Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 2

Ann aprann nan men yon ti frè Jezi

Ann aprann nan men yon ti frè Jezi

“Jak, yon esklav Bondye e yon esklav Jezi Kris, Seyè a.” — JAK 1:1.

KANTIK 88 Ede m konn chemen w yo

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa w konnen sou fanmi Jak?

 JAK, frè Jezi, te leve nan yon fanmi ki te fidèl ak Jewova *. Jozèf ak Mari, paran l yo, te renmen Jewova anpil e yo te fè tout sa yo kapab pou yo sèvi L. Jak te jwenn yon lòt benediksyon: gran frè l la t ap vin Mesi Bondye te pwomèt la. Ala yon bèl privilèj Jak te genyen pou l te grandi nan fanmi sa a!

Pandan Jak t ap grandi ak Jezi, gran frè l la, li te vin konnen l trè byen. (Gade paragraf 2.)

2. Ki rezon Jak te genyen pou l onore gran frè l la?

2 Jak te gen anpil rezon pou l onore gran frè l la (Mat. 13:55). Pa egzanp, Jezi te tèlman konn Ekriti yo byen, lè l te gen 12 an, li te fè ansyen nan Jerizalèm yo ki te gen gwo fòmasyon sezi (Lik 2:46, 47). Petèt, Jak te konn fè travay chapant ansanm ak Jezi. Si l te konn fè sa, sandout li te vin konn frè l la trè byen. Men sa Nathan Knorr te konn di souvan: “Ou aprann anpil bagay sou yon moun lè w travay ansanm avè l. *” Jak te kapab wè tou jan “Jezi te kontinye gen plis sajès, li te kontinye grandi e li te kontinye jwenn favè nan men Bondye ak nan men lèzòm”. (Lik 2:52.) Donk, nou te ka panse Jak t ap pami premye disip Jezi yo, men se pa sa k te rive.

3. Ki jan Jak te reyaji lè Jezi te kòmanse sèvis li?

3 Pandan sèvis Jezi sou tè a, Jak pa t vin disip li (Jan 7:3-5). Anfèt, petèt Jak se youn nan moun nan fanmi Jezi ki te panse “tèt li pati”. (Mak 3:21.) E pa gen anyen ki montre Jak te ansanm ak Mari, manman yo, lè yo te kloure Jezi sou yon poto soufrans jiskaske l te mouri. — Jan 19:25-27.

4. Ki leson nou pral aprann?

4 Annapre, Jak te met lafwa nan Jezi e l te vin yon ansyen moun respekte nan kongregasyon an. Nan atik sa a, nou pral wè de leson nou kapab aprann nan men Jak: 1) rezon ki fè nou dwe kontinye gen imilite, e 2) fason nou kapab vin yon bon anseyan.

KONTINYE GEN IMILITE MENM JAN AK JAK

Jak te aji ak imilite lè Jezi te parèt devan l, e depi lè sa a li te vin yon disip Kris ki fidèl. (Gade paragraf 5-7.)

5. Ki jan Jak te reyaji lè Jezi te parèt devan l apre Jezi fin resisite?

5 Ki lè Jak te vin yon disip Jezi ki fidèl? Apre Jezi fin resisite, “li te parèt devan Jak, ansuit devan tout apot yo”. (1 Kor. 15:7.) Rankont sa a Jezi te fè ak Jak la te chanje lavi Jak nèt. Li te la lè apot yo t ap tann pou yo resevwa lespri sen nan yon chanmòt nan Jerizalèm (Tra. 1:13, 14). Annapre, Jak te kontan sèvi kòm manm kolèj santral premye syèk la (Tra. 15:6, 13-22; Gal. 2:9). Yon ti tan anvan ane 62 epòk nou an, Bondye te enspire l pou l ekri yon lèt pou kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo. Lèt sa a itil nou jodi a, kit nou gen esperans pou n al nan syèl oswa pou n viv sou tè a (Jak 1:1). Selon Jozèf, yon istoryen nan premye syèk la, Anànyas, gran prèt juif la, pitit Àn ki te gran prèt, te bay lòd pou yo touye Jak. Jak te ret fidèl ak Jewova jiskaske l te fini lavi l sou tè a.

6. Nan ki sans Jak pa t menm ak chèf relijye nan epòk li a?

6 Jak te gen imilite. Sa k fè nou ka di sa? Ann egzamine diferans ki genyen ant fason Jak te vin wè Jezi ak fason anpil chèf relijye te reyaji. Lè Jak te wè prèv klè ki montre Jezi se Pitit Bondye, li te aksepte sa avèk imilite. Men, prèt an chèf ki te nan Jerizalèm yo pa t fè sa. Pa egzanp, yo pa t ka nye Jezi te resisite Laza. Olye yo te rekonèt se Jewova ki te voye Jezi, yo te chèche touye ni Jezi ni Laza (Jan 11:53; 12:9-11). Annapre, lè Jezi te resisite, yo te eseye kache sa pou pèp la pa konnen (Mat. 28:11-15). Piske chèf relijye sa yo te gen ògèy, yo te rejte Mesi a.

7. Poukisa nou dwe veye pou n pa gen ògèy?

7 Leson nou aprann: Veye pou n pa gen ògèy, epi kite Jewova anseye nou. Menm jan maladi ka fè gwo venn ki nan kè nou yo vin di epi anpeche kè nou bat nòmalman, se konsa tou, ògèy ka fè kè senbolik nou an vin di epi fè l difisil pou nou obeyi enstriksyon Jewova yo. Farizyen yo te tèlman kite kè yo vin di, yo te refize aksepte prèv klè lespri Bondye te ba yo (Jan 12:37-40). Fason yo te aji a pa t bon pou yo ditou, paske sa te anpeche yo jwenn lavi ki pap janm fini an (Mat. 23:13, 33). Li enpòtan anpil pou n kontinye kite Pawòl Bondye a ak lespri Bondye fòme pèsonalite nou, gide fason nou panse ak desizyon n ap pran (Jak 3:17)! Piske Jak te gen imilite, li te kite Jewova anseye l. E jan nou pral wè sa, se paske l te gen imilite ki fè l te vin yon bon anseyan.

SE POU N VIN YON BON ANSEYAN MENM JAN AK JAK

8. Ki sa k ap ede n vin yon bon anseyan?

8 Jak pa t fè gwo etid. Se sèten chèf relijye nan epòk li a te konsidere l menm jan yo te konsidere apot Pyè ak apot Jan, kòm “moun ki pa t fè gwo etid e ki pa nan gwo pozisyon”. (Tra. 4:13.) Men, Jak te fè efò pou l vin yon bon anseyan, e sa parèt aklè lè nou li liv ki pote non l lan. Menm jan ak Jak, nou ka pa fè gwo etid. Men, grasa èd lespri sen Jewova ak bonjan fòmasyon òganizasyon l lan ban nou, nou menm tou, nou kapab vin yon bon anseyan. Ann egzamine egzanp Jak kite antanke anseyan, e annou wè ki leson nou kapab aprann.

9. Ki jan w t ap esplike fason Jak te konn anseye?

9 Jak pa t konn itilize mo ki difisil oswa bay esplikasyon ki konplike. Se sa k fè moun ki t ap koute l yo te konnen sa yo te bezwen fè ak fason pou yo te fè l. Pa egzanp, ann wè fason senp Jak te fè konnen kretyen yo dwe dispoze andire enjistis san yo pa gen rankin. Men sa l te ekri: “Nou konsidere moun ki andire yo kòm moun ki byennere. Nou tande pale de andirans Jòb, e nou wè ki jan Jewova te fè bagay yo fini pou li, sa ki montre Jewova gen anpil konpasyon ak anpil mizèrikòd.” ​(Jak 5:11). Remake Jak te konn sèvi ak Ekriti yo lè l ap anseye. Li te konn sèvi ak Pawòl Bondye a pou ede moun ki t ap koute l yo konprann Jewova toujou rekonpanse moun ki fidèl avè L menm jan ak Jòb. Pou Jak te anseye leson sa a, li te sèvi ak mo ki senp e li te fè sa yon fason ki lojik. Konsa, li te atire atansyon sou Jewova, li pa t atire atansyon sou tèt li.

10. Bay youn nan fason nou kapab imite Jak lè n ap anseye.

10 Leson nou aprann: Preche yon fason ki senp, epi sèvi ak Pawòl Bondye a lè w ap anseye. Lè n ap anseye moun yo, nou pa dwe ap chèche montre yo nou konn anpil bagay. Men, nou dwe montre yo jan Jewova gen anpil konesans ak jan l gen sousi pou yo (Wom. 11:33). Nou ka rive fè sa lè nou toujou sèvi ak Ekriti yo pou kore sa n ap di. Pa egzanp, olye pou n di etidyan nou yo ki sa nou t ap fè si nou te nan plas yo, nou ta dwe ede yo rezone sou egzanp ki nan Bib la epi ede yo konprann fason Jewova panse ak fason l santi l. Lè sa a, y ap anvi fè Jewova plezi olye yo fè nou plezi.

11. Nan epòk Jak la, ki pwoblèm kèk kretyen te genyen, e ki konsèy Jak te ba yo? (Jak 5:13-15).

11 Jak te yon moun ki reyalis. Nan lèt Jak te ekri a, sa te parèt klè li te konn pwoblèm kwayan parèy li yo te genyen e li te ba yo bonjan enstriksyon sou fason pou yo fè fas ak pwoblèm sa yo. Pa egzanp, gen kèk kretyen ki te yon ti jan renka pou yo aplike konsèy yo jwenn (Jak 1:22). Gen lòt ki te nan patipri ak moun ki rich (Jak 2:1-3). Gen lòt menm, li te difisil pou yo metrize lang yo (Jak 3:8-10). Kretyen sa yo te gen pwoblèm grav, men, Jak te kwè yo te kapab chanje. Li te bay konsèy avèk jantiyès, men, li te fè sa yon fason ki dirèk, e li te ankouraje moun ki te bezwen èd pou yo te fè chanjman ki nesesè pou y al chèche plis èd nan men ansyen yo. — Li Jak 5:13-15.

12. Ki jan nou kapab rete pozitif lè n ap ede etidyan nou yo?

12 Leson nou aprann: Se pou nou reyalis, men, se pou n kontinye wè moun yo yon fason ki pozitif. Li ka difisil pou anpil moun n ap etidye Labib avèk yo aplike konsèy Bib la bay (Jak 4:1-4). Sa ka pran yon ti tan pou yo derasinen yon seri move abitid e pou yo vin gen bèl kalite kretyen yo genyen. Menm jan ak Jak, nou dwe gen kouraj pou n fè etidyan nou yo konnen ki chanjman yo bezwen fè. Epitou, nou bezwen ret pozitif, toutpandan nou gen konfyans Jewova ap rale moun ki gen imilite yo vin jwenn li e l ap ba yo fòs pou yo fè chanjman nan lavi yo. — Jak 4:10.

13. Selon Jak 3:2 ak nòt la, ki sa Jak te rekonèt?

13 Jak pa t pran tèt li pou yon pakèt afè. Jak pa t panse li pi enpòtan pase lòt kretyen yo paske li te frè Jezi oswa paske li t ap fè yon travay ki enpòtan. Li te rele lòt kretyen yo “frè byenneme m yo”. (Jak 1:16, 19; 2:5.) Li pa t fè lòt moun konprann li pafè. Okontrè, lè l te di: “Nou tout nou fè erè tanzantan”, li pa t retire tèt li. — Li Jak 3:2 ak nòt la.

14. Poukisa nou dwe rekonèt nou konn fè erè?

14 Leson nou aprann: Se pou nou sonje nou tout konn fè peche. Nou pa dwe panse nou pi enpòtan pase moun n ap anseye yo. Sa k fè sa? Si nou fè etidyan nou yo panse nou pa konn fè erè, yo kapab vin dekouraje paske yo ka met nan tèt yo yo pap janm ka rive fè sa Bondye mande. Men, lè nou rekonèt li pa t toujou fasil pou nou aplike prensip ki nan Bib la e nou esplike yo jan Jewova te ede nou fè chanjman nan lavi nou, n ap ede yo wè yo kapab vin sèvi Jewova tou.

Jak te konn sèvi ak egzanp ki senp, ki klè e ki efikas. (Gade paragraf 15-16.) *

15. Ki sa w ka di konsènan egzanp Jak te pran yo? (Jak 3:2-6, 10-12).

15 Jak te konn sèvi ak egzanp ki te konn touche kè moun yo. Se sèten lespri sen te ede l. Men, sandout li te aprann anpil bagay anrapò ak fason pou l anseye lè l te egzamine egzanp Jezi, gran frè l la, te konn pran. Nan lèt Jak te ekri a, li te sèvi ak egzanp ki senp, e leson ki nan egzanp sa yo klè. — Li Jak 3:2-6, 10-12.

16. Poukisa nou dwe sèvi ak egzanp ki efikas?

16 Leson nou aprann: Se pou n sèvi ak egzanp ki efikas. Lè nou byen chwazi egzanp yo, moun yo pap sèlman tande sa nou vle yo aprann, men, y ap ka imajine yo tou. Egzanp sa yo ap ede moun k ap koute n yo sonje bonjan verite ki nan Bib la. Jezi te maton nan fason l te konn sèvi ak egzanp, e Jak, frè l la, te suiv egzanp li. Ann egzamine youn nan egzanp Jak te pran, e ann wè sa k fè l efikas anpil.

17. Poukisa egzanp nou jwenn nan Jak 1:22-25 la efikas anpil?

17 Li Jak 1:22-25. Gen anpil rezon ki fè nou kapab di Jak te byen chwazi egzanp glas la. Li te vle anseye yon leson byen presi. Li te vle montre pou n byen pwofite Pawòl Bondye a, nou pa dwe annik li l, nou dwe aplike sa nou li a. Jak te chwazi egzanp yon moun k ap gade tèt li nan glas, yon egzanp moun ki t ap koute l yo te kapab konprann byen fasil. Ki leson l te vle anseye? Li te montre si yon moun gade tèt li nan yon glas, li wè gen yon bagay ki merite korije, epi l pa fè sa, li t ap aji tankou yon moun sòt. Menm jan an tou, si nou li Pawòl Bondye a, nou wè gen yon bagay nan pèsonalite n ki merite chanje, epi n pa fè anyen pou sa, nou t ap aji tankou yon moun sòt.

18. Bay twa bagay nou dwe fè lè n ap sèvi ak egzanp.

18 Lè n ap sèvi ak yon egzanp, nou kapab imite Jak lè nou fè twa bagay: 1) Asire n egzanp nou pran an kore sijè n ap pale sou li a. 2) Sèvi ak yon egzanp ki fasil pou moun k ap koute nou yo konprann. 3) Fè leson ki nan egzanp lan parèt klè. Si w twouve l difisil pou w jwenn egzanp k ap ede moun yo, Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch la kapab ede w nan sans sa a. Anba ribrik “Egzanp”, w ap jwenn anpil egzanp ou kapab itilize. Sepandan, ou bezwen sonje egzanp yo sanble ak yon mikwo. Menm jan yon mikwo fè vwa yon moun vin pi fò, egzanp yo fè pwen nou vle anseye yo vin pi klè. Asire w ou sèvi ak egzanp pou pwen enpòtan ou vle anseye yo sèlman. Nòmalman, rezon ki pi enpòtan ki fè nou ta renmen vin yon pi bon anseyan, se pa pou n atire atansyon sou tèt nou, men, se pou n ede plis moun posib vin fè pati fanmi Jewova a ki gen kè kontan.

19. Ki jan nou montre nou renmen frè n ak sè n yo?

19 Nou pa gen privilèj pou nou leve ansanm ak yon gran frè ki pafè, men, nou kontan sèvi Jewova nan yon gwo fanmi ki gen anpil frè ak sè. Nou montre nou gen lanmou pou yo lè nou pase tan ak yo, lè nou aprann nan men yo, e lè nou toujou patisipe nan travay preche ak anseye a ansanm ak yo. Lè nou fè efò pou nou imite Jak nan atitid nou, nan konduit nou, ak nan metòd nou itilize pou n anseye, nou onore Jewova e nou ede moun ki gen bon kè yo pou yo pwoche bò kote Papa nou ki nan syèl la ki gen lanmou.

KANTIK 114 “Montre nou gen pasyans”

^ Jak te grandi nan menm kay ak Jezi. Jak te konn Pitit Bondye a, ki te pafè, pi byen pase pifò moun nan epòk sa a. Nan atik sa a, nou pral wè ki sa n ka aprann sou lavi ak ansèyman yon ti frè Jezi ki te vin yon pilye nan kongregasyon premye syèk la.

^ Pou pi senp, n ap rele Jak frè Jezi. Li te frè Jezi bò kot manman, e pa gen dout se li ki te ekri lèt ki pote non l lan.

^ Nathan Knorr se te yon manm Kolèj santral la. Li te fini lavi l sou tè a an 1977.

^ ESPLIKASYON SOU FOTO: Jak te sèvi ak egzanp yon ti dife, yon egzanp moun te ka konprann byen fasil, pou l montre danje ki genyen lè n mal sèvi ak lang nou.