”?

Nou konnen mizèrikòd Jewova gen lakay li fè l dispoze padone peche nou. Jak 5:11 ban nou asirans li vle ede nou paske l renmen nou. Li bon pou n imite l. — w21.01, paj 21.

Poukisa Jewova pran dispozisyon pou l bay kèk moun otorite?

Se lanmou ki pouse l fè sa. Dispozisyon sa a fè gen lapè ak lòd nan fanmi Jewova a ki fidèl. Chak moun nan fanmi an ki kolabore ak dispozisyon sa a konnen kiyès ki gen responsablite pou pran dènye desizyon yo e ki dwe pran latèt pou respekte yo. — w21.02, paj 3.

Poukisa kretyen yo dwe pran prekosyon lè y ap sèvi ak pwogram pou resevwa e pou voye mesaj elektwonik?

Si yon moun chwazi sèvi ak pwogram sa yo, li bezwen veye ak ki moun l ap fè zanmi. Sa ki pa fasil ditou ak gwoup ki gen anpil moun ladan yo (1 Tim. 5:13). Gen danje tou lè moun ap gaye enfòmasyon ki pa verifye ak lè yo itilize kontak yo gen ak frè ak sè yo pou yo chèche fè lajan. — w21.03, paj 31.

Ki rezon konsa ki fè Bondye te kite Jezi soufri epi mouri?

Youn nan rezon yo se paske, lefètke yo te pann Jezi sou yon poto, li te vin posib pou Juif yo te libere anba yon malediksyon (Gal. 3:10, 13). Yon dezyèm rezon, sèke Jewova t ap bay Jezi fòmasyon pou wòl li t ap gen pou l jwe antanke Gran Prèt. E yon twazyèm rezon se paske, lefètke Jezi te ret fidèl jiskaske l mouri, sa montre lèzòm ka ret fidèl lè yo anba gwo eprèv (Jòb 1:9-11). — w21.04, paj 16-17.

Ki sa w ka fè si l difisil pou w jwenn moun yo lè w ap preche?

Ou ka eseye preche nan lè l ap pi fasil pou w jwenn moun yo lakay yo. Ou ka eseye preche tou nan lòt zòn. E w ka eseye yon lòt metòd, tankou ekri lèt. — w21.05, paj 15-16.

Ki sa apot Pòl te vle di lè l te di: “Mwen mouri anrapò ak Lalwa”? (Gal. 2:19).

Lwa Moyiz la te fè enpèfeksyon lèzòm yo parèt aklè e l te gide pèp Izrayèl la pou mennen yo bay Kris (Gal. 3:19, 24). Sa te pouse Pòl aksepte Kris. Lè Pòl te fè sa, li te “mouri anrapò ak Lalwa”. Li pa t atache avè l ankò. — w21.06, paj 31.

Ki jan Jewova ban nou egzanp nan demontre andirans?

Jewova ap andire akoz yo lage vèni sou non l, yo opoze ak dwa l genyen pou l dirije antanke Souvren an, kèk nan pitit li yo fè rebèl avè l, manti Satan pa sispann bay yo, sèvitè l yo ap soufri, li separe ak zanmi l ki mouri yo, moun ap fè lòt moun soufri, epi lèzòm ap detwi sa l te kreye yo. — w21.07, paj 9-12.

Ki bèl egzanp Jozèf te bay nan demontre pasyans?

Frè l yo te fè l enjistis. Sa te vin lakòz moun lage fo akizasyon sou do l e l te fè plizyè ane nan prizon nan peyi Ejip. — w21.08, paj 12.

Ki sekous Aje 2:6-9, 20-22 te anonse?

Nasyon yo pa byen reyaji devan predikasyon mesaj Wayòm nan, men gen anpil moun ki vin nan laverite. Talè konsa, yo pral souke nasyon yo yon dènye fwa lè yo detwi yo. — w21.09, paj 15-19.

Poukisa nou pa dwe dekouraje nan travay fè disip la?

Jewova wè efò n ap fè, e sa fè l plezi. Si nou pa kite fatig pote n ale oswa si nou pa dekouraje, n ap gen lavi ki pap janm fini an. — w21.10, paj 25-26.

Ki jan Levitik chapit 19 kapab ede nou pou n aplike konsèy ki di: “Se pou nou vin sen nan tout konduit nou”? (1 Pyè 1:15).

Sanble vèsè sa a se yon sitasyon ki soti nan Levitik 19:2. Chapit 19 la bay anpil egzanp sou fason nou ka aplike 1 Pyè 1:15 nan lavi nou chak jou. — w21.12, paj 3-4.