Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Moun toupatou viktim lahèn

Moun toupatou viktim lahèn

Gen yon pandemi lahèn k ap wonyen moun toupatou sou tè a.

Nouvèl yo ak rezo sosyal yo pa sispann pale de pawòl ak mesaj k ap pouse moun gen lahèn, lahèn sou Entènèt ak krim ki fèt akoz lahèn. Nou ka wè tou yon pakèt zak prejije nou pa ka konte, moun ki gen move lide, fawouch, pwovokasyon, moun k ap maltrete moun ak zak kraze brize. Moun ki pa pran lavi moun pou anyen ak lahèn gaye toupatou!

Peryodik sa a ap montre nou ki jan nou ka kase chenn lahèn nan. Se pa jis pawòl anlè. Se yon bagay ki reyèl, yon transfòmasyon k ap dire ki deja ap fèt toupatou sou tè a.